“Nou pa nan fènwa, pou jou sa a ta vin sou nou sanzatann tankou lè jou bare vòlè.” — 1 TES. 5:4.

1. Ki sa k ap ede nou kontinye veye e k ap ede nou andire anba eprèv nou jwenn yo?

GEN yon seri gwo evènman ki pral fè moun sezi ki gen pou rive talè konsa. Akonplisman pwofesi biblik yo montre sa. Se sa k fè nou bezwen kontinye veye. Ki sa k ap ede nou fè sa? Apot Pòl ankouraje nou pou nou “kite je nou fikse sou bagay moun pa wè”. Wi, nou bezwen fikse lespri nou sou rekonpans Bondye pwomèt nou an, sa vle di lavi ki pap janm fini an, kit se nan syèl la, kit se sou tè a. Lè nou konsidere nan ki kontèks Pòl te ekri pawòl sa yo, nou wè li t ap ankouraje kretyen parèy li yo pou yo konsantre yo sou bèl avni k ap tann yo si yo kontinye rete fidèl ak Bondye. Si yo te fè sa, sa t ap ede yo andire anba eprèv ak pèsekisyon. — 2 Kor. 4:8, 9, 16-18; 5:7.

2. a) Pou nou kenbe esperans nou an fèm, ki sa nou bezwen fè? b) Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a ak atik ki vin apre a?

2 Men yon prensip enpòtan nou jwenn nan pawòl Pòl te di yo: Pou nou kapab kenbe esperans nou an fèm, nou bezwen wè pi lwen pase sa n ap viv jodi a. Nou bezwen konsantre nou sou gwo evènman ki gen pou rive yo (Ebre 11:1; 12:1, 2). Annou wè dis evènman ki gen yon rapò sere sere ak esperans lavi ki pap janm fini nou genyen an *.

KI SA K GEN POU RIVE YON TI TAN ANVAN LAFEN AN?

3. a) Ki evènman ki gen pou fèt apot Pòl te pale de li nan 1 Tesalonisyen 5:2, 3? b) Ki sa dirijan politik yo pral fè, e kiyès ki gendwa met ansanm avèk yo?

3 Apot Pòl te pale de youn nan evènman sa yo  nan lèt li te ekri Tesalonisyen yo. (Li 1 Tesalonisyen 5:2, 3.) Nan lèt sa a, li pale de “jou Jewova a”. Nan kontèks vèsè sa yo, “jou Jewova a” gen rapò ak yon peryòd k ap kòmanse ak destriksyon fo relijyon e k ap fini nan gè Amagedòn. Sepandan, yon ti tan anvan jou sa a kòmanse, dirijan yo nan monn nan pral di: “Lapè! Sekirite!” Ekspresyon lapè ak sekirite a gendwa gen rapò ak yon sèl evènman oswa ak yon seri evènman. Petèt nasyon yo pral panse yo prèt pou yo rezoud yon seri gwo pwoblèm yo genyen. E chèf relijye yo menm? Kòm yo mele nan zafè monn nan, li posib pou yo met ansanm ak dirijan nan monn nan (Rev. 17:1, 2). Si yo ta aji konsa vre, yo t ap imite fo pwofèt Jida nan tan lontan yo. Jewova te fè konnen pwofèt sa yo t ap di: “Gen lapè! Gen lapè! Alòske pa [t] gen lapè [vre].” — Jer. 6:14; 23:16, 17.

4. Kontrèman ak lèzòm an jeneral, ki sa nou menm nou konnen?

4 Kèlkeswa moun ki pral di “lapè” ak “sekirite” a, evènman sa a pral montre “jou Jewova a” pa lwen kòmanse. Se sa k fè Pòl te di: “Frè nou yo, nou pa nan fènwa, pou jou sa a ta vin sou nou sanzatann tankou lè jou bare vòlè, paske nou tout nou se pitit limyè.” ​(1 Tes. 5:4, 5). Kontrèman ak lèzòm an jeneral, nou menm nou konnen siyifikasyon evènman k ap fèt kounye a. Men, nou pa konnen egzakteman ki jan pwofesi “lapè! Sekirite!” a pral reyalize. Se tann pou n tann. Kidonk, annou pran detèminasyon pou nou “rete je klè e annou rete nan bon sans nou”. — 1 Tes. 5:6; Sef. 3:8.

YON “RÈN” KI FÈ MOVE KALKIL

5. a) Ki jan “gwo tribilasyon” an pral kòmanse? b) Ki “rèn” ki pral rann li kont li te byen konte mal kalkile?

5 Ki evènman ki gen pou rive apre sa? Men sa Pòl te di: “Lè yo va di: ‘Lapè! Sekirite!’ lè sa a, yon destriksyon ap tonbe sou yo sanzatann.” Premye etap nan ‘destriksyon sanzatann’ sa a se atak yo pral fè sou “gran Babilòn nan”, sa vle di tout fo relijyon yo. Yo rele gran Babilòn nan “pwostitye” tou (Rev. 17:5, 6, 15). Atak sa a yo pral fè kont fo relijyon yo, san wete kont lakretyente, se pral kòmansman “gwo tribilasyon” an (Mat. 24:21; 2 Tes. 2:8). Anpil moun pral sezi lè sa fèt. Poukisa? Se paske pwostitye a ap kontinye konsidere tèt li kòm yon “rèn” “ki pap janm nan lapenn” jiskaske atak sa a fèt sou li sanzatann. Se lè sa a, li pral rann li kont li te byen konte mal kalkile. Yo pral detwi l rapid rapid, kòmsi se ta “nan yon sèl jou”. — Rev. 18:7, 8.

6. Kiyès ki pral detwi fo relijyon?

 6 Pawòl Bondye a fè konnen se yon “bèt sovaj” ki gen “dis kòn” ki pral atake pwostitye a. Lè nou etidye liv Revelasyon an, nou rive konprann bèt sovaj sa a se Nasyonzini. “Dis kòn” yo reprezante tout gouvènman ki la kounye a k ap soutni “bèt sovaj wouj vif” sa a * (Rev. 17:3, 5, 11, 12). Jis nan ki pwen atak sa a pral rèd pou pwostitye a? Nasyon ki fè pati Nasyonzini yo pral pran tout richès pwostitye a genyen, y ap fè wè jan l pa bon, y ap devore l e y ap “boule l nèt nan dife”. Se konsa yo pral fini avè l nèt. — Li Revelasyon 17:16.

7. Ki sa k pral deklannche atak “bèt sovaj” la pral fè kont pwostitye a?

7 Pwofesi ki nan Bib la montre tou ki sa k pral deklannche atak sa a. Jewova pral jwenn yon mwayen pou l mete lide l nan kè dirijan politik yo pou yo “akonpli volonte l” genyen pou l detwi pwostitye a (Rev. 17:17). Relijyon kontinye ap bay pwoblèm nan monn nan piske li lakòz anpil gè fèt. Genlè se sa k fè nasyon yo pral santi li nan pwòp enterè yo pou yo detwi pwostitye a. Dayè, lè dirijan yo atake l, yo pral gen yon “sèl lide” nan tèt yo e y ap panse se lide pa yo. Men, an reyalite, se Bondye ki pral sèvi ak yo pou l fini ak fo relijyon. Se konsa, anpil moun pral sezi lè yon pati nan sistèm Satan an atake yon lòt pati, e Satan pap ka fè anyen kont sa. — Mat. 12:25, 26.

YO PRAL ATAKE PÈP BONDYE A

8. Kiyès “Gòg ki sot nan peyi Magòg” pral atake?

8 Apre yo fin detwi fo relijyon, sèvitè Bondye yo yo menm pral kontinye “abite an sekirite”, “san miray” pou pwoteje yo (Eze. 38:11, 14). Ki sa k pral rive moun sa yo ki pral kontinye sèvi Bondye e ki pral sanble pa gen okenn moun pou defann yo? Dapre Pawòl Bondye a, sanble gen yon “gwo lame” ki pral atake yo. Pawòl Bondye a fè konnen tou se “Gòg ki sot nan peyi Magòg” ​(NW) ki pral fè atak sa a. (Li Ezekyèl 38:2, 15, 16.) Èske nou ta dwe pè atak sa a?

9. a) Ki sa ki plis enterese kretyen yo? b) Ki sa nou dwe fè depi kounye a pou nou fè lafwa nou vin pi solid?

9 Lefètke nou gentan konnen yo pral atake pèp Bondye a, sa pa twò enkyete nou. Sa ki plis enterese nou, se pa pwòp delivrans nou, men se sangtifikasyon non Jewova ak jistifikasyon souvrènte l. Jewova fè konnen plis pase 60 fwa:  “N ap konnen se mwen menm yo rele Jewova a.” ​(Eze. 6:7, NW). Se sa k fè n ap tann ak tout kè nou moman kote pati sa a nan pwofesi Ezekyèl la pral akonpli paske nou gen konfyans “Jewova konnen ki jan pou l delivre moun ki gen atachman pou li yo anba eprèv”. (2 Pyè 2:9.) Pandan n ap tann moman sa a rive, nou dwe pwofite tout opòtinite nou jwenn pou nou fè lafwa nou vin pi solid yon fason pou nou kontinye kenbe entegrite nou devan Jewova kèlkeswa eprèv ki ta vin devan nou. Ki sa nou dwe fè? Nou dwe priye Jewova, etidye Labib epi medite sou sa nou aprann yo e nou dwe pataje mesaj Wayòm nan ak lòt moun. Lè nou fè sa, n ap kenbe esperans lavi etènèl nou genyen an fèm, yon esperans ki tankou “yon lank batiman”. — Ebre 6:19; Sòm 25:21.

NASYON YO PRAL KONN KIYÈS JEWOVA YE

10, 11. Ki sa ki pral deklannche Amagedòn, e ki sa k pral rive lè sa a?

10 Ki gwo evènman ki pral fè moun sezi ki pral fèt apre yo fin atake pèp Jewova a? Jewova pral sèvi ak Jezi ansanm ak lame zanj li yo pou l pran defans pèp li a (Rev. 19:11-16). Se aksyon sa a li pral fè a ki Amagedòn nan, “lagè ki gen pou fèt nan gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an”. — Rev. 16:14, 16.

11 Men sa Jewova te fè Ezekyèl ekri konsènan gè sa a: “Mwen pral voye tout kalite malè sou Gòg pou fè li pè. Se mwen menm Senyè a ki pale. Sòlda li yo, yonn pral touye lòt ak nepe yo.” Patizan Satan yo pral tèlman pè, yo pral vin dekontwole e youn pral atake lòt, chak sòlda ap touye sòlda parèy li. Menm Satan tou pral dekontwole paske Bib la fè konnen Jewova pral lage “dife ak souf sou [Gòg], sou lame li a ak sou tout nasyon ki kanpe avè l yo”. (Eze. 38:21, 22.) Ki sa k pral rive apre aksyon sa a Jewova pral fè a?

12. Ki sa nasyon yo pral oblije konnen?

12 Nasyon yo pral konnen yo pèdi batay la paske se Jewova menm ki te vle sa. Menm jan ak sòlda ejipsyen yo ki t ap kouri dèyè Izrayelit yo nan lanmè Wouj, patizan Satan yo, ki pral pèdi espwa, gen pou yo di pawòl ki vin apre yo byen fò: “Jewova ap konbat toutbonvre pou yo.” ​(Egz. 14:25, NW). Wi, nasyon yo pral oblije konnen kiyès Jewova ye! (Li Ezekyèl 38:23.) Èske nou gen pou n tann anpil tan ankò anvan pou evènman sa yo kòmanse?

PAP GEN LÒT PISANS MONDYAL ANKÒ

13. Ki sa nou konnen konsènan senkyèm pati nan estati Dànyèl te pale de li a?

13 Gen yon pwofesi nan liv Dànyèl la ki ede nou konprann ki kote nou ye. Dànyèl te pale de yon estati ki gen fòm yon moun ki fèt ak plizyè metal (Dàn. 2:28, 31-33). Estati sa a reprezante yon seri pisans mondyal ki te gen pou yo parèt youn dèyè lòt e ki t ap gen gwo enfliyans sou pèp Bondye a, kit se nan tan lontan, kit se nan epòk nou an. Pisans sa yo se Babilòn, Mèd ak Pès, Grès, Wòm ak yon dènye pisans mondyal ki t ap egziste nan epòk nou an. Lè nou byen etidye pwofesi Dànyèl la, nou vin konprann se pye ak zòtèy estati a ki reprezante dènye pisans mondyal la. Pandan Premye Gè mondyal la, Grann Bretay ak Etazini te vin gen yon relasyon sere youn ak lòt. Se yo menm ki fòme Pisans mondyal anglo-ameriken an, senkyèm pati nan estati ki nan pwofesi Dànyèl la. Piske pye a se dènye pati ki nan estati a, sa fè nou konnen pap gen lòt pisans mondyal ankò sou tè a. Etandone pye ak zòtèy estati a fèt ak fè melanje  ak ajil, sa ede nou konprann rezon ki fè Pisans mondyal anglo-ameriken an pèdi fòs.

14. Ki pisans mondyal k ap la toujou lè gè Amagedòn nan eklate?

14 Nan menm pwofesi sa a, Dànyèl pale de yon gwo wòch, Wayòm Bondye a, ki te detache sot nan montay ki reprezante souvrènte Jewova a. Wòch sa a te detache an 1914, e kounye a, l ap file ak tout boulin pou l al frape pye estati a. Pandan gè Amagedòn nan, Bondye pral krabinen ni pye estati a ni kò l. (Li Dànyèl 2:44, 45.) Donk, nan moman gè Amagedòn nan pral eklate a, Pisans mondyal anglo-ameriken an ap la toujou. Se pa ti kontan nou pral kontan lè nou wè moman kote pwofesi sa a pral akonpli nèt *! Men, e Satan menm, ki sa Jewova sere pou li?

SA BONDYE SERE POU PI GWO ADVÈSÈ L LA

15. Ki sa k pral rive Satan ak demon l yo apre Amagedòn?

15 Premye bagay ki pral rive, Satan pral wè jan sistèm l ap dirije a pral degrengole jiskaske l detwi nèt. Apre sa, Bondye pral mache pran Satan. Apot Jan esplike nou sa k gen pou rive apre sa. (Li Revelasyon 20:1-3.) Antanke ‘zanj ki gen kle twou san fon an’, Jezi Kris pral met men sou Satan ansanm ak demon l yo, l ap pimpe yo nan twou san fon an epi l ap kenbe yo la pandan mil an (Lik 8:30, 31; 1 Jan 3:8). Aksyon sa a Jezi pral fè a se premye aksyon ki pral fèt pou yo ka kraze tèt sèpan an *. — Jen. 3:15.

16. Ki jan Satan pral ye nan “twou san fon an”?

16 Ki sa “twou san fon” yo pral lage Satan ansanm ak demon l yo ladan l lan ye? Mo grèk, abisòs, apot Jan te itilize a vle di “fon anpil”. Yo tradui mo sa a konsa tou: “yo pa kapab mezire l, san limit”. Donk, se yon kote pèsonn moun pa ka ale eksepte Jewova ansanm ak zanj ki “gen kle twou san fon an”. Nan twou san fon an, Satan pap kapab fè anyen ankò, l ap kòmsi l te mouri. Konsa, li pap ka “twonpe nasyon yo ankò”. Vrèmanvre, yo pral fè “lyon k ap gwonde” a fèmen bouch li! — 1 Pyè 5:8.

KÈK EVÈNMAN KI DWE RIVE ANVAN LAPÈ BLAYI SOU TÈ A

17, 18. a) Ki evènman nou sot egzamine ki poko fèt? b) Apre evènman sa yo, nan ki peryòd nou pral antre?

17 Gen anpil bagay enpòtan ak anpil gwo evènman ki gen pou fèt pi devan. N ap tann avèk anpil enpasyans pou nou wè kòman pwofesi “lapè” ak “sekirite” a pral reyalize. Apre sa, Gran Babilòn nan pral detwi, Gòg ki sot nan peyi Magòg la pral atake pèp Bondye a, batay Amagedòn nan pral fèt e yo pral lage Satan ansanm ak demon l yo nan twou san fon an. Apre tout evènman sa yo fin fèt, e tout mechanste fini nèt, nou pral antre nan Rèy mil an Kris la kote nou pral viv nan lajwa ak “kè poze nèt ale”. — Sòm 37:10, 11.

18 Anplis senk evènman nou sot egzamine la yo, gen lòt “bagay moun pa wè” ki gen pou rive nou dwe “kite je nou fikse” sou yo. Nou pral pale sou evènman sa yo nan atik ki vin apre a.

^ § 2 N ap pale de dis evènman sa yo nan atik sa a ak atik ki vin apre a.

^ § 6 Gade liv La Révélation : le grand dénouement est proche ! la, paj 251-258.

^ § 14 Nan Dànyèl 2:44 (NW), lè Dànyèl te di y ap ‘mete yon fen nan wayòm sa yo’, li t ap pale de wayòm oswa pisans mondyal tout pati ki nan kò estati a te reprezante yo. Sepandan, gen yon lòt pwofesi nan Bib la ki fè konnen “wa ki sou tout tè a” pral rasanble kont Jewova nan “gran jou [l la], li menm ki Toupisan an”. (Rev. 16:14; 19:19-21.) Donk, nonsèlman wayòm estati a reprezante yo pral detwi nan Amagedòn, men, tout lòt wayòm yo tou pral detwi.

^ § 15 Dènye aksyon ki pral fèt pou yo kraze tèt sèpan an ap fèt nan fen mil an an lè yo pral lage Satan ansanm ak demon l yo nan “letan dife ak souf la”. — Rev. 20:7-10; Mat. 25:41.