Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lefèvre d’Étaples — Li te vle pou moun ki nan pèp la konprann Pawòl Bondye a

Lefèvre d’Étaples — Li te vle pou moun ki nan pèp la konprann Pawòl Bondye a

NAN kòmansman ane 1520 yo, yon dimanch maten, moun ki t ap viv Mo yo, yon ti vil ki toupre Pari, pa t ka kwè sa yo t ap tande nan legliz yo a. Yo pa t tande y ap li Evanjil yo an laten, se nan lang manman yo yo te tande y ap li yo pito, sa vle di an fransè!

Jacques Lefèvre d’Étaples (an laten, yo te rele l Jacobus Faber Stapulensis), tradiktè Labib ki te dèyè desizyon sa a, te ekri yon bon zanmi l annapre pou l di l: “Se apèn si w ka imajine jis nan ki pwen Bondye aji sou lespri [moun] ki nan pèp la k ap viv nan kèk zòn pou l fè yo aksepte Pawòl li a.”

Nan moman sa a, Legliz katolik ak teyolojyen ki te Pari yo te opoze ak moun ki vle sèvi ak tradiksyon Labib ki nan lang moun nan pèp la pale yo. Kidonk, ki sa k te pouse Lefèvre tradui Bib la an fransè? Epi, ki jan l te fè pou l ede moun ki nan pèp la konprann Pawòl Bondye a?

LI TE CHÈCHE VRÈ SANS EKRITI YO

Anvan Lefèvre te vin yon tradiktè Labib, li te bay tèt li objektif pou l retabli sans orijinal travay ekriven klasik nan domèn filozofi ak teyoloji yo te fè yo. Li te remake byen souvan, ansyen tèks yo te chaje erè paske pandan plizyè syèk, yo te mal tradui yo, e yo te gen anpil fot ladan yo. Pou l te ka byen konprann vrè sans ansyen tèks yo, li te kòmanse byen etidye Bib Legliz katolik te itilize a, anpalan de Vilgat laten an.

Bonjan etid li te fè nan Bib la te ede l rive konprann “annik etidye yon moun etidye verite Bondye bay yo sèlman, [...] sa ka fè l gen kè kontan nan yon pwen li pa t ap janm imajine”. Se sa k fè Lefèvre te sispann etidye filozofi e li te konsantre tout fòs li sou tradui Bib la.

Nan ane 1509, Lefèvre te pibliye yon rechèch li te fè kote l te konpare senk tradiksyon liv Sòm nan * an laten, san wete koreksyon li te fè sou Vilgat la. Kontrèman ak teyolojyen nan epòk li a, li te fè tout sa l kapab pou l chèche “sans natirèl” pasaj biblik yo. Metòd li te itilize pou l entèprete Bib la te gen gwo efè sou lòt biblis yo ak refòmatè yo. — Gade kare ki gen tit “ Fason Lefèvre te gen enfliyans sou Maten Litè” a.

Tablo ki gen tit yo bay Bondye nan liv Sòm nan, jan l ye nan Quincuplex Psalterium nan, edisyon 1513.

Lefèvre te fèt nan Katolik, li te gen konviksyon Legliz la ka refòme sèlman si yo byen anseye moun ki nan pèp la Labib. Men, ki jan moun ki nan pèp la ka rive konprann Bib la nan yon epòk kote pifò Ekriti sakre yo te an laten?

YON TRADIKSYON LABIB TOUT MOUN TE KA GENYEN

Fason Lefèvre te entwodui Evanjil yo fè n wè dezi l te genyen pou tout moun gen Labib nan lang manman yo.

Gwo lanmou Lefèvre te gen pou Pawòl Bondye a te fè l pran detèminasyon pou l fè pifò moun genyen l. Pou l te ka rive atenn objektif sa a, an jen 1523, li te pibliye yon tradiksyon Evanjil yo an fransè an de tòm yon moun te ka mete nan pòch li. Tradiksyon sa a sou fòma l te ye a, ki te tou piti, te koute mwatye pri tradiksyon  nòmal yo, e li te fè l fasil pou moun ki pa gen gwo mwayen yo posede yon Bib.

Moun ki nan pèp la te reyaji san pèdi tan e yo te montre jan sa te fè yo kontan. Gason kou fi te tèlman chofe pou yo li pawòl Jezi yo nan lang manman yo, yo te achte 1 200 premye kopi ki te nan stòk yo nan kèk mwa sèlman.

LI TE PRAN POZISYON FÈM POU LABIB

Lè Lefèvre t ap entwodui Evanjil yo, li te fè konnen li tradui yo an fransè yon fason pou “moun nan pèp la ki manm” Legliz la “ka byen konnen verite ki nan Evanjil yo menm jan ak moun ki konnen l an laten yo”. Men, poukisa Lefèvre te chofe konsa pou l ede moun ki nan pèp la retounen suiv sa Labib anseye yo?

Lefèvre te byen konnen jan ansèyman ak filozofi lèzòm yo te kontamine Legliz katolik (Mak 7:7; Kolosyen 2:8). Epi, li te gen konviksyon lè a te rive pou yo “anonse” Evanjil yo “jan yo te ekri a toupatou nan monn nan yon fason pou moun yo pa kite vye doktrin lèzòm yo fè yo devye kite chemen an ankò”.

Epitou, Lefèvre te fè tout sa l kapab pou l denonse pawòl ki pa kanpe sou anyen moun ki pa t vle yo tradui Labib an fransè yo t ap di. Li te montre jan yo ipokrit lè l te di: “Ki jan y ap ka fè anseye [moun yo] pou yo obeyi tout sa Jezi Kris te kòmande, si yo pa vle pou moun ki nan pèp la rive wè Evanjil Bondye bay la nan lang pa yo pou yo li l?” — Women 10:14.

 Nou pa sezi lè n tande teyolojyen Sòbòn yo, yon inivèsite ki nan Pari, te chèche fè Lefèvre fèmen bouch li san pran tan. Nan mwa out 1523, yo te kont pou moun tradui Labib nan lang pifò moun pale e pou yo tradui kòmantè ki fèt sou Bib la nan lang sa yo tou, yo te konsidere sa kòm yon bagay ki “pa bon pou Legliz la”. Si se pa t Franswa Iye, wa fransè a, ki te mete bouch nan koze a, yo t ap kondane Lefèvre kòm yon moun ki kont ansèyman Legliz la.

TRADIKTÈ A TE FIN FÈ TRAVAY LI “SAN FÈ BRI”

Lefèvre pa t kite gwo diskisyon yo t ap fè sou travay li te fè yo fè l sispann konsantre l sou tradui Bib la. An 1524, apre l te fin tradui Liv te ekri an grèk yo (sa yo konn rele Nouvo Testaman an), li te pibliye yon tradiksyon liv Sòm nan an fransè yon fason pou kwayan yo te ka priye “ak plis atachman pou Bondye e ak tout kè yo”.

San pèdi tan, teyolojyen Sòbòn yo te dekòtike travay Lefèvre te fè a. E tousuit, yo te bay lòd pou yo boule tradiksyon Liv ki te ekri an grèk yo an piblik, epi yo te fè konnen gen kèk lòt liv li te ekri “k ap ankouraje ansèyman Litè t ap simaye ki kont Legliz la”. Lè teyolojyen yo te rele Lefèvre pou l vin defann sa l te panse yo, li te deside rete “san fè bri” e li te kouri al Strasbou. La a, li te kontinye tradui Labib avèk anpil prekosyon. Menmsi gen moun ki te konsidere sa l fè a te montre li manke kran, li menm li te kwè se pi bon fason pou l reponn moun ki pa t gen apresyasyon pou verite ki nan Bib la ki tankou “grenn pèl” ki gen anpil valè. — Matye 7:6.

Prèske ennan apre Lefèvre te fin kouri ale a, wa Franswa Iye te mete Lefèvre anseyan Chal, pitit gason l, ki te gen katran. Travay sa a te bay Lefèvre anpil tan pou l fin tradui Bib la. Nan ane 1530, li te fè enprime tradiksyon Labib konplè li te fè pandan l pa t an Frans lan, nan Antwèp, grasa apwobasyon wa Chal V *.

ANPIL ESPWA, MEN, GEN REGRÈ

Pandan tout lavi Lefèvre, li te espere Legliz t ap abandone tradisyon lèzòm yo pou l retounen suiv konesans ki nan Bib la, yon konesans ki pwòp. Li te kwè ak tout fòs li “chak kretyen gen dwa, wi, yo gen devwa pou yo li Labib pèsonèlman e pou yo aprann li”. Se pou sa li te fè tout efò sa yo pou l fè tout moun kapab gen Bib la. Menmsi anvi Lefèvre te genyen pou l wè Legliz la fè yon refòm poukont li a pa rive fèt, li kite yon eritaj tout moun rekonèt: li te ede moun ki nan pèp la pou yo konnen Pawòl Bondye a.

^ § 8 Nan Quincuplex Psalterium nan, li prezante senk tradiksyon liv Sòm nan kòtakòt, yo chak nan yon kolòn, ak yon tablo ki gen diferan tit Bondye genyen, li gen ladan l tou Tetragram nan, anpalan de kat lèt ki reprezante non Bondye yo.

^ § 21 Senkan annapre, an 1535, Olivétan, yon tradiktè fransè, te pibliye yon tradiksyon Labib li te fè ki baze sou lang yo te ekri Bib la okòmansman yo. Lè l t ap tradui Liv ki te ekri an grèk yo, li te sèvi ak travay Lefèvre yo anpil.