Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Toudegad  |  No 6 2017

Poukisa tout tradiksyon sa yo?

Poukisa tout tradiksyon sa yo?

Poukisa gen tout tradiksyon Labib sa yo jodi a? Èske w konsidere yo kòm yon mwayen pou w konprann Bib la oswa kòm yon obstak ki anpeche w konprann li? Lè w aprann konnen rezon ki fè yo te tradui Bib la, sa kapab ede w gen yon bon pwennvi sou yo.

Pou kòmanse, kiyès ki ekri Bib la e ki lè yo te fè sa?

JAN BIB LA TE YE OKÒMANSMAN

Nòmalman Bib la gen de pati. Premye pati a gen 39 liv ladan l ki gen “deklarasyon sakre Bondye yo”. (Women 3:2.) Bondye te bay yon seri gason fidèl lespri sen pou yo te ekri liv sa yo. Sa te pran yon bon ti tan pou yo fè travay sa a, anviwon 1 100 ane, soti 1513 anvan epòk nou an pou rive kèk tan apre ane 443 anvan epòk nou an. Etandone pifò liv yo te ekri nan lang ebre, nou rele pati sa a Liv ki te ekri ann ebre yo, yo rele l Ansyen Testaman tou.

Dezyèm pati a gen 27 liv e yo se “pawòl Bondye” tou (1 Tesalonisyen 2:13). Bondye te bay disip fidèl Jezi Kris yo lespri sen pou yo te ekri liv sa yo. Sa te pran yo mwens tan, anviwon 60 ane, pou yo fè travay sa a, soti ozanviwon ane 41 epòk nou an pou rive ane 98 epòk nou an. Etandone pifò liv yo te ekri nan lang grèk, nou rele pati sa a Liv ki te ekri an grèk yo, yo rele l Nouvo Testaman tou.

Toude pati sa yo gen 66 liv antou ki fè pati Bib la, mesaj Bondye bay lèzòm nan. Men, poukisa yo te oblije fè lòt tradiksyon Labib? Men twa nan prensipal rezon yo:

  • Pou moun te ka li Bib la nan lang manman yo.

  • Pou korije erè moun ki t ap kopye yo te fè, epi fè tèks ki nan Bib la vin jan l te ye okòmansman an.

  •   Pou pase men nan ansyen fason yo te konn pale.

Ann gade jan sa te parèt klè nan de nan premye tradiksyon Labib ki te genyen.

TRADIKSYON GRÈK SEPTANT LAN

Anviwon 300 an anvan Jezi te vin sou tè a, te gen kèk biblis ki te kòmanse tradui Liv ki te ekri ann ebre yo pou mete yo nan lang grèk. Yo te vin rele tradiksyon yo fè a tradiksyon grèk Septant lan. Poukisa yo te fè l? Yo te fè l pou ede anpil Juif ki te pale grèk, men ki pa t pale ebre, pou yo ka ret atache ak sa ki di nan “liv sakre yo”. — 2 Timote 3:15.

Septant lan te ede plizyè milyon moun ki pa t Juif ak moun ki pale grèk pou yo konnen sa Bib la anseye. Sa k fè n di sa? Men sa pwofesè W. F. Howard di: “Apati mitan premye syèk la, se Bib sa a legliz kretyen yo te konn itilize. Misyonè l yo te konn soti nan yon sinagòg al nan yon lòt ‘pou yo pwouve apati Ekriti yo Jezi se Mesi a.’” (Travay 17:3, 4; 20:20). Se youn nan rezon ki fè anpil Juif pa t pran tan, jan F. F. Bruce yon biblis di, pou yo “sispann enterese nan Septant lan”.

Ofiramezi disip Jezi yo t ap resevwa Liv ki te ekri an grèk yo, yo te mete yo ansanm ak tradiksyon grèk Septant lan. Se konsa nou vin gen tout Bib la jodi a.

TRADIKSYON LATEN VILGAT LA

Anviwon 300 an apre nou vin gen tout Bib la, yon biblis ki rele Jerome te tradui Bib la an laten e yo te vin rele l tradiksyon laten Vilgat la. Etandone te deja gen plizyè tradiksyon laten, poukisa li te nesesè pou yo fè yon lòt? Gen yon ansiklopedi (The International Standard Bible Encyclopedia) ki fè konnen Jerome te vle korije “move tradiksyon, erè tout moun te ka wè ak sa yo ajoute oswa retire san nesesite”.

Jerome korije anpil nan fot sa yo. Men rive yon lè, se otorite legliz yo ki fè pi gwo mal la. Yo te fè konnen se tradiksyon laten Vilgat la ki sèl tradiksyon yo apwouve e sa te kontinye konsa pandan plizyè syèk. Olye pou tradiksyon Vilgat la te ede moun ki pa t fè gwo klas yo konprann Bib la, yo pa t  konprann anyen menm ladan l paske rive yon lè, pifò moun pa t konprann laten.

TE VIN GEN PLIZYÈ LÒT TRADIKSYON

Pandan tan sa a, te vin gen lòt tradiksyon Labib. Youn nan yo anpil moun byen konnen se tradiksyon Pechita siryak la ki te parèt ozanviwon senkyèm syèk epòk nou an. Men, se apati 14yèm syèk la, apre anpil efò, moun ki pa t fè gwo klas yo te rive jwenn Bib la nan lang manman yo.

Nan peyi Angletè, nan fen 14yèm syèk la, John Wycliffe te kòmanse tradui Bib la ann anglè, yon lang moun nan peyi kote l soti a te ka konprann. Yon ti tan annapre, Johannes Gutenberg te vin ak lòt metòd pou moun enprime, sa ki te vin ede anpil biblis tradui Bib la nan plizyè lòt lang epi distribye yo toupatou ann Ewòp.

Lè te vin gen divès tradiksyon Labib nan lang anglè, moun ki te konn ap fè deba sou Bib la te wè l nesesè pou gen lòt tradiksyon nan menm lang nan. Men sa John Lewis, yon manm klèje nan 18yèm syèk la, te ekri: “Lang evolye e yo vin difisil pou moun konprann, se sa k fè li nesesè pou yo revize ansyen tradiksyon yo epi itilize yon langaj moun ka konprann jodi a.”

Jodi a plis pase nenpòt lòt lè, biblis yo pi byen plase pou yo revize ansyen tradiksyon yo. Yo vin pi byen konprann lang yo te ekri Bib la nan tan lontan e sa pa gen twò lontan yo te jwenn bonjan maniskri. Sa ede yo pi byen wè ki jan Bib la te ye okòmansman.

Kidonk, gen bonjan rezon pou gen nouvo tradiksyon Labib yo. Nòmalman, nou bezwen fè atansyon ak kèk nan yo *. Men si se bonjan lanmou ki pouse moun k ap revize l yo fè travay sa a, li kapab itil nou anpil.

 

^ § 24 Gade atik ki gen tit “Comment choisir une bonne traduction de la Bible?” ki te parèt nan Toudegad 1ye me 2008 (fransè).