Linda * te ale ann Ewòp paske yo te pwomèt li l ap jwenn yon travay kòm estetisyèn. Men, apre yo te fè dis jou ap bat li san rete e yo te menase l pou yo fè fanmi l mal nan peyi l, yo te fòse l travay kòm pwostitye.

Foto moun yo te fè vin esklav ann Ejip.

Yo te mande Linda pou l fè 200 a 300 ewo chak swa pou l te ka peye dèt mètrès li a te met sou tèt li a ki te plis pase 40 000 ewo *. Men sa Linda esplike: “Byen souvan, mwen te konn panse sove, men mwen te pè pou sa yo te ka fè fanmi m. Mwen te pran nan yon pyèj.” Istwa l la sanble ak istwa anviwon kat milyon moun ki vin esklav nan komès y ap fè toupatou nan monn nan kote yo fè moun travay kòm pwostitye.

Sa gen anviwon 4 000 an, yo te vann yon jèn gason ki te rele Jozèf. Se frè l ki te vann li. Finalman, li te vin esklav lakay yon gwo potanta nan peyi Ejip. Sa ki diferan ak ka Linda a, sèke okòmansman moun ki te achte Jozèf la pa t konn maltrete l. Men, lè l te rejte pwopozisyon madanm mèt li a t ap fè l pou l kouche avè l, yo te fè mete l nan prizon kòmkwa li te eseye fè kadejak sou madanm nan. Yo te mete l nan prizon ak nan chèn. — Jenèz 39:1-20; Sòm 105:17, 18.

Jozèf te yon esklav nan tan lontan; Linda se yon esklav nan 21yèm syèk la. Sepandan, yo toule de te viktim yon pratik ki la depi byen lontan ki se vann moun kòm esklav. Se yon komès kote yo trete moun menm jan ak machandiz, e sèl sa y ap chèche se fè lajan.

LAGÈ FÈ ESKLAVAJ VIN YON GWO KOMÈS

Lagè se te mwayen ki pi fasil pou nasyon yo te vin gen esklav. Yo fè konnen apre Toutmosis III, yon wa ejipsyen, te fin fè yon kanpay militè nan peyi Kanaran, li te retounen ak 90 000 prizonye. Ejipsyen yo te fè yo travay kòm esklav nan min yo, yo te fè yo konstwi tanp yo e yo te fè yo fouye yon seri kanal.

 Sou Anpi women an, Women yo te konn fè lagè, e sa te fè yo gen anpil esklav. Pafwa, yo te konn fè lagè paske yo te bezwen gen plis esklav. Nan premye syèk la, li posib pou prèske mwatye popilasyon Wòm nan te esklav. Yo te fè anpil esklav ann Ejip ak nan Wòm travay di san rete. Se sa k fè, kantite tan yon esklav ki t ap travay nan min yo te viv te anviwon 30 an sèlman.

Ofiramezi tan t ap pase, esklavaj te vin pi rèd. Soti nan 16yèm syèk rive nan 19yèm syèk la, komès esklav ant Afrik ak Amerik la se youn nan komès sou tè a ki te fè moun fè plis lajan. Nan yon rapò UNESCO fè, yo di: ‘Yo wè te gen ant 25 a 30 milyon gason, fi ak timoun yo te pran pou yo vann.’ E gen plizyè santèn milye ladan yo ki mouri pandan y ap travèse Atlantik la. Olaudah Equiano, yon esklav ki te rive chape, rapòte: “Rèl medam yo k ap kriye ansanm ak bri moun k ap trepase yo te fè bagay yo vin tèlman terib, moun prèske pa ka dekri l.”

Malerezman, esklavaj pa sèlman yon move bagay ki pase nan listwa. Selon Òganizasyon entènasyonal travay la (International Labour Organization), gen anviwon 21 milyon gason, fi ak timoun ki toujou ap travay antanke esklav. Genyen yo peye yon ti kòb toupiti, genyen yo pa peye ditou. Jodi a, esklav yo travay nan min, nan faktori rad, kote yo fè brik, nan kay kote yo fè moun fè pwostitisyon ansanm ak lakay moun. Menmsi fòm esklavaj sa a pa ann akò ak lalwa, sepandan, de jou an jou sanble gen plis moun ki vin esklav.

Plizyè milyon moun toujou ap travay antanke esklav.

YO TE JWENN LIBÈTE YO

Move tretman esklav yo te konn sibi te pouse anpil nan yo fè lagè pou yo pran libète yo. Nan premye syèk anvan epòk nou an, Espatakis, yon moun ki te konn batay, te mete ak anviwon 100 000 esklav pou yo te soulve kont Wòm, men yo pa t reyisi. Nan 18yèm syèk la, gen yon seri esklav nan zile Ispanyola, yon zile ki nan Karayib la, ki te leve kanpe kont mèt yo. Move tretman esklav yo te jwenn nan plantasyon kann yo te fè yo fè yon gè sivil pandan 13 an. Finalman, gè sa a te fè Ayiti pran endepandans li an 1804.

Sepandan, pa gen dout, nou kapab di lè Izrayelit yo te kite Ejip la se te yon moman san parèy nan tout listwa kote yon pèp te delivre anba esklavaj. Petèt yo te twa milyon moun. Se tout yon nasyon ki te soti nan esklavaj nan peyi Ejip. Se sèten, yo te merite libète sa a. Labib pale de moman yo t ap viv ann Ejip la kòm yon moman kote “yo te fè yo fè tout kalite  kòve nan kondisyon ki te difisil anpil”. (Egzòd 1:11-14.) Te menm gen yon Farawon ki te mande pou yo touye tout tigason yo pou l te ka kontwole kantite Izrayelit ki t ap fèt yo ki pa t sispann ogmante. — Egzòd 1:8-22.

Izrayelit yo te soti anba move tretman sa yo nan peyi Ejip paske Bondye te di yon mo pou yo. Men sa Bondye te di Moyiz: “Mwen byen konnen jan y ap soufri. M ap desann pou m vin delivre yo.” (Egzòd 3:7, 8). Jis jounen jodi a, toupatou nan monn nan, Juif yo fete fèt Pak la chak ane pou yo montre yo sonje evènman sa a. — Egzòd 12:14.

MOMAN KOTE ESKLAVAJ PRAL FINI AN

Men sa Bib la di: “Jewova, Bondye nou an, pa konn fè enjistis,” e li ban nou asirans Jewova pa chanje (2 Kwonik 19:7; Malachi 3:6). Bondye te voye Jezi ‘pou l fè prizonye yo konnen y ap lib, e pou l libere moun y ap toupizi yo’. (Lik 4:18.) Èske sa vle di li t ap libere moun ki nan tout kalite esklavaj nèt? Sanble se pa sa. Bondye te voye Jezi pou l libere moun ki esklav peche ak lanmò. Annapre, men sa Jezi te di: “Laverite ap libere nou.” (Jan 8:32). Menm jodi a, gen anpil fason laverite Jezi te anseye a kontinye libere moun yo. — Gade kare “ Li delivre anba yon lòt kalite esklavaj”.

Anfèt, Bondye te ede Jozèf ak Linda soti anba de kalite esklavaj ki diferan. Ou ka jwenn bèl istwa yo rakonte sou Jozèf la nan liv Jenèz la, soti nan chapit 39 rive nan chapit 41. Libète Linda t ap chèche jwenn nan te gen anpil enpòtans tou.

Apre yo te fin mete l deyò nan yon peyi ann Ewòp, Linda t ale ann Espay. Nan peyi sa a, li te rankontre Temwen Jewova yo e yo te kòmanse yon etid biblik avè l. Li te deside pou l met bagay yo annòd nan lavi l, li te jwenn yon travay e li te konvenk ansyen dam ki te mètrès li a pou l diminye dèt li te konn peye chak mwa a. Yon lè, dam nan te rele Linda nan telefòn. Li te vle efase dèt Linda a e li te mande l pou l padone l. Ki sa k te pase? Li menm tou li te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo! Linda te di l: “Laverite libere w yon fason ki estrawòdinè.”

Sa te fè Jewova Dye mal lè l te wè move tretman Izrayelit ki te esklav yo t ap sibi ann Ejip; li dwe santi li menm jan an konsènan menm kalite enjistis sa a jodi a. Se vre, pou yon moun elimine tout kalite esklavaj ki gen sou tè a, sa ap mande pou l fè yon gwo chanjman nan limanite. Bondye pwomèt l ap fè yon gwo chanjman konsa. Men sa Labib di: “Selon pwomès Bondye fè, n ap tann yon syèl tounèf ak yon tè tounèf, e ladan yo jistis ap abite.” — 2 Pyè 3:13.

^ § 2 Yo chanje non moun nan.

^ § 3 Alepòk, yon ewo te prèske egal yon dola ameriken.