Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Toudegad  |  No 2 2016

Kiyès ki te mete chapit ak vèsè nan Bib la?

Kiyès ki te mete chapit ak vèsè nan Bib la?

IMAJINE ou se yon kretyen k ap viv nan premye syèk la. Apot Pòl fèk voye yon lèt pou kongregasyon w. Pandan y ap li lèt la, ou remake souvan Pòl site pawòl ki soti nan “liv sakre yo”, sa vle di Liv ki te ekri ann ebre yo (2 Timote 3:15). Ou ka di tèt ou: ‘M ta byen renmen wè ki kote pawòl li site yo soti.’ Men, sa pa t ap fasil. Poukisa?

PA T GEN NI CHAPIT NI VÈSÈ

Ann wè ki jan maniskri ki te gen “liv sakre yo” nan epòk Pòl yo te ye. Nou gen foto youn la a: se pati nan liv Ezayi a yo jwenn nan Woulo Lanmè Mòt. Ki sa w wè? Kèk blòk tèks! Pa gen okenn siy ponktiyasyon. Ni pa gen chapit ak vèsè nou itilize jodi a.

Ekriven biblik yo pa t separe mesaj yo te ekri yo an chapit oswa vèsè. Yo te jis ekri mesaj Bondye te ba yo ann antye, konsa, lektè yo te ka konprann tout mesaj la, se pa kèk ti pati sèlman yo t ap konprann. Èske se pa sa w vle lè yon moun ou renmen voye yon lèt enpòtan pou ou? Ou li tout lèt la, ou pa annik li kèk moso oswa kèk pati ladan l.

Men, lefètke pa t gen ni chapit ni vèsè, sa te bay pwoblèm. Pòl te ka annik montre kote l pran pawòl li site yo sèlman lè l te di “Tankou sa ekri” oswa “jan Ezayi te di sa alavans”. (Women 3:10; 9:29.) Epi, li t ap difisil pou w jwenn pawòl li site yo, sof si w te byen konnen tout “liv sakre yo”.

Anplis de sa, “liv sakre yo” pa t yon sèl grenn mesaj tou senp ki soti nan Bondye. Nan fen premye syèk epòk nou an, se te yon kantite liv yo met ansanm; se te 66 liv! Se pou rezon sa a pifò moun jodi a k ap li Bib la kontan dèske gen chapit ak vèsè ladan l ki ede yo jwenn enfòmasyon presi, tankou pakèt sitasyon Pòl te fè nan lèt li te ekri yo.

Petèt ou ka ap mande: ‘Bon, kiyès ki te mete chif ki endike chapit ak vèsè ki nan Bib la?’

KIYÈS KI TE METE CHAPIT YO?

Gen yon prèt anglè ki te rele Stephen Langton, ki te achevèk Kanntòberi, se li ki te separe Bib la an chapit. Li te fè sa nan 13yèm syèk epòk nou an, lè sa a, li te pwofesè nan inivèsite Pari, an Frans.

Anvan epòk Langton nan, plizyè espesyalis te chèche divès fason pou yo separe Bib la an pòsyon ki pi piti oswa an chapit, toudabò, sanble yo te fè sa pou lè y ap bay referans. Ou ka imajine jan sa t ap fasil pou yo jwenn yon pasaj si y ap chèche l nan yon chapit sèlman olye pou yo ta chèche l nan tout yon liv tankou liv Ezayi a ki gen 66 chapit.

Sepandan, travay plizyè espesyalis yo te bay yon pwoblèm. Espesyalis yo te bay anpil sistèm pou fè separasyon an ki te diferan e ki te depaman youn ak lòt. Nan youn ladan yo, yo te divize Evanjil Mak la prèske an 50 chapit, yo pa t divize l an 16 chapit, jan nou genyen l jodi a. Nan epòk Langton nan, nan Pari, te gen etidyan ki te soti nan anpil peyi, e yo te pote divès vèsyon Labib avèk yo lè yo te sot nan peyi yo. Men, pwofesè yo ak etidyan yo pa t ka jwenn referans  yo fasil. Poukisa? Paske yo pa t separe chapit yo menm jan nan maniskri yo te genyen yo.

Se sa k fè Langton te vin ak yon lòt fason pou l separe chapit yo. Gen yon liv ki di: Sistèm pa l la “te byen antre nan imajinasyon lektè yo ak skrib yo” epi li “te gaye byen rapid ann Ewòp”. (The Book — A History of the Bible.) Konsa, se Langton ki kite jan yo nimewote chapit yo nan pifò vèsyon Labib ki egziste jodi a.

KIYÈS KI TE METE VÈSÈ YO?

Anviwon 300 an apre, nan mitan 16yèm syèk la, Robert Estienne, yon espesyalis an Frans moun te byen konnen ki te konn enprime liv te fè bagay yo vin pi fasil toujou. Objektif li se te fè tout kalite moun gen Labib pou yo etidye l. Li te konnen jan sa t ap enpòtan pou moun gen yon sèl sistèm pou yo nimewote chapit yo ak vèsè yo.

Se pa Estienne ki te vin ak ide pou yo divize Bib la an vèsè a. Gen lòt moun ki te fè sa anvan l. Pa egzanp, plizyè syèk anvan sa, gen kèk Juif ki te konn rekopye Labib ki te separe pati nan Bib la yo te ekri ann ebre a, oswa pati nan Bib la yo konn rele Ansyen Testaman an, an vèsè, men yo pa t separe yo an chapit. La a ankò, menm jan ak separasyon chapit yo, yo pa t suiv yon sèl sistèm.

Estienne te sèvi ak yon nouvo sistèm pou l separe Liv ki te ekri an grèk yo, pati yo konn rele Nouvo Testaman an, an vèsè e li te mete l ak sa ki te deja egziste nan Bib ann ebre a. An 1553, li te pibliye premye Bib ann antye a (yon edisyon an fransè) an jeneral ki te gen menm kantite chapit ak menm kantite vèsè ki gen nan pifò vèsyon Labib jodi a. Gen kèk moun ki te kritike travay sa a, yo te di kesyon vèsè a koupe Bib la fè l fè yon bann ti moso, sa fè l parèt tankou yon seri deklarasyon ki detache youn ak lòt. Men, plizyè lòt moun ki t ap enprime Bib la te adopte sistèm li an byen vit.

YON AVANTAJ POU MOUN K AP ETIDYE LABIB YO

Sa sanble yon bagay tou senp: nimewote chapit yo ak vèsè yo. Se tankou yon “adrès”, yon kòd postal, pou chak vèsè nan Bib la. Natirèlman, separasyon chapit ak vèsè yo se pa Bondye ki enspire yo, e pafwa, yo konn separe pasaj nan Bib la yon move kote. Men, sa fè l pi fasil pou n jwenn pawòl yo site yo epi pou nou mete aksan sou vèsè ki ka gen yon siyifikasyon espesyal pou nou oswa pou nou bay lòt moun yo, menm jan nou konn mete aksan sou ekspresyon oswa fraz nou ta renmen sonje espesyalman nan yon dokiman oswa nan yon liv.

Se vre, lefètke yo separe Bib la an chapit ak vèsè, sa bon, men toujou sonje li enpòtan pou w konprann tout mesaj Bondye bay la. Toujou pran abitid li kontèks la olye w annik li kèk vèsè poukont yo. Lè w fè sa, sa ap ede w pou w toujou pi byen konnen tout “liv sakre yo, ki kapab ba w sajès k ap pèmèt ou delivre” a. — 2 Timote 3:15.