Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Labib pase mòd oswa li ann avans?

Èske Labib pase mòd oswa li ann avans?

LASYANS

LABIB PA YON LIV LASYANS, MEN NOU JWENN ANPIL ENFÒMASYON LADAN L KI LA DEPI ANVAN SYANTIFIK YO TE EGZISTE. ANN EGZAMINE KÈK EGZANP.

Èske linivè fizik la te gen yon kòmansman?

Te gen yon lè gwo syantifik yo t ap reponn non ak tout fòs yo. Jodi a, an jeneral, yo aksepte linivè te gen yon kòmansman. Bib la te gentan di sa aklè depi byen lontan. — Jenèz 1:1.

Ki fòm tè a genyen?

Nan tan lontan, anpil moun te panse tè a te plat. Nan senkyèm syèk anvan epòk nou an, syantifik grèk yo te fè konprann li gen fòm yon wonn. Men, byen lontan anvan sa, nan uityèm syèk anvan epòk nou an, Ezayi, youn nan moun ki te patisipe nan ekri Bib la, te pale de “boul tè a”. Li te itilize yon mo lè yo tradui l yo ka mete “wonn” pou li. — Ezayi 40:22, nòt.

Èske syèl fizik la ka ize?

Aristòt, yon syantifik grèk ki te viv nan katriyèm syèk anvan epòk nou an, te fè konnen se bagay ki sou tè a sèlman ki kapab vin ize, donk, syèl la ki chaje ak zetwal pap janm vin ize. Se sa anpil moun te kwè pandan plizyè syèk. Men, nan 19yèm syèk la, syantifik yo te vin ak ide antwopi a, ki ede n konprann tout bagay nèt, kit se nan syèl la kit se sou tè a, gen tandans vin ize. Gen youn nan syantifik sa yo ki rele William Thomson, ki te patisipe nan bay ide antwopi a jarèt, ki te remake sa Labib di konsènan syèl la ak tè a. Men sa nou li: “Menm jan ak yon rad, yo tout ap vin ize.” (Sòm 102:25, 26). William Thomson panse, jan Labib fè konn sa, Bondye ta ka chwazi anpeche sa fèt pou sa l kreye yo pa detwi. — Eklezyas 1:4.

Ki sa ki kenbe planèt tankou tè a?

Aristòt te anseye tout bagay ki nan syèl yo te nan yon wonn transparan. Li te di chak wonn anndan yon lòt wonn e se konsa sa kontinye nètale. E yo te panse tè a te nan mitan tout wonn yo. Rive nan 18yèm syèk epòk nou an, syantifik yo te kòmanse dakò ak ide pa gen anyen ki kenbe zetwal yo ak planèt yo. Sepandan, nan liv Jòb la, yon liv yo te ekri nan 15yèm syèk anvan epòk nou an, nou aprann Sila a ki kreye tout bagay la fè “tè a ret pandye san pa gen anyen ki kenbe l”. — Jòb 26:7.

 LAMEDSIN

BYENKE LABIB PA YON LIV MEDSIN, LI GEN KÈK PRENSIP LADAN L KI ANN AVANS NAN KESYON SANTE.

Mete moun ki malad yo apa.

Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te fè konnen yo dwe mete moun ki gen lèp yo apa. Se jis lè epidemi te kòmanse gaye sa gen anviwon 700 an doktè yo te kòmanse fè sa, e jis jounen jodi a yo twouve sa byen mache. — Levitik, chapit 13 ak chapit 14.

Lave kò w apre w fin touche yon moun mouri.

Tout nan fen 19yèm syèk la, byen souvan doktè yo te konn fin travay sou kadav e apre sa y al pran swen pasyan ki malad san yo pa menm lave men yo, e sa te lakòz anpil moun mouri. Men, Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te di nenpòt ki fin manyen yon kadav pa pwòp pou yo fè sèvis pou Bondye. Li te menm di pou moun ki nan sitiyasyon sa a sèvi ak dlo pou yo ka vin pwòp ankò. Se sèten pratik sa a te vrèman bon pou lasante. — Nonb 19:11, 19.

Dispozisyon pou elimine poupou.

Chak ane, gen plis pase 500 mil timoun ki mouri akoz dyare. Nan pifò ka, se paske pa gen yon bon sistèm pou elimine poupou e sa reprezante yon danje. Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te di yo dwe mete poupou anba tè, e yo te dwe fè sa lwen kote moun ap viv. — Detewonòm 23:13.

Moman pou fè sikonsizyon.

Lalwa Bondye a te di yo dwe sikonsi yon tigason uit jou apre l fin fèt (Levitik 12:3). Nan ka yon tibebe, yo remake se apre premye semèn li fin fèt la, kò l vin gen kapasite nòmal pou l sispann senyen si l ta blese. Nan tan biblik yo, se te yon pwoteksyon sa te ye lefètke yo te tann plis pase yon semèn anvan yo fè sikonsizyon an, e yo te fè sa anvan menm te vin gen pwogrè ki fèt nan domèn medikal.

Rapò ki genyen ant sante mantal ak sante fizik.

Rechèch ki fèt nan domèn medikal ak lasyans fè konnen santiman tankou lajwa, espwa, rekonesans ak dispoze padone gen bon efè sou sante. Men sa Bib la di: “Kè kontan se bon remèd, men, lè yon moun dekouraje nèt, sa fè l pèdi fòs.” — Pwovèb 17:22.