“N ap fè sa!” Se fason sa a mwen menm ak mari m ansanm ak frè m nan ak madanm li te reponn lè yo te pwopoze n pou n aksepte yon asiyasyon. Poukisa nou te aksepte l, e ki jan Jewova te beni nou? Toudabò, kite m esplike n kote m soti.

MWEN fèt an 1923 nan Hemsworth, yon zòn nan Yorkshire, nan peyi Angletè. M te gen yon sèl gran frè ki te rele Bob. Lè m te gen anviwon nevan, papa m, ki te rayi ipokrizi ki gen nan relijyon yo, te resevwa kèk liv ki te denonse fo relijyon. Sa l te li yo te enpresyone l anpil. Kèk ane annapre, Bob Atkinson te vin lakay nou e l te pase anrejistreman youn nan diskou frè Rutherford yo nan yon fonograf. Nou te rann nou kont se menm gwoup moun sa yo ki te pibliye liv sa yo! Paran m te envite frè Atkinson soupe avè n chak swa e l te reponn pakèt kesyon nou te genyen sou Bib la. Li te envite n asiste reyinyon lakay yon frè ki te abite nan yon distans kèk kilomèt. Nou te fè sa san pèdi tan, konsa, te vin gen yon ti kongregasyon nan Hemsworth. Sa pa t pran tan pou n te akeyi sèvitè zòn yo (kounye a yo rele yo siveyan sikonskripsyon) e n te konn envite pyonye ki te abite toupre yo vin manje lakay nou. Moman nou te pase avèk yo te gen gwo efè sou mwen.

Nou te kòmanse yon biznis, men papa m te di frè m nan: “Si w vle al pyonye, nou dwe kite sa.” Bob te dakò, e l te kite kay la pou l al sèvi kòm pyonye lè l te gen 21 an. Dezan annapre, lè m te gen 16 an, m te vin pyonye. Apa lè wikenn, m te konn preche prèske poukont mwen, m te konn itilize yon kat temwayaj ak yon fonograf. Men, Jewova te beni m lè l te ban m yon etidyan Labib ki te fè anpil pwogrè. Finalman, anpil moun nan fanmi etidyan sa a te aksepte laverite. Ane ki te vin apre a, mwen te vin pyonye espesyal ansanm ak Mary Henshall. Yo te voye n nan yon tèritwa ki pa t sou kont okenn kongregasyon nan zòn Cheshire.

Pandan Dezyèm Gè mondyal la, yo te mande medam yo pou yo soutni gè a. Piske n te sèvitè aplentan, nou te atann, antanke pyonye espesyal, pou yo ban nou posiblite pou n pa patisipe nan gè a menm jan ak lòt minis relijye yo. Men, tribinal la pa t dakò, konsa, yo te kondane m pou m pase 31 jou nan prizon. Ane ki te vin apre a, lè m te gen 19 an, m te anrejistre antanke moun ki  refize fè sèvis militè akoz konsyans li. Yo te mennen m devan de tribinal, men, yo te ranvwaye ka m nan. Pandan tout eksperyans sa a, m te konnen lespri sen t ap ede m e Jewova t ap kenbe men m, li t ap fè m vin fèm e l t ap fè m vin djanm. — Eza. 41:10, 13.

YON NOUVO KONPAYON

M te rankontre Arthur Matthews an 1946. Apre l te fèk fin pase twa mwa nan prizon antanke moun ki refize fè sèvis militè akoz konsyans li, li t al viv ak frè l, Dennis, ki te pyonye espesyal nan Hemsworth. Papa yo te aprann yo konn Jewova depi lè yo te toupiti e yo te batize lè yo te adolesan. Yon ti tan apre, yo te voye Dennis al sèvi ann Ilann, konsa, Arthur te vin san patnè. Paran m te tèlman enpresyone lè yo wè jan jèn pyonye sa a dilijan ak jan l konpòte l, yo te envite l vin abite ak yo. Lè m te konn pase wè yo, Arthur avè m te volontè pou n lave asyèt apre repa yo. Finalman, nou te kòmanse ekri youn lòt. An 1948, Arthur te pran twa mwa prizon ankò. Nou te marye an janvye 1949 e n te gen objektif pou n ret nan sèvis aplentan toutotan sa posib. Grasa benediksyon Jewova ak bonjan planifikasyon, nou te itilize vakans nou pou n al keyi fwi pou n te ka fè yon ti kòb, konsa, nou te kapab kontinye nan sèvis pyonye.

Nan Hemsworth, yon ti tan apre maryaj nou an 1949.

Yon tikras plis pase ennan annapre, yo te mande n pou n al nan Ilann dinò, toudabò nan vil Armagh, apre sa, nan vil Newry, de vil kote pifò moun te katolik. Tansyon an te wo nan zòn nan, e n te oblije pran anpil prekosyon pou n konn ki lè n dwe pale ak moun yo. Nou te konn fè reyinyon lakay yon frè ak yon sè ki te nan yon distans 16 kilomèt parapò ak kote n te abite a. Anviwon uit moun te konn asiste. Lè yo te envite n pase nuit lan, nou te konn dòmi atè e n te konn kontan pran yon bon dejene nan demen. Nou kontan anpil lè n aprann gen anpil Temwen kounye a nan zòn sa a.

“N AP FÈ SA!”

Frè m nan ansanm ak madanm li, Lottie, te deja ap sèvi antanke pyonye espesyal nan Ilann dinò, e an 1952, nou toule kat te asiste yon kongrè distri nan vil Belfast. Avèk jantiyès, yon frè te akeyi nou tout lakay li, san wete Pryce Hughes ki te sèvitè filyal Grann Bretay nan epòk sa a. Yon jou swa, nou t ap pale sou bwochi ki te fèk parèt la ki rele Chemen Bondye se chemen lanmou (anglè). Yo te fè l sitou pou Ilann. Frè Hughes te pale sou difikilte ki genyen pou n preche katolik k ap viv nan Repiblik Ilann. Gen frè yo te met deyò lakay yo e yo te fè fas ak foul moun ki vyolan prèt yo t ap chofe. Men sa Pryce te di: “Nou bezwen moun marye ki gen machin pou patisipe nan yon kanpay espesyal pou distribye bwochi a nan tout peyi a *.” Nou te reponn tousuit: “N ap fè sa!” Donk, se pawòl sa a ki nan kòmansman istwa a.

Mwen menm ak kèk lòt pyonye sou yon motosiklèt ki gen pòt chay.

 Sèl kote pyonye yo te ka toujou rete nan Diblen se te lakay Ma Rutland, yon sè ki fidèl depi lontan. Apre nou fin pase lakay li e apre n fin vann kèk bagay nou te genyen, nou toule kat te monte sou yon motosiklèt ki gen yon pòt chay Bob te genyen pou n t al chèche yon machin. Nou te jwenn yon bon machin dezyèm men e n te mande moun ki t ap vann li an pou l vin avè l pou nou, paske nou youn pa t konn kondui. Arthur te fè tout nuit lan chita sou kabann nan, li t ap eseye imajine fason pou l sèvi ak levye a. Nan demen maten, pandan l t ap eseye kondui machin nan sot nan garaj la, gen yon misyonè ki rele Mildred Willett (annapre li te marye ak John Barr) ki te vin parèt. Li te konn kondui! Pandan n te sou wout la, nou te fè plis pratik, konsa, nou te pare pou n ale!

Machin nou an ak abri nou an.

Annapre, nou te bezwen yon kote pou n rete. Nou te jwenn konsèy pou n evite abite nan abri paske opozan yo te ka met dife ladan l, donk, nou te chèche yon kay, men nou pa t jwenn. Jou swa sa a, nou toule kat te dòmi nan machin nan. Nan demen, tout sa n te jwenn se te yon ti abri ki te gen de ti kabann youn anlè lòt. Li te vin kay nou. Sa k te bèl la, nou pa t gen okenn pwoblèm pou n met abri a sou pwopriyete yon seri kiltivatè ki te amikal. Nou te preche nan tèritwa ki te nan yon distans ant 16 ak 24 kilomèt. Annapre, lè n t al nan yon lòt zòn, nou te konn tounen vizite moun ki te aksepte n pakin sou pwopriyete yo.

Nou te vizite tout kay ki te nan sidès Repiblik la san pa t gen okenn gwo pwoblèm, nou te distribye plis pase 20 000 bwochi, e n te voye non moun ki te enterese yo bay biwo filyal Grann Bretay la. Se pa ti benediksyon sa ye dèske gen plizyè santèn Temwen kounye a nan zòn sa a!

NOU RETOUNEN ANN ANGLETÈ, ANNAPRE, N AL EKÒS

Rive yon lè, yo te voye n al sèvi nan pati sid vil Lonn. Apre kèk semèn sèlman, biwo filyal Grann Bretay la te rele Arthur nan telefòn pou mande l kòmanse nan sèvis sikonskripsyon an nan demen! Apre yon semèn fòmasyon, nou te vwayaje al nan sikonskripsyon nou nan peyi Ekòs. Arthur pa t ret tan ankò pou l prepare diskou l yo, men, piske l te pare pou l fè fas ak difikilte ki te gen nan sèvis Jewova a, sa te ankouraje m anpil. Nou te renmen travay sikonskripsyon an anpil. Pandan kèk ane, nou te nan tèritwa ki pa t sou kont okenn kongregasyon, e kounye a, se te yon gwo benediksyon pou n pami anpil frè ak sè.

Lè Arthur te resevwa envitasyon pou l asiste Lekòl Galaad pandan dis mwa nan ane 1962, nou te gen yon gwo desizyon pou n pran. Nou te vin rann nou kont menm lè m te oblije rete, li te nòmal pou Arthur aksepte privilèj sa a. Piske m t ap ret poukont mwen, yo te voye m Hemsworth antanke pyonye espesyal. Lè Arthur retounen ennan annapre, yo te voye n nan travay distri a e n te travay  nan tèritwa Ekòs, nan nò Angletè ak nan Ilann dinò.

YON NOUVO ASIYASYON ANN ILANN

An 1964, Arthur te jwenn yon nouvo asiyasyon pou l sèvi antanke sèvitè filyal nan Repiblik Ilann. Nou te renmen travay itineran an anpil, se sa k fè, okòmansman, m t ap enkyete m pou chanjman an. Lè m ap reflechi, m gen anpil rekonesans paske m ap sèvi nan Betèl kounye a. Mwen kwè depi yon moun aksepte yon asiyasyon, menm lè l pa vrèman anvi fè l, Jewova ap toujou beni l. Chak jou, m te konn travay nan biwo, met piblikasyon nan bwat, fè manje, epi fè netwayaj. Pandan kèk tan, nou te nan travay distri a tou e n te ka rankontre frè yo toupatou nan peyi a. Privilèj sa a ak posiblite n te genyen pou n wè etidyan Labib nou yo k ap fè pwogrè te fè gen yon gwo lyen nan mitan fanmi espirityèl nou an ann Ilann. Ala yon benediksyon sa ye!

YON EVÈNMAN ENPÒTAN NAN ISTWA TEMWEN JEWOVA YO ANN ILANN

Premye kongrè entènasyonal ki te fèt ann Ilann se te nan vil Diblen an 1965 *. Malgre gwo opozisyon ki te sot toupatou, kongrè a te reyisi fèt san pwoblèm. Te gen antou 3 948 moun ki te asiste, e 65 moun te batize. Tout moun ki te akeyi 3 500 delege ki te sot nan lòt peyi yo lakay yo te resevwa yon lèt remèsiman. Yon lòt bò, mèt kay yo te felisite delege yo pou konduit yo. Anfèt, se te yon evènman enpòtan ann Ilann.

Arthur k ap salye Nathan Knorr lè Nathan Knorr te vin nan kongrè ki te fèt an 1965 lan.

Arthur k ap prezante Liv istwa biblik mwen an nan lang gayelik, an 1983.

An 1966, pati nò ak pati sid Ilann te vin fè yon sèl anba sipèvizyon biwo filyal Diblen an. Sa te diferan nèt parapò ak divizyon ki te gen sou zile a nan domèn politik ak relijye. Nou te kontan anpil lè n wè jan anpil katolik vin nan laverite e y ap sèvi bò kote yon seri frè ki te potestan.

YON GWO CHANJMAN NAN ASIYASYON NOU

An 2011, lavi nou te chanje nèt lè filyal Grann Bretay la ak filyal Ilann lan te vin fè yon sèl e yo te voye n al sèvi nan Betèl Lonn. Nouvèl la te tonbe nan epòk kote m te kòmanse enkyete m pou sante Arthur. Doktè te fè konnen li fè maladi Pakinsonn. Nan dat 20 me 2015, konpayon m te genyen depi 66 an te mouri.

Nan dènye ane sa yo, m gen gwo tristès, m soufri depresyon e m chagren. Lè Arthur te vivan, li te toujou la pou mwen. Se pa ti sonje m sonje l! Men, lè w ap fè fas ak sitiyasyon sa yo, sa fè w vin pi pwòch Jewova. Sa touche m tou pou m wè jan lòt moun te renmen Arthur. Mwen resevwa lèt nan men zanmi ki ann Ilann, Grann Bretay, e menm Ozetazini. M pa jwenn mo pou m esplike jan lèt sa yo ansanm ak ankourajman Dennis, frè Arthur la, madanm li, Mavis, ak nyès mwen yo, Ruth ak Judy, ede m.

Yon vèsè ki ankouraje m anpil se Ezayi 30:18. Men sa l di: “Jewova ap tann avèk pasyans pou l fè nou favè, l ap leve kanpe pou l fè nou mizèrikòd. Paske Jewova se yon Dye ki gen jistis lakay li. Byennere tout moun ki kontinye ret tann li.” Sa konsole m anpil lè m aprann Jewova ap tann avèk pasyans pou l rezoud pwoblèm yo e pou l ban nou yon seri travay ki enteresan nan monn nouvo l la.

Lè m reflechi sou lavi nou, m ka wè jan Jewova gide travay la ann Ilann e l beni l! M santi se yon gwo privilèj pou m bay ti patisipasyon pa m nan pwogrè espirityèl sa a. Pa gen dout, nou toujou jwenn benediksyon lè n fè sa Jewova mande n.

^ § 12 Gade Liv aktivite Temwen Jewova yo — 1988, paj 100-102 (fransè).

^ § 22 Gade Liv aktivite Temwen Jewova yo — 1988, paj 109-112 (fransè).