Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 Byografi

Ansyen mè Katolik ki vin bonjan sè espirityèl

Ansyen mè Katolik ki vin bonjan sè espirityèl

SA GEN plizyè ane, Araceli, ti sè m nan, te vin an kòlè anpil e l te di m byen fò: “Sispann pale avè m. M pa vle tande anyen ankò sou relijyon w lan. Li fè m santi m malad. M rayi w!” Pawòl li yo te fè m mal anpil. Kounye a, m gen 91 an e m pa janm bliye yo. Men, Eklezyas 7:8 di: “Jan yon bagay fini pi bon pase jan l kòmanse.” — Felisa.

Felisa: M te grandi ann Espay nan yon fanmi ki pa gen gwo mwayen. Fanmi m te Katolik e n te relijye anpil. Anfèt, gen 13 moun nan fanmi m ki te swa prèt oswa ki t ap travay pou legliz la. Gen yon kouzen manman m ki te prèt e ki te anseyan nan yon lekòl Katolik. Apre l te fin mouri, pap Jan Pòl II te onore l lè l te deklare l sen ofisyèlman. Papa m te yon bòs fòjon e manman m te konn travay nan jaden. Nou te uit timoun antou e se mwen ki te pi gran.

Lè m te gen 12 an, gen yon gè sivil ki te eklate ann Espay. Apre gè a, yo te met papa m nan prizon paske gouvènman an pa t renmen ide politik li yo. Sa te difisil pou manman m jwenn ase manje pou nou tout la. Donk, li te voye twa pi jèn sè m yo, Araceli, Lauri, ak Ramoni, al viv ak kèk mè nan yon kouvan ki nan vil Bilbao. Sè m yo t ap jwenn ase manje pou yo manje nan kouvan an.

Araceli: Nan epòk sa a, m te gen 14 an, Lauri te gen 12 an e Ramoni te gen 10 an. Nou te sonje fanmi nou anpil. Nan kouvan an, travay nou se te fè netwayaj. Dezan annapre, mè yo te voye n nan yon gwo kouvan nan vil Saragòs ki pran swen moun aje. Nou te dwe travay di pou n netwaye kuizin nan e sa te fè n fatige anpil.

Felisa: Lè sè m yo t al nan kouvan Saragòs la, manman m ak monnonk mwen, ki te prèt legliz nan zòn nan, te deside voye m nan kouvan sa a tou. Yo te vle voye m lwen yon tigason ki te  renmen m. M te toujou anvi pase kèk tan ap viv nan yon kouvan paske m te renmen Bondye. M te konn al legliz chak jou e m te vle vin yon misyonè Katolik menm jan ak kouzen m nan ki te ann Afrik.

Agoch: Kouvan ki Saragòs la, Espay. Adwat: Tradiksyon Labib Nácar-Colunga a.

Men, nan kouvan an, m te rann mwen kont mwen pap ka fè anpil nan bagay m te vle fè yo. Mè yo pa t ankouraje m sèvi Bondye nan yon lòt peyi jan m te espere sa a. Se sa k fè, ennan annapre, m te retounen lakay mwen pou m pran swen monnonk mwen ki te prèt la. M te konn fè travay lakay li e n te konn woule chaplè ansanm chak maten. Anplis de sa, m te renmen ranje flè yo nan legliz la epi abiye imaj Mari ak imaj “sen” yo.

Araceli: Pandan m te Saragòs, m te fè premye gwoup ve m te dwe fè pou m vin mè a. Apre sa, mè yo te deside separe m ak sè m yo. Konsa, yo te voye m nan yon kouvan nan vil Madrid e yo te voye Lauri nan yon kouvan nan vil Valans. Ramoni te rete Saragòs. Pandan m Madrid, m te fè dezyèm gwoup ve m te dwe fè pou m vin mè a. Gen anpil moun tankou etidyan ak moun aje ki te vin ret nan kouvan an. Konsa, te gen anpil travay pou fè. M te travay nan lopital kouvan an.

M pap ka tann moman pou m vin mè a. M te panse nou t apral pase anpil tan ap li Labib epi aprann nan Bib la. Men, m te desi. Pa gen pèsonn ki te sèvi ak Bib la oubyen ki te menm pale de Bondye ak Jezi. M te aprann yon ti laten, m te etidye lavi sen Katolik yo e m te adore Mari. Men, se travay di ase nou te fè pandan pifò tan.

M te kòmanse santi m strese e m te enkyè. M te santi m dwe fè lajan pou ede fanmi m olye m ap travay nan yon kouvan pou m fè lòt moun rich. Konsa, m t al pale de sa ak mè responsab la e m te di l mwen vle kite kouvan an. Men, li te fèmen m nan yon chanm. Li te panse sa t ap konvenk mwen pou m rete.

Mè yo te kite m soti nan chanm nan, men, lè yo te vin rann yo kont mwen toujou vle kite kouvan an, yo te fèmen m nan chanm nan ankò. Apre yo te fin fè m sa pandan twa fwa, yo te di m mwen ka kite kouvan an si m ekri pawòl sa a: “M ap kite kouvan an paske m pito sèvi Satan olye m sèvi Bondye.” Sa te choke m anpil. M te vrèman vle kite kouvan an, men, m pa t ka ekri pawòl sa yo. Finalman, m te mande pou m pale ak yon prèt e m te di l sa k pase. Li te jwenn pèmisyon nan men evèk la pou l voye m tounen nan kouvan Saragòs la. Apre kèk mwa, m te jwenn pèmisyon pou m kite kouvan an. Yon ti tan apre, Lauri ak Ramoni te kite kouvan an tou.

 YON LIV TE DIVIZE NOU

Felisa

Felisa: Kèk tan annapre, m te vin marye e m t al viv Cantabria, yon pwovens ann Espay. M te toujou al legliz regilyèman. Yon jou dimanch, nan legliz la, avèk kòlè, prèt la te di: “Gade liv sa a!” Li te montre liv La vérité qui conduit à la vie éternelle la. Li te di: “Si yon moun ban nou youn nan liv sa a, pote l ban mwen oswa voye l jete!”

M pa t gen liv sa a, men, m te vle gen youn. Epi, kèk jou annapre, gen de dam ki te vin lakay mwen. Yo te Temwen Jewova e yo te ofri m liv la. M te li l menm jou swa a. Lè dam yo te retounen, yo te mande m si m vle etidye Labib e m te di wi.

Liv Vérité a.

M te toujou vle fè Bondye plezi. M te vin aprann laverite sou Jewova e m te kòmanse renmen l pi plis. M te vle pale de li ak tout moun. M te batize an 1973. Chak fwa m kapab, m eseye pale de laverite ak moun nan fanmi m. Men, fanmi m yo, sitou Araceli, sè m nan, te konn ensiste pou di kwayans mwen yo pa bon.

Araceli: Etandone yo te mal boule avè m nan kouvan an, m te santi m an kòlè e m pa t kontan nan relijyon m te ye a. M te kontinye al legliz lè dimanch e m te konn woule chaplè chak jou. M te toujou vle konprann Labib e m te mande Bondye ede m. Annapre, Felisa te pale avè m te de sa l te aprann yo. Li te tèlman chofe pou l pale de sa l te aprann yo, mwen te panse l fou. M pa t dakò ak sa l te di yo.

Araceli

Pi devan, m te retounen Madrid pou m travay e m te vin marye. Tank ane yo t ap pase, m te vin rann mwen kont moun ki pral legliz regilyèman yo pap viv ann amoni ak ansèyman Jezi yo toutbon. Donk, m te sispann al legliz. M te vin pa kwè nan “sen” yo ni nan dife lanfè ankò, e m pa t panse yon prèt ka padone peche moun vre. M te menm jete tout imaj relijye m te genyen yo. M pa t ka konnen si sa m t ap fè a te bon. M te santi m desi, men, m te kontinye priye Bondye, m te di l: “Mwen vle konnen w. Ede m!” M sonje Temwen Jewova yo te konn frape pòt kay mwen plizyè fwa, men, m pa t janm ouvri. M pa t kwè nan okenn relijyon.

 Lauri, sè m nan, t ap viv an Frans e Ramoni t ap viv ann Espay. Bò zòn ane 1980, yo te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo. M te ret kwè, menm jan ak Felisa, yo pa t rann yo kont se yon bann manti yo t ap aprann. Annapre, m te rankontre Angelines, youn nan vwazin mwen yo, e n te vin bon zanmi. Li menm tou te yon Temwen Jewova. Pandan plizyè fwa, Angelines ak mari l te mande m si m vle yo etidye Labib avè m. Yo te rann yo kont byenke m te di mwen pa bay relijyon regle anyen pou mwen, m te vrèman vle aprann konn Bib la. Finalman, m te di yo: “Oke. M ap dakò pou n etidye Labib avè m, men se sèlman si m ka sèvi ak pwòp Bib mwen!” M te gen tradiksyon Labib ki rele Nácar-Colunga a.

FINALMAN, BIB LA REYINI NOU

Felisa: Lè m te batize an 1973, te gen anviwon 70 Temwen nan Santander, ki se kapital pwovens Cantabria. Nou te konn vwayaje byen lwen pou n al preche moun k ap viv nan plizyè santèn vilaj ki nan pwovens sa a. Nou te konn pran bis e apre sa, nou te konn pran machin pou n sot nan yon vilaj al nan yon lòt.

Tank ane yo t ap pase, mwen te etidye Labib ak anpil moun e 11 nan yo te batize. Pifò moun mwen te etidye Labib avèk yo te Katolik. M te bezwen demontre pasyans anvè yo. Menm jan avè m, yo te bezwen tan pou yo vin rann yo kont se nan manti yo te ye. M te konnen se sèlman Bib la ansanm ak lespri sen Jewova ki te ka ede yon moun chanje fason l panse e pou l aksepte laverite (Ebre 4:12). Bienvenido, mari m, ki te yon polisye, te batize an 1979, e manman m te kòmanse etidye yon ti tan anvan l mouri.

Araceli: Lè m te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo, m te santi m pap ka kwè yo. Men, tank ane yo t ap pase, mwen pa t santi m konsa ankò. Nonsèlman Temwen yo t ap anseye sa Bib la di, men, yo te obeyi ansèyman sa yo tou. Lafwa m nan Jewova ak nan Bib la te kòmanse grandi e m te santi m pi kontan. Gen kèk nan vwazen m yo ki te remake chanjman sa a e yo te di m: “Araceli, kontinye mache nan chemen w chwazi a!”

M sonje m te priye konsa: “Mèsi Jewova dèske w pa abandone m e dèske w ban m anpil opòtinite pou m jwenn sa m t ap chèche a, anpalan de vrè konesans ki nan Bib la.” Anplis de sa, m te mande Felisa, sè m nan, padon dèske m te di l anpil move bagay. Kounye a, olye n toujou nan kont youn ak lòt, nou pran plezi pale de Bib la. Mwen te batize an 1989, lè m te gen 61 an.

Felisa: Kounye a, m gen 91 an. Mari m mouri e m pa ka fè kantite bagay mwen te konn fè yo. Men, m toujou li Bib la chak jou e m al nan reyinyon yo ak nan travay predikasyon an depi m kapab.

Araceli: M renmen pale de Jewova ak tout prèt ansanm ak mè mwen rankontre yo, petèt paske m te yon mè. Mwen konn gen bèl konvèsasyon ak kèk nan yo e gen anpil nan yo ki konn pran liv ak peryodik. Mwen sitou sonje yon prèt. Apre m te fin fè yon ti tan ap pale avè l, li te dakò ak sa m t ap di yo. Apre sa, li di m: “Men, ki kote m ka ale ak laj mwen genyen an? Ki sa moun ki nan legliz mwen yo ak fanmi m ap di?” Mwen te reponn li: “E ki sa Bondye ap di?” Li te rann li kont mwen gen rezon e m te ka wè jan l ap soufri. Men, sanble l pa t gen kouraj pou l chanje lavi l.

M pap janm bliye lè mari m te di m li vle al nan reyinyon avè m. Li te gen plis pase 80 an lè l te vin nan premye reyinyon l e depi lè sa a, li pa janm rate yon reyinyon. Li te etidye Labib e l te kòmanse preche. M gen anpil bèl souvni de nou menm k ap travay ansanm nan predikasyon. Li te mouri de mwa anvan jou li t apral batize a.

Felisa: Lè m te kòmanse sèvi Jewova, twa jèn sè m yo te kont mwen. Men, annapre, yo menm tou te vin aksepte laverite. Vrèmanvre, se te youn nan pi bèl bagay ki te ka rive m. Apre sa, nou te renmen pase tan ansanm ap pale de Jewova, Bondye nou renmen anpil la, e de Pawòl li a! Finalman, nou tout t ap adore Jewova *.

^ § 29 Araceli gen 87 an, Felisa gen 91 an e Ramoni gen 83 an. Yo tout toujou ap sèvi Jewova fidèlman. Lauri te mouri an 1990 e li menm tou te ret fidèl ak Jewova.