LÈZÒM VRÈMAN ESPESYAL: NOU EKRI, NOU FÈ DESEN, NOU ENVANTE E NOU REFLECHI SOU PI GWO KESYON KI GEN NAN LAVI A: Poukisa linivè egziste? Ki jan nou fè vin egziste? Poukisa n ap viv? Ki sa lavni sere pou nou?

Gen kèk moun ki evite kesyon sa yo paske yo panse kesyon sa yo twòp pou yo. Gen lòt moun yo menm ki di li pa nesesè pou poze kesyon konsa paske se evolye moun evolye. Gen yon pwofesè istwa ak byoloji ki rele William Provine ki fè konnen ‘pa gen okenn dye ki egziste, pa gen objektif nan lavi a’. Mete sou sa li di: “Nou pa ka kategorik sou sa nou konsidere kòm moral, ni nou pa ka annik di ki sans lavi a.”

Sepandan, gen kèk moun menm ki pa dakò ak sa lòt moun yo di a. Lè y ap gade linivè, yo wè li annòd, li gen lwa ki byen presi k ap dirije l, yon seri lwa ki byen etabli, ki byen fèt e ki egzak nan domèn syantifik. Yo sezi wè bèl bagay ki gen nan lanati, gen nan yo lèzòm eseye imite nan sa yo fè. E eksperyans yo fè chak jou nan lavi a fè yo wè, tout bagay ki difisil pou moun konprann fason l mache e ki fèt yon fason ki konplike pa ka annik rete konsa yo mache poukont yo, fòk gen yon moun ki vrèman entèlijan ki kreye yo.

Rezònman sa a fè kèk moun ki kwè nan evolisyon wè bagay yo yon lòt jan. Ann konsidere de egzanp ki annapre yo:

DOKTÈ ALEXEI MARNOV, NEWOCHIRIJYEN. Men sa l di: “Nan lekòl mwen, yo te aprann mwen Bondye pa egziste e yo te montre m se evolye moun evolye. Yo te konsidere tout moun ki kwè nan Bondye kòm moun ki nan inyorans.” Sepandan, nan ane 1990, li te kòmanse panse yon lòt jan.

Li di: “Mwen te toujou ap eseye konprann rezon ki fè yon bagay fèt jan l ye a, pa egzanp, fason sèvo moun fèt. Yo gen rezon di ògàn sa a se bagay ki pi konplike moun konnen ki egziste nan tout linivè. Men, èske sèvo a la pou yon moun annik fin gen konesans ak kapasite epi apre sa li mouri? Sa pa fè sans e sa pa rezonab. Donk, mwen te kòmanse mande tèt mwen: “Poukisa nou fèt? Poukisa n ap viv? Apre m te fin byen reflechi, mwen te vin rann mwen kont fòk gen yon Kreyatè.”

Alexei te kòmanse egzamine Bib la paske li t ap chèche konnen poukisa lèzòm egziste. Annapre, madanm li, ki doktè e ki pa t kwè Bondye egziste tou, te kòmanse etidye Labib pou l montre mari l li nan erè. Sepandan, jodi a, yo toule de kwè Bondye egziste toutbon e yo konprann ki objektif Bondye gen pou lèzòm jan sa parèt nan Bib la.

DOKTÈ HUABI YIN, YON ESPESYALIS NAN KESYON PLASMA. Huabi Yin te etidye fizik, e pandan plizyè ane li te fè rechèch sou solèy la.

Men sa Huabi di: “Nou menm syantifik yo, kèlkeswa lè nou etidye fòs lanati yo, nou toujou jwenn yo gen anpil ak yon pakèt lòd paske yo gen yon seri prensip ki byen etabli k ap dirije yo. Mwen te mande tèt mwen: ‘Ki kote prensip sa yo soti? Si menm yon ti dife yon moun ap limen pou l fè manje li oblije pran anpil prekosyon avè l, kiyès ki etabli prensip anrapò ak solèy la menm?’ Rive yon lè, mwen te di tèt mwen premye pawòl ki nan Bib la se repons ki pi lojik la: ‘Okòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a.’” — Jenèz 1:1.

Se vre, lasyans reponn anpil kesyon moun konn poze, tankou: Ki jan selil ki nan sèvo nou fonksyone? ak Ki jan solèy la rive bay chalè ak limyè? Sepandan, jan Alexei ak Huabi te vin rann yo kont de sa, Labib reponn kesyon ki enpòtan yo, tankou: Poukisa linivè egziste? Poukisa se prensip k ap dirije l? Epi, poukisa nou egziste?

Men ki sa Labib di konsènan tè a: ‘Bondye pa t annik kreye l pou granmesi, men li te fè l pou moun rete sou li.’ (Ezayi 45:18). Pa gen dout nan sa, Bondye gen yon objektif pou tè a, e jan nou pral wè sa nan atik ki vin apre a gen yon rapò sere ant objektif sa a ak esperans nou genyen pou lavni.