PETÈT ou pa janm tande pale de Abū ‘Alī al-Ḥasan ibn al-Haytham. Nan zòn Ewòp ak Amerik, yo konnen l sou non Alhazen, yon non laten ki soti nan non arab li genyen an ki se al-Hasan. Petèt, travay li te fè nan lavi l yo itil ou. Yo pale de Alhazen kòm “youn nan moun ki pi enpòtan e ki te gen plis enfliyans nan istwa lasyans”.

Alhazen te fèt ozanviwon ane 965 epòk nou an nan Basra, ki ann Irak kounye a. Li te enterese tou nan astwonomi, chimi, matematik, medsin, mizik, optik, fizik ak pwezi. Ki bagay konsa li te fè ki fè nou gen plis rekonesans pou li?

YON BARAJ SOU NIL LA

Gen yon istwa yo rakonte sou Alhazen pandan plizyè ane ki fè konnen li te gen entansyon byen kontwole fason rivyè Nil la ap koule, yon pwojè ki te vin reyalize prèske 1 000 an annapre nan Aswân nan ane 1902.

Istwa a rakonte Alhazen te fè konnen plan li te genyen pou l fè gen mwens inondasyon ak sechrès ann Ejip si l ta rive fè yon baraj pou Nil la. Lè Kalif al-Hakim, moun ki t ap dirije vil Kè a, te tande ide a, li te envite Alhazen vin ann Ejip pou l konstwi baraj la. Men, lè Alhazen wè rivyè a ak de je l, li te rann li kont travay la te plis pase sa l te panse. Kòm Alhazen te pè pou dirijan vil Kè a, yon dirijan yo konnen kòm moun ki chanje lide pou ti krik ti krak, pa t pini l, li te pran pòz moun fou l jiskaske dirijan sa a te mouri anviwon 11 an annapre nan ane 1021. Pandan tout tan sa a, Alhazen te pwofite okazyon an pou l kontinye fè yon seri bagay ki enterese l piske yo te mete l apa akoz maladi foli li te pran pòz li genyen an.

LIV OPTIK

Anvan menm Liv optik (anglè) la te soti, Alhazen te gentan ekri pifò nan sèt volim liv sa a yo konsidere kòm “youn nan liv ki pi enpòtan nan istwa fizik”. Nan liv sa a, yo pale sou eksperyans yo fè sou jan limyè ye, sa gen ladan l fason limyè divize pou l bay plizyè koulè, fason limyè frape nan miwa, ak fason li fè pou l reflete al yon lòt kote.  Li te etidye kapasite nou genyen pou nou wè epi entèprete sa nou wè a, e li te etidye fòm je nou ak jan yo fonksyone.

Rive nan 13yèm syèk la, yo te tradui travay Alhazen yo soti nan lang arab rive nan laten, e plizyè syèk annapre biblis Ewopeyen yo te konn fè referans avè l kòm yon liv moun fè konfyans. Sa Alhazen te ekri sou karakteristik lantiy genyen te sèvi kòm baz pou Ewopeyen ki konn fè linèt yo pou yo envante teleskòp ak mikwoskòp lè yo mete lantiy yo youn devan lòt.

CHANM NWA

Alhazen te vin jwenn prensip ki sèvi kòm baz pou fotografi lè l te konstwi sa nou te ka rele premye chanm nwa (camera obscura) ki egziste. Chanm sa a te “fè nwa” epi limyè te konn rantre landan l nan yon ti twou e li al frape nan yon mi ki anndan chanm nan kote imaj la vin parèt tèt anba.

Alhazen te konstwi sa petèt ki te ka premye chanm nwa (camera obscura) ki egziste.

Nan 19yèm syèk la, yo te vin ajoute plak pou foto nan chanm nwa a pou foto y ap pran yo te ka rete pou toutan. Ki rezilta sa te bay? Nou te vin gen kamera. Tout kamera ki egziste jodi a, e menm je nou, itilize menm prensip fizik ak chanm nwa a *.

METÒD SYANTIFIK

Yon lòt bèl aspè nan travay Alhazen nan se rechèch byen presi li te fè sou fenomèn natirèl yo, yon seri rechèch li te byen pran san l pou l fè. Fason l te wè bagay yo te diferan nèt nan epòk li a. Li te youn nan premye moun ki te konn fè yon seri eksperyans pou l teste yon seri teyori ki te la, e li pa t pè poze kesyon sou bagay li pa t dakò avè yo si li pa t jwenn prèv pou yo.

Yon pawòl yo toujou di pou rezime prensip de baz lasyans modèn nan se: “Pwouve sa w kwè ladan l lan!” Gen kèk moun ki konsidere Alhazen kòm “papa metòd syantifik modèn nan”. Nan sans sa a, nou gen anpil rekonesans pou sa l fè.

^ § 13 Resanblans ki genyen ant chanm nwa a ak je nou pa t fin klè pou moun ki ann Ewòp ak Amerik yo jiskaske Johannes Kepler te vin esplike sa nan 17yèm syèk la.