Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI KOTE MONN SA A PRALE?

Y ap chèche repons

Y ap chèche repons

SI W santi w strese oswa menm ou pè afòs ou tande move nouvèl, konnen se pa ou menm sèl ki santi sa. Nan ane 2014, Barack Obama, ansyen prezidan Etazini an, te fè konprann akòz tout move bagay y ap bay nan nouvèl, anpil moun panse “monn nan ap vin pi mal e pèsonn pa ka anpeche sa”.

Epoutan, yon ti tan apre l te fin fè deklarasyon sa a, li te pale avèk asirans sou divès estrateji ki deja tabli pou rezoud anpil nan pwoblèm ki gen nan monn nan. Li te pale konsènan kèk inisyativ gouvènman an te pran li te kalifye kòm “bon nouvèl” e l di tou jan li gen “bonjan espwa” ak jan li “vrèman pozitif”. Nan yon sans, li te montre bonjan efò lèzòm ap fè yo se nan objektif pou yo gen kontwòl monn nan epi evite yon katastwòf mondyal.

Anpil moun dakò avè l nan sans sa a. Pa egzanp, gen kèk nan moun sa yo ki kwè lasyans pral ranje sitiyasyon monn nan paske gen yon pakèt gwo pwogrè k ap fèt nan domèn teknoloji. Gen yon espesyalis nan domèn teknoloji, e ki fò nan vini ak nouvo ide, ki panse toutbon, rive nan ane 2030 “teknoloji a ap vin mil fwa pi bon e rive nan ane 2045, l ap vin yon milyon fwa pi bon toujou”. Men sa l di ankò: “Jiska prezan nou sou bon wout la. Se vre se premye fwa n ap fè fas ak tout pwoblèm sa yo, men, kapasite nou genyen pou n fè fas ak pwoblèm yo pi fò lontan pase pwoblèm sa yo.”

Men, jis nan ki pwen monn nan ap vin pi mal menm? Èske se toutbon nou toupre pou monn nan rive nan bout li? Se vre, gen kèk politisyen ak syantifik ki di gen espwa, men, anpil moun ap enkyete yo pou lavni. Poukisa?

ZAM KI KA TOUYE MOUN PA PAKÈT. Nasyonzini ak anpil lòt òganizasyon pa rive elimine zam nikleyè nan monn nan malgre tout efò yo fè. Anfèt, gen yon seri dirijan gwo ponyèt ki pase lwa moun fè pou sispann pwodui zam yo nan rizib. Peyi ki te deja gen zam nikleyè ap fè zam pa yo vin pi efikas e y ap fè lòt ki ka touye plis moun toujou. E peyi ki pa t gen zam nikleyè gen kapasite kounye a pou yo detwi yon pakèt moun yon sèl kou.

Jodi a, lefètke nasyon yo prepare pou yo fè gè nikleyè sa fè monn nan vin yon kote ki pa an sekirite pou moun viv menm nan moman kote swadizan gen lapè. Men ki avètisman yon jounal (Bulletin of the Atomic Scientists) bay: “Aparèy yo fè tankou yon wobo yon fason pou l touye moun san pa gen moun k ap kontwole l la vrèman enkyetan.”

 SANTE NOU MENASE. Lasyans pa ka ede nou gen bon sante. Gen yon seri bagay ki pa sispann ogmante e ki lakòz maladi, pa egzanp lè yon moun gwo depase limit, pwoblèm tansyon, lè a ki kontamine ak zafè pran dwòg la. Anpil moun ap mouri ak yon pakèt maladi ki pa atrapan, tankou kansè, pwoblèm kè ak dyabèt. Gen anpil moun ki domaje akoz kèk lòt maladi, tankou maladi mantal. Pandan dènye ane sa yo, gen yon seri viris ki vini sanzatann e ki reprezante yon gwo danje pou lavi moun, tankou viris Ebola a ak viris Zika a. Donk, lèzòm pa gen kontwòl sou maladi, e sanble yo pa ka elimine pwoblèm sa a.

LÈZÒM AP ATAKE ANVIWÒNMAN AN. Gen yon seri endistri ki kontinye ap sal anviwònman an. Gen plizyè milyon moun ki mouri chak ane akoz yo respire lè a ki kontamine.

Kit se yon sèl moun, kit se yon gwoup moun, kit se ajans gouvènman an, yo tout kontinye ap jete fatra, ki konn gen ladan l bagay yo fin sèvi lopital ak fatra ki gen rapò ak manje. Mete sou sa, yo jete plastik ak lòt bagay ki sal lanmè a. Men sa yon ansiklopedi (Encyclopedia of Marine Science) fè konnen: “Tout fatra toksik sa yo anpwazonnen ni bèt ni plant k ap viv nan lanmè, e moun ki manje bèt sa yo anpwazonnen tou.”

Mete sou sa, nou kòmanse pa gen bon dlo ankò. Gen yon syantifik anglè ki rele Robin McKie ki gen rezon di: “Gen yon gwo pwoblèm dlo nan monn nan ki afekte tout kote sou tè a.” Politisyen yo admèt pwoblèm dlo ki genyen an se sitou lèzòm ki lakòz li, e sa reprezante yon gwo danje.

ANVIWÒNMAN AN AP ATAKE LÈZÒM. Gen tanpèt, siklòn, tònad, tifon, tranblemanntè ki lakòz gwo inondasyon, glisman teren ak lòt fòm destriksyon ankò. Pa t janm gen tout moun sa yo ki mouri oswa ki afekte akoz katastwòf natirèl sa yo. Gen yon etid yo fè Ozetazini kote La Naza (National Aeronautics and Space Administration) montre gen gwo posiblite pou “tanpèt yo vini ak plis fòs, pou tanperati a vin tèlman cho opwen l ka touye moun, e pou tanperati a ap chanje, pa egzanp yon lè gen gwo inondasyon epi yon lòt lè gen gwo sechrès”. Èske anviwònman an pap fin touye nou?

Petèt ou konn reflechi ak lòt bagay ki ka yon menas pou nou. Epoutan, ou pap jwenn bonjan repons konsènan lavni si se sou move bagay k ap pase jodi a ou ret konsantre. Gen kèk moun ki ka di menm bagay la si yo ret ap koute sa politisyen ak syantifik yo ap di. Jan nou te wè nan atik anvan an, gen anpil moun ki jwenn bonjan repons pou kesyon yo konn poze sou kondisyon monn nan ak avni l. Ki kote nou ka jwenn repons sa yo?