Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Reveye n!  |  No 5 2017

 SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Kèk konsèy ki ka sove lavi nou lè gen katastwòf

Kèk konsèy ki ka sove lavi nou lè gen katastwòf

“Te gen yon gwo eksplozyon ki te fèt ki manke lage m atè. Lafimen te kòmanse antre anndan an e biwo nou te ladan l lan, ki te anlè nèt, te kòmanse pran dife.” — Joshua.

Jodi a, lè n ap fè nouvèl, byen souvan yo pale sou tranblemanntè ki pase nan yon zòn oswa sou gwo siklòn, zak teworis ak koze tire sou moun nan lekòl. Tande pale de yon katastwòf se youn men viv li se de. Ki sa w ka fè anvan, pandan, apre yon katastwòf pou w ka gen plis chans soti vivan?

 ANVAN: PREPARE W!

TOUT moun ka viv yon katastwòf. Sepandan, preparasyon se pi bon bagay ou ka fè pou w sove lavi w. Men, ki sa sa mande?

  • Prepare lespri w. Ou bezwen met nan tèt ou katastwòf ka rive, e ou menm ansanm ak moun ou renmen yo ka viktim. Si w tann se apre katastwòf la fin fèt pou w prepare w, l ap deja twò ta.

  • Chèche konnen katastwòf ki ka frapre kote w ye a. Chèche konnen kote w ka al pran refij. Asire w kay ou ak zòn kote l ye a an sekirite. Pran prekosyon ak tout sa ki ka pran dife, tankou plakatòks, sigarèt, balèn, alimèt, gaz yo met nan lanp ak nan fou. Epi, lè w ap fè manje, voye je sou sa w ap kuit la.

  • Prepare w pou si ta gen ijans. Ka pa gen kouran, dlo, li gendwa difisil anpil pou w kominike ak lòt moun sou telefòn, e ka pa gen mwayen transpò tou. Si w gen machin, fè efò pou tank lan omwen toujou a mwatye. E asire w ou toujou gen yon valiz ki gen manje, dlo ak lòt bagay ki nesesè ladan l. Gade kare ki gen tit: “ Èske w gen tout sa w bezwen?

    Preparasyon se pi bon bagay ou ka fè pou w sove lavi w.

  • Chèche gen nimewo telefòn zanmi ki pre ak zanmi ki lwen.

  • Prepare w pou si w ta oblije kouri epi fè seyans egzèsis sou sa. Chèche konnen ki kote nan kay kote w ye a ou ka kouri soti byen vit, epi prepare pitit ou pou l konn sa pou l fè si ta gen yon pwoblèm nan lekòl la. Aranje w ak fanmi w pou n konn ki kote n ap rankontre si ta vin gen yon pwoblèm, se gendwa yon lekòl, yon plas piblik oswa yon kote ki pa twò lwen katye kote n ap viv la. Otorite yo ankouraje fanmi yo pou yo fè seyans egzèsis pou y al kote yo chwazi reyini sizoka ta gen yon pwoblèm.

  • Planifye w pou w ede lòt moun, tankou moun ki aje ak moun ki andikape.

PANDAN: AJI VIT

Men sa Joshua nou te pale de li nan kòmansman atik la di: “Lè dife a te kòmanse, pifò moun pa t panike, yo t ap pran tout tan yo pou yo soti. Gen nan yo ki t ap fèmen òdinatè yo e gen lòt ki t ap met dlo nan boutèy yo. Gen yon mesye ki te di:  ‘Petèt, nou ta dwe jis tann.’” Gen moun ki potko fin konn sa pou yo fè, men Joshua te di byen fò: “Degaje n soti kounye a!” Lè sa a kòlèg travay li yo pa fè ni de ni twa yo kouri suiv li pou yo desann mach eskalye yo. Joshua di yo: “Si yon moun tonbe, leve l, men pa kanpe. Nou youn pap mouri!”

  • Lè gen dife. Met kò n atè epi avanse byen vit pou n jwenn kote ki pi pre pou n soti a. Lafimen fè l difisil pou moun wè, e nan pifò ka, se lafimen ki touye moun yo paske yo pa t ka respire. Pa eseye al pran anyen w kite dèyè. Kèk segonn sèlman ka sove lavi w, men se konsa tou yo ka sifi pou w pèdi lavi w.

  • Lè gen tranblemanntè. Al yon kote nan kay la ki an sekirite, se gendwa anba yon mèb ki byen solid. Sonje ka gen lòt sekous, fè yon jan pou w soti deyò kou sa posib, e pa rete pre kay. Eseye sove lòt moun si w kapab paske moun ki pran fòmasyon pou vin sove moun ka pran plizyè èdtan anvan yo rive.

  • Lè gen sounami. Si w ta wè lanmè a fè bak bridsoukou, kouri al kote ki pi wo w kapab la paske lè vag yo tounen y ap vin pi wo e y ap fò anpil.

  • Si gen tònad oswa siklòn. San pèdi tan, al pran refij yon kote w ap an sekirite.

  • Si gen inondasyon. Pa rete nan zòn ki gen gwo dlo. Evite mache nan dlo e pa kondui machin ladan l. Lè konsa ou ka tonbe nan twou rego e gen lòt danje ankò ou ka pa wè. Gendwa se fil kouran oswa kèk lòt bagay ki nan dlo a.

  • Èske w te konnen? Yon dlo ki mezire 0,6 mèt wotè ka pote yon machin ale. Pifò moun ki mouri nan inondasyon se moun ki t ap eseye kondui nan dlo.

  • Si otorite yo mande pou moun kite zòn nan, deplase san pèdi tan! Fè zanmi w konnen kote w ale, sinon, yo ka met lavi yo an danje pandan y al chèche w.

    Si otorite yo mande pou moun kite zòn nan, deplase san pèdi tan!

  • Èske w te konnen? Li kapab pi bon pou yon moun voye mesaj tèks olye l fè apèl.

  • Si otorite yo mande moun pou yo rete lakay yo, pa soti. Si sa ta rive, deyò a kontamine akoz gen yon bagay chimik ki nan lè a, petèt akoz yon aksidan oswa yon atak nikleyè, ret anndan, fèmen klimatizè, fèmen pòt yo ak fenèt yo e fè yon fason pou pa gen okenn kote pou lè ni rantre ni soti. Fè nouvèl nan televizyon oswa nan radyo. Pa soti jiskaske otorite yo fè konnen pa gen danje ankò.

 APRE: PWOTEJE TÈT OU!

Men sa pou w fè pou w evite danje ak epidemi:

  • Rete ak zanmi w si sa posib olye w al viv nan yon kan.

  • Toujou kenbe kote w ye a pwòp.

  • Sèvi ak ekipman pa w pou pwoteje tèt ou lè w ap retire vye debri. Depi sa posib, mete gan, soulye ki solid, yon kas pou pwoteje tèt ou ak yon mas pou pousyè. Fè atansyon ak fil kouran e ak ti rès bagay ki gen dife ladan yo toujou.

  • Kontinye fè aktivite w konn fè chak jou yo depi w kapab. Pitit ou yo dwe wè w kalm e w pa pèdi espwa. Kontinye suiv pwogram lekòl timoun yo avèk yo, jwe avèk yo epi fè adorasyon an fanmi. Pa koute tout sa moun ap di sou sa k pase a, epi pa pase enkyetid ou ak pwoblèm ou sou fanmi w. Aksepte èd nan men lòt moun epi ede lòt moun tou.

    Apre katastwòf la, kontinye fè aktivite w konn fè chak jou yo depi w kapab.

  • Ou bezwen atann ou depi gen katastwòf w ap pèdi anpil nan sa w posede. Otorite yo ak lòt moun k ap pote sekou yo konsantre yo sou ki jan yo ka sove moun, yo pap chèche fè w jwenn sa w te pèdi. Pou yon moun viv, li bezwen dlo potab, manje, rad ak yon kote pou l rete ki an sekirite. — 1 Timote 6:7, 8.

  • Atann ou sa ap afekte w epi chèche èd. Byen souvan, sa konn rive apre w fin pran premye chòk la, ou santi w enkyè, ou fè depresyon, karaktè w chanje tanzantan e santazann, epitou, ou ka pa ka reflechi, ou ka pa ka travay e w pa ka dòmi. Pale ak zanmi w konnen ki ka pran ka w.

Se vre Joshua pa t mouri lè dife te pran nan travay li a, men anpil nan moun li te konnen yo te mouri. Li te jwenn èd nan men ansyen nan kongregasyon l lan ak nan men yon espesyalis ki etidye maladi mantal. Men sa Joshua di: “Yo te ban m asirans li nòmal pou m santi m nan lapenn, e sa montre m sou wout geri. Men, sa ap pase. Apre sis mwa, mwen te kòmanse fè mwens vye rèv. Lòt sentòm yo te pran plis tan pou yo ale.”

Katastwòf yo anpeche nou wè bagay yo jan yo ye toutbon. Se sa k fè, gen kèk moun ki konn fè erè yo akize Bondye. Joshua te santi l koupab dèske l te soti vivan alòske gen lòt moun ki mouri, e gen anpil moun ki santi yo menm jan avè l. Men sa l di: “Jiska prezan, m ap mande tèt mwen si m pa t ka sove plis moun. Yon bagay ki ede m se lefètke m konnen talè konsa Bondye pral fè jistis blayi sou tè a, e l ap repare tout enjistis. Annatandan, mwen apresye chak jou ki pase e m fè sa m kapab pou m pwoteje lavi m.” — Revelasyon 21:4, 5 *.

^ § 33 Pou plis enfòmasyon konsènan pwomès Bondye fè pou lavni ak rezon ki fè li pèmèt gen soufrans, gade liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an. Ou ka telechaje l sou www.jw.org.