PANDAN anpil tan, moun te panse zwazo yo rele stèn atik la te konn fè yon distans anviwon 35 200 kilomèt ap vole, pa egzanp, li konn vwayaje sot nan rejyon Atik la rive nan Antatik la epi fè menm vwayaj la pou l tounen. Men, rechèch yo fèk fè montre, an reyalite, zwazo sa a fè yon distans ki pi long toujou.

Stèn yo pa fè wout dwat lè y ap vwayaje, jan sa parèt nan imaj la.

Yo te mete yon seri ti aparèy nan pye plizyè zwazo pou pèmèt moun konnen ki kote zwazo yo ye, ak sou ki distans yo vole. Ti aparèy sa yo vrèman estrawòdinè, yo apeprè gen menm pwa ak tèt yon plim e yo te montre gen kèk stèn ki fè anviwon 90 000 kilomèt ap vole al yon kote epi tounen kote yo te soti a. Yo rekonèt se distans ki pi long yon zwazo rive fè. Gen yon stèn ki te prèske fè 96 000 kilomèt ap vole! Poukisa li te vin nesesè pou yo revize chif sa a?

Kèlkeswa kote stèn atik la ap kòmanse vwayaj li, li pa fè yon wout dwat. Jan sa parèt sou imaj la, an jeneral, lè y ap vole sou oseyan Atlantik la, fason yo vole a gen fòm yon S. Poukisa se konsa yo vole? Se paske zwazo sa yo suiv direksyon van an.

Stèn atik yo viv anviwon 30 an, e pandan tan sa a, yo ka vwayaje sou yon distans 2,4 milyon kilomèt. Distans sa a egal ak twa oswa kat vwayaj ale retou sot sou tè a al sou lalin nan. Gen yon moun k ap fè rechèch ki di: “Sa zwazo sa a ki peze yon tikras plis pase 100 gram rive fè vrèman estrawòdinè! Anplis de sa, lefètke se nan peryòd ete stèn atik yo toujou vwayaje al sou pòl Nò ak pòl Sid, liv Lavi sou tè a: istwa lanati (anglè) di zwazo sa yo wè “plis jou kote gen limyè solèy pase nenpòt lòt kreyati sou tè a chak ane”.