KONBYEN sèvo w genyen? Si w di “youn”, ou byen reponn. Sepandan, ou gen lòt sistèm nè nan kò w. Gen yon gwoup newón ki konekte ansanm ki tèlman anpil, gen kèk syantifik ki pale de li kòm yon dezyèm sèvo. Yo rele l sistèm nè anterik (enteric nervous system: ENS), e li gen rapò ak dijesyon. Se plis nan vant nou li ye, li pa nan tèt nou.

Sa mande kò a anpil travay ak efò pou l fè manje tounen enèji. Kidonk, li toutafè nòmal pou wòl sèvo a nan yon sans, se bay ENS la jere pifò aktivite ki gen rapò ak dijesyon.

Se vre, ENS la pi senp lontan pase sèvo a, epoutan, li konplike anpil. Selon sa yo fè konnen, nan kò yon moun, li gen anviwon 200 a 600 milyon newón e yo fè pati sistèm dijestif la. Syantifik yo kwè si travay ENS la ap fè a ta dwe fèt nan sèvo a, nè ENS la t ap bezwen pou l fonksyone yo t ap twò lou pou sèvo a. Gen yon liv ki fè konnen: “Li pi bon pou sistèm dijestif la pran swen tèt li poukont li, konsa l pi an sekirite.” — The Second Brain.

“YON IZIN KI GEN TRAVAY CHIMIK K AP FÈT LADAN L”

Pou nou dijere manje yo, gen yon kantite melanj chimik byen presi ki pou fèt nan bon moman e ki dwe ale kote yo dwe ale. Pwofesè Gary Mawe gen rezon pou l pale de sistèm dijestif la kòm “yon izin ki gen travay chimik k ap fèt ladan l”. Nou pa ka imajine jis nan ki pwen travay chimik sa yo sofistike! Pa egzanp, gen pati nan entesten yo ki travay ansanm ak yon seri selil espesyal ki aji antanke detektè chimik, ki la pou pèmèt nou pran gou manje, pou yo ka ede n idantifye sa ki nan manje n ap manje yo. Enfòmasyon sa yo ede ENS la jwenn anzim k ap patisipe nan dijesyon an ki apwopriye pou kraze manje yo fè yo vin pi piti pou kò nou ka absòbe yo. Epitou, ENS la jwe yon wòl enpòtan nan kontwole kantite asid ak lòt bagay chimik ki gen nan ti pòsyon manje sa yo e li fè anzim k ap patisipe nan dijesyon an fè travay yo dwe fè a.

Nou ka konpare fason dijesyon an fèt la ak yon ekip moun k ap travay nan yon izin, kote se ENS la sitou ki alatèt. Sa yo rele dezyèm sèvo a sèvi ak mis yo pou l fè manje a pase nan sistèm dijestif la pou manje a ka kraze. ENS la chanje fòs ak vitès mis sa yo k ap kraze manje a lè sa nesesè pou l fè yo fonksyone tankou yon aparèy kote bagay y ap pwodui nan izin yo pase.

Epitou, ENS la veye pou aktivite sa yo fèt san danje. Li posib pou manje nou manje a gen yon seri bakteri ki kapab yon danje pou nou. Sa fè n konprann poukisa gen anviwon 70 a 80 pousan globil blan nan vant nou. Yo se yon pati enpòtan nan sistèm defans kò nou genyen an. Si nou manje yon manje ki gen yon seri bagay ladan l ki pa bon pou kò nou, ENS la ap pwoteje kò nou lè l fè yon gwo travay pou l pouse nou vomi oswa gen dyare yon fason pou n ka jete pifò nan bagay sa yo ki reprezante yon gwo danje pou kò nou.

 BONJAN KOMINIKASYON

Toutpandan ENS la sanble pa depann de sèvo a pou l fonksyone, yo toule de toujou ap kominike youn ak lòt. Pa egzanp, ENS la jwe yon wòl nan kontwole òmòn ki la pou di sèvo a ki lè nou dwe manje e ki kantite manje nou dwe manje. Selil ki nan ENS la fè sèvo a konnen ki lè vant nou plen e yo ka fè nou anvi vomi si nou manje twòp.

Anvan menm nou te li atik sa a, petèt nou dwe te santi gen yon rapò ant sistèm dijestif nou ak sèvo nou. Pa egzanp, èske w te remake lè w manje yon seri manje, sanble sa fè w pi kontan? Selon rechèch yo fè, sa rive paske ENS la voye yon seri ‘siyal ki bay kè kontan’ bay sèvo w, konsa, gen yon travay ki kòmanse fèt pou fè w santi w pi byen. Sa ka fè n konprann rezon ki fè moun gen tandans manje yon seri manje yo di ki fè yo santi yo byen lè yo strese. Syantifik yo ap etidye posiblite ki genyen pou yo jwe sou ENS la pou yo trete moun ki soufri depresyon.

Yon lòt egzanp ki montre kalite kominikasyon ki genyen ant sèvo nou ak sistèm dijestif nou se lè nou gen sa yo konn rele vant bouyi a. Yon moun ka santi l konsa lè ENS la fè san ki nan vant moun nan al yon lòt kote lè moun nan anba presyon oswa strès. Yon moun ka gen anvi vomi tou, si pandan l anba strès la, sèvo l pouse ENS la chanje fason l fonksyone. Selon espesyalis yo, relasyon sa a ki gen ant sèvo w ak vant ou a ka sèvi kòm baz tou pou yo esplike sa moun yo konn rele tandans natirèl moun gen lakay yo.

Byenke ENS la ka lakòz yon moun gen tandans sa yo, li pa ka ni panse pou nou ni ede n pran desizyon. Kidonk, ENS la pa yon sèvo vre. Li pa ka ede n konpoze yon chante, jere lajan nou gen labank oubyen fè devwa yo ban nou lekòl. Sepandan, bèl sistèm sa a pa sispann fè syantifik yo sezi lè y ap gade jan l konplike, sitou li posib pou gen anpil bagay ladan l yo poko konprann. Se poutèt sa, pwochèn fwa w pral manje, pran yon ti tan pou w reflechi sou tout bagay, tout travay ak tout kominikasyon ki pral fèt nan sistèm dijestif ou.