Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Toudegad ki gen atik etid yo  |  Out 2016

 BYOGRAFI

Fason m jwenn kè kontan lè m bay

Fason m jwenn kè kontan lè m bay

MWEN te gen 12 an lè m te vin rann mwen kont mwen gen yon bagay ki gen anpil valè pou m bay. Pandan yon asanble, yon frè te mande m si m ta renmen preche. Byenke m pa t janm konn preche anvan sa, mwen te di l wi. Nou t al nan tèritwa a, li te ban m kèk ti bwochi ki pale de Wayòm Bondye a. Apre sa, li di m: “Ou pral pale ak moun ki ret sou lòt bò lari a e mwen menm, m ap pran bò sa a.” Kè m t ap sote, men m te kòmanse preche kay an kay. Mwen te sezi wè m te plase tout ti bwochi yo byen vit. Li klè, anpil moun te vle genyen sa m te gen pou m bay yo.

Mwen te fèt an 1923, nan vil Chatam, nan Kent, ann Angletè. Nan ane sa yo, apre Premye Gè mondyal la, moun yo te gen espwa monn nan t ap vin pi bon. Men, piske sa pa t rive, se te yon desepsyon pou anpil ladan yo, san wete paran m yo. Se te yon desepsyon pou yo tou dèske responsab Legliz batis yo te plis enterese gen pi gwo pozisyon nan legliz yo. Lè m te gen anviwon nevan, manman m te kòmanse al nan sal Sosyete entènasyonal Etidyan Labib yo, kote Temwen Jewova yo te konn fè “klas” yo oubyen reyinyon yo. Youn nan sè ki te la yo te konn itilize Bib la ak liv Hap Bondye a (anglè) pou l bay, nou menm timoun yo, leson sou Bib la. Mwen te renmen sa m t ap aprann yo.

MWEN TE APRANN ANPIL BAGAY NAN MEN FRÈ AJE YO

Lè m te adolesan, mwen te renmen pataje esperans ki nan Bib la ak lòt moun. Byen souvan, mwen te konn preche kay an kay poukont mwen, men lè m te konn preche ak lòt moun, mwen te aprann anpil bagay. Pa egzanp, yon jou, pandan m t apral nan tèritwa a ansanm ak yon frè aje, nou pase bò kot yon chèf relijye e m te di: “Men yon kabrit ap pase.” Frè a kanpe bekàn li e l mande m pou m fè yon ti chita avè l sou yon bout bwa. Li te di m: “Kiyès ki ba w dwa pou w jije ki moun ki kabrit? Ann kontante n bay moun yo bon nouvèl la, epi ann kite Jewova jije yo.” Nan epòk sa a, mwen te aprann anpil bagay sou sa ki bay bonjan kè kontan an. — Matye 25:31-33; Travay 20:35.

Yon lòt frè aje te aprann mwen, pou n gen kè kontan lè n ap bay, pafwa nou oblije andire avèk pasyans. Madanm li pa t renmen Temwen Jewova. Yon lè, frè a te envite m vin pran yon ti goute lakay li. Madanm nan te tèlman fache dèske frè a t al preche, li te kòmanse tire sache te sou nou. Olye frè a te vin fache sou madanm li, li te ranmase  sache te yo e l te mete yo nan plas yo san pwoblèm. Kèk ane annapre, pasyans li te bay bon rezilta lè madanm li te batize antanke Temwen Jewova.

Nan mwa septanm 1939, lè m te gen 16 an, Grann Bretay te deklare Almay lagè. Nan mwa mas 1940, manman m avè m te batize nan vil Douv. An jen 1940, mwen te kanpe devan pòt kay mwen ap gade plizyè milye sòlda k ap pase nan kamyon. Yo te soti vivan nan batay ki te fèt nan vil Dounkèk. Mwen te ka wè jan yo te boulvèse e jan yo pa t gen okenn espwa. Mwen te vrèman anvi pale yo de Wayòm Bondye a epi ba yo yon espwa pou lavni. Nan fen menm ane sa a, Almay te kòmanse bonbade Grann Bretay. Chak swa, avyon alman ki te konn lage bonm yo t ap vole sou tèritwa nou an. Nou te pè anpil lè n te tande ti bri bonm yo t ap fè lè yo pral tonbe. Nan demen maten, nou te konn wè tout kay nan yon seri zòn detwi nèt. Eksperyans sa yo te ede m pi byen konprann Wayòm nan se sèl espwa m genyen pou lavni.

MWEN KÒMANSE VIV ANTANKE YON MOUN K AP BAY

An 1941, mwen te antre nan sèvis aplentan e m te kòmanse yon vi ki te ban m kè kontan. Mwen t ap travay sou yon chantye kote yo fè bato nan Chatam, e se la mwen te aprann fè bato. Se yon travay anpil moun te vle genyen, e se yon travay ki te bay anpil bèl avantaj. Men, sèvitè Jewova yo te deja konnen yon kretyen pa dwe patisipe nan lagè yon nasyon ap fè kont yon lòt. Epi, ozanviwon ane 1941 yo, nou te vin konprann nou pa dwe soutni okenn aktivite kote moun ap fè zam (Jan 18:36). Yo te konn fè soumaren sou chantye a, se sa k fè m te deside li lè pou m kite travay la pou m antre nan sèvis aplentan. Premye asiyasyon m se te Sirennsestè, yon bèl vil ki nan Kotswolz.

Lè m te gen 18 an, m te pase nèf mwa nan prizon paske m te refize fè sèvis militè. Mwen te santi m pa bon menm lè pòt kote m te ye nan prizon an te fèmen e yo te kite m poukont mwen. Men, san pèdi tan, gad yo ak prizonye yo t ap mande m poukisa m nan prizon, e m te kontan pale sou kwayans mwen avèk yo.

Apre m te sot nan prizon, mwen t al jwenn Leonard Smith *, e nou te preche nan anpil vil nan zòn Kent, kote nou te fèt la. Pou avyon Nazi yo te ka al bonbade vil Lonn, yo te oblije pase anlè Kent. Depi ane 1944, plis pase mil bonm (doodlebug) te tonbe sou vil Kent. An reyalite, bonm sa yo se te yon seri avyon ki pa t gen pilòt ladan yo e ki te chaje  ak eksplozif. Lè n te tande motè yo etenn, nou te konnen, kèk segonn annapre, avyon yo t ap tonbe e yo t ap eksploze. Tout moun te panike. Pandan nuit sa a, nou t ap fè etid yon fanmi ki te gen senk moun ladan l. Nou te konn chita anba yon tab an fè ki te fèt pou pwoteje nou si kay la ta kraze. Alafen, tout fanmi sa a te vin batize.

MWEN PRECHE BON NOUVÈL LA NAN PEYI ETRANJE

N ap fè piblisite pou yon kongrè distri pandan m t ap sèvi kòm pyonye ann Ilann (anba).

Apre gè a, m te pyonye pandan dezan nan Ilann disid. Nou te ale kay an kay, nou te di se misyonè nou ye e n te mande moun yo pou yo fè n jwenn yon kote pou n rete. Nou te ofri peryodik nou yo nan lari. Men, te gen anpil diferans ant peyi Ilann ak Angletè. Pifò moun te panse se yon foli sa ye pou n imajine moun yo t ap byen resevwa nou nan yon peyi katolik konsa! Gen yon mesye ki te menase nou, e m te pot yon polisye plent, men polisye a te di m: “Bon, ki sa w vle m fè?” Nou pa t rann nou kont jan prèt yo te gen anpil pouvwa. Moun yo t ap pèdi travay yo si yo te aksepte liv nou yo. E yo te fòse nou kite kote n t ap viv la.

Nou pa t pran tan pou n te aprann, lè n fèk rive nan yon zòn, li pi bon pou n preche kote prèt la pa konnen nou. Se sa k fè nou te oblije ale byen lwen kote n te rete a e n te vizite moun sa yo anvan. Apre sa, nou te preche moun ki te ret toupre nou yo. Nan vil Kilkeni, nou te etidye ak yon jèn gason twa fwa pa semèn malgre te gen foul moun ki vyolan ki te menase nou. Piske m te vrèman renmen anseye Labib, m te vle pran fòmasyon pou m vin misyonè. Se pou rezon sa a m te deside ranpli yon fòmilè pou m al Lekòl Galaad.

Bato a vwal ki te rele Sibia a se te kay misyonè nou soti 1948 rive 1953 (adwat).

Apre m fin fè senk mwa ap etidye nan Nouyòk, kat nan nou ki te gradye nan Lekòl Galaad te jwenn asiyasyon pou n al sèvi nan kèk ti zile nan Karayib la. Nan mwa novanm 1948, nou te kite Nouyòk nan yon bato a vwal ki te rele Sibia ki te mezire 18 mèt. M potko janm vwayaje nan bato, se sa k fè m te vrèman kontan. Gust Maki, youn nan elèv ki te gradye yo, te yon kapitèn bato ki gen anpil eksperyans. Li te anseye nou kèk prensip fondamantal sou navigasyon, tankou fason pou n monte vwal ak desann vwal, fason pou n sèvi ak yon bousòl ak fason pou n navige lè van an kontrè. Gust te byen dirije bato nou an pandan 30 jou nan yon seri gwo tanpèt pou jis nou rive Bahamas.

“FÈ KONNEN SA NAN TOUT ZILE”

Apre nou fin pase kèk mwa ap preche nan ti zile Bahamas yo, nou te fè vwal pou zile Anba Van ak zile Anwo Van. Ti zile sa yo epapiye sou yon distans anviwon 800 kilomèt ant Ilvyèj ak Trinidad. Pandan senkan, se sitou sou zile ki izole yo nou te preche kote ki pa t gen Temwen Jewova. Pafwa nou pa t ka ni voye lèt ni resevwa lèt pandan plizyè semèn. Men, nou te vrèman kontan pou n pale de Jewova “nan tout zile” yo! — Jeremi 31:10.

Ekip misyonè yo ki nan bato ki te rele Sibia a (sot sou bò goch al sou bò dwat): Ron Parkin, Dick Ryde, Gust Maki ak Stanley Carter.

Lè n jete lank yon kote, moun yo te kontan anpil e yo te konn vin sou waf la pou yo wè kiyès nou ye. Gen kèk moun ki pa t janm wè yon bato tankou pa nou an oubyen ki pa t janm wè yon blan anvan sa. Moun ki t ap viv sou zile sa yo te amikal e yo te konn Bib la byen. Byen souvan, yo te konn ban nou pwason fre, zaboka ak pistach. Byenke nou pa t gen anpil espas nan ti bato nou an, nou te ka fè manje, dòmi epi lave rad nou.

Nou te konn al sou rivaj la pou n vizite moun yo pandan tout jounen an. Nou te fè yo konnen n ap  bay yon diskou ki baze sou Bib la. Epi, anvan l fin fè nwa, nou sonnen klòch bato a. Se yon bèl bagay sa ye lè moun yo ap vini. Lanp a luil ki te nan men yo te tankou zetwal byen klere k ap desann ti mòn yo. Pafwa, yon santèn moun te konn vin asiste, epi yo te konn poze kesyon rive byen ta nan aswè. Yo te renmen chante, se sa k fè nou te tape chan Wayòm nou yo pou yo. Nou kat la te fè tout sa n kapab pou n chante kantik yo. Epi, moun yo te kòmanse chante avèk nou, e vwa yo te bèl. Moman sa yo te bay kè kontan!

Apre n te fin fè yon etid, gen etidyan ki te konn akonpaye nou pandan n pral vizite pwochen fanmi an pou yo ka suiv etid la tou. Lè nou fin pase kèk semèn nan yon zòn, nou te oblije ale. Men, byen souvan, nou te konn mande moun ki pi enterese yo pou yo kontinye fè etid ak lòt moun yo jiskaske nou retounen. Sa te vrèman enteresan pou n wè jan kèk ladan yo te pran travay sa a oserye.

Jodi a, anpil nan zile sa yo chaje ak touris. Men, nan epòk sa a, se te yon seri zòn byen kalm, kote lanmè a pa fon e dlo a gen yon ti koulè vè pal, e plaj yo plen sab ak anpil pye palmis. Jeneralman, se lannuit nou vwayaje sot nan yon zile al nan yon lòt. Dofen yo t ap naje bò kote nou pandan y ap jwe, e tout sa n te ka tande se te bri bato nou an k ap fann dlo a. Lè lalin nan klere sou lanmè a, li tankou yon chemen ki fèt ann ajan ki mennen nan liy ki separe syèl la ak lanmè a.

Apre nou fin pase senk an ap preche sou zile yo, nou te fè vwal pou Pòtoriko pou n al chèche yon nouvo bato ki gen motè. Lè n rive, mwen te rankontre Maxine Boyd, yon bèl ti sè ki t ap sèvi kòm misyonè, e m te tonbe damou. Li te yon pwoklamatris bon nouvèl la ki zele depi l timoun. Annapre, li t al sèvi kòm misyonè an Repiblik Dominikèn jiskaske gouvènman katolik la te fòse l kite peyi a nan ane 1950. Piske m te maren, mwen te gen yon pèmi pou m rete Pòtoriko pou sèlman yon mwa. Apre sa, mwen te fè vwal pou m al sou zile yo e m t ap deyò pandan kèk ane ankò. Se sa k fè m te di tèt mwen: ‘Ronald, si w vle gen ti dam sa a, fò w aji san pèdi tan.’ Apre twa semèn, mwen mande sè a maryaj, e nou te marye sou sis semèn. Yo te asiyen Maxine avè m kòm misyonè nan Pòtoriko, se sa k fè m pa t janm vwayaje sou nouvo bato a.

An 1956, nou te kòmanse sèvis sikonskripsyon, e nou te renmen vizite frè ak sè yo. Anpil nan yo te pòv. Pa egzanp, nan yon ti vil ki rele Potala Pastiyo, te gen de fanmi Temwen Jewova ki te gen anpil pitit, e m te konn jwe flit pou yo. Mwen te mande youn nan tifi yo, ki te rele Hilda, si l ta renmen al preche avèk nou. Men sa l te di: “M ta renmen sa, men m pa kapab. Mwen pa gen soulye.” Nou te pot yon pè soulye pou li, e l t al preche avèk nou. Kèk ane annapre, an 1972, pandan Maxine avè m t ap vizite Bwouklin, te gen yon sè ki te fèk fin gradye nan Lekòl Galaad ki te vin pale avèk nou. Li t apral nan asiyasyon l nan peyi Ekwatè, epi l te di: “Nou pa rekonèt mwen non? Mwen se tifi ki pa t gen soulye nan Pastiyo a.” Se te Hilda! Nou te tèlman kontan, dlo te koule nan je nou!

An 1960, nou te kòmanse sèvi nan filyal Pòtoriko ki te nan yon ti kay nan Santouse, nan Sannwann. Okòmansman, se Lennart Johnson avè m ki te fè pifò travay yo. Se li menm ak madanm li ki te premye Temwen Jewova nan Repiblik Dominikèn, e an 1957, yo t al viv Pòtoriko. Apre sa, Maxine te voye peryodik pou moun ki te gen abònman yo. Li te konn voye plis pase mil peryodik chak semèn. Li te renmen fè travay sa a paske li t ap panse ak tout moun sa yo ki t ap aprann konnen Jewova.

Mwen renmen travay nan Betèl paske sa pèmèt mwen itilize fòs mwen nan sèvis Jewova. Men, sa pa t toujou fasil. Pa egzanp, pandan premye asanble entènasyonal ki te fèt nan peyi Pòtoriko an 1967, mwen te santi m about ak tout bagay mwen te dwe òganize yo. Nathan Knorr, ki te alatèt aktivite Temwen Jewova yo alepòk, te vin Pòtoriko. Li te panse mwen pa t fè aranjman transpò pou misyonè ki t ap vizite peyi a, byenke m te fè sa. Annapre, li te ban m konsèy byen fèm sou enpòtans pou m pi byen òganize bagay yo e l te di m mwen te fè l desi. Mwen pa t vle diskite avè l, men m te santi fason l te trete m nan pa t jis, e m te fache pandan kèk tan. Aktout sa, pwochèn fwa  frè Knorr te wè nou, li te envite nou nan chanm li e l te fè manje pou nou.

Nou te vizite fanmi m ann Angletè plizyè fwa. Nan epòk manman m avè m te aksepte laverite, papa m pa t aksepte laverite. Men, lè frè nan Betèl yo te vizite zòn kote yo rete a, byen souvan, manman m te konn fè yo rete lakay nou. Papa m te wè jan siveyan Betèl sa yo te gen imilite. Yo pa t menm moun ditou ak responsab legliz yo ki te ba l degoutans sa gen kèk ane. Finalman, an 1962, li te batize antanke Temwen Jewova.

Mwen menm avèk Maxine nan Pòtoriko, yon ti tan apre nou fin marye ak lè nou te gen 50 an maryaj an 2003.

Maxine, madanm mwen renmen anpil la, mouri an 2011. Mwen vrèman anvi wè l ankò nan rezirèksyon an. Lè m panse ak sa, se pa ti kontan sa fè m kontan! Pandan 58 ane nou te gen ansanm yo, nou te wè jan kantite Temwen Jewova nan peyi Pòtoriko te ogmante soti anviwon 650 rive 26 000! Epi, an 2013, biwo filyal Pòtoriko a te vin fè yon sèl ak biwo filyal Etazini an, e yo te mande m al sèvi Wòlkil, nan Nouyòk. Apre 60 an sou zile a, mwen santi m Pòtoriken tankou yon coquí, ki se yon ti krapo k ap viv nan bwa tout moun konnen nan Pòtoriko ki konn di ko-ki, ko-ki lè l ap chante anvan l fè nwa. Mwen te kontan viv Pòtoriko, men kounye a se moman pou m mache pòs mwen.

“BONDYE RENMEN MOUN KI BAY AK KÈ KONTAN”

Mwen toujou kontan sèvi Bondye nan Betèl. Mwen gen plis pase 90 an kounye a, e travay mwen se ankouraje moun ki nan fanmi Betèl la. Depi lè m vin Wòlkil, mwen deja ankouraje plis pase 600 frè ak sè. Kèk nan yo vin wè m pou yo pale avè m sou pwoblèm pèsonèl yo oswa pwoblèm fanmi yo. Gen lòt ki bezwen konsèy sou fason pou yo reyisi nan sèvis yo antanke Betelit. Epi, gen lòt menm ki bezwen konsèy paske yo fèk marye oubyen yo voye yo al sèvi kòm pyonye. Mwen koute tout moun ki vin pale avè m, e lè sa apwopriye, byen souvan mwen di yo: “‘Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.’ Se pou w gen kè kontan nan travay ou. Se pou Jewova w ap travay.” — 2 Korentyen 9:7.

Si w vle gen kè kontan nan Betèl oswa nenpòt lòt kote, ou dwe konsantre w sou rezon ki fè travay w ap fè a enpòtan. Tout travay nou fè nan Betèl se yon sèvis sakre. Sa ede “esklav fidèl ki prevwayan an” bay frè yo manje espirityèl sou tout kò tè a (Matye 24:45). Kèlkeswa kote n ap sèvi Jewova, nou gen posiblite fè louwanj pou li. Ann pran plezi fè sa li mande nou fè, paske “Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan”!

^ § 13 Byografi Leonard Smith parèt nan Toudegad 15 avril 2012.