Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Toudegad ki gen atik etid yo  |  Out 2016

Maryaj: Orijin li ak objektif li

Maryaj: Orijin li ak objektif li

“Jewova Dye di: ‘Li pa bon pou gason an kontinye rete poukont li. Mwen pral fè yon moun pou ede l.’” — JENÈZ 2:18.

KANTIK: 36, 11

1, 2. a) Ki jan maryaj te kòmanse? b) Ki sa premye gason an ak premye fi a te ka rann yo kont konsènan maryaj? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

SE YON bagay ki nòmal pou moun marye. Men, ki jan maryaj te kòmanse e ki objektif li? Repons kesyon sa a ap ede n byen wè maryaj ak benediksyon ki gen ladan l. Bondye te kreye Adan, premye gason an, e l te mande l pou l bay bèt yo non. Adan te wè tout bèt gen parèy yo, “men li pa t gen yon moun kòm konpay pou ede l”. Konsa, Bondye te fè yon gwo dòmi pran Adan, li pran youn nan kòt li yo e li fè yon fi avè l. Jewova te mennen fi a bay Adan, e fi a te vin madanm Adan. (Li Jenèz 2:20-24.) Jan n ka wè sa, maryaj se yon kado Jewova bay lèzòm.

2 Plizyè ane annapre, Jezi te repete sa Jewova te di nan jaden Edenn nan: “Yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e yo de a ap vin yon sèl chè.” (Matye 19:4, 5). Piske Bondye te pran yon kòt nan Adan pou l kreye premye fi a, mesyedam yo te dwe rann yo kont youn te fèt pou lòt. Jewova pa t janm vle pou yon  mari ak madanm li divòse oubyen pou yo ta ak plizyè moun anmenmtan.

MARYAJ ANTRE NAN OBJEKTIF JEWOVA

3. Bay youn nan objektif enpòtan maryaj te genyen.

3 Adan te kontan gen yon madanm, apre sa, li te rele l Èv. Èv te la pou ede l e pou sèvi l konpay. Adan ak Èv ta dwe viv ansanm ak kè kontan antanke mari ak madanm (Jenèz 2:18). Youn nan objektif enpòtan maryaj te genyen se te plen tè a ak moun (Jenèz 1:28). Pitit gason ak pitit fi yo t ap renmen paran yo. Men, yon lè, yo t ap gen pou yo kite yo pou y al marye pou yo fòme fanmi pa yo. Tè a t ap vin plen ak moun e yo t ap fè tout tè a vin yon paradi.

4. Ki sa k te rive premye maryaj la?

4 Premye maryaj la te vin gen gwo pwoblèm lè Adan ak Èv te dezobeyi Jewova. “Premye sèpan an”, anpalan de Satan Ledyab, te twonpe Èv e l te fè l konnen si l manje fwi “pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la”, sa ap fè l vin gen yon konesans espesyal. Satan te fè l konnen si l manje fwi pyebwa a, sa ap pèmèt li deside sa ki byen ak sa ki mal. Èv pa t montre l respekte Adan, chèf fanmi an, lè l te deside manje fwi a san l pa t pale sou sa avè l anvan. Epi, Adan te dezobeyi Bondye lè l te aksepte fwi a nan men madanm li. — Revelasyon 12:9; Jenèz 2:9, 16, 17; 3:1-6.

Pou yon maryaj reyisi, mari a ak madanm nan dwe obeyi Jewova e yo dwe responsab aksyon yo.

5. Ki sa n ka aprann nan repons Adan ak Èv te bay Jewova a?

5 Lè Jewova te poze yo kesyon, Adan te lage chay la sou madanm li. Li te di: “Fi w te ban m pou ret ansanm avè m nan, se li ki ban m fwi ki sot nan pyebwa a, epi m manje l.” Èv, bò kote pa l, te lage chay la sou sèpan an, li te fè konnen se sèpan an ki twonpe l (Jenèz 3:12, 13). Adan ak Èv te bay yon seri eskiz ki pa kanpe sou anyen pou montre rezon ki fè yo te dezobeyi, e Jewova te jije rebèl sa yo. An reyalite, egzanp yo a se yon avètisman pou nou! Pou yon maryaj reyisi, mari a ak madanm nan dwe obeyi Jewova e yo dwe responsab aksyon yo.

6. Ki jan w t ap esplike Jenèz 3:15?

6 Malgre sa Satan te fè ann Edenn nan, Jewova te fè yon jan pou lèzòm gen yon esperans pou lavni. Esperans sa a parèt nan premye pwofesi ki nan Bib la. (Li Jenèz 3:15.) Pwofesi sa a te anonse “desandans” “fi a” t ap gen pou l kraze Satan. Pakèt zanj fidèl k ap sèvi Bondye nan syèl la gen yon relasyon sere avè l. Yo tankou yon madanm pou Jewova. Se youn nan zanj sa yo li t ap voye vin “kraze” Dyab la. Desandans lan t ap pèmèt moun ki obeyisan yo rejwenn sa de premye moun yo te pèdi a. Konsa, moun ki obeyisan yo t ap gen posiblite viv pou  toutan sou tè a ann amoni ak objektif Jewova te genyen an. — Jan 3:16.

7. a) Ki sa k rive maryaj depi lè Adan ak Èv te fè rebelyon an? b) Ki sa Bib la mande pou mari yo ak madanm yo fè?

7 Rebelyon Adan ak Èv te fè a te gen move efè sou maryaj yo e sou tout lòt maryaj ki t apral fèt annapre. Pa egzanp, Èv ak tout lòt fi ki t apral fèt annapre yo t ap gen gwo doulè lè y ap fè pitit. Medam yo t ap santi yo bezwen mari yo anpil, men mari yo t ap domine sou madanm yo, e pafwa yo t ap menm fè yo abi, jan nou wè sa jodi a (Jenèz 3:16). Jewova vle pou mari yo aji antanke chèf fanmi ki gen lanmou, e l vle pou madanm yo soumèt devan mari yo (Efezyen 5:33). Lè kretyen ki marye yo travay ansanm, yo ka evite anpil pwoblèm.

MARYAJ: SOTI NAN EPÒK ADAN RIVE NAN EPÒK DELIJ LA

8. Pale de istwa maryaj soti nan epòk Adan rive nan epòk delij la.

8 Anvan Adan ak Èv mouri, yo te gen plizyè pitit gason ak pitit fi (Jenèz 5:4). Kayen, premye pitit gason yo a, te marye ak youn nan medam ki te fanmi l yo. Lamèk, yon desandan Kayen, se premye gason Bib la di ki te gen de madanm (Jenèz 4:17, 19). Soti nan epòk Adan rive nan epòk Noye, se yon ti ponyen moun ki t ap adore Jewova. Kèk nan moun fidèl sa yo se te Abèl, Enòk, Noye ak fanmi l. Bib la fè konnen, nan epòk Noye a, te “gen yon seri pitit vrè Dye a ki te kòmanse wè pitit fi lèzòm yo bèl. Konsa, yo te kòmanse chwazi tout fi yo te vle pou vin madanm yo”. Men, sa yo te fè a pa t natirèl. Medam sa yo ansanm ak zanj sa yo te vin fè yon seri pitit gason ki jeyan e ki vyolan yo te rele Nefilim. Nan epòk sa a, “lèzòm t ap fè anpil mechanste sou tè a, e tout tandans ki te nan kè yo se fè sa ki mal toutan”. — Jenèz 6:1-5.

9. Ki sa Jewova te fè ak mechan yo nan epòk Noye a, e ki leson nou dwe aprann nan sa k te pase nan epòk sa a?

9 Jewova te di l ap fè yon gwo delij sou tè a pou l detwi tout moun ki mechan. “Noye, yon moun ki t ap preche sa ki jis”, te fè moun sa yo konnen pral gen yon delij (2 Pyè 2:5). Men, yo pa t koute Noye paske yo te twò okipe nan aktivite yo t ap mennen chak jou yo, tankou maryaj. Jezi te konpare epòk nou an ak epòk Noye a. (Li Matye 24:37-39.) Jodi a, pifò moun pa koute mesaj n ap bay konsènan bon nouvèl Wayòm Bondye a. N ap preche mesaj sa a anvan destriksyon monn mechan sa a rive. Ki leson nou ka aprann nan sa k te pase nan epòk delij la? Nou pa dwe kite aktivite tankou maryaj ak fè pitit vin tèlman enpòtan pou nou pou sa fè n bliye jou Jewova a toupre.

MARYAJ: SOTI NAN EPÒK DELIJ LA RIVE NAN EPÒK JEZI

10. a) Nan anpil kilti, ki pratik seksyèl ki te nòmal pou pifò moun? b) Ki jan Abraram ak Sara kite yon bon egzanp antanke moun marye?

10 Ni Noye, ni twa pitit gason l yo, yo chak te gen yon sèl madanm. Men, apre delij la, anpil gason te vin gen plis pase yon madanm. Nan anpil kilti, imoralite seksyèl te yon bagay pifò  moun t ap fè e sa te menm fè pati koutim relijyon yo. Lè Abraram ak Sara te demenaje al viv Kanaran, yo te antoure ak moun ki imoral ki pa t gen okenn respè pou maryaj. Jewova te detwi vil Sodòm ak Gomò paske moun nan vil sa yo te imoral anpil. Abraram pa t menm ak moun sa yo. Li te yon bon chèf fanmi, e Sara te yon bon egzanp antanke yon madanm ki soumèt devan mari l. (Li 1 Pyè 3:3-6.) Abraram te fè yon jan pou Izarak, pitit gason l, marye ak yon fi k ap sèvi Jewova. Izarak te fè menm bagay la pou Jakòb, pitit gason l, e pitit gason Jakòb yo te vin zansèt 12 tribi Izrayèl yo.

11. Ki jan Lalwa Moyiz la te pwoteje Izrayelit yo?

11 Annapre, Jewova te fè yon alyans, oswa yon akò, ak nasyon Izrayèl la. Jewova te ba yo Lalwa pa mwayen Moyiz, sa ki te yon pwoteksyon pou mari ak madanm ki t ap adore l yo. Pa egzanp, te gen yon seri lwa konsènan koutim maryaj, sa gen ladan l poligami, e Izrayelit yo pa t gen dwa marye ak moun ki pa t ap adore Jewova. (Li Detewonòm 7:3, 4.) Lè yo te gen gwo pwoblèm nan maryaj yo, ansyen yo te konn ede yo. Epitou, te gen lwa pou lè gen enfidelite, jalouzi ak lè yon moun te sispèk gen enfidelite. Moun te ka divòse, men te gen règ pou pwoteje mari a ak madanm nan. Pa egzanp, yon mari te ka divòse ak madanm li si l jwenn “yon bagay nan li ki pa kòrèk”. (Detewonòm 24:1.) Bib la pa di ki sa bagay ki “pa kòrèk” la ye. Men, yon mari pa t dwe pran mwenn ti erè madanm li fè kòm pretèks pou l divòse avè l. — Levitik 19:18.

TOUJOU RET FIDÈL AK MOUN OU MARYE AVÈ L LA

12, 13. a) Ki jan kèk mesye nan epòk Malachi a te aji ak madanm yo? b) Jodi a, si yon moun ki batize ta pran mari oswa madanm yon lòt moun, ki konsekans sa t ap genyen?

12 Nan epòk pwofèt Malachi, anpil Juif te pran tout kalite pretèks pou yo divòse ak madanm yo. Mesye sa yo te divòse ak madanm yo pou yo te ka marye ak fi ki pi jèn oubyen ak fi ki pa t ap sèvi Jewova. Nan epòk Jezi a, Juif yo te konn divòse ak madanm yo “pou nenpòt rezon”. (Matye 19:3.) Jewova Dye te rayi divòs sa yo ki te fèt yon fason ki pa jis. — Li Malachi 2:13-16.

13 Jodi a, enfidelite nan maryaj pa akseptab nan mitan pèp Jewova a, e sa pa rive souvan. Bon, ann sipoze yon moun marye ki batize ta fè adiltè epi l ta divòse pou l ka remarye ak yon lòt moun. Si moun sa a pa repanti, y ap eskominye l pou kongregasyon an ka rete pwòp, san salte (1 Korentyen 5:11-13). Moun nan t ap gen pou l “fè aksyon ki montre [li] repanti” anvan yo aksepte l nan kongregasyon an ankò (Lik 3:8; 2 Korentyen 2:5-10). Pa gen yon kantite tan byen presi ki dwe pase anvan moun sa a reyentegre. An reyalite, sa ka pran youn oswa plizyè ane anvan yon moun ki te peche bay prèv li repanti toutbon pou yo ka aksepte l nan kongregasyon an ankò. E menm lè sa a, moun nan ap toujou gen pou l “parèt devan tribinal  Bondye a”. — Women 14:10-12; gade Toudegad 15 fevriye 1980, paj 31, 32 (fransè).

FASON KRETYEN YO KONSIDERE MARYAJ

14. An jeneral, ki objektif Lalwa te genyen?

14 Nasyon Izrayèl la te anba Lwa Moyiz la pandan plis pase 1 500 ane. Lalwa te ede pèp Bondye a plizyè fason. Pa egzanp, li te bay pèp la yon seri prensip pou ede yo rezoud pwoblèm yo gen nan fanmi yo, e l te mennen yo bay Mesi a (Galat 3:23, 24). Lè Jezi te mouri, Lalwa te aboli e Bondye te pran yon nouvo dispozisyon (Ebre 8:6). Men, gen kèk bagay yo te kite moun ki te anba Lalwa Moyiz yo fè, men, kretyen yo pa gen dwa fè yo.

15. a) Ki prensip kretyen yo dwe suiv nan kesyon maryaj? b) Ki sa yon kretyen dwe pran an konsiderasyon lè l panse divòse?

15 Yon jou, Farizyen yo te poze Jezi yon kesyon sou maryaj. Jezi te fè yo konnen, sou Lwa Moyiz la, Bondye te pèmèt Izrayelit yo divòse menm lè se pa sa Li te vle okòmansman (Matye 19:6-8). Repons Jezi te bay la montre prensip Bondye te tabli okòmansman pou maryaj la se li kretyen yo dwe suiv jodi a (1 Timote 3:2, 12). Piske moun marye yo se “yon sèl chè”, yo fèt pou yo ret ansanm. Lanmou yo gen pou Bondye ak lanmou yo gen youn pou lòt ap ede yo rete ini. Moun marye ki divòse san pa gen imoralite seksyèl pa lib pou yo remarye (Matye 19:9). Yon moun ka chwazi padone mari l oswa madanm li ki te fè imoralite men ki repanti. Se sa k te pase lè pwofèt Oze te padone Gomè, madanm li, ki te fè imoralite, e lè Jewova te padone nasyon Izrayèl la ki te repanti (Oze 3:1-5). Mete sou sa, si yon moun marye konnen mari l oubyen madanm li fè imoralite e li chwazi gen relasyon seksyèl avè l ankò, sa montre li padone l. Selon Labib, pa gen okenn rezon pou l divòse avè l ankò.

16. Ki sa Jezi te di sou kesyon ret selibatè a?

16 Jezi te di sèl rezon vrè kretyen yo genyen pou yo divòse se si gen imoralite seksyèl. Apre sa, li te pale de “moun ki gen don pou” yo ret selibatè. Men sa Jezi te di: “Yon moun ki ka suiv pawòl sa a, li mèt suiv li.” (Matye 19:10-12). Gen anpil moun ki chwazi ret san marye paske yo vle sèvi Jewova san distraksyon, e nou dwe felisite yo pou desizyon sa a!

17. Ki sa k ka ede yon kretyen deside si l ap marye oubyen si l pap marye?

17 Ki sa k ka ede yon moun deside si l ap ret selibatè oubyen si l ap marye? Yon moun bezwen deside si l ap kapab ret selibatè. Apot Pòl te ankouraje moun rete selibatè. Men l te di tou: “Akoz imoralite seksyèl ki fin gaye, se pou chak gason gen pwòp madanm li, e se pou chak fi gen pwòp mari l.” Mete sou sa, Pòl te di: “Si yo pa ka kontwole tèt yo, pito yo marye, paske li pi bon pou yon moun marye pase pou l kite anvi pote l ale.” Se sa k fè, yon moun ka deside marye pou l pa kite gwo dezi seksyèl li genyen fè l lage kò l nan mastibasyon oswa nan imoralite seksyèl. Sepandan, selibatè yo bezwen reflechi  pou yo wè si yo gen ase laj pou yo marye. Pòl te di: “Si yon moun panse l ap aji yon fason ki pa kòrèk lè l rete san l pa marye e si l pa twò jèn, men sa k dwe fèt: Li mèt marye si se sa l vle. Li pa peche.” (1 Korentyen 7:2, 9, 36; 1 Timote 4:1-3). Yo pa dwe ankouraje yon moun marye sèlman paske l gen gwo dezi seksyèl anpil moun genyen pandan yo jèn. Petèt moun sa a pa gen ase matirite pou l pran responsablite ki gen nan maryaj la.

18, 19. a) Ki jan yon maryaj kretyen dwe fèt? b) Ki sa n pral wè nan atik ki vin apre a?

18 Yon maryaj kretyen se yon maryaj ki dwe fèt ant yon gason ki batize ak yon fi ki batize e ki renmen Jewova ak tout kè yo. Youn dwe tèlman renmen lòt, yo vle pase tout vi yo ansanm. Jewova ap beni yo paske yo obeyi konsèy ki di pou yo marye ak yon moun “sèlman si moun sa a nan Seyè a”. (1 Korentyen 7:39.) Maryaj yo ap reyisi si yo kontinye obeyi konsèy ki nan Bib la.

19 Jodi a, n ap viv “nan dènye jou yo”, e anpil moun pa gen yon seri kalite yo dwe genyen pou yo reyisi maryaj yo (2 Timote 3:1-5). Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine kèk prensip biblik ki gen anpil valè ki ka ede kretyen yo pou yo reyisi maryaj yo e pou yo jwenn kè kontan malgre pwoblèm yo rankontre. Sa pral ede yo kontinye mache nan wout k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an. — Matye 7:13, 14.