Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 BYOGRAFI

Malgre m soud, sa pa anpeche m anseye lòt moun

Malgre m soud, sa pa anpeche m anseye lòt moun

Mwen te batize an 1941 lè m te gen 12 an. Men, se jis an 1946 mwen te vin konprann verite ki nan Bib la toutbon. Ki jan sa te fè rive? Kite m rakonte n istwa lavi m.

NAN ane 1910, paran m yo te kite vil Tbilisi, nan peyi Jeyòji, pou y al viv nan peyi Kanada. Nou te abite nan yon ti kay ki nan yon plantasyon toupre yon bouk ki rele Peli, nan zòn Saskatchewan, nan lwès peyi Kanada. Mwen te fèt an 1928 e m se dènye nan sis pitit paran m yo. Papa m mouri sis mwa anvan m fèt e manman m mouri lè m te tibebe. Yon ti tan apre, Lucy, pi gran sè m nan, mouri lè l te gen 17 an. Apre sa, Nick, monnonk mwen an, te pran swen m ansanm ak frè m ak sè m yo.

Yon jou pandan m te timoun, fanmi m te wè m k ap rale ke youn nan cheval ki te nan plantasyon an, se te yon poulen. Fanmi m te tèlman pè pou cheval la pa t ban m yon kout pye, yo te rele sou mwen pou yo di m sispann, men mwen pa t reyaji. Mwen te ba yo do e m pa t tande rèl yo t ap fè yo. Erezman anyen mal pa t rive m, men, se jou sa a fanmi m te vin dekouvri mwen soud.

Gen yon zanmi fanmi m ki te bay konsèy pou yo mete m nan menm lekòl ak lòt timoun ki soud. Se sa k fè tonton Nick te enskri m nan lekòl pou moun soud ki te nan vil Saskatoun, nan zòn Saskatchewan. Yo te voye m al viv nan yon zòn kote m t ap pran plizyè èdtan pou m sot kote sa a pou m al kay fanmi m, e piske m te gen senkan sèlman lè sa a, mwen te pè anpil. M te ka vizite fanmi m sèlman nan jou ferye ak pandan gran vakans. Finalman, m te vin aprann lang siy e m te renmen jwe ak lòt timoun.

MWEN VIN APRANN VERITE KI NAN BIB LA

An 1939, Marion, pi gran sè m ki te vivan an, te marye ak Bill Danylchuck, e mwen menm ak yon lòt sè m ki rele Frances t al viv lakay yo. Yo se premye moun nan fanmi m ki te pran kontak ak Temwen Jewova yo. Pandan gran vakans, yo te konn fè tout sa yo kapab pou yo anseye m sa yo t ap aprann nan  Bib la. Pou m onèt, li pa t fasil pou m kominike ak yo piske yo pa t konn lang siy. Men, yo te wè aklè mwen renmen bagay espirityèl yo ak tout kè m. Mwen te konprann gen yon rapò ant sa yo te konn ap fè ak sa Bib la di, se sa k fè m te deside al preche avèk yo. Sa pa t pran tan pou m te anvi batize, epi nan dat 5 septanm 1941, Bill te batize m nan yon doum an tòl yo te ranpli ak dlo yo te ponpe sot nan yon pi. Dlo a te frèt anpil anpil!

Mwen menm ak yon gwoup moun soud nan yon kongrè nan Klivlann, nan Owayo, an 1946.

An 1946, lè m te retounen lakay pou gran vakans, nou te asiste yon kongrè nan vil Klivlann, nan Owayo, Ozetazini. Premye jou kongrè a, sè m yo te pran nòt pou yo ede m suiv pwogram nan. Men, dezyèm jou a, m te kontan anpil lè m te wè yon gwoup moun soud ki te gen yon moun ki t ap entèprete pou yo nan lang siy. Finalman, m te ka pwofite pwogram nan, e se te yon bèl bagay dèske m te ka resi konprann verite ki nan Bib la yon fason ki klè!

MWEN ANSEYE LÒT MOUN LAVERITE

Nan epòk sa a, Dezyèm Gè mondyal la te fèk fini e moun yo te vin nasyonalis anpil. Lè m te sot nan kongrè a, mwen te detèmine pou m defann lafwa m nan lekòl mwen. Se sa k fè mwen te sispann salye drapo e m te sispann chante im nasyonal. Mete sou sa, m te sispann patisipe nan fèt yo ak nan sèvis relijye yo te konn egzije nou yo. Responsab yo nan lekòl la pa t kontan, yo te eseye entimide m e yo te eseye ban m manti pou yo te fè m chanje lide. Tout bagay sa yo te fè kamarad mwen yo yon ti jan fache, men sa te ban m posiblite pou m ba yo temwayaj. Finalman, kèk nan kondisip mwen yo tankou Larry Androsoff, Norman Dittrick ak Emil Schneider te vin aksepte laverite, e y ap sèvi Jewova fidèlman jis kounye a.

Lè m al vizite lòt vil, m toujou fè gwo efò pou m bay moun ki soud yo temwayaj. Pa egzanp, nan yon klèb pou moun ki soud ki nan Monreyal, mwen te bay Eddie Tager, yon jèn gason ki te fè pati yon gang, temwayaj. Li te nan kongregasyon lang siy ki nan Laval la, nan Kebèk, jiskaske l mouri ane pase. Epitou, mwen te rankontre yon jèn gason ki rele Juan Ardanez ki te chofe menm jan ak moun Bere yo pou l fè rechèch pou l ka wè si mesaj ki nan Bib la se laverite (Tra. 17:10, 11). Li menm tou li te vin pran laverite e l te sèvi Jewova fidèlman antanke ansyen nan Otawa, nan Ontaryo, jiskaske l mouri.

M ap bay temwayaj nan lari nan kòmansman ane 1950 yo.

An 1950, mwen t al abite Vankouvè. Byenke m renmen preche moun ki soud, mwen pap janm bliye eksperyans mwen te fè lè m te bay yon dam ki pa t soud ki rele Chris Spicer temwayaj nan lari. Li te aksepte yon abònman peryodik e l te vle m rankontre mari l ki rele Gary. Se sa k fè mwen t al vizite yo lakay yo, e nou te gen yon konvèsasyon ki byen long grasa nòt nou te ekri. Se te sèl lè mwen te gen kontak ak yo jiskaske yo te wè m nan yon foul moun nan yon kongrè ki te fèt Towonto, nan Ontaryo,  kèk ane annapre, e m te sezi lè sa a. Gary te gen pou l batize nan menm jou sa a. Bèl eksperyans sa a te fè m sonje enpòtans pou m kontinye preche paske nou pa janm konnen ki kote oswa ki lè laverite ap pran rasin.

Annapre, mwen te retounen al abite Saskatoun. Nan zòn sa a, mwen te rankontre yon dam ki te mande m etidye Labib ak de pitit fi l ki jimo e ki soud ki rele Jean ak Joan Rothenberger. Yo toule de te elèv nan lekòl pou moun ki soud mwen te ye a. Sa pa t pran tan pou de timedam yo pataje sa yo t ap aprann yo ak kamarad lekòl yo. Finalman, senk elèv nan klas timedam yo te vin Temwen Jewova. Youn nan yo se te Eunice Colin. Mwen te rankontre Eunice nan lekòl sa a yo te fè pou moun ki soud lè m te nan dènye ane lekòl mwen. Lè sa a, li te ban m yon sirèt e l te mande m si nou te ka vin zanmi. Annapre, li te vin yon moun ki enpòtan anpil nan lavi m, li te vin madanm mwen!

Mwen menm ak Eunice nan ane 1960 ak 1989.

Lè manman Eunice te aprann Eunice t ap etidye Labib, li te mande direktè lekòl la pou l eseye konvenk li pou l kite etid la. Direktè a te menm sezi materyèl Eunice te konn itilize pou l etidye Labib yo. Men, Eunice te detèmine pou l kontinye bay Jewova premye plas nan lavi l. Lè l te vle batize, paran l yo te di l: “Depi w vin Temwen Jewova, w ap oblije kite kay la.” Lè Eunice te gen 17 an, li te kite kay la, e yon fanmi nan zòn nan ki Temwen Jewova te pran swen l avèk jantiyès. Li te kontinye etid la, e kèk tan apre, li te batize. Lè n te marye an 1960, paran l yo pa t vin nan maryaj nou. Men, tank ane t ap pase, yo te vin gen respè pou nou akoz kwayans nou ak fason nou te leve pitit nou.

JEWOVA PRAN SWEN M

Pitit gason m nan, Nicholas, ak madanm li, Deborah, ap sèvi nan Betèl Lonn.

Aktout nou soud, nou te leve sèt pitit gason ki pa soud. Se yon defi sa te ye, men nou te asire nou yo  te aprann lang siy yon fason pou yo te ka byen kominike avè n e pou n te ka anseye yo laverite. Frè ak sè yo nan kongregasyon an te ede n anpil. Pa egzanp, gen yon paran ki te ekri nou yon ti nòt pou l fè n konnen youn nan tigason nou yo t ap di vye mo nan Sal Wayòm nan. Nou te rive jere pwoblèm nan menm kote a. Kat nan pitit gason m yo, anpalan de James, Jerry, Nicholas ak Steven, ap sèvi Jewova fidèlman ansanm ak madanm yo ak fanmi yo. Toule kat ap sèvi kòm ansyen. Mete sou sa, Nicholas ak madanm li, Deborah, ap ede nan tradiksyon nan lang siy nan filyal Grann Bretay, epi Steven ak madanm li, Shannan, ap travay nan ekip tradiksyon nan lang siy nan filyal Etazini.

Pitit gason m yo, James, Jerry ak Steven, ansanm ak madanm yo, ap soutni travay predikasyon an nan lang siy divès fason.

Yon mwa anvan 40yèm anivèsè maryaj nou, Eunice te pèdi batay li t ap mennen kont yon kansè l te genyen. Li te vrèman gen anpil kouraj nan moman difisil sa a. Lafwa li te gen nan rezirèksyon an te kenbe l djanm. Se pa ti tann m ap tann jou kote m pral kapab wè l ankò.

Faye ak James, Jerry ak Evelyn, Shannan ak Steven.

An fevriye 2012, m te pran yon so ki te lakòz ranch mwen kase, e sa te vin parèt aklè mwen t ap bezwen èd. Donk, m t al viv ak youn nan pitit gason m yo ansanm ak madanm li. Kounye a, nou nan kongregasyon Kalgari lang siy kote mwen kontinye ap sèvi kòm ansyen. Anfèt, se premye fwa nan vi m mwen nan yon kongregasyon lang siy. Èske n ka imajine sa? Lefètke m te nan yon kongregasyon anglè pandan tout ane sa yo, depi ane 1946, ki jan m te degaje m nan domèn espirityèl? Jewova kenbe pwomès li fè pou l pran swen timoun ki pa gen papa yo (Sòm 10:14). Mwen gen anpil rekonesans pou tout efò lòt moun te aksepte fè pou yo ekri nòt pou mwen, pou yo aprann lang siy e pou yo entèprete pou mwen otan yo te kapab.

Pou m onèt, pafwa mwen te konn santi m fristre e m te konn anvi bay vag paske m pa t ka konprann sa moun yo t ap di oswa paske m te panse moun yo sanble pa byen konprann bezwen moun ki soud yo genyen. Men, nan moman sa yo, mwen te konn panse ak pawòl Pyè te di Jezi lè l te di l: “Seyè, kiyès pou n al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an.” (Jan 6:66-68). Menm jan ak anpil lòt frè ak sè menm jenerasyon avè m ki soud, mwen aprann demontre pasyans. Mwen aprann konte sou Jewova ak sou òganizasyon l lan, e se pa ti byenfè mwen jwenn lefètke m fè sa! Kounye a, mwen gen anpil manje espirityèl nan lang mwen konprann nan, e mwen ka pwofite moman mwen pase ak lòt moun nan reyinyon ak nan kongrè ki fèt nan lang siy ameriken (ASL). Vrèmanvre, mwen gen anpil kè kontan e m jwenn anpil benediksyon nan sèvis Jewova, Gran Dye nou an.

Lè m te gen 79 an, m te asiste lekòl pyonye nan lang siy ameriken (ASL).