Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Toudegad ki gen atik etid yo  |  Me 2017

Ann ede pitit “moun k ap viv kòm etranje” yo

Ann ede pitit “moun k ap viv kòm etranje” yo

“Pa gen anyen ki fè m pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo kontinye ap mache nan laverite.” — 3 JAN 4.

KANTIK: 88, 41

1, 2. a) Ki pwoblèm anpil pitit imigran konn jwenn? b) Ki kesyon nou pral reponn nan atik sa a?

MEN sa Joshua fè konnen: “Depi m toupiti, se lang paran m yo ki imigran mwen te konn pale lakay mwen ak nan kongregasyon an. Men, lè m te kòmanse al lekòl, m te vin pi renmen lang moun nan zòn mwen abite a pale a. Apre kèk ane, sa te vin chanje nèt. M pa t kapab konprann anyen nan reyinyon yo e m pa t santi m gen menm kilti ak paran m yo ankò.” Se pa Joshua sèlman sa rive.

2 Jodi a, gen plis pase 240 000 000 moun k ap viv lwen peyi yo te fèt la. Si w se yon paran ki imigran, ki jan w ka bay pitit ou pi bon posiblite ki genyen pou yo vin gen bon relasyon ak Bondye e pou yo “kontinye ap mache nan laverite”? (3 Jan 4.) E ki jan lòt moun ka ede w?

BAY BON EGZANP ANTANKE PARAN

3, 4. a) Ki jan paran yo ka bay pitit yo bon egzanp? b) Ki sa paran yo pa dwe atann nan men pitit yo?

3 Ou menm paran, egzanp ou bay pitit ou enpòtan anpil pou ede yo mache sou chemen ki mennen nan lavi ki pap janm fini an. Lè pitit ou wè w k ap “chèche Wayòm nan an premye”,  yo aprann konte sou Jewova pou yo jwenn sa yo bezwen chak jou (Mat. 6:33, 34). Donk, aprann viv ak sa w genyen. Bay sèvis Jewova a priyorite olye w kontinye chèche gen plis bagay materyèl. Fè tout sa w kapab pou w pa gen dèt. Chèche jwenn “trezò nan syèl la”, sa vle di chèche jwenn apwobasyon Jewova, pa chèche gen richès oswa “jwenn glwa nan men lèzòm”. — Li Mak 10:21, 22; Jan 12:43.

4 Ou pa dwe janm twò okipe pou w pa gen tan pou pitit ou. Fè yo konnen ou fyè de yo lè yo deside bay Jewova premye plas nan lavi yo olye pou y ap kouri dèyè renome oswa richès pou yo menm oswa pou ou. Evite pwennvi ki pa kretyen ki fè konnen timoun yo dwe bay paran yo sa yo bezwen pou yo ka viv alèz. Pa bliye, Bib la di: “Yo pa atann pou se pitit ki sere pou paran, men yo atann pou se paran ki sere pou pitit.” — 2 Kor. 12:14.

PARAN, CHÈCHE REZOUD PWOBLÈM LANG LAN

5. Poukisa paran yo dwe pale ak pitit yo de Jewova?

5 Jan Bib la te gentan fè konn sa, gen moun “ki soti nan tout lang nasyon yo pale” k ap vin nan òganizasyon Jewova a (Zak. 8:23). Sepandan, pwoblèm lang lan ka fè l difisil pou w anseye pitit ou laverite. Pitit ou se etidyan Labib ki pi enpòtan w te ka genyen, e lè yo “aprann konnen” Jewova, y ap jwenn lavi ki pap janm fini an (Jan 17:3). Pou w rive fè pitit ou konn ansèyman Jewova yo, ou dwe “pale sou bagay sa yo avèk yo” nan tout okazyon ki apwopriye. — Li Detewonòm 6:6, 7.

6. Ki jan sa ka pwofitab pou pitit ou lè yo aprann lang ou pale a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

6 Pitit ou kapab aprann lang yo pale nan zòn nan nan lekòl yo ak nan lòt okazyon, men, se lang ou pale a y ap aprann an premye lè w pale ak yo souvan nan lang sa a. Lè pitit ou konn lang ou pale a, nonsèlman sa ap pèmèt yo gen konvèsasyon fran avè w, men sa ap fè yo jwenn lòt avantaj tou. Lè yo konn pale de lang, sa ap amelyore kapasite yo genyen pou yo reflechi e sa ap fè yo pi alèz ak lòt moun. Anplis de sa, sa ka fè yo jwenn posiblite pou yo fè plis nan travay predikasyon an. Men sa Carolina ki gen paran l ki imigran fè konnen: “Sa bèl lè w nan yon kongregasyon ki pale yon lang etranje. E sa enteresan lè w ap ede nan yon tèritwa kote ki gen plis bezwen.”

7. Ki sa w ka fè si gen pwoblèm lang nan fanmi w?

7 Sepandan, tank pitit moun ki imigran yo ap adapte yo ak kilti ansanm ak lang yo pale nan zòn nan, gen kèk nan yo ki ka vin pa twò chofe pou yo pale lang paran yo pale e yo ka menm pa ka fè sa ankò. Paran, si se konsa pitit ou ye, èske w ka aprann omwen kèk bagay nan lang yo pale nan zòn nan? W ap pi alèz pou w leve pitit ou antanke kretyen si w konprann sa y ap di, detant yo chwazi, travay yo fè lekòl yo e si w ka pale dirèkteman ak pwofesè yo. Se vre, aprann yon lòt lang mande tan, efò ak imilite. Men, ann sipoze pitit ou ta vin soud, èske w pa t ap eseye aprann lang siy pou w ka kominike avè l? Èske w pa dakò ou ta dwe fè menm bagay la tou pou yon timoun ki pale yon lòt lang pi byen *?

8. Ki jan w ka ede pitit ou si w pa pale lang yo pale a byen?

8 Nou dakò li gendwa pa posib pou kèk paran ki imigran rive pale nouvo lang pitit yo pale a byen. Pwoblèm sa a ka  fè l difisil pou paran yo rive aprann pitit yo bagay pwofon ki nan “liv sakre yo”. (2 Tim. 3:15.) Si w nan sitiyasyon sa a, ou ka toujou ede pitit ou vin konnen Jewova e pou yo renmen l. Men sa yon ansyen ki rele Shan sonje: “Konesans manman nou ki t ap leve nou poukont li te genyen sou lang nou te pi byen konprann nan pa t anpil, epi sè m yo avè m pa t pale lang li pale a byen. Men, lè n te wè l k ap etidye, k ap priye e k ap fè tout sa l kapab pou dirije adorasyon an fanmi an chak semèn, nou te konprann li enpòtan anpil pou n aprann konnen Jewova.”

9. Ki jan paran yo ka ede pitit yo ki gendwa bezwen fè etid nan de lang?

9 Gen kèk timoun ki gendwa bezwen aprann konnen Jewova nan de lang, anpalan de lang yo pale lekòl yo ak lang yo pale lakay yo. Pou sa rive fèt, gen paran ki sèvi ak piblikasyon enprime, anrejistreman odyo ak videyo nan toule de lang yo. Sa klè, paran ki imigran yo dwe rezève plis tan e yo dwe pran plis inisyativ pou yo ede pitit yo vin gen yon relasyon solid ak Jewova.

NAN KI LANG OU TA DWE ASISTE REYINYON YO?

10. a) Kiyès ki dwe deside nan ki lang fanmi an ap asiste reyinyon? b) Ki sa l dwe fè anvan l pran yon desizyon?

10 Lè “moun k ap viv kòm etranje” yo ap viv lwen lòt Temwen ki pale lang yo pale a, yo bezwen asiste reyinyon nan lang yo pale nan zòn nan (Sòm 146:9). Men, si gen yon kongregasyon ki pa twò lwen kote yo fè reyinyon nan lang manman w, ou dwe mande tèt ou: Nan ki lang l ap pi bon pou fanmi w asiste reyinyon? Apre yon chèf fanmi fin byen reflechi sou sa, li priye epi l pale ak madanm li ak timoun yo, li dwe pran yon desizyon (1 Kor. 11:3). Ki bagay chèf fanmi an dwe pran an konsiderasyon? Ki prensip li dwe suiv? Ann egzamine kèk nan yo.

11, 12. a) Ki efè lang yo fè reyinyon yo genyen sou sa yon timoun konprann? b) Poukisa kèk timoun pa vle aprann lang paran yo pale a?

11 Paran yo dwe rezonab lè y ap egzamine sa timoun yo bezwen. Nòmalman, kèlkeswa lang yon timoun pale, pou l rive byen konprann laverite, li bezwen plis pase fè kèk èdtan ap pran fòmasyon nan domèn espirityèl nan reyinyon yo chak semèn. Sepandan, fè yon ti reflechi: Nan reyinyon ki fèt nan lang timoun nan pi byen konprann nan, lefètke l la sèlman, li ka konprann enstriksyon y ap bay la, e petèt li ka aprann plis pase sa paran l ta ka panse. Sa gendwa pa konsa lè timoun nan pa fin byen konprann yon lang. (Li 1 Korentyen 14:9, 11.) Epitou, se pa lang yon timoun pale depi l fèt ki oblije ret nan lespri l oswa menm nan kè l. Anfèt, gen timoun ki ka aprann fè kòmantè, prezantasyon epi bay diskou nan lang paran yo pale a san sa y ap di yo pa sot nan kè yo toutbonvre.

12 Mete sou sa, se pa lang sèlman ki gen enfliyans sou kè yon timoun. Se sa k te rive Joshua nou te pale de li pi wo a. Men sa Esther, gran sè l la, di: “Pou yon jèn timoun, lang paran l, kilti yo ak relijyon yo, yo tout fè yon sèl.” Si timoun yo pa santi yo gen menm kilti ak paran yo, yo gendwa pa vle aprann lang paran yo e yo ka pa aksepte kwayans yo. Ki sa paran ki imigran yo ka fè?

13, 14. a) Poukisa yon mari ak yon madanm ki imigran te deside asiste reyinyon ak fanmi yo nan yon kongregasyon ki pale lang moun nan zòn nan? b) Ki jan paran yo te rete djanm nan domèn espirityèl?

13 Paran ki kretyen yo met byennèt espirityèl pitit yo anvan preferans pa yo (1 Kor. 10:24). Men sa Samuel, papa Joshua ak Esther, fè konnen: “Mwen menm ak madanm mwen te byen suiv timoun  nou yo pou n wè nan ki lang laverite t ap touche kè yo, e n te priye Jewova pou l ban nou sajès. Se pa repons nou te atann nan nou te jwenn. Men, lè n te wè timoun yo pa t tire anpil pwofi nan reyinyon ki te fèt nan lang nou an, nou te deside asiste reyinyon nan lang yo pale nan zòn nan. Nou toujou asiste reyinyon ansanm e n al preche ansanm. Anplis de sa, nou konn envite zanmi nan zòn nan vin manje avè n epi al flannen avè n. Tout bagay sa yo te ede timoun nou yo vin konn frè ak sè yo e sa te ede yo vin konn Jewova, nonsèlman kòm Bondye yo, men tou kòm Papa yo ak Zanmi yo. Nou te rann nou kont sa te pi enpòtan pase anseye yo pou yo vin maton nan lang nou pale a.”

14 Men sa Samuel ajoute: “Pou mwen menm ak madanm mwen te rete djanm nan domèn espirityèl, nou te konn asiste reyinyon nan lang nou pale a tou. Nou te gen yon pwogram ki te chaje anpil e n te konn fatige. Men, nou remèsye Jewova lefètke l te beni efò ak sakrifis nou te fè yo. Toule twa pitit nou yo ap sèvi Jewova aplentan.”

SA JÈN YO KAPAB FÈ

15. Poukisa yon sè ki rele Kristina te santi l dwe fè plis nan yon kongregasyon kote yo pale lang zòn nan?

15 Timoun ki vin gran yo ka rann yo kont li ka pi bon pou yo sèvi Jewova nan yon kongregasyon kote yo pale lang yo pi byen konprann nan. Si se sa, paran yo pa dwe panse timoun yo rejte yo. Men sa Kristina sonje: “M te konn kèk bagay nan lang paran m yo, men, se lang yo te pale nan reyinyon m te konn asiste yo ki te nan tèt mwen. Lè m te gen 12 an, m te asiste yon kongrè nan lang yo pale nan lekòl mwen an. Se premye fwa m te rann mwen kont sa m te konn tande yo se laverite. Gen yon lòt bagay ki te rive lè m te kòmanse priye nan lang yo pale nan lekòl mwen an. M te ka ouvri kè m pou m pale ak Jewova!” (Tra. 2:11, 41). Lè Kristina vin gran, li te pale ak paran l yo sou kesyon an e l te deside al nan yon kongregasyon kote yo pale lang zòn nan. Men sa l sonje: “Lefètke m t ap aprann konnen Jewova nan lang yo te pale nan lekòl mwen an, sa te gen efè sou mwen.” Kristina pa t pran tan pou l vin yon pyonye pèmanan ki gen kè kontan.

16. Poukisa yon sè ki rele Nadia kontan dèske l te rete nan yon kongregasyon lang etranje?

16 Ou menm jèn, èske w panse l t ap pi bon pou w al nan yon kongregasyon lang etranje? Si repons lan se wi, mande tèt ou pou ki rezon. Èske si w al nan yon kongregasyon konsa sa ap ede w vin pi pwòch ak Jewova (Jak 4:8)? Oswa, èske se paske w panse y ap siveye w mwens oswa w ap gen mwens travay pou w fè ki fè w ta renmen al ladan l? Men sa Nadia k ap sèvi nan Betèl kounye a fè konnen: “Lè mwen menm ak frè m ak sè m yo te adolesan, nou te vle al nan yon kongregasyon kote yo pale lang zòn nan.” Men, paran Nadia yo te konnen si timoun yo al nan kongregasyon sa a, sa pa t ap pi bon pou yo nan domèn espirityèl. “Kounye a, nou gen paran nou yo rekonesans dèske yo te fè anpil efò pou yo aprann nou lang yo pale a e dèske yo te fè n rete nan kongregasyon lang etranje a. Sa fè lavi n gen plis sans e sa ban nou plis opòtinite pou n ede lòt moun vin konnen Jewova.”

FASON LÒT MOUN KA BAY ÈD PA YO

17. a) Ki moun Jewova bay responsablite pou leve timoun yo? b) Ki jan paran yo ka jwenn èd pou yo anseye pitit yo laverite?

17 Se paran yo Jewova bay privilèj pou leve pitit yo nan laverite, se pa granparan yo oswa nenpòt lòt moun. (Li Pwovèb 1:8; 31:10, 27, 28.) Aktout sa,  paran ki pa konprann lang yo pale nan zòn y ap viv la ka bezwen èd pou yo rive touche kè pitit yo. Lè paran yo pran dispozisyon pou yo chèche èd nan sans sa a, sa pa vle di yo abandone responsablite yo genyen nan domèn espirityèl. Okontrè, sa ka ede yo pou yo kontinye leve pitit yo “nan disiplin Jewova ak nan avètisman l bay”. (Efe. 6:4.) Pa egzanp, paran yo ka mande ansyen nan kongregasyon an konsèy sou fason pou yo fè adorasyon an fanmi ak fason pou yo ede pitit yo jwenn bon zanmi.

Paran yo ak pitit yo ka jwenn byenfè lè yo fè zanmi ak moun nan kongregasyon an. (Gade paragraf 18, 19.)

18, 19. a) Ki jan jèn yo ka jwenn èd nan men frè ak sè ki espirityèl yo? b) Ki sa paran yo dwe kontinye fè?

18 Pa egzanp, detanzantan paran yo ka envite lòt fanmi vin patisipe nan adorasyon yo fè ak fanmi yo. Mete sou sa, anpil jèn rive fè bonjan pwogrè grasa èd frè ak sè ki gen matirite espirityèl yo, pa egzanp lè y al preche avèk yo ak lè yo pran bon kalite detant ak yo (Pwo. 27:17). Men sa Shan, nou te pale de li pi wo a, sonje: “Mwen byen sonje frè ki te konn ankadre m yo. M te toujou aprann plis lè yo te ede m prepare patisipasyon m te gen kòm elèv nan reyinyon yo. E m te renmen aktivite nou te konn fè an gwoup pou n detann nou.”

19 Nòmalman, moun paran yo chwazi pou ede pitit yo dwe toujou ankouraje timoun yo respekte paran yo lè yo pale an byen de paran yo e lè yo pa pran plas yo. Sa k pi enpòtan an, moun k ap ede timoun yo dwe evite nenpòt konduit ki ta ka fè kèk moun nan kongregasyon an oswa kèk moun deyò gen dout sou moralite yo (1 Pyè 2:12). Paran yo pa dwe annik lage pitit yo bay lòt moun pou ba yo fòmasyon nan domèn espirityèl. Yo dwe sipèvize èd moun sa yo ap bay pitit yo e se yo menm ki dwe kontinye anseye pitit yo.

20. Ki jan paran yo ka ede pitit yo vin bonjan sèvitè Jewova?

20 Ou menm paran, priye Jewova pou l ede w, epi fè tout sa w kapab. (Li 2 Kwonik 15:7.) Chèche met relasyon pitit ou gen ak Jewova anvan enterè pèsonèl ou. Fè tout sa w kapab pou w asire w Pawòl Bondye a touche kè yo. Pa janm sispann kwè yo ka vin bon sèvitè Jewova. Lè pitit ou obeyi Pawòl Bondye a e yo suiv bon egzanp ou bay, w ap santi w menm jan ak apot Jan ki te di pawòl ki vin annapre yo konsènan pitit espirityèl li yo: “Pa gen anyen ki fè m pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo kontinye ap mache nan laverite.” — 3 Jan 4.

^ § 7 Gade atik ki gen tit “Vous pouvez apprendre une langue étrangère!” ki te parèt nan Réveillez-vous! mas 2007, paj 10-12.