Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Toudegad ki gen atik etid yo  |  Fevriye 2017

Jewova gide pèp li a

Jewova gide pèp li a

“Jewova ap toujou gide nou.” — EZA. 58:11.

KANTIK: 152, 22

1, 2. a) Ki diferans ki genyen ant moun k ap dirije pami Temwen Jewova yo ak moun k ap dirije nan lòt relijyon yo? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a?

“KIYÈS ki alatèt nou?” Se yon kesyon yo poze Temwen Jewova yo souvan. E n pa bezwen sezi pou sa! Nan anpil relijyon, gen yon gason oswa yon fi ki alatèt oswa k ap dirije. Yon lòt bò, nou fyè pou n fè moun ki poze nou kesyon yo konnen Gid nou an pa yon moun enpafè. Okontrè, nou suiv direksyon Kris, Bondye te resisite a, e Kris ap suiv direksyon Papa l, Jewova. — Mat. 23:10.

2 Sepandan, gen yon gwoup gason, anpalan de “esklav fidèl ki prevwayan an”, k ap dirije pèp Bondye a jodi a (Mat. 24:45). Bon, ki jan nou fè konnen se Jewova toutbon k ap dirije nou pa mwayen Pitit Gason l lan ki envizib? Nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki jan, depi plizyè milye ane, Jewova ap bay kèk moun enstriksyon pou yo ka dirije. Nan toule de atik yo, nou pral egzamine twa seri prèv ki montre vrèmanvre se Jewova ki soutni moun sa yo, sa ki montre se li ki te vrè Gid pèp li a e se sa l toujou ye. — Eza. 58:11.

LESPRI SEN TE BA YO PISANS

3. Ki sa ki te bay Moyiz pisans pou l dirije nasyon Izrayèl la?

3 Lespri sen te bay moun ki te reprezante Bondye yo pisans. Pa  egzanp, ann pale de Moyiz Bondye te bay responsablite dirije Izrayelit yo. Ki sa k te ede l pran gwo responsablite sa a? Jewova “te met lespri sen l sou Moyiz”. (Li Ezayi 63:11-14.) Piske se Jewova ki te bay Moyiz pisans lespri sen, se Jewova ki te toujou ap dirije pèp li a.

4. Ki jan Izrayelit yo te ka wè Moyiz te gen lespri sen Bondye? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

4 Piske lespri sen se yon fòs envizib, ki jan Izrayelit yo t ap ka wè Moyiz te gen lespri sen? Lespri sen te bay Moyiz kapasite pou l fè mirak e pou l fè Farawon konn non Bondye (Egz. 7:1-3). Mete sou sa, lespri sen te fè Moyiz vin gen yon seri bèl kalite tankou lanmou, imilite ak pasyans, sa ki te kalifye l pou l dirije Izrayelit yo. Li pa t menm ditou ak dirijan lòt nasyon yo ki te di e ki te egoyis (Egz. 5:2, 6-9). Li te klè, se Jewova ki te chwazi Moyiz pou dirije pèp Li a.

5. Esplike ki jan Jewova te bay kèk lòt gason izrayelit pisans pou dirije pèp li a.

5 Annapre, lespri sen Jewova te bay lòt gason li te chwazi pisans pou yo dirije pèp li a. “Jozye, pitit gason Noun nan, te gen anpil sajès.” (Det. 34:9). “Lespri Jewova [te] vin sou Jedeyon.” (Jij 6:34). Epi, “lespri Jewova te kòmanse aji sou David”. (1 Sam. 16:13.) Tout mesye sa yo te konte sou lespri Bondye pou ede yo, e lespri sa a te ba yo pisans pou yo fè yon seri gwo aksyon yo pa t ap ka fè ak pwòp fòs yo (Joz. 11:16, 17; Jij 7:7, 22; 1 Sam. 17:37, 50). Se sa k fè, moun te gen rezon fè louwanj pou Jewova pou gwo aksyon sa yo.

6. Poukisa Bondye te vle pou pèp li a respekte moun ki te alatèt ann Izrayèl yo?

6 Ki jan Izrayelit yo te dwe reyaji lè yo te wè bonjan prèv ki montre lespri sen te bay mesye sa yo pisans? Lè pèp la t ap plenyen kont otorite Moyiz, men kesyon Jewova te poze: “Pandan konbyen tan pèp sa a ap kontinye pa gen respè pou mwen?” (Nonb 14:2, 11). Vrèmanvre, se Jewova ki te chwazi Moyiz, Jozye, Jedeyon ak David pou reprezante l antanke Gid. Lè pèp la te obeyi mesye sa yo, an reyalite se Jewova yo t ap suiv antanke Gid.

ZANJ TE EDE YO

7. Ki jan zanj yo te ede Moyiz?

7 Gen zanj ki te ede moun ki te reprezante Bondye yo. (Li Ebre 1:7, 14.) Jewova te sèvi ak zanj pou l te bay Moyiz misyon, pou l te ba l sa l bezwen pou misyon an e pou l te gide l. Bondye te voye Moyiz “kòm chèf pèp la e kòm sovè pèp la. Pou l fè sa, li te sèvi ak zanj ki te parèt devan Moyiz nan pye pikan an”. (Tra. 7:35.) Jewova “te sèvi ak zanj pou [l] transmèt” Lalwa Moyiz te konn itilize pou l anseye Izrayelit yo (Gal. 3:19). Epi, men sa Jewova te di l: “Mennen pèp la kote m te di w la. Tande, zanj mwen an ap mache devan w.” (Egz. 32:34). Bib la pa fè konnen Izrayelit yo te wè yon zanj ki te pran fòm moun pou l fè aksyon sa yo. Men, fason Moyiz te bay pèp la enstriksyon ak fason li te gide l te montre byen klè zanj Bondye yo te ede l.

8. Ki jan zanj yo te ede Jozye ak Ezekyas?

8 Apre epòk Moyiz la, “chèf lame Jewova a” te vin bay Jozye, ki te ranplase Moyiz, fòs pou l dirije pèp Bondye a nan batay kont Kananeyen yo, e Izrayelit yo te pot laviktwa (Joz. 5:13-15; 6:2, 21). Annapre, wa Ezekyas te gen pou l goumen ak kokenn lame asiryen an ki te vle anvayi Jerizalèm. Nan yon sèl nuit, “zanj Jewova a soti e li touye 185 000 gason”. — 2 Wa 19:35.

9. Èske enpèfeksyon mesye ki te reprezante Bondye yo te anpeche Izrayelit yo suiv direksyon yo te bay? Esplike.

 9 Se vre zanj yo pafè, men, mesye yo t ap ede yo pa t pafè. Yon lè, Moyiz pa t onore Jewova (Nonb 20:12). Jozye te fè neglijans, li pa t chèche direksyon Bondye anvan l te fè alyans ak moun Gabawon yo (Joz. 9:14, 15). Pandan yon ti tan, Ezekyas “te vin gen ògèy nan kè l”. (2 Kwo. 32:25, 26.) Aktout sa, malgre enpèfeksyon mesye sa yo, Izrayelit yo te dwe suiv direksyon yo bay. Jewova te sèvi ak zanj li pou l ede mesye sa yo. Sa klè, se Jewova ki t ap gide pèp li a.

PAWÒL BONDYE A T AP GIDE YO

10. Ki jan Lwa Bondye te bay la te gide Moyiz?

10 Bondye te sèvi ak Pawòl li pou l gide moun ki reprezante l yo. Bib la rele Lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl la “Lalwa Moyiz”. (1 Wa 2:3.) Sepandan, Bib la idantifye Jewova kòm Sila a ki bay lwa pou moun suiv la, e menm Moyiz te dwe obeyi Lalwa (2 Kwo. 34:14). Apre Jewova te fin bay Moyiz enstriksyon sou fason pou l monte tabènak la, “Moyiz te fè egzakteman tout sa Jewova te ba l lòd fè yo”. — Egz. 40:1-16.

11, 12. a) Ki sa Bondye te mande Jozye ak wa ki t ap dirije pèp li a pou yo fè? b) Ki enfliyans Pawòl Bondye a te genyen sou moun ki t ap dirije pèp Bondye a?

11 Depi lè Jozye te kòmanse ap dirije pèp la, li te gen yon kopi Pawòl Bondye a. Men sa Bondye te di l: “Ou dwe li l tou ba lajounen kou lannuit pou w ka byen suiv tout sa ki ekri ladan l.” (Joz. 1:8). Annapre, wa ki te vin ap dirije pèp Bondye a te fè menm bagay la. Yo te dwe li Lalwa chak jou, fè kopi Lwa a epi “obeyi tout pawòl ak tout kòmandman ki nan Lwa sa a”. — Li Detewonòm 17:18-20.

12 Ki efè Pawòl Bondye a te genyen sou mesye ki t ap dirije yo? Ann pran egzanp wa Jozyas. Apre yo te vin jwenn yon dokiman ki te gen Lwa Moyiz la, sekretè Jozyas la te kòmanse li dokiman an pou li *. Ki reyaksyon wa a te genyen? “Kou wa a tande pawòl ki nan liv Lalwa a, li chire rad sou li.” Men, li te fè plis pase sa. Piske Pawòl Bondye a t ap gide Jozyas, li te kòmanse yon gwo kanpay kont idolatri e l te òganize yon fèt Pak ki te san parèy (2 Wa 22:11; 23:1-23). Piske Jozyas ak lòt dirijan fidèl yo te kite Pawòl Bondye a gide yo, yo te dispoze fè chanjman nan fason yo t ap dirije pèp Bondye a e yo te ede moun yo pi byen konprann enstriksyon yo t ap ba yo. Chanjman sa yo te fè pèp Bondye nan tan lontan an viv ann amoni ak volonte Bondye.

13. Ki diferans ki te genyen ant moun ki t ap dirije pèp Bondye a ak dirijan lòt nasyon yo?

13 Wa sa yo ki te fidèl pa t menm ditou ak dirijan lòt nasyon yo ki t ap suiv sajès lèzòm e ki pa t wè pi lwen pase pwent nen yo. Moun ki te anba dominasyon Kananeyen yo te konn fè yon seri bagay ki bay degoutans, tankou relasyon seksyèl ant moun menm fanmi, ant gason ak gason, fi ak fi, ant moun ak bèt, yo te konn sakrifye timoun, e yo te fon nan idolatri (Lev. 18:6, 21-25). Anplis de sa, dirijan Babilòn ak dirijan Ejip yo pa t suiv bonjan prensip ijyèn Bondye te bay pèp Izrayèl la, yon seri prensip lasyans rekonèt (Nonb 19:13). Yon lòt bò, pèp Bondye nan tan lontan an te wè jan moun fidèl ki t ap dirije yo te ankouraje moun yo pou yo pwòp nan domèn espirityèl, moral ak fizik. Vrèmanvre, se Jewova ki t ap gide yo.

14. Poukisa Jewova te disipline kèk nan moun ki t ap dirije pèp li a?

 14 Se pa tout wa ki t ap dirije pèp Bondye a nan tan lontan ki te suiv enstriksyon Bondye ba yo. Wa ki pa t obeyi Jewova yo te refize soumèt anba direksyon lespri sen Bondye, zanj li yo ak Pawòl li a. Nan kèk ka, Jewova te disipline dirijan sa yo oubyen l te ranplase yo (1 Sam. 13:13, 14). Nan moman li te fikse a, li te chwazi yon dirijan ki t ap siperyè tout mesye li te konn itilize anvan yo.

JEWOVA CHWAZI YON DIRIJAN KI PAFÈ

15. a) Ki jan pwofèt yo te montre te gen yon gid san parèy ki t ap vini? b) Kiyès ki gid pwofèt yo te anonse a?

15 Pandan plizyè syèk, Jewova te anonse li t apral chwazi yon gid san parèy pou pèp li a. Men sa Moyiz te di Izrayelit yo: “Jewova, Bondye nou an, ap ban nou yon pwofèt menm jan avèk mwen k ap soti nan mitan pèp nou an e nou dwe koute l.” (Det. 18:15). Ezayi te anonse Pwofèt sa a t ap vin “yon dirijan e yon chèf”. (Eza. 55:4.) E Bondye te pouse Dànyèl ekri konsènan vini “Mesi a, Gid la”, t ap vini an (Dàn. 9:25). Finalman, Jezi te fè konnen se li menm ki “Gid” pèp Bondye a. (Li Matye 23:10.) Disip Jezi yo te dispoze suiv li, e yo te rekonèt se Jewova ki te chwazi l (Jan 6:68, 69). Ki sa k te konvenk yo Jezi Kris se sila a Jewova t ap itilize pou gide pèp li a?

16. Ki sa k montre lespri sen te bay Jezi pisans?

16 Lespri sen te bay Jezi pisans. Lè Jezi t ap batize, Jan ki te konn batize moun nan te wè “syèl la ouvri e li [te] wè lespri sen k ap desann sou li sou fòm yon pijon”. Apre sa, “lespri sen fè l al nan dezè a”. (Mak 1:10-12.) Pandan tout rès aktivite Jezi sou tè a, lespri sen Bondye te bay Jezi pisans pou l fè mirak e pou l pale avèk otorite Bondye ba li (Tra. 10:38). Mete sou sa, lespri sen te fè Jezi demontre yon seri kalite ki pafè, tankou lanmou, lajwa ak yon lafwa ki solid (Jan 15:9; Ebre 12:2). Pa gen okenn lòt dirijan ki bay bonjan prèv yo gen kalite konsa. Se Jewova ki te chwazi Jezi.

Ki jan zanj te ede Jezi yon ti tan apre batèm li? (Gade paragraf 17.)

17. Ki sa zanj yo te fè pou yo ede Jezi?

17 Gen zanj ki te ede Jezi. Yon ti tan apre batèm Jezi, “gen zanj ki [te] vini e yo [te] kòmanse ede l”. (Mat. 4:11.) Kèk èdtan anvan l te mouri, “yon zanj [te] sot nan syèl la, li [te] parèt devan l, e zanj lan [te] ba l fòs”. (Lik 22:43.) Jezi te gen konfyans Jewova t ap voye zanj vin ede l nenpòt lè li te bezwen èd pou l fè volonte Bondye. — Mat. 26:53.

18, 19. Ki jan Pawòl Bondye a te yon gid nan lavi Jezi ak nan ansèyman l?

18 Pawòl Bondye a te gide Jezi. Depi  nan kòmansman aktivite Jezi, li te kite Ekriti yo gide l (Mat. 4:4). Anfèt, Jezi te tèlman obeyi Pawòl Bondye a, li te menm aksepte mouri sou yon poto soufrans. Menm dènye pawòl li te di anvan l mouri yo te gen yon seri sitasyon ki gen rapò ak pwofesi sou Mesi a (Mat. 27:46; Lik 23:46). Yon lòt bò, chèf relijye yo nan epòk sa a te meprize Pawòl Bondye a depi l pa t ann amoni ak tradisyon yo t ap suiv yo. Jezi te site pawòl Jewova te di pa mwayen pwofèt Ezayi pou l pale de mesye sa yo, lè l te di: “Se nan bouch pèp sa a onore m, men kè yo byen lwen m. Se pou granmesi yo kontinye ap adore m, paske doktrin y ap anseye yo se kòmandman lèzòm yo ye.” (Mat. 15:7-9). Èske Jewova t ap janm chwazi youn nan mesye sa yo pou gide pèp li a?

19 Jezi pa t kite Pawòl Bondye a gide aksyon l sèlman, li te kite l gide ansèyman l tou. Lè l te nan diskisyon ak chèf relijye yo, li pa t konte sou kokenn sajès li ak eksperyans san parèy li genyen. Okontrè, li te sèvi ak Ekriti yo kòm pi gwo otorite (Mat. 22:33-40). Epi, olye l te fè zòrèy moun ki t ap tande l yo dous ak istwa sou lavi l t ap mennen nan syèl la oswa sou fason Bondye te kreye linivè, “li [te pito] ouvri lespri yo nèt pou yo konprann Ekriti yo”. (Lik 24:32, 45.) Jezi te renmen Pawòl Bondye a, e l te chofe pou l pataje l ak lòt moun.

20. a) Ki jan Jezi te montre li soumèt devan Bondye? b) Ki sa diferans ki genyen ant Jezi ak Ewòd Agripa 1ye anseye nou sou fason Jewova chwazi moun pou dirije?

20 Byenke “bèl pawòl” Jezi te konn di moun ki t ap koute l yo te fè yo ret bouch ouvè, li te fè konnen se grasa Jewova, Anseyan l lan, li te kapab di yo (Lik 4:22). Lè yon mesye rich te itilize tit “Bon Anseyan” pou l eseye bay Jezi glwa, piske Jezi te konn limit li, men repons li te bay: “Poukisa w rele m bon? Pa gen yon moun ki bon, yon sèl bon ki genyen, se Bondye.” (Mak 10:17, 18). Jezi pa t menm moun ditou ak Ewòd Agripa 1ye ki te vin wa oswa gid nan Jide anviwon uit an annapre. Piske Ewòd te yon gwo fonksyonè, li te met “abiman wa l sou li”. Foul moun ki t ap admire l yo t ap rele byen fò: “Sa a se vwa yon dye, se pa vwa yon moun!” Se sèten, Ewòd te kontan anpil lè yo t ap fè lwanj pou li konsa. Ki sa k te pase annapre? “Menm kote a, yon zanj Jewova frape l, paske li te aksepte resevwa yon glwa ki pou Bondye sèlman. Yon seri vè [te] fini avè l epi li mouri.” (Tra. 12:21-23). Se sèten, pa gen yon moun ki gen bonsans ki te la ki t ap janm panse se Jewova ki te chwazi Ewòd kòm dirijan. Jezi, bò kote pa l, te bay prèv byen klè ki montre se Bondye ki te chwazi l, e l te toujou bay Jewova glwa antanke pi Gwo Chèf k ap dirije pèp li a.

21. Sou ki sa nou pral pale nan atik ki vin apre a?

21 Jezi pa t ap gen pou l dirije pandan kèk ane sèlman. Men sa Jezi te fè konnen apre Bondye te fin resisite l: “Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a.” “Epi gade! mwen avèk nou toule jou rive jis nan fen sistèm nan.” (Mat. 28:18-20). Men, piske Jezi ap viv nan syèl la antanke yon espri envizib, ki jan l t ap fè dirije pèp Bondye a sou tè a? Kiyès Jewova t ap itilize pou dirije pèp li a anba dominasyon Kris? E ki jan kretyen yo t ap rive idantifye moun ki reprezante l yo? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.

^ § 12 Petèt dokiman sa a se dokiman orijinal Moyiz te ekri a.