Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Dezi pou w sèvi kòm volontè a fè Jewova jwenn louwanj

Dezi pou w sèvi kòm volontè a fè Jewova jwenn louwanj

“Pèp la te pote l volontè pou l batay. Se pou nou louwe Jewova!” — JIJ 5:2.

KANTIK: 150, 10

1, 2. a) Ki sa Elifaz ak Bildad te fè konnen konsènan fason Bondye wè sèvis nou ba l? b) Ki jan Jewova te fè konnen sa l panse?

“ÈSKE yon moun ka itil Bondye yon bagay? Èske yon moun ki entèlijan ka fè yon bagay pou Bondye? Ki enpòtans sa gen pou Toupisan an lefètke w jis? Ki sa sa fè pou li lè w mache fidèl?” (Jòb 22:1-3). Èske w janm mande tèt ou ki repons kesyon sa yo? Lè Elifaz, moun Teman an, te poze Jòb kesyon sa yo pou premye fwa, se sèten Elifaz te kwè repons lan se non. Bildad, moun Chouwa a ki te zanmi l, te menm fè konprann li enposib pou Bondye wè lèzòm kòm moun ki jis. — Li Jòb 25:4.

2 Twa fo konsolatè sa yo te fè konnen efò nou fè pou n sèvi Jewova fidèlman pa gen okenn valè pou Jewova, e Bondye pa ban nou plis valè pase yon mit, yon vè oubyen yon vètè (Jòb 4:19; 25:6). Lè n fèk gade, nou ka panse Elifaz ak Bildad te gen imilite (Jòb 22:29). Dayè, lè n sou yon gwo tèt mòn oswa lè n ap gade nan fenèt yon avyon, aktivite lèzòm ap fè yo ka parèt toupiti. Men, lè Jewova ap gade planèt nou an detan kote l ye a ki wo anpil, èske se konsa l wè efò nou fè pou n soutni travay Wayòm nan? Jewova te fè konnen sa l panse  lè l te reprimande Elifaz, Bildad ak Sofa poutèt yo te bay manti, men li te pran plezi nan Jòb e l te pale de li antanke “sèvitè m nan”. (Jòb 42:7, 8.) Donk, li klè, yon moun ka “itil Bondye yon bagay”.

“KI SA W BA LI?”

3. Ki sa Eliyou te di konsènan efò n ap fè pou n sèvi Jewova, e ki sa l te vle di?

3 Jewova pa t korije Eliyou dèske l te mande: “Si w ap fè sa ki dwat, ki sa w ba li [Bondye]? Ki sa l jwenn nan men w?” (Jòb 35:7). Èske Eliyou te vle di efò nou fè nan sèvis Bondye a pa gen enpòtans? Non. Li te vle di Jewova pa depann de adorasyon n ap ba l. Jewova pa bezwen pèsonn fè anyen pou li. Nou pa kapab fè l vin pi rich oswa pi pisan. Okontrè, kèlkeswa bèl kalite, talan oswa fòs nou genyen se kado Bondye ban nou e li pran an konsiderasyon fason nou sèvi ak yo.

4. Ak ki sa Jewova konpare dezi nou genyen pou n bay lòt moun ak jantiyès la?

4 Jewova konsidere aksyon moun fè pou demontre lanmou fidèl pou sèvitè l yo kòmsi se pou li menm yo te fè sa. Men sa Pwovèb 19:17 di: “Moun ki fè moun ki malere favè se Jewova li prete, e Bondye ap rekonpanse l pou sa l fè a.” Èske vèsè sa a vle di Jewova note chak bèl aksyon moun fè pou moun ki malere yo? Èske n ka di Kreyatè linivè a panse li gen yon dèt anvè yon senp moun ki aji avèk mizèrikòd e li wè yon aksyon konsa kòm yon dèt l ap peye lè l fè moun nan favè e lè l beni l? Wi, Pitit Bondye a te pwouve sa. — Li Lik 14:13, 14.

5. Ki kesyon nou pral egzamine kounye a?

5 Jewova te mande pwofèt Ezayi pou l pale pou li, li te fè l konnen jan l kontan lè l wè moun ki fidèl k ap patisipe nan reyalize objektif li (Eza. 6:8-10). Ezayi te byen kontan aksepte envitasyon sa a. Jodi a, menm jan ak pwofèt Ezayi, gen plizyè milye moun ki di: “Men mwen! Voye m!” Yo fè sa lè yo aksepte fè travay ki difisil yo ba yo nan sèvis Jewova a. Aktout sa, yon moun gendwa ap mande tèt li: ‘Èske efò mwen menm mwen fè vrèman enpòtan? Byenke Jewova fè m favè lè m kite m travay kòm volontè pou li, èske l pap fè nenpòt sa ki nesesè pou l reyalize Pawòl li kèlkeswa kantite bagay mwen chwazi fè nan sèvis li?’ Ann wè ki jan evènman ki te pase nan epòk Debora ak Barak yo bay repons pou kesyon sa yo.

LAPERÈZ TE ANVAYI YO, MEN, BONDYE TE BA YO FÒS

6. Ki diferans ki te genyen ant moun ki t ap viv nan bouk ann Izrayèl yo ak lame Jaben an?

6 Jaben, yon wa kananeyen, te fè 20 an ap “toupizi” Izrayelit yo. Moun ki t ap viv nan bouk ann Izrayèl yo te menm pè kite moun wè yo. Lè n konpare Izrayelit yo ak lame Jaben an, Izrayelit yo pa t gen bon ekipman, yo pa t gen ni zam pou yo atake ni ekipman pou yo defann yo, tandiske ènmi yo te gen 900 charyo pou fè lagè ki gen epe nan wou yo. — Jij 4:1-3, 13; 5:6-8.

7, 8. a) Ki enstriksyon Jewova te bay Barak okòmansman? b) Ki jan Izrayelit yo te pot laviktwa sou lame Jaben an? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

7 Sepandan, Jewova te sèvi ak Debora, yon dam ki te pwofèt, pou l te bay Barak lòd byen klè ki vin apre a: “Pran 10 000 gason nan tribi Neftali ak tribi Zabilon epi ale, mache al sou Mòn Tabò. M ap mennen Sisera, chèf lame Jaben an, ba ou ansanm ak charyo l genyen pou l fè lagè yo ak sòlda l yo nan Rivyè Kichon e m ap lage yo nan men w.” — Jij 4:4-7.

8 Pawòl la te gaye. Moun ki te volontè yo te rasanble sou Mòn Tabò. Barak te  suiv enstriksyon Jewova yo san pèdi tan. (Li Jij 4:14-16.) Pandan pi gwo batay la t ap fèt nan Tanak, gen yon gwo lapli ki tonbe bridsoukou e l fè zòn nan tounen yon marekaj. Barak te kouri dèyè lame Sisera a rive jis Awochèt, nan yon distans 24 kilomèt. Lè Sisera rive yon kote sou wout la, li abandone charyo ki te konn fè moun panike a e ki pa t itil li anyen nan moman an pou l kouri al Zaananim, petèt ki te toupre Kedès. Li t al pran refij nan tant Jayèl la, madanm Ebè, moun Kenit la, e Jayèl te byen akeyi l. Piske Sisera te fatige anpil nan batay la, dòmi t al avè l. Kounye a, Sisera pa t ka fè anyen lè Jayèl te met kouraj sou li pou l touye l (Jij 4:17-21). Se konsa yo te pot laviktwa sou ènmi pèp Izrayèl la *!

DE ATITID KI PA T MENM DITOU ANRAPÒ AK SÈVIS VOLONTÈ

9. Ki enfòmasyon Jij 5:20, 21 bay sou batay Izrayelit yo te fè ak Sisera a?

9 Nou dwe egzamine Jij chapit 4 ak chapit 5 lan ansanm paske chak chapit gen enfòmasyon ladan l ki pa nan lòt la. Pa egzanp, men sa nou li nan Jij 5:20, 21: “Zetwal yo te goumen pandan yo nan syèl la, yo te goumen ak Sisera pandan yo t ap suiv wout yo nan syèl la. Rivyè Kichon te ale avèk yo.” Èske sa vle di zanj yo te ede Izrayelit yo, oswa èske te gen wòch ki sot nan lespas ki te tonbe sou ènmi yo tankou lapli? Istwa a pa bay detay sou sa. Men, ki sa k te ka fè yon gwo lapli konsa tonbe kote sa a menm ak nan moman sa a menm jiskaske dlo ta kouvri 900 charyo pou fè lagè si se pa t Bondye ki t ap aji? Nan Jij 4:14, 15, pandan twa fwa yo fè konnen se Jewova ki te pot laviktwa. Pa gen youn nan 10 000 Izrayelit ki te volontè yo ki te ka vante tèt li kòmkwa se li menm ki te delivre pèp la.

10, 11. Ki sa “Mewoz” te ye e poukisa malediksyon te tonbe sou li?

10 Yon bagay ki dwòl sèke pandan Debora ak Barak ap chante yon chante pou louwe Jewova pou mirak li te fè pou yo pot laviktwa a, men sa yo te di nan mitan chante a: “Zanj Jewova a te di: ‘Malediksyon pou Mewoz. Malediksyon pou moun ki abite ladan l yo paske yo pa t vin ede Jewova. Yo pa t vin ak gason vanyan yo pou yo ede Jewova.’” — Jij 5:23.

11 Se sèten malediksyon yo te lage sou Mewoz la te tèlman rèd sa fè l difisil pou n di egzakteman ki sa Mewoz te ye. Èske se yon vil kote moun yo pa t ofri tèt yo kòm volontè lè yo te mande yo sa? Si l te sou wout Sisera lè l t ap chape a, èske moun ki t ap viv ladan l yo te gen posiblite kenbe misye men yo pa t fè sa? Ki jan yo te fè pa t konnen Jewova t ap chèche moun kòm volontè? Te gen dis mil moun ki te soti nan zòn yo a ki te rasanble pou batay sa a. Imajine moun Mewoz yo ki te wè sòlda san pitye sa a k ap kouri pase poukont li nan lari a e li te dezespere. Se t ap yon bèl okazyon pou yo reyalize objektif Jewova e pou yo jwenn benediksyon l. Epoutan, nan moman difisil sa a kote yo te gen chwa ant fè yon bagay ak pa fè anyen ditou, èske yo te chwazi pa fè anyen? Se pa t menm bagay ditou ak fason Jayèl te aji ak kouraj jan vèsè ki vin apre yo montre sa! — Jij 5:24-27.

12. Ki diferans ki gen nan atitid moun yo jan sa parèt nan Jij 5:9, 10, e ki efè sa ta dwe gen sou nou jodi a?

12 Nan Jij 5:9, 10, nou wè yon gwo diferans ant atitid moun ki te akonpaye Barak yo ak atitid moun ki pa t fè sa yo. Debora ak Barak te felisite “kòmandan  ann Izrayèl yo [...] ki te pote yo volontè ansanm ak pèp la”. Yo pa t menm ditou ak moun “ki [te] monte sou bourik ki gen koulè mawon yo” ki te panse yo twò enpòtan pou yo patisipe nan batay la, ni ak moun “ki [te] chita sou bèl kapèt yo” ki te renmen viv nan liks. Kontrèman ak moun ki t “ap mache sou wout” la ki te prefere sa k te fasil pou yo a, moun ki te akonpaye Barak yo te dispoze goumen sou mòn Tabò ki plen wòch ak nan vale Kichon ki te kouvri anba dlo. Tout moun ki t ap chèche plezi yo te jwenn ankourajman pou yo “reflechi” sou sa. Vrèmanvre, yo te bezwen medite sou posiblite sa a yo te genyen pou yo soutni objektif Jewova. Se menm bagay la tout moun jodi a ki pa bay tout fòs yo nan sèvis Bondye a ta dwe fè.

13. Nan ki sans moun ki te nan tribi Ribenn, Dann ak Achè yo pa t gen menm atitid ak moun ki te nan tribi Zabilon ak Neftali yo?

13 Moun ki te ofri tèt yo kòm volontè yo te temwen fason Jewova te montre se li ki Souvren an. Yo te gen yon bagay enpòtan yo te ka di lè “yo t ap rakonte aksyon Jewova te fè yo ki jis”. (Jij 5:11.) Yon lòt bò, Jij 5:15-17 atire atansyon sou tribi Ribenn, Dann ak Achè ki te bay bagay materyèl, tankou twoupo bèt, bato ak waf yo te genyen, plis enpòtans pase travay Jewova ki t ap fèt la. Sepandan, moun nan tribi Zabilon ak tribi Neftali “te riske lavi yo, wi, yo te ka mouri” pou yo soutni Debora ak Barak (Jij 5:18). De atitid sa yo ki pa t menm ditou anrapò ak sèvis volontè aprann nou yon leson ki enpòtan.

“SE POU NOU LOUWE JEWOVA!”

14. Jodi a, ki jan n ka montre n ap soutni dwa Jewova genyen pou l dirije a?

14 Jodi a, nou pap patisipe non yon gè fizik, men nou gen privilèj pou n montre nou gen kouraj lè n chofe nan travay predikasyon an. Òganizasyon Jewova a bezwen volontè pase tout lòt epòk. Plizyè milyon frè ak sè, granmoun kou timoun, ofri tèt yo kòm volontè pou yo travay nan divès fòm sèvis  aplentan, tankou pyonye, Betelit, volontè nan konstriksyon Sal Wayòm ak volontè nan asanble ak kongrè. Reflechi tou ak ansyen ki gen gwo responsablite nan Komite lyezon ospitalye ak nan òganizasyon kongrè yo. Nou mèt gen asirans Jewova bay dezi pou n sèvi kòm volontè a anpil valè e li pap bliye sa. — Ebre 6:10.

Anvan w pran yon desizyon, reflechi sou efè sa ap gen sou fanmi w ak kongregasyon an. (Gade paragraf 15.)

15. Ki jan n ka wè si n sispann enterese nan travay Jewova a?

15 L ap bon pou nou chak mande tèt nou: ‘Èske m kontante m kite lòt moun fè pifò travay la? Èske m kite twòp sousi pou bagay materyèl anpeche m ofri tèt mwen kòm volontè? Menm jan ak Barak, Debora, Jayèl ak 10 000 moun ki te ofri tèt yo kòm volontè yo, èske m gen lafwa ak kouraj pou m itilize nenpòt sa m genyen pou m obeyi kòmandman byen klè Jewova bay? Si m panse al viv nan yon lòt vil oubyen yon lòt peyi paske m ap chèche jwenn plis avantaj nan domèn ekonomik, èske m egzamine efè sa ka genyen sou fanmi m ak sou kongregasyon an nan lapriyè? *

16. Ki sa n ka bay Jewova li pa t gen deja?

16 Jewova ban nou anpil valè lè l pèmèt nou soutni dwa l genyen pou l dirije a. Piske okòmansman Dyab la te pran lèzòm sou plan pou l fè yo soutni dominasyon l lan, lè w pran pozisyon pou dominasyon Jewova a ou voye yon mesaj ki pisan e ki klè bay Satan. Jewova kontan wè jan lafwa w ak entegrite w pouse w ofri tèt ou kòm volontè (Pwo. 23:15, 16). Li sèvi ak sipò w bay la pou l reponn Satan k ap pwovoke l (Pwo. 27:11). Kidonk, lè w obeyi Jewova fidèlman, anfèt, ou bay Jewova yon bagay ki gen anpil valè nan je l, e sa fè l kontan anpil anpil.

17. Ki sa Jij 5:31 montre konsènan lavni?

17 Talè konsa, tè a pral plen ak moun ki prefere soutni dwa Jewova genyen pou l dirije a pase kèlkeswa lòt dominasyon an. Se pa ti tann n ap tann jou sa a! Menm jan ak Debora ak Barak, ann chante: “O Jewova, se konsa pou tout ènmi w yo peri. Men, se pou moun ki renmen w yo tankou solèy la ki klere lè l ap leve.” (Jij 5:31). Jewova ap reponn demann sa a nou fè l la lè l ap mete yon fen nan monn mechan Satan an! Lè lagè Amagedon kòmanse, li pap nesesè pou moun ofri tèt yo kòm volontè pou kouri dèyè ènmi. Se pral moman pou n “ret kanpe [e pou n] gade jan Jewova ap delivre nou”. (2 Kwo. 20:17.) Men, annatandan, nou gen yon pakèt okazyon pou n pran pozisyon pou Jewova avèk kouraj e avèk detèminasyon.

18. Ki efè sèvis volontè w ap fè a gen sou moun ki benefisye l yo?

18 “Pèp la te pote l volontè pou l batay. Se pou nou louwe Jewova!” Se konsa, nan kòmansman chante Debora ak Barak te fè a, yo pa t fè lwanj pou okenn kreyati, men yo te fè louwanj pou Sila a ki nan pi gwo pozisyon an (Jij 5:1, 2). Menm jan an tou jodi a, se pou dezi pou w sèvi kòm volontè a pouse tout moun ki benefisye l yo pou yo “louwe Jewova”!

^ § 8 N ap jwenn plis enfòmasyon sou istwa enteresan sa a nan atik ki gen tit “Mwen te vin tankou yon manman pou pèp Izrayèl la” ki te parèt nan Toudegad 1ye out 2015.

^ § 15 Gade atik ki gen tit “Enkyetid nou genyen akoz pwoblèm lajan” ki parèt nan Toudegad 1ye jiyè 2015.