“M ap fè moun konnen non Jewova [...], yon Bondye ki fidèl, ki pa janm fè enjistis.” — DET. 32:3, 4.

KANTIK: 110, 2

1, 2. a) Ki enjistis yo te fè Nabòt ak pitit gason l yo? b) Ki de kalite nou pral pale de yo nan atik sa a?

IMAJINE yon sitiyasyon kote yo akize yon mesye kòmkwa li fè yon krim ki merite lanmò. Fanmi l ak zanmi l te sezi wè jan yo te jije l e yo te kondane l akoz akizasyon yon seri fo temwen tout moun konnen kòm yon pakèt voryen te lage sou li. Moun ki renmen jistis yo santi sa fè yo mal anpil lè yo wè jan y ap touye inosan sa a ansanm ak pitit gason l yo. Istwa sa a se pa yon istwa moun envante. Se sa k te rive yon sèvitè fidèl Jewova ki te rele Nabòt ki t ap viv sou rèy Ahab, yon wa ann Izrayèl. — 1 Wa 21:11-13; 2 Wa 9:26.

2 Nan atik sa a, nou pap sèlman egzamine sa k te rive Nabòt la, men tou, n ap egzamine sa k te rive yon ansyen ki te fidèl nan kongregasyon kretyen nan premye syèk yo men ki te fè yon move jijman. Pandan n ap egzamine egzanp sa yo nan Bib la, nou pral aprann imilite enpòtan anpil si n vle montre nou wè kesyon jistis la jan Jewova wè l la. Mete sou sa, nou pral aprann lè moun dispoze padone lè yo wè gen enjistis k ap fèt nan kongregasyon an, sa ka  montre yo wè kesyon jistis la jan Jewova wè l la.

YO PASE JISTIS ANBA PYE

3, 4. Ki kalite moun Nabòt te ye, e poukisa l te refize vann wa Ahab jaden rezen l lan?

3 Nabòt te fidèl ak Jewova nan yon epòk kote pifò Izrayelit t ap suiv move egzanp wa Ahab ak madanm li, Jezabèl, yon rèn ki te mechan. Moun sa yo ki te konn adore Baal pa t gen okenn respè pou Jewova e yo pa t gen lanmou pou prensip li yo. Yon lòt bò, Nabòt te bay relasyon l ak Jewova plis valè lontan pase pwòp vi pa l.

4 Li 1 Wa 21:1-3. Lè Ahab te mande Nabòt pou l vann li jaden rezen l lan oswa pou l ba l yon pi bon jaden rezen nan plas li, Nabòt pa t dakò. Poukisa? Men sa l te esplike l avèk respè: “Mwen pa ka ba w eritaj zansèt mwen yo te kite pou mwen an paske Jewova entèdi sa.” Nabòt pa t dakò paske lwa Jewova te bay nasyon Izrayèl la te entèdi moun vann eritaj ki pou yon tribi pou toutan (Lev. 25:23; Nonb 36:7). Li klè, Nabòt te wè bagay yo menm jan ak Jewova.

5. Ki wòl Jezabèl te jwe nan lanmò Nabòt?

5 Malerezman, lefètke Nabòt pa t dakò vann jaden rezen l lan, sa te fè wa Ahab ak madanm li fè yon seri move zak. Pou Jezabèl te ka pran jaden rezen an pou mari l, li te manniganse yon fo akizasyon sou do Nabòt, sa ki te lakòz yo touye Nabòt ansanm ak pitit gason l yo. Ki jan Jewova t ap reyaji devan gwo enjistis sa a?

JIJMAN BONDYE A JIS

6, 7. Ki jan Jewova te montre li renmen jistis, e poukisa sa dwe te konsole fanmi ak zanmi Nabòt?

6 Byen vit, Jewova te voye Eli al pale ak Ahab. Se avèk rezon Eli te fè Ahab konnen li se yon asasen e l se yon vòlè. Ki santans Jewova te bay nan ka sa a? Ahab, madanm li ak pitit gason l yo t ap gen pou yo sibi menm sò Nabòt ak pitit gason l yo te sibi a. — 1 Wa 21:17-25.

7 Byenke fanmi ak zanmi Nabòt te tris akoz zak asasinay Ahab te lakòz yo, se sèten yo dwe te vin santi yo yon ti jan soulaje lè yo te aprann Jewova te okouran enjistis ki te fèt la e l te aji byen vit kont move zak sa a. Men, jan bagay yo te vin vire sanzatann te ka vin yon eprèv pou imilite moun sa yo ak konfyans yo te gen nan Jewova.

8. Ki jan Ahab te reyaji devan mesaj jijman Jewova a, e ki sa k te vin rive?

8 Lè Ahab tande jijman kondanasyon Jewova a, “li chire rad sou li, li met twal sak sou li, li ret san manje, li kouche ak twal sak la sou li. Mete sou sa, li te byen tris lè l t ap mache”. Ahab te imilye tèt li! Ki rezilta sa te bay? Jewova te di Eli: “Poutèt sa, mwen pap lage malè sa a sou li pandan l vivan an. M ap lage malè a sou fanmi l lè pitit gason l lan vin wa.” (1 Wa 21:27-29; 2 Wa 10:10, 11, 17). Jewova, Sila a ki “wè sa k nan kè moun” nan te fè Ahab mizèrikòd nan yon sèten sans. — Pwo. 17:3.

IMILITE SE YON PWOTEKSYON

9. Poukisa imilite te ka yon pwoteksyon pou fanmi ak zanmi Nabòt?

9 Ki efè desizyon sa a te gen sou moun ki te okouran krim terib Ahab te fè a? Lefètke sanble te vin gen yon chanjman, sa te ka yon eprèv pou lafwa fanmi ak zanmi Nabòt. Nan ka sa a, imilite t ap pwoteje yo, li t ap ankouraje yo kontinye ret fidèl nan adorasyon yo t ap bay Jewova toutpandan yo te gen konfyans  Bondye yo a pa kapab fè enjistis. (Li Detewonòm 32:3, 4.) Nabòt ak pitit gason l yo ansanm ak fanmi yo pral jwenn jistis yon fason ki pafè lè Jewova resisite moun ki jis yo (Jòb 14:14, 15; Jan 5:28, 29). Mete sou sa, yon moun ki gen imilite ap sonje “vrè Dye a ap jije tout aksyon moun fè, menm sa ki fèt an kachèt yo, pou l di si yo bon, si yo pa bon”. (Ekl. 12:14.) Li klè, lè Jewova ap fè jijman, li pran an konsiderasyon bagay nou pa konnen. Konsa, imilite pwoteje moun ki inosan yo pou malè pa rive yo nan domèn espirityèl.

10, 11. a) Ki sitiyasyon ki ka yon eprèv pou nou nan fason nou wè kesyon jistis la? b) Nan ki sans imilite ap pwoteje n?

10 Ki jan w ap reyaji si ansyen yo ta pran yon desizyon ou pa konprann oubyen petèt ou pa dakò avè l? Pa egzanp, ki sa w ap fè si ou menm oswa yon moun pa w ta pèdi yon privilèj li te renmen anpil nan sèvis la? E si moun ou marye avè l la, pitit gason w oswa pitit fi w, oubyen yon bon zanmi w ta vin eskominye e w pa dakò ak desizyon sa a? E si w kwè ansyen yo te fè erè lè yo te fè yon moun ki peche mizèrikòd? Sitiyasyon sa yo kapab yon eprèv pou lafwa nou nan  Jewova ak nan dispozisyon li pran nan òganizasyon l lan. Si w ta devan yon eprèv konsa, ki jan imilite ap pwoteje w? Ann egzamine de fason li ka fè sa.

Ki jan w ap reyaji si ansyen yo ta anonse yon desizyon yo pran ou pa dakò avè l? (Gade paragraf 10, 11.)

11 Premyèman, imilite ap pouse n rekonèt nou pa gen tout detay yo. Kèlkeswa kantite enfòmasyon nou genyen sou yon sitiyasyon, se sèlman Jewova ki ka li sa k nan kè yon moun (1 Sam. 16:7). Lefètke nou konnen verite sa a moun pa ka konteste, sa ap pouse n gen imilite, pou n rekonèt limit nou, e pou n chanje fason nou wè bagay yo. Dezyèmman, imilite ap ede n soumèt nou e l ap ede n gen pasyans toutpandan n ap tann Jewova repare kèlkeswa enjistis ki te fèt toutbon. Nan sans sa a, men sa yon moun ki saj te ekri: “Sa ap mache byen pou moun ki gen lakrentif pou vrè Dye a [...]. Men, sa pap fini byen pou mechan yo e yo pap ka ogmante kantite jou y ap viv la.” (Ekl. 8:12, 13). Vrèmanvre, lè n aji ak imilite, sa pwofitab ni pou nou menm ni pou lòt moun. — Li 1 Pyè 5:5.

YON AKSYON IPOKRIT

12. Ki istwa ki nan Bib la nou pral egzamine kounye a, e poukisa?

12 Nan premye syèk la, kretyen ki t ap viv Antyòch ki nan Siri a te devan yon sitiyasyon ki te yon eprèv nonsèlman pou imilite yo, men tou, pou dispozisyon yo te genyen pou yo padone. Ann egzamine istwa sa a pou n wè ki jan l ap ede n egzamine fason nou wè kesyon padone a e ki jan l ap ede n pi byen konprann lè n padone sa montre nou wè kesyon jistis la jan Jewova wè l la.

13, 14. Ki divès privilèj apot Pyè te genyen, e ki jan l te montre li gen kouraj?

13 Apot Pyè te yon ansyen moun te byen konnen nan kongregasyon an. Li te yon zanmi pwòch Jezi e Jezi te ba l gwo responsablite (Mat. 16:19). Pa egzanp, nan ane 36 epòk nou an, Pyè te gen privilèj preche Kònèy ak moun lakay Kònèy bon nouvèl la. Evènman sa a te enpòtan anpil piske Kònèy te yon moun lòt nasyon ki pa t sikonsi. Lè Kònèy ak moun lakay li te resevwa lespri sen, men sa Pyè te rekonèt: “Èske yon moun ka anpeche moun sa yo batize nan dlo, yo menm ki resevwa lespri sen menm jan avèk nou?” — Tra. 10:47.

14 Nan ane 49 epòk nou an, apot yo ak ansyen nan Jerizalèm yo te reyini pou yo konnen si moun lòt nasyon ki vin kretyen yo oblije sikonsi. Pandan reyinyon sa a, Pyè te pale avèk kouraj, li te fè frè yo sonje, kèk ane anvan sa, gen moun nan nasyon yo ki pa t sikonsi ki te resevwa lespri sen kòm kado. Temwayaj Pyè te bay sou sa l te wè ak pwòp je l la te vrèman ede kolèj santral nan premye syèk la pran yon desizyon (Tra. 15:6-11, 13, 14, 28, 29). Sanble ni kretyen ki te Juif yo ni kretyen ki moun lòt nasyon yo te vrèman kontan lefètke Pyè pa t pè di bagay yo jan yo te pase a. Sa dwe te fasil pou yon moun te fè gason sa a ki te gen matirite nan domèn espirityèl konfyans! — Ebre 13:7.

15. Ki erè Pyè te fè pandan l te nan Antyòch ki nan Siri a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

15 Yon ti tan apre reyinyon ki te fèt nan ane 49 epòk nou an, Pyè te vizite Antyòch ki nan Siri a. Pandan l lòtbò a, li te byen kontan pase tan ak frè l yo ki te moun lòt nasyon. Pa gen dout nan sa, yo te byen pwofite konesans Pyè ak eksperyans li. Donk, nou ka imajine jan yo te sezi e jan sa te fè yo mal lè Pyè te sispann manje ansanm avèk yo bridsoukou. Gen lòt moun nan kongregasyon  an ki te Juif ki te suiv move egzanp Pyè a, menm Banabas te suiv li tou. Ki sa k te pouse yon ansyen ki te gen matirite fè yon erè konsa, yon erè ki ta ka simen divizyon nan kongregasyon an? Sa k pi enpòtan an, ki sa n ka aprann nan erè Pyè te fè a ki kapab ede n si pawòl oswa aksyon yon ansyen ta blese nou?

16. Ki koreksyon apot Pyè te resevwa, e ki kesyon sa soulve?

16 Li Galat 2:11-14. Pyè te pran nan pyèj paske l te gen krent pou lòm (Pwo. 29:25). Byenke Pyè te byen konnen sa Jewova panse sou kesyon sa a, Pyè te pè pou Juif ki sikonsi yo ki te nan kongregasyon Jerizalèm nan pa t wè l mal. Apot Pòl, ki te la tou nan reyinyon ki te fèt Jerizalèm nan ane 49 epòk nou an, te reprimande Pyè pandan l Antyòch e l te fè l wè li te nan ipokrizi (Tra. 15:12; Gal. 2:13, nòt). Ki jan kretyen ki te moun lòt nasyon ki te santi sa apot Pyè te fè a te fè yo mal t apral reyaji devan enjistis sa a? Èske yo t ap kite sa fè yo bite? Èske apot Pyè t ap pèdi tout bèl privilèj li te genyen akoz erè li te fè a?

SE POU N APRANN PADONE

17. Ki jan Pyè te rive jwenn padon Jewova?

17 Pa gen dout, Pyè te aksepte koreksyon Pòl te ba l la avèk imilite. Pa gen okenn kote nan Bib la ki montre li te pèdi privilèj li te genyen yo. An reyalite, kèk tan apre, Bondye te sèvi ak lespri sen l pou l te pouse Pyè ekri de lèt ki te vin fè pati Bib la. Sa enteresan pou n wè, nan dezyèm lèt Pyè te ekri a, Pyè te pale de Pòl antanke “frè byenneme nou an”. (2 Pyè 3:15.) Malgre erè Pyè te fè a te ka fè moun nan kongregasyon an ki te sot nan lòt nasyon yo mal, Jezi, ki alatèt kongregasyon an, te kontinye itilize Pyè (Efe. 1:22). Konsa, moun nan kongregasyon an te gen posiblite imite Jezi ak Papa l lè yo te aprann padone. Nou espere pèsonn pa t kite erè yon gason ki enpafè fè l bite.

18. Nan ki sitiyasyon nou ka bezwen imite jistis Jewova?

18 Menm jan sa te ye nan premye syèk la, jodi a, pa gen okenn ansyen ki pafè nan kongregasyon an paske “nou tout nou fè erè tanzantan”. (Jak 3:2, nòt.) Petèt, nou aksepte verite sa a san pwoblèm, men, sa ka yon eprèv lè enpèfeksyon yon frè gen efè sou nou. Nan yon ka konsa, èske n ap imite jistis Jewova? Pa egzanp, ki jan w ap reyaji si yon ansyen fè yon remak ki ta montre li gen ti prejije lakay li? Si yon ansyen di yon pawòl san reflechi e sa fè w fache oubyen sa fè w mal, èske w ap kite sa fè w bite? Olye w kouri panse frè sa a pa kalifye pou l sèvi kòm ansyen ankò, èske w ap gen pasyans pou w tann Jezi, chèf kongregasyon an, ranje sa? Èske w ap fè efò pou w wè pi lwen pase sa, petèt lè w reflechi ak pakèt ane frè a genyen depi l ap sèvi Bondye fidèlman? Si yon frè ki peche kont ou ta kontinye sèvi kòm ansyen oubyen li ta menm jwenn lòt privilèj, èske w ap rejwi avè l? Lè w dispoze padone, sa ka montre aklè w ap imite jistis Jewova. — Li Matye 6:14, 15.

19. Ki detèminasyon nou ta dwe pran?

19 Moun ki renmen jistis yo ap tann avèk enpasyans jou Jewova pral elimine tout enjistis Satan ak sistèm mechan l lan fè moun (Eza. 65:17). Annatandan jou sa a rive, se pou nou chak pran detèminasyon pou n imite jistis Jewova lè n rekonèt limit nou avèk imilite e lè n padone moun ki peche kont nou ak tout kè nou.