Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Wayòm Bondye a ap dirije!

 CHAPIT 2

Wayòm nan tabli nan syèl la

Wayòm nan tabli nan syèl la

IDE KLE CHAPIT LA

Fason Bondye te prepare pèp li a pou Wayòm nan ki t apral tabli nan syèl la.

1, 2. Ki pi gwo evènman ki te fèt nan listwa limanite, e poukisa nou pa sezi dèske lèzòm pa t wè lè gwo evènman sa a t ap fèt?

ÈSKE W pa janm konn mande tèt ou kòman bagay yo te gendwa ye si w t ap viv pandan kèk gwo evènman ki te chanje listwa? Gen anpil moun ki reflechi ak sa. Men, mande tèt ou: Si w t ap viv nan yon epòk konsa, èske w t ap ka wè evènman ki pi enpòtan yo ki te lakòz gwo chanjman? Petèt, ou pa t ap wè yo. Rezon an se paske, byen souvan, evènman yo rakonte nan listwa ki konn lakòz anpil ansyen gouvènman tonbe, se evènman ki pa t fèt anba je tout moun. Nan yon sans, pifò evènman ki te rive nan listwa se evènman yo te planifye an sekrè nan yon chanm, kit se te yon chanm nan yon palè, kit se te yon chanm konferans oswa yon biwo gouvènman. Malgre se konsa sa ye, chanjman sa yo konn gen efè sou plizyè milyon moun.

2 Ki sa n ka di pou pi gwo evènman ki te fèt la e ki te chanje listwa limanite? Evènman sa a te gen efè sou lavi plizyè milyon moun. Sepandan, li pa t fèt anba je lèzòm. Nòmalman, n ap pale konsènan moman Bondye t ap tabli Wayòm li an nan syèl la, anpalan de Wayòm Mesi a Li te pwomèt depi lontan an, yon Wayòm ki pral detwi sistèm mechan sa a talè konsa. (Li Dànyèl 2:34, 35, 44, 45.) Etandone lèzòm pa t wè lè gwo evènman sa a t ap fèt, èske nou kapab di Jewova pa t vle lèzòm konnen evènman sa a? Oubyen, olye de sa, èske li te prepare pèp li a byen lontan alavans pou evènman sa a? Ann gade pou n wè.

“Mesaje mwen an [...] gen pou l louvri chemen an devan m”

3-5. a) Kiyès ki “mesaje alyans” yo pale de li nan Malaki 3:1 an? b) Ki sa k t ap rive anvan “mesaje alyans” lan vin nan tanp lan?

3 Depi nan tan lontan, Jewova te gen objektif pou l prepare pèp li a pou Wayòm Mesi a ki t apral tabli a. Pa egzanp, ann egzamine pwofesi nou jwenn nan Malaki 3:1 an ki di: “Gade! Mwen voye mesaje mwen an, epi li gen pou l louvri chemen an devan m. E toudenkou, [vrè] Seyè a ap vin nan tanp li a, li menm n ap chèche a, ak mesaje alyans nou pran plezi nan li a.”

4 Nan epòk nou an, ki lè Jewova, “[vrè] Seyè a”, t ap vin enspekte moun k ap sèvi l nan lakou tanp espirityèl la ki sou tè a? Selon pwofesi a, Jewova t ap vini ak “mesaje alyans” lan. Kiyès ki mesaje alyans lan? Se pa lòt moun, se Jezi Kris, Wa Bondye  chwazi a (Lik 1:68-73)! Antanke moun Bondye te fèk mete kòm Dirijan, Jezi Kris t ap vin enspekte kondisyon pèp Bondye a sou tè a epi l t ap pirifye yo. — 1 Pyè 4:17.

5 Men, kiyès ki lòt mesaje a, anpalan de premye mesaje yo pale de li nan Malaki 3:1 an? Moun sa a pwofesi a pale de li a t ap gen pou l parèt anvan prezans Wa Bondye chwazi a. Plizyè dizèn ane anvan 1914, èske gen yon moun ki te “louvri chemen an” devan Wa Bondye chwazi a?

6. Ki moun ki te aji tankou “mesaje” yo te anonse ki t ap vin anvan an pou l prepare pèp Bondye a pou evènman ki t apral vini yo?

6 Toutpandan n ap egzamine liv sa a, nou pral jwenn repons pou kèk kesyon konsa ki gen rapò ak bèl istwa pèp Jewova a nan epòk nou an. Istwa sa a montre nan fen 19yèm syèk la, te gen sèlman yon ti gwoup moun ki t ap sèvi Jewova fidèlman ki te parèt antanke vrè kretyen nan mitan yon bann ak yon pakèt moun ki swadizan di yo se kretyen. Yo te rele gwoup sa a Etidyan Labib. Charles T. Russell ansanm ak moun ki te travay kòtakòt avè l yo te pran latèt pami Etidyan Labib sa yo, e yo te aji tankou “mesaje” yo te anonse a. Yo te bay pèp Bondye a direksyon nan domèn espirityèl, e yo te prepare yo pou evènman ki t ap vini yo. Ann egzamine kat fason “mesaje” a te fè sa.

Yo t ap adore Bondye ak laverite

7, 8. a) Pandan ane 1800 yo, ki moun ki te kòmanse demanti fo ansèyman ki fè konprann nanm nan pa ka mouri a? b) Ki lòt ansèyman Charles T. Russell ansanm ak moun ki te travay kòtakòt avè l yo pa t pè demanti?

7 Etidyan Labib sa yo te konte sou Bondye pou ede yo byen konprann Bib la, yo te ekri sou sa yo te dakò yo, epi yo te pibliye verite ki klè sou yon seri doktrin. Pandan plizyè syèk, tout Lakretyente te plonje nan yon fènwa espirityèl pwès, anpil nan sa yo t ap anseye yo te soti nan relijyon payen. Yon gwo egzanp ki montre sa se ansèyman ki fè konnen nanm nan pa ka mouri a. Men, pandan ane 1800 yo, gen kèk moun ki te pran san yo pou yo etidye Bib la, yo te byen egzamine ansèyman sa a, e yo te wè sa Lakretyente t ap anseye a te depaman ak sa k nan Pawòl Bondye a. Henry Grew, George Stetson ak George Storrs pa t pè pou yo te ni ekri ni bay diskou ki montre byen klè ansèyman sa a Lakretyente t ap simaye a se te yon manti ki soti nan Satan *. Kòm rezilta, travay yo te fè a te gen gwo enfliyans sou Charles T. Russell ansanm ak moun ki te travay kòtakòt avè l yo.

8 Ti gwoup Etidyan Labib sa a te rann yo kont lòt ansèyman ki gen rapò ak ansèyman ki fè konnen nanm nan pa ka mouri a pa t klè e se te manti yo te ye. Pa egzanp, kèk nan manti sa yo se ansèyman ki fè konprann tout moun ki bon yo pral nan syèl epi Bondye ap toumante nanm mechan yo, yo panse ki pa ka mouri, nan yon dife lanfè pou toutan. Russell ansanm ak moun ki te travay kòtakòt avè l yo pa t pè demanti ansèyman sa yo. Pou yo te fè sa, yo te ekri plizyè atik, liv, bwochi ak feyè e yo te pibliye plizyè diskou.

9. Kòman Toudegad Siyon an te montre doktrin Trinite a se yon manti?

9 Etidyan Labib yo te fè menm bagay la lè yo te demanti doktrin Trinite a, yon doktrin anpil moun kwè ladan l. Men sa  Toudegad Siyon an (anglè) ki te parèt nan ane 1887 fè konnen: “Ekriti yo montre aklè Jewova ak Seyè nou an Jezi se de moun diferan, e li montre ki relasyon ki genyen ant yo de a.” Apre sa, atik la te ajoute jan se yon bagay ki fè moun sezi “lefètke moun yo te aksepte ide ki fè kwè gen twa dye nan yon sèl pèsonn e anmenmtan se yon sèl dye ki an twa pèsonn, e yo dakò avè l. Men, reyalite a sèke moun yo kwè nan sa vre. Sa montre jis nan ki pwen Legliz te nan yon fon somèy pandan ènmi an te mare l ak chenn manti.”

10. Ki fason Toudegad te montre ane 1914 la se yon ane ki enpòtan?

10 Jan tout tit Toudegad Siyon an ak mesaje prezans Kris la (anglè) montre sa, sa k te pi enpòtan pou jounal la se te pwofesi ki gen rapò ak prezans Kris la. Moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki fidèl ki t ap ekri jounal sa a te rann yo kont pwofesi Dànyèl te bay konsènan “sèt tan” an te gen yon rapò ak lè Bondye t ap gen pou l reyalize objektif li konsènan Wayòm Mesi a. Byen bonè nan ane 1870 yo, yo te fè konnen se t ap nan ane 1914 sèt tan yo t ap rive nan bout yo (Dàn. 4:25; Lik 21:24). Byenke frè nou yo nan epòk sa a pa t byen konprann tout enpòtans ane sa  a te genyen, yo te simaye sa yo te konnen yo, e depi lè sa a, sa kontinye gen gwo efè sou moun k ap koute yo.

11, 12. a) Ki moun frè Russell te fè konnen ki te fè l jwenn sa l t ap anseye yo? b) Ki enpòtans travay Russell ansanm ak moun ki te avè l yo te fè plizyè dizèn ane anvan ane 1914 la te genyen?

11 Ni frè Russell ni moun fidèl ki te avè l yo pa t di se yo menm ki te dekouvri gwo verite espirityèl sa yo, ni yo pa t di se yo sèlman ki te byen konprann verite sa yo. Russell te pale anpil de moun ki te dekouvri kèk nan verite sa yo anvan l yo. Pou kòmanse, Russell te fè konnen se grasa Jewova Dye, pèp Bondye a te jwenn ansèyman yo bezwen konnen an nan moman yo dwe konnen l lan. Li klè, Jewova te beni efò Russell ak moun ki te avè l yo te fè pou yo te pran san yo pou yo triye laverite pami anpil manti. Pandan ane yo t ap pase, Etidyan Labib yo te parèt plis apa e yo pa t sanble ditou ak Lakretyente.

Frè Russell ak moun ki te travay kòtakòt avè l yo te soutni verite ki nan Bib la.

12 Nou pa bezwen mande jan travay gason fidèl sa yo te fè a te bèl, yo menm ki te fè moun konnen laverite sou plizyè doktrin pandan plizyè dizèn ane anvan 1914! Men sa Toudegad ak mesaje prezans Kris la (anglè) 1ye novanm 1917 la te fè konnen konsènan ane sa yo: “Jodi a, plizyè milyon moun santi yo libere anba laperèz yo te genyen akoz sa yo te aprann sou lanfè dife ak lòt fo doktrin. [...] Pandan plis pase karant an y ap fè moun konnen verite a ki tankou yon gwo vag lanmè. Vag sa a ap kontinye vin pi gwo jiskaske l plen tout tè a. Lè moun ki opoze ak verite ki nan Bib la eseye anpeche laverite gaye toupatou sou tè a, yo sanble ak moun k ap bale gwo vag lanmè yo ak yon ti bale.”

13, 14. a) Ki fason “mesaje” a te prepare chemen an pou Wa Bondye chwazi a? b) Ki sa nou ka aprann nan egzanp frè nou yo ki t ap viv sa gen plis pase 100 an?

13 Fè yon ti reflechi: Si moun yo pa t ka fè diferans ant Jezi ak Jewova, Papa l, èske yo t ap pare pou lè prezans Kris la t ap kòmanse a? Se sèten, yo pa t ap pare! Pa gen moun ki t ap pare tou si yo te kwè imòtalite se yon bagay tout moun ap jwenn san grate tèt, e si yo pa t kwè imòtalite se yon kokenn kado Bondye bay yon ti kantite nan disip k ap suiv Kris yo pye pou pye. Yo pa t ap pare tou si yo te kwè Bondye te konn boule moun nan dife lanfè pou toutan, san moun sa yo pa gen okenn espwa. Li klè, “mesaje” a te byen louvri chemen an pou Wa Bondye chwazi a.

14 Ki sa nou ka di pou nou jodi a? Ki sa nou ka aprann nan egzanp frè nou yo ki t ap viv sa gen plis pase 100 an? Nou menm tou, nou dwe se moun ki renmen li e ki renmen etidye Pawòl Bondye a (Jan 17:3). Toutpandan monn materyalis sa a ap vin pi mèg toujou nan yon sans espirityèl, se pou nou vin pi anvi manje manje espirityèl yo. — Li 1 Timote 4:15.

“Sot ladan l, pèp mwen”

15. Ki sa Etidyan Labib yo te vin rann yo kont tikras pa tikras? (Gade nòt anba paj la tou.)

15 Etidyan Labib yo te fè konnen li te nesesè pou yo te separe ak Legliz ki nan monn nan. Nan ane 1879, Toudegad te pale konsènan “legliz Babilòn”. Èske yo t ap pale de Pap la? Èske yo t ap pale konsènan Legliz katolik women an? Pandan plizyè syèk, Legliz potestan yo te fè konnen Babilòn yo pale de  li nan pwofesi ki nan Bib la te reprezante Legliz katolik. Sepandan, tikras pa tikras Etidyan Labib yo te vin rann yo kont se tout legliz ki fè pati Lakretyente yo ki se “Babilòn” nan epòk nou an. Poukisa? Se paske yo tout t ap anseye yon seri manti tankou sa nou te pale de yo pi wo a *. Pi devan, piblikasyon nou yo te vin ede moun sensè ki fè pati legliz Babilòn yo wè aklè ki sa yo dwe fè.

16, 17. a) Ki jan liv Kòmansman Milenè a, volim 3 a ansanm ak Toudegad te ankouraje moun yo pou yo separe ak fo relijyon? b) Ki sa k te anpeche avètisman sa yo sonnen byen fò anvan sa? (Gade nòt anba paj la.)

16 Pa egzanp, nan ane 1891, Kòmansman Milenè a (anglè), volim 3 a te fè konnen Bondye te rejte Babilòn nan epòk nou an. Men sa liv la te di: ‘Bondye rejte tout legliz ki fè pati Lakretyente yo.’ Anplis de sa, liv la te fè konnen: “Tout moun ki pa dakò ak fo doktrin ansanm ak vye pratik li yo [legliz Lakretyente] dwe separe avè l kounye a.”

17 Nan mwa janvye 1900, Toudegad te bay tout moun ki te kite non yo sou lis legliz Lakretyente yo e ki t ap di “mwen atache nèt ak laverite, e mwen prèske pa janm al asiste lòt reyinyon”, bonjan konsèy sou sa yo dwe fè. Men kesyon yo te poze nan atik la: “Èske sa bon pou yon moun gen yon pye deyò yon pye anndan Babilòn? Èske se sa Bondye vle nou fè... e èske sa fè Bondye kontan? Non. Li [anpalan de yon moun ki fè pati legliz la] te fè yon kontra ak legliz la lè l te deside mache nan legliz sa a, e li dwe ret fidèl ak kontra li te fè a jiskaske l [...] fè tout moun konnen li pap mache nan legliz la ankò oswa l mande yo retire non l nan lis legliz la.” Pandan ane yo t ap pase, mesaj sa a te vin sonnen pi fò *. Sèvitè Jewova yo dwe koupe tout kontak ak fo relijyon.

18. Ki sa k fè l te enpòtan pou moun yo soti nan “Gran Babilòn nan”?

18 Si yo pa t konn bay moun yo avètisman detanzantan pou yo soti nan “Gran Babilòn nan”, èske Kris, antanke nouvo Wa Bondye tabli a, t ap jwenn yon pèp ki prepare k ap tann li, anpalan de moun Bondye chwazi pou al nan syèl la? Se sèten li pa t ap jwenn pèp sa a, piske se sèlman kretyen ki te soti anba grif Gran Babilòn nan ki t ap ka sèvi Jewova “avèk lespri ak laverite”. (Jan 4:24.) Menm jan an tou, èske nou detèmine jodi a pou nou soti nan fo relijyon? Annou kontinye obeyi kòmandman sa a ki di: “Sot ladan l, pèp mwen.” — Li Revelasyon 18:4.

Yo reyini pou yo adore Bondye

19, 20. Kòman Toudegad te ankouraje pèp Bondye a pou yo rasanble ansanm pou yo adore Jewova?

19 Etidyan Labib yo te fè konnen, depi sa posib, kwayan parèy yo ta dwe rasanble ansanm pou adore Jewova nenpòt kote yo jwenn. Vrè kretyen yo pa dwe sèlman kite fo relijyon, men, li enpòtan tou pou yo vin fè pati vrè adorasyon an. Depi nan premye atik yo ki te soti nan Toudegad, yo te ankouraje lektè yo pou yo rasanble ansanm pou yo adore Jewova. Pa egzanp, nan mwa jiyè 1880, frè Russell te bay yon rapò sou yon seri diskou li te bay tout kote l te pase, e li te montre jan l te ankouraje plizyè moun ki te reyini pou koute diskou sa yo. Annapre, li te ankouraje lektè yo pou yo voye yon kat ki montre pwogrè yo te fè.  Yo te pibliye kèk nan kat sa yo nan jounal la. Nan ki objektif yo te fè sa? Men sa yo te fè konnen: “Pou nou konnen [...] fason Seyè a beni nou; pou nou konnen si n kontinye reyini ak moun ki gen menm lafwa avè nou.”

Charles Russell ansanm ak yon gwoup moun pami premye Etidyan Labib yo nan vil Kopennag, nan peyi Dànmak nan ane 1909.

20 Nan ane 1882, gen yon atik ki gen tit “Reyini ansanm” ki te parèt nan Toudegad. Atik la te ankouraje kretyen yo pou yo reyini ansanm “pou youn ka jwenn enstriksyon ak ankourajman nan men lòt e pou youn fòtifye lòt”. Men sa atik la te di: “Sa pa enpòtan si gen moun pami nou ki fè gwo klas oswa ki gen anpil talan. Otan sa posib, chak moun dwe vin ak Bib, papye ak kreyon, e yo dwe sèvi ak plizyè liv ki ka ede yo fè rechèch, pa egzanp yon Konkòdans [...]. Chwazi yon sijè, mande [Bondye] lespri sen [pou l] ede w konprann sijè a, epi li, reflechi, konpare vèsè ak vèsè, se sèten w ap rive jwenn verite a.”

21. Ki egzanp kongregasyon ki te nan Allegheny Pennsilvani an te kite konsènan enpòtans pou nou reyini epi ankouraje moun?

21 Etidyan Labib yo te gen syèj yo nan Allegheny Pennsilvani, Ozetazini. Nan syèj yo a, yo te bay bon egzanp lefètke yo te konn reyini ansanm yon fason pou yo obeyi pawòl nou jwenn nan Ebre 10:24, 25 yo. (Li vèsè yo.) Plizyè ane annapre, gen yon frè  aje ki rele Charles Capen ki sonje moman kote li te konn asiste reyinyon sa yo lè l te timoun. Men sa l te ekri: “Mwen toujou sonje vèsè ki te make sou mi sal asanble Sosyete a [ki di:] ‘Nou gen yon sèl Mèt, Kris li menm, e nou tout se frè.’ Vèsè sa a toujou fè m sonje pa gen okenn distenksyon ant chèf relijye ak fidèl nan mitan pèp Jewova a.” ​(Mat. 23:8). Anplis de sa, frè Capen sonje bèl reyinyon li te konn asiste, ankourajman li te konn jwenn ansanm ak gwo efò frè Russell te konn fè pou l ankouraje chak moun nan kongregasyon an.

22. Ki jan kretyen fidèl yo te reyaji devan ankourajman yo te jwenn pou yo asiste reyinyon yo, e ki leson nou ka aprann nan egzanp yo?

22 Moun fidèl yo te byen suiv egzanp sa a e yo te suiv enstriksyon yo te jwenn yo. Yo te vin fòme kongregasyon nan kèk lòt eta, tankou Owayo ak Michigan, epi annapre, nan tout kontinan Nò ameriken an ak nan lòt peyi ankò. Ann fè yon ti reflechi: Si moun fidèl yo pa t jwenn fòmasyon pou yo obeyi konsèy nou jwenn nan Bib la ki mande pou nou reyini ansanm pou nou adore Jewova a, èske yo t ap pare toutbon pou prezans Kris la? Se sèten yo pa t ap pare! Ki sa nou ka di konsènan nou menm jodi a? Nou dwe pran detèminasyon pou nou toujou asiste reyinyon yo. Konsa, n ap pwofite tout okazyon nou jwenn pou n adore Jewova ansanm epi pou n ede youn lòt vin pi djanm nan domèn espirityèl.

Yo te zele pou yo preche

23. Ki jan Toudegad te fè konnen yon fason klè tout moun Bondye chwazi pou al nan syèl dwe se moun k ap preche verite a?

23 Etidyan Labib yo te fè konnen tout moun Bondye chwazi pou al nan syèl dwe se moun k ap preche verite a. Men sa Toudegad te di nan ane 1885: ‘Nou pa dwe bliye chak moun ki fè  pati moun Bondye chwazi pou al nan syèl se yon moun Bondye chwazi pou preche (Iza. 61:1). Bondye mande l pou l preche.’ Men sa yon atik ki te parèt nan ane 1888 te di: ‘Misyon nou genyen an klè. [...] Si nou fèmen je nou sou travay sa a, epi n ap pran lèz kò nou, n ap montre nou se sèvitè ki parese, n ap montre nou pa merite kokenn privilèj nou genyen an.’

24, 25. a) Ki jan Russell ak moun ki t ap travay kòtakòt avè l yo te fè plis pase annik ankouraje moun yo pou yo preche? b) Ki jan yon kòlpòtè te pale de travay li te konn fè nan epòk kote “potko gen machin”?

24 Frè Russell ansanm ak moun ki te travay kòtakòt avè l yo te fè plis pase annik ankouraje moun yo pou yo preche. Yo te kòmanse pibliye yon seri feyè ki rele Feyè Etidyan Labib yo (anglè). Yo te vin rele feyè sa yo Ansyen teyoloji trimès la (anglè). Lektè Toudegad yo te resevwa feyè sa yo pou yo bay moun gratis.

Li bon pou nou mande tèt nou: ‘Èske travay predikasyon an se travay ki pi enpòtan nan lavi m?’

25 Yo te rele moun ki te bay tout yo menm nan sèvis aplentan yo kòlpòtè. Charles Capen, nou te pale de li pi wo a, te pami moun sa yo. Men sa li te sonje: “Mwen te sèvi ak kat gouvènman Etazini an (U. S. Geological Survey) te fè yo pou ede m preche tout tèritwa mwen te gen nan Pennsilvani an. Kat sa yo te montre kote tout wout yo te ye. Konsa, li te posib pou m mache apye pou m al nan tout zòn yo, nan tout komin yo. Pafwa, apre m te fin fè twa jou ap vwayaje nan tout peyi a pou m pran kòmann pou liv Etid Ekriti yo (anglè), mwen te konn lwe yon cheval ak yon charyo pou m te ka pote liv pou moun yo. Souvan, mwen te konn fè yon ti kanpe epi m te konn pase nuit lan lakay moun ki te konn travay tè yo. Lè sa a potko gen machin.”

Yon kòlpòtè. Gade “Tablo epòk yo” ki sou kote charyo a.

26. a) Poukisa pèp Bondye a te dwe patisipe nan travay predikasyon an yon fason pou yo te prepare yo pou moman Kris t apral dirije a? b) Bay kèk kesyon l ap bon pou nou poze tèt nou.

26 Se sèten, efò frè yo te fè pou yo te rive preche a te mande pou yo gen anpil kouraj ak anpil zèl. Èske vrè kretyen yo t ap ka pare pou moman Kris t apral dirije a si yo pa t fè yo wè enpòtans travay predikasyon an genyen? Se sèten yo pa t ap pare! Anfèt, travay predikasyon an t apral vin tounen youn nan siy ki montre aklè Kris prezan (Mat. 24:14). Pèp Bondye a te pare pou yo fè travay sa a k ap sove lavi moun nan tounen travay ki pi enpòtan nan lavi yo. Jodi a, l ap bon pou nou mande tèt nou: ‘Èske travay predikasyon an se travay ki pi enpòtan nan lavi m? Èske m fè sakrifis pou m patisipe afon nan travay sa a?’

Wayòm Bondye a tabli!

27, 28. Ki sa apot Jan te wè nan yon vizyon, e ki jan Satan ak demon l yo te reyaji lè Bondye te tabli Wayòm li an?

27 Finalman, ane 1914 la, yon ane ki gen anpil enpòtans, te resi rive! Jan nou te di sa nan kòmansman chapit sa a, pa gen okenn moun ki te ka wè gwo evènman ki t ap pase nan syèl la ak de je yo. Sepandan, Bondye te bay apot Jan yon vizyon ki te montre bagay yo yon fason senbolik. Fè yon ti reflechi: Jan te wè “yon siy estrawòdinè” nan syèl la. Madanm oswa “fi” Bondye a, sa vle di òganizasyon Bondye a ki nan syèl la ki fòme ak kreyati espirityèl yo, te ansent e li te fè yon tigason. Yo fè n konnen tigason senbolik sa a, t ap gen pou l “dirije tout nasyon yo avèk yon baton fè”. Sepandan, lè tigason sa a fèt, yo te mennen l “bò kot Bondye e bò kot twòn Bondye a”. Te gen yon vwa ki soti  nan syèl la ki di byen fò: “Kounye a, delivrans Bondye nou an bay la rive, pisans li pote laviktwa, wayòm li an tabli, e Kris li a kòmanse egzèse otorite l.” — Rev. 12:1, 5, 10.

28 Pa gen dout nan sa, nan vizyon sa a, apot Jan te wè lè Bondye t ap tabli Wayòm Mesi a. Se sèten, evènman sa a se te yon kokennchenn evènman, men, li pa t fè tout moun plezi. Satan ak demon l yo t al goumen ak zanj fidèl yo ki te anba direksyon Mikayèl oswa Kris. Kòman sa te fini? Men sa nou li: “Yo pimpe gwo dragon an sou tè a, li menm ki premye sèpan an, li menm yo rele Dyab la e yo rele Satan an, li menm k ap twonpe lemonnantye a. Yo pimpe l sou tè a, e yo pimpe zanj li yo sou tè a avèk li.” — Rev. 12:7, 9.

An 1914, Etidyan Labib yo te kòmanse disène siy ki montre Kris prezan nan syèl la.

29, 30. Tousuit apre Wayòm Mesi a te fin tabli, kòman bagay yo te vin ye a) sou tè a? b) nan syèl la?

29 Yon bon valè tan anvan 1914, Etidyan Labib yo te fè konnen gen yon peryòd latwoublay ki t ap kòmanse nan ane 1914. Sepandan, yo pa t ka imajine jan sa yo te anonse a t apral fèt egzakteman jan yo te di l la. Jan vizyon apot Jan an montre sa, apre sa, Satan t ap vin gen plis enfliyans sou lèzòm. Men sa Bib la di: “Malè pou tè a ak lanmè a, paske Dyab la desann vin jwenn nou. Li an kòlè anpil, paske li konnen se yon tikras tan li rete.” ​(Rev. 12:12). Nan ane 1914, Premye Gè mondyal la te eklate. Toupatou sou tè a, moun yo te kòmanse wè siy ki montre Kris prezan, e li chita antanke wa nan syèl la, ap reyalize. Donk, “dènye jou” sistèm mechan sa a te kòmanse. — 2 Tim. 3:1.

30 Sepandan, te gen lajwa nan syèl la. Yo te met Satan ak demon l yo deyò nan syèl la pou toutan. Men sa apot Jan fè konnen: “Se poutèt sa, ou menm syèl, e nou menm ki abite nan syèl la, nou mèt rejwi!” ​(Rev. 12:12). Etandone yo te pwòpte syèl la epi Bondye te mete Jezi Wa, Wayòm Mesi a te pare pou l aji pou pèp Bondye a ki sou tè a kounye a. Ki sa Wayòm nan t apral fè? Jan nou te wè sa nan kòmansman chapit sa a, toudabò, antanke “mesaje alyans” lan, Kris t ap gen pou l aji antanke moun ki vin pirifye pèp Bondye a sou tè a. Ki sa sa t apral vle di?

Yon moman kote lafwa yo te pase anba eprèv

31. Ki sa pwofèt Malaki te anonse konsènan moman yo t ap vin pirifye pèp Bondye a, e ki jan pwofesi sa a te kòmanse reyalize? (Gade nòt anba paj la tou.)

31 Pwofèt Malaki te fè konnen netwayaj la pa t ap fasil ditou. Men sa l te ekri: “Men ki moun k ap ka sipòte jou sa a lè l va vini an, epi ki moun ki va kanpe byen djanm lè l va parèt? Paske li va tankou dife moun k ap rafine an, e li va tankou potas moun k ap blanchi rad yo.” ​(Mal. 3:2). Se pa ti egzat pawòl sa yo te egzat! Nan kòmansman ane 1914, pèp Bondye a ki sou tè a te fè fas ak yon seri gwo eprèv ak difikilte youn apre lòt. Toutpandan Premye Gè mondyal la t ap kontinye, gen anpil Etidyan Labib ki te fè fas ak pèsekisyon ki rèd anpil, e yo te lage anpil nan yo nan prizon *.

32. Ki pwoblèm ki te vin gen anndan òganizasyon an apre ane 1916?

32 Menm anndan òganizasyon an te gen gwo pwoblèm tou. An 1916, frè Russell te mouri lè l te gen 64 an. Sa te fè anpil  moun pami pèp Bondye a sezi. Lanmò frè Russell, yon moun ki te bay bon egzanp, te montre gen kèk moun ki te ba l twòp enpòtans. Malgre frè Russell pa t janm vle yon kalite atansyon konsa, gen anpil moun ki te prèske adore l. Gen anpil moun ki te panse lefètke l mouri, yo pa t ap ka kontinye jwenn limyè sou verite a ankò. Gen kèk nan yo ki te menm fè tout sa yo kapab pou yo anpeche òganizasyon an kontinye vanse. Fason yo te reyaji a te vin fè gen yon gwo apostazi ki gaye e ki te divize òganizasyon an.

33. Lefètke pèp Bondye pa t wè sa yo t ap atann yo fèt jan yo te panse a, kòman sa te reprezante yon eprèv pou yo?

33 Yon lòt bagay ki te reprezante yon eprèv pou yo se lè yo te wè sa yo t ap tann yo pa t rive jan yo te vle a. Byenke Toudegad te fè konnen byen klè, se t ap nan ane 1914 tan janti yo t ap rive nan bout li, frè yo potko konprann ki sa ki t apral fèt nan ane sa a (Lik 21:24). Yo te panse se t ap nan ane 1914, Kris t ap vin chèche moun ki fè pati klas lamarye l la pou y al dirije avè l nan syèl la. Sa yo t ap atann nan se pa sa ki te rive. Annapre, nan ane 1917, Toudegad te fè konnen gen yon sezon rekòt ki te dire 40 an ki t ap fini nan prentan ane 1918. Men, travay predikasyon an pa t kanpe nan ane sa a. Te gen moun ki te kontinye ap vini nan òganizasyon Jewova a menm apre ane 1918 la. Peryodik la te fè konnen sezon rekòt la te fini vre, men, te gen yon moman grapiyay ki t ap fèt. Aktout sa, gen anpil moun ki te sispann sèvi Jewova akoz sa yo t ap atann yo pa t rive.

34. Ak ki gwo eprèv Etidyan Labib yo te fè fas nan ane 1918, e poukisa Lakretyente te panse pèp Bondye a pa t ap “egziste ankò”?

34 Nan ane 1918, yo te vin fè fas ak yon pi gwo eprèv. Yo te arete frè Joseph F. Rutherford, ki te ranplase frè Charles T. Russell alatèt pèp Bondye a, ansanm ak sèt lòt frè ki te gen responsablite nan òganizasyon an. Yo te jije yo san rezon e yo te kondane pou yo pase yon bon valè tan nan prizon federal ki nan vil Atlanta a, nan Eta Jòji, Ozetazini. Pandan yon tan, travay pèp Bondye a t ap fè a sanble te kanpe. Gen anpil nan chèf legliz Lakretyente yo ki te kontan. Yo te panse, piske “moun k ap dirije” òganizasyon an nan prizon, syèj òganizasyon an ki nan Bwouklin fèmen, frè ak sè ki Ozetazini ak ann Ewòp yo ap jwenn pèsekisyon paske y ap preche, Etidyan Labib yo pa t ap “egziste ankò”, e konsa, Etidyan Labib yo pa t ap reprezante yon menas pou yo ankò (Rev. 11:3, 7-10). Se pa nan ti erè yo te ye!

Yon moman kote yo te repran fòs!

35. Ki sa k fè Jezi te kite disip li yo jwenn difikilte, e ki sa l te fè pou l ede yo?

35 Ènmi laverite yo pa t ka rive konprann, rezon ki fè Jezi te kite pèp li a fè fas ak tout difikilte sa yo se paske, lè sa a, Jewova t ap aji tankou “moun k ap dekrase [ajan]”. (Mal. 3:3.) Jewova ak Pitit Gason l lan te gen konfyans moun fidèl yo t ap rive fè fas ak gwo eprèv sa yo ki te tankou dife ki t ap netwaye yo, ki t ap pirifye yo, e yo te gen konfyans sa t ap ede yo pi byen fè sèvis Wa a. Byen bonè nan ane 1919, tout moun te ka wè byen klè, lespri sen Bondye te fè sa ènmi pèp li a te panse ki te  enposib la: Moun fidèl yo te repran fòs ankò (Rev. 11:11)! Nan moman sa a, Kris te reyalize yon pwen enpòtan nan siy dènye jou yo. Li te chwazi “esklav fidèl ki prevwayan an”, yon ti gwoup moun Bondye chwazi pou al nan syèl, pou pran latèt pami pèp li a e pou ba yo manje espirityèl nan bon moman. — Mat. 24:45-47.

36. Ki sa k te montre pèp Bondye a te repran fòs nan domèn espirityèl?

36 Frè Rutherford ak moun ki te avè l yo te soti nan prizon nan dat ki te 26 mas 1919 la. Yon tikras tan annapre, yo te pwograme yo pou yo fè yon kongrè nan mwa septanm menm ane a. San pèdi tan, yo te kòmanse fè aranjman pou gen yon dezyèm jounal ki te rele Epòk annò a ki te mache ak peryodik Toudegad la. Yo te fè jounal sa a pou yo te ka sèvi avè l nan travay predikasyon an *. Nan menm ane sa a, te vin gen yon lòt piblikasyon ki te parèt ki te gen tit Bilten an (anglè). Kounye a se pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a ki pran plas li. Depi lè l te parèt, piblikasyon sa a te toujou ankouraje moun patisipe nan travay predikasyon an. Pa gen dout nan sa, depi 1919, yo te kòmanse bay travay predikasyon kay an kay la plis enpòtans.

37. Nan ane ki te vin apre ane 1919 yo, ki jan kèk moun te montre yo pa t fidèl?

 37 Travay predikasyon an te kontinye pirifye sèvitè Kris yo. Moun ki te awogan yo te wè yo pa t ap ka fè yon travay konsa ki te sanble rabesan. Moun ki te santi yo pa ka fè travay sa a te kite òganizasyon an. Plizyè ane apre 1919, kèk nan moun ki pa t fidèl yo te vin fache, yo t ap pale òganizasyon an mal, e yo te menm dakò ak moun ki t ap pèsekite sèvitè fidèl Jewova yo.

38. Lefètke disip Kris yo te fè viktwa sou viktwa, ki sa sa ede nou konprann?

38 Malgre tout pèsekisyon sa yo, disip Kris yo ki sou tè a te kontinye fè pwogrè nan domèn espirityèl. Depi lè sa a, chak bon rezilta yo te jwenn, chak viktwa yo te genyen ban nou bonjan prèv Wayòm Bondye a ap dirije. Se sèlman grasa benediksyon Bondye bay pa mwayen Pitit li a ak Wayòm Mesi a ki fè yon ti gwoup moun ki enpafè te ranpòte viktwa apre viktwa sou Satan ak sistèm mechan sa a. — Li Izayi 54:17.

Frè Rutherford te bay yon diskou pisan nan yon kongrè ki te fèt kèk mwa apre li te sot nan prizon.

39, 40. a) Bay kèk aspè n ap jwenn nan liv sa a. b) Ki byenfè w ka jwenn lè w etidye liv sa a?

39 Nan chapit ki vin apre yo, nou pral egzamine sa Wayòm Bondye a gentan fè pandan 100 an ki deja pase depi l tabli nan syèl la. Chak seksyon nan liv sa a pral pale sou yon aspè byen presi ki gen rapò ak travay Wayòm nan ap fè sou tè a. Nan chak chapit, gen yon kare revizyon ki pral ede nou wè jis nan ki pwen nou kwè Wayòm nan egziste toutbon pou nou. Nan dènye chapit yo, nou pral pale konsènan sa n atann Wayòm nan pral fè lè l vini nan yon ti tan ankò pou l detwi mechan yo epi pou l fè tè a tounen yon paradi. Ki byenfè w ap jwenn lè w etidye liv sa a?

40 Satan vle kraze lafwa nou gen nan Wayòm Bondye a tikras pa tikras. Men, Jewova vle nou gen yon lafwa ki solid yon fason pou l ka pwoteje nou e pou l ka fè nou vin djanm (Efe. 6:16). Kidonk, nou ankouraje w pou w priye Jewova pou l ede w byen egzamine liv sa a. Kontinye mande tèt ou: ‘Èske m kwè toutbon Wayòm Bondye a egziste?’ Plis nou kwè Wayòm Bondye a egziste jodi a, se plis n ap gen posiblite pou nou la e pou nou toujou ap soutni Wayòm nan lè tout moun vivan pral wè Wayòm Bondye a egziste toutbonvre e l ap dirije!

^ § 7 Pou nou jwenn plis detay konsènan Grew, Stetson ak Storrs, gade liv Les Témoins de Jéhovah: Prédicateurs du Royaume de Dieu a, paj 45-46.

^ § 15 Malgre Etidyan Labib yo te wè li enpòtan pou yo rale kò yo sot nan òganizasyon relijye ki te nan zanmitay ak monn nan, pandan plizyè ane, yo te kontinye konsidere moun ki te di yo kwè nan ranson an e ki te di yo vle bay tout yo menm pou sèvi Bondye yo kòm kretyen parèy yo, menm lè moun sa yo pa t fè pati Etidyan Labib yo.

^ § 17 Youn nan bagay ki te anpeche avètisman sa yo sonnen byen fò anvan sa, se paske Etidyan Labib yo te panse avètisman sa yo te plis konsène 144 000 moun ki fè pati ti twoupo Kris la. Nan chapit 5 lan, nou pral wè, anvan ane 1935, yo te panse “gwo foul moun” yo pale nan Revelasyon 7:9, 10 yo t ap gen ladan l kantite moun nou pa ka konte ki fè pati legliz Lakretyente yo. Yo te panse, etandone moun sa yo te ede Kris anvan lafen an vini, Bondye t ap ba yo posiblite pou yo fòme yon dezyèm gwoup moun k ap monte nan syèl.

^ § 31 Nan mwa septanm 1920, te gen yon atik espesyal ki te parèt nan Epòk annò a (anglè), ki rele Réveillez-vous! kounye a, ki te bay detay konsènan anpil pèsekisyon frè nou yo t ap jwenn nan moman gè a, nan peyi Almay, Angletè, Etazini ak Kanada. Pèsekisyon sa yo te fè moun sezi tèlman yo te rèd. Sepandan, plizyè dizèn ane anvan Premye Gè mondyal la, se yon tikras pèsekisyon konsa frè nou yo te konn jwenn.

^ § 36 Pandan plizyè ane, yo te konn ekri atik Toudegad yo sèlman pou ankouraje moun ki fè pati ti twoupo a.