Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Wayòm Bondye a ap dirije!

 CHAPIT 14

Yo kontinye soutni gouvènman Bondye a sèlman

Yo kontinye soutni gouvènman Bondye a sèlman

IDE KLE CHAPIT LA

Pèp Bondye a fidèl anvè Wayòm nan, li pa fè pati monn nan.

1, 2. a) Ki prensip disip Jezi yo kontinye ap suiv rive jis nan epòk nou an? b) Ki jan ènmi nou yo te eseye elimine nou, e kòman sa toujou fini?

PANDAN Jezi te kanpe devan Pilat, jij ki te gen plis otorite nan nasyon Juif la malgre l pa t yon Juif, li te bay yon prensip tout disip li yo t ap gen pou yo suiv rive jis nan epòk nou an. Men sa l te di: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a. Si wayòm mwen an te fè pati monn sa a, sèvitè m yo t ap goumen pou yo pa livre m bay Juif yo. Men vwala, se pa la wayòm mwen an soti.” ​(Jan 18:36). Pilat te fè touye Jezi. Men, viktwa sa a li te ranpòte a se te pou yon ti bout tan sèlman, paske Bondye te resisite Jezi. Gen kèk Anperè nan Anpi women an, yon Anpi ki te pisan, ki te eseye fini ak disip Jezi yo. Men, efò yo te fè yo pa t itil anyen paske kretyen yo te rive gaye mesaj Wayòm nan toupatou. — Kol. 1:23.

2 Apre Bondye te fin tabli Wayòm nan nan ane 1914, gen kèk dirijan politik ki pisan ki te eseye elimine pèp Bondye a, men, pa gen youn ki te rive fè sa. Gen anpil gouvènman ak anpil pati politik ki te eseye fòse n pran pozisyon pou yo nan konfli yo te genyen yo. Yo pa t reyisi met divizyon nan mitan nou. Jodi a, n ap jwenn sitwayen Wayòm nan nan prèske tout peyi sou tè a. Malgre sa, nou fòme yon fanmi entènasyonal ki ini, nou pa patisipe nan okenn aktivite ki gen rapò ak politik monn nan. Inite ki gen nan mitan nou an bay bonjan prèv ki montre Wayòm Bondye a ap dirije, e Jezi Kris, Wa a, kontinye ap gide, rafine epi pwoteje sitwayen l yo. Ann fè yon ti pale sou fason l fè sa, epi n ap fè yon ti pale tou sou kèk viktwa li te fè n ranpòte devan tribinal, yon seri viktwa ki fè lafwa nou vin pi solid toutpandan nou kontinye “pa fè pati monn nan”. — Jan 17:14.

Yon sijè ki te vin enpòtan

3, 4. a) Ki sa k te rive nan moman Wayòm nan te tabli a? b) Èske pèp Bondye a te toujou byen konprann sijè ki gen rapò ak netralite a? Esplike.

3 Tousuit apre Wayòm nan te fin tabli, gen yon gè ki te pete nan syèl la, e annapre, yo te pimpe Satan sou tè a. (Li Revelasyon 12:7-10, 12.) Gen yon gè tou ki t ap fè ravaj sou tè a, yon gè ki te pase lafwa pèp Bondye a anba eprèv. Pèp Bondye a te  detèmine pou l suiv egzanp Jezi e pou l rete separe ak monn nan. Sepandan, okòmansman, yo pa t fin byen konprann tout sa yo te dwe fè pou yo pa t antre nan zafè politik.

4 Pa egzanp, liv Kòmansman Milenè a (anglè), volim 6 la *, yo te pibliye nan ane 1904 te ankouraje kretyen yo pou yo pa patisipe nan lagè. Sepandan, liv la te fè konnen si yo ta konvoke yon kretyen pou l al nan lagè, li ta dwe fè tout sa l kapab pou l mande fè kèk sèvis ki pa gen rapò ak lagè. Si sa pa t mache epi yo te voye l nan lagè kanmenm, li ta dwe asire l li pap touye pèsonn. Men sa Herbert Senior, ki t ap viv nan peyi Grann Bretay e ki te batize nan ane 1905, te di sou jan bagay yo te ye nan epòk sa a: “Te gen anpil konfizyon pami frè yo, e yo pa t gen yon konsèy klè yo te ka suiv pou konnen si wi ou non li te bon pou yo antre nan lame antanke yon sòlda k ap fè yon travay ki pa gen rapò ak lagè.”

5. Kòman Toudegad 1ye septanm 1915 lan te kòmanse ede n pi byen konprann sijè ki gen rapò ak netralite a?

5 Sepandan, Toudegad 1ye septanm 1915 lan te kòmanse ede n pi byen konprann sijè a. Men sa yo te di konsènan konsèy yo te bay nan liv Etid Ekriti yo (anglè): “N ap mande tèt nou si yon aksyon konsa pa t ap vle di nou pa suiv prensip Bib la.” Bon, e si yo ta di y ap touye yon kretyen si l ta refize met inifòm militè sou li oswa fè yon sèvis militè? Men sa atik la te fè konnen: “Kiyès nan de lanmò sa yo ki pi mal: Mouri fidèl anvè Prens lapè a paske n pa vle dezobeyi lòd li yo, oswa mouri anba lòd wa latè yo, sa ki t ap parèt kòmsi se soutni n ap soutni wa sa yo, byenke se pa sa vre, e konsa, pou n ta pase lwa Wa ki nan syèl la anba pye? Nou t ap prefere mouri paske n obeyi lòd Wa nou an ki nan syèl la.” Malgre kòmantè sa a te fò anpil, men sa atik la te di pou l fini: “Se pa ankouraje n ap ankouraje moun fè chwa sa a. Se jis yon konsèy nou bay.”

6. Ki sa nou aprann nan egzanp frè Herbert Senior a?

6 Gen kèk frè ki te vin byen konprann li pa bon pou yo patisipe nan lagè, e yo te pare pou yo fè fas ak konsekans ki t apral vini yo. Men sa Herbert Senior, nou te pale de li pi wo a, te di: “Pou mwen menm, pa t gen okenn diferans ant dechaje bwat katouch sou yon bato [yon sèvis ki pa mande pou moun al nan lagè] ak mete menm katouch sa yo nan yon zam epi tire l sou moun.” ​(Lik 16:10). Lefètke frè Senior te refize fè sèvis militè akoz konsyans li, yo te mete l nan prizon. Li menm ansanm ak 4 lòt frè te pami yon gwoup 16 moun, ki te gen gason nan lòt relijyon, ki te refize fè sèvis militè tou akoz konsyans yo. Yo te pase yon kantite nan tan yo te kondane yo a nan prizon Richmond nan, ki nan peyi Grann Bretay. Rive yon lè, yo te mennen Herbert ansanm ak lòt moun ki te nan menm sitiyasyon avè l yo nan peyi Lafrans an kachèt, yon fason pou yo te ka mete yo devan nèt kote batay la te pi cho a. Se la a yo te kondane yo pou yo fizye yo. Yo te aliyen li menm ansanm  ak plizyè lòt moun pou yo fizye yo. Men, yo pa t touye yo. Olye de sa, yo te kondane yo pou yo pase dizan prizon.

“Mwen te vin aprann pèp Bondye a dwe anpè ak tout moun, menm lè moun yo sou fè lagè.” — Simon Kraker. (Gade paragraf 7.)

7. Lè Dezyèm Gè mondyal la te eklate, ki sa pèp Bondye a te vin pi byen konprann?

7 Lè Dezyèm Gè mondyal la te eklate, pèp Jewova a, antanke gwoup, te vin pi byen konprann kesyon netralite a, ak sa yo te dwe fè pou yo ka suiv egzanp Jezi (Mat. 26:51-53; Jan 17:14-16; 1 Pyè 2:21). Pa egzanp, nan Toudegad 1ye novanm 1939 la, te gen yon atik ki te gen tit “Netralite” ki te fè konnen: “Prensip pèp Jewova a dwe kite dirije yo kounye a se rete net konplètman nan zafè lagè nasyon yo ap fè a.” Men sa Simon Kraker, ki te travay nan syèj mondyal la pi devan, ki nan Bwouklin Nouyòk, te di konsènan atik sa a: “Mwen te vin aprann pèp Bondye a dwe anpè ak tout moun, menm lè moun yo sou fè lagè.” Manje espirityèl sa a te vini nan bon moman, e li te ede pèp Bondye a prepare yo pou yon gwo eprèv ki t apral teste fidelite yo anvè Wayòm nan.

Opozisyon yo te tankou yon “rivyè dlo”

8, 9. Kòman pwofesi apot Jan an te reyalize?

8 Apot Jan te fè konnen, apre Wayòm nan te fin tabli nan ane 1914, dragon an, anpalan de Satan Ledyab, t apral eseye elimine moun k ap soutni Wayòm Bondye a. Dragon an t ap eseye fè sa lè l ouvri bouch li pou l vomi yon rivyè dlo  senbolik sou moun sa yo *. (Li Revelasyon 12:9, 15.) Ki jan pwofesi Jan te bay la te reyalize? Depi ane 1920 yo, gen yon gwo pèsekisyon yo lage kont pèp Bondye a. Menm jan ak anpil nan frè ki te vin ann Amerik dinò pandan Dezyèm Gè mondyal la, yo te mete frè Kraker nan prizon akoz fidelite li anvè Wayòm Bondye a. An reyalite, pandan gè sa a, yo te mete moun ki te refize al nan lagè akoz konsyans yo nan pi gwo prizon Ozetazini yo. Yon tyè nan prizonye sa yo se te Temwen Jewova.

9 Kèlkeswa kote moun k ap soutni Wayòm nan t ap viv, Dyab la ak akolit li yo te vle kraze entegrite moun sa yo. Ann Afrik, ann Ewòp ak Ozetazini, yo te trennen yo devan tribinal ak devan yon gwoup moun ki la pou deside si yon prizonye ka soti nan prizon anvan lè. Etandone frè ak sè yo te detèmine pou yo ret fidèl, yo te mete yo nan prizon, yo te bat yo e yo te domaje kèk nan yo. Nan peyi Almay, yo te pèsekite pèp Bondye a anpil paske pèp Bondye a te refize fè salitasyon moun te konn fè pou Hitler a oswa paske yo te refize soutni gè a. Pandan rejim Nazi a, te gen anviwon 6 000 frè ak sè yo te mete prizon, e te gen plis pase 1 600 Temwen alman ak lòt Temwen ki pa alman ki te mouri anba men moun ki t ap fè yo soufri. Malgre sa, Dyab la pa t rive elimine pèp Bondye a. — Mak 8:34, 35.

“Tè a” vale “rivyè dlo” a

10. Ki sa “tè a” reprezante, e kòman li te ede pèp Bondye a?

10 Pwofesi apot Jan te bay la te fè konnen “tè a”, sa vle di otorite nan sistèm sa a ki pi rezonab yo, t ap gen pou vale “rivyè dlo” a, sa vle di pèsekisyon yo. Konsa, otorite sa yo t ap ede pèp Bondye a. Ki jan pati sa a nan pwofesi a te reyalize? Plizyè dizèn ane apre Dezyèm Gè mondyal la, souvan, “tè a” te vin ede moun ki toujou ap soutni Wayòm Mesi a. (Li Revelasyon 12:16.) Pa egzanp, plizyè gwo tribinal fè efò pou yo pwoteje dwa Temwen Jewova yo genyen pou yo deside refize fè sèvis militè ak dwa yo genyen pou yo chwazi pa patisipe nan aktivite nasyonalis. Ann egzamine kèk gwo viktwa Jewova fè pèp li a ranpòte konsènan sijè ki gen rapò ak sèvis militè. — Sòm 68:20.

11, 12. Ak ki pwoblèm frè Sicurella ak frè Thlimmenos te oblije fè fas, e kòman sa te fini pou yo?

11 Etazini. Anthony Sicurella se youn nan sis timoun paran l yo te genyen. Paran l yo se Temwen Jewova. Anthony te batize lè l te gen 15 an. Lè l te gen 21 an, li te anrejistre non l kòm moun ki pa pral nan lagè akoz relijyon l. Dezan annapre, nan ane 1950, li te mande Leta pou yo mete non l nan kategori moun ki refize fè sèvis militè akoz konsyans yo. Malgre Biwo ankèt federal Etazini an te fè yon ankèt sou Anthony e yo pa t jwenn li te fè anyen ki mal, depatman jistis la te refize demann Anthony an. Apre plizyè demach yo te fè nan tribinal, pi gwo tribinal Ozetazini an te tande ka frè Sicurella a  e yo te pran yon desizyon an favè frè a. Konsa, yo te chanje desizyon tribinal anvan an te pran an. Desizyon sa a te pèmèt yo pa ka fòse yon sitwayen nan peyi Etazini fè sèvis militè si sitwayen sa a refize al nan lagè akoz konsyans li.

12 Lagrès. Nan ane 1983, lefètke frè Iakovos Thlimmenos te refize met yon inifòm lame sou li, yo te mete l nan prizon kòm moun ki rebele kont otorite. Apre l te fin kite prizon an, li te ranpli yon aplikasyon pou l travay kòm kontab. Men, yo te refize aplikasyon frè a paske l te gen dosye lajistis. Li te deside prezante ka l la devan tribinal peyi Lagrès yo. Men, li te pèdi ka a. Annapre, li te mande Cour européenne des droits de l’homme nan (CEDH) tande ka l la. Nan ane 2000, Gran Chanm CEDH la, ki gen 17 jij, te deside an favè l. Se te premye fwa yo te pran yon desizyon ki montre yo pap tolere diskriminasyon. Anvan yo te pran desizyon sa a, te gen plis pase 3 500 frè nan peyi Lagrès ki te gen dosye lajistis paske Leta te mete yo nan prizon akoz netralite yo. Apre desizyon yo te pran an favè Temwen yo, peyi Lagrès te bay yon lwa pou elimine kèlkeswa plent yo te lage sou do frè sa yo. Anplis de sa, lè yo te vin pase men nan Konstitisyon peyi Lagrès la, yo te tou kore yon lwa yo te pran, kèk ane anvan sa, ki te bay tout sitwayen Grèk yo dwa pou yo fè sèvis sivil.

“Anvan m te antre nan tribinal la, mwen te priye Jewova ak tout kè m, e apre sa mwen te santi l ede m vin kalm.” — Ivailo Stefanov. (Gade paragraf 13.)

13, 14. Ki leson nou ka aprann nan sitiyasyon Ivailo Stefanov ak Vahan Bayatyan nan?

13 Bilgari. Nan ane 1994, frè Ivailo Stefanov te gen 19 an lè Leta te enskri l nan lame. Li te refize antre nan lame a, e l te refize fè kèk sèvis, ki pa gen rapò ak goumen, ki te anba direksyon lame a. Yo te kondane l pou l pase 18 mwa nan prizon. Men, li te mande pou yo jije ka a ankò paske l te konnen li gen dwa pou l refize fè sèvis militè akoz konsyans li. Finalman, yo te voye dosye l la devan CEDH la. Nan ane 2001, anvan CEDH la te tande ka l la, Leta te antann li ak frè Stefanov. Gouvènman nan peyi Bilgari a pa t sèlman elimine santans yo te ba li a, men yo te bay tout sitwayen yo posiblite pou yo fè sèvis sivil si yo pa t vle rantre nan lame *.

14 Ameni. Nan ane 2001, Leta te egzije pou Vahan Bayatyan fè sèvis militè *. Li te refize fè sèvis militè akoz konsyans li. Li te prezante ka l la devan plizyè tribinal nan peyi a. Men, yo youn pa t jije an favè l. Nan mwa septanm 2002, yo te kondane l pou l pase dezan edmi nan prizon. Men, apre l te fin pase dis mwa edmi nan prizon, yo te lage l. Pandan tan sa a, li te mande pou dosye l la al devan CEDH la, e CEDH la te egzamine dosye a. Sepandan, nan dat ki te 27 oktòb 2009 la, tribinal sa a te pran desizyon kont li. Sanble, desizyon sa a te vle di frè yo nan peyi Ameni pa t ap ka jwenn sekou nan men lajistis. Sepandan, Gran Chanm CEDH la te egzamine desizyon yo te pran anvan an. Nan dat ki te 7 jiyè 2011 lan, Gran Chanm  CEDH la te pran yon desizyon an favè Vahan Bayatyan. Se te premye fwa CEDH la te rekonèt yo pa dwe bay yon moun pwoblèm paske l refize fè sèvis militè akoz sa l kwè. Tribinal la te fè konnen moun sa a gendwa panse sa l vle, aji selon konsyans li ak chwazi relijyon l vle. Jijman sa a pa t sèlman pwoteje dwa Temwen Jewova yo genyen, men, li te pwoteje plizyè santèn milyon moun k ap viv nan peyi ki fè pati Konsèy ewopeyen an *.

Apre CEDH la fin pran yon bon desizyon an favè frè yo nan peyi Ameni, yo libere yo nan prizon.

Aktivite ki gen rapò ak nasyonalis

15. Poukisa pèp Jewova a te refize patisipe nan aktivite ki gen rapò ak nasyonalis?

15 Pèp Jewova kontinye rete fidèl ak Wayòm Mesi a. Yo fè sa lè yo refize fè sèvis militè, ak lè yo fè moun konnen avèk respè yo pap patisipe nan aktivite nasyonalis yo. Se sitou depi Dezyèm Gè mondyal la te fin eklate a, moun toupatou sou tè a te vin pi nasyonalis. Nan plizyè peyi, yo mande sitwayen yo pou yo chante im nasyonal peyi yo a, pou yo repete yon pwomès ki montre atachman yo genyen pou peyi a oswa pou yo salye drapo peyi a. Sepandan, se Jewova nou bay yon adorasyon san  pataj (Egz. 20:4, 5). Kòm rezilta, anpil nan nou jwenn anpil opozisyon paske nou pa nasyonalis. Malgre sa, an plizyè fwa, Jewova sèvi ak “tè a” pou vale kèk nan opozisyon sa yo. Ann fè yon ti pale konsènan kèk viktwa estrawòdinè Jewova te fè nou ranpòte pa mwayen Kris nan zafè aktivite nasyonalis la. — Sòm 3:8.

16, 17. Ki sa k te rive Lillian ak William Gobitas, e ki sa w aprann nan sa k te rive yo a?

16 Etazini. Nan ane 1940, gen yon ka (Minersville School District v. Gobitis) ki te parèt devan pi gwo tribinal nan peyi Etazini an. Sou 9 vòt, te gen 8 vòt kont Temwen Jewova yo. Etandone Lillian Gobitas *, ki te gen 12 an ak William, ti frè l ki te gen 10 an, te vle rete fidèl anvè Jewova, yo te refize salye drapo a oswa repete yon pwomès ki montre yo atache ak peyi yo. Kòm rezilta, yo te mete yo deyò nan lekòl yo. Yo te mennen ka sa a devan pi gwo tribinal nan peyi a, e tribinal la te fè konnen desizyon lekòl la te pran an te ann amoni ak konstitisyon peyi a paske lekòl la te aji pou kenbe “inite nasyonal” la. Desizyon sa a te fè Temwen Jewova yo vin jwenn gwo pèsekisyon. Yo te vin met plis timoun ki Temwen Jewova deyò nan lekòl yo. Yo te revoke Temwen Jewova yo nan travay yo. Gen foul moun ki te atake anpil nan yo. Gen yon liv (The Lustre of Our Country) ki fè konnen: “Pèsekisyon Temwen Jewova yo te jwenn soti ane 1941 pou rive ane 1943 a, se te pi gwo zak mechanste ki gen rapò ak relijyon ki te fèt nan ventyèm syèk la Ozetazini.”

17 Viktwa ènmi Bondye a te ranpòte yo te dire yon tikras tan. Nan ane 1943, pi gwo tribinal la te tande yon lòt ka (West Virginia State Board of Education v. Barnette) ki sanble ak ka Gobitis nou te pale pi wo a. Men fwa sa a, pi gwo tribinal la te bay yon jijman an favè Temwen Jewova yo. Se te premye fwa nan listwa peyi Etazini, nan yon ti bout tan konsa, pi gwo tribinal la te deside chanje jijman l te deja bay. Apre desizyon sa a, pèp Jewova a te jwenn mwens pèsekisyon. Akoz dosye sa yo, yo te vin plis respekte dwa sitwayen yo genyen.

18, 19. Ki sa Pablo Barros te di ki te ede l rete djanm, e kòman lòt sèvitè Jewova yo ka imite egzanp li?

18 Ajantin. Nan ane 1976, yo te met Pablo, ki te gen uitan, ak Hugo Barros, ki te gen setan, deyò nan lekòl yo paske yo pa t vle monte drapo. Yon lè, direktris la te pouse Pablo e li te frape l nan tèt. Lè lekòl la lage, li te fè toule de timoun yo rete pandan inèdtan, e li te eseye fòse yo patisipe nan aktivite ki gen rapò ak nasyonalis. Men sa Pablo te di konsènan jou sa a: “San èd Jewova, mwen pa t ap ka kenbe tennfas devan presyon m te jwenn pou m pase prensip Bondye yo anba pye.”

19 Lè ka a t al devan tribinal, jij la te dakò ak desizyon lekòl la te pran pou met Pablo ak Hugo deyò a. Sepandan, yo te mennen ka sa a devan pi gwo tribinal peyi Ajantin nan. Nan ane 1979, pi gwo tribinal la te chanje desizyon premye tribinal  la te pran an. Men sa pi gwo tribinal la te fè konnen: “Pinisyon sa a [mete yo te mete yo deyò a] depaman ak dwa konstitisyon an bay pou tout moun aprann (atik 14), e li depaman ak responsablite Leta genyen pou l fè timoun yo jwenn edikasyon (atik 5).” Te gen prèske 1 000 timoun ki Temwen Jewova ki te benefisye desizyon sa a. Grasa desizyon sa a, gen kèk timoun yo pa t gentan met deyò nan lekòl yo, e gen lòt ki te nan menm sitiyasyon ak Pablo ak Hugo, ki te retounen lekòl.

Anpil jèn Temwen Jewova montre yo fidèl lè yo anba eprèv.

20, 21. Ki fason ka Roel ak Emily Embralinag ka fè lafwa w vin pi djanm?

20 Filipin. Nan ane 1990, yo te mete Roel Embralinag *, ki te gen 9 an, ak Emily, gran sè l ki te gen 10 an, deyò nan lekòl yo ansanm ak plis pase 65 lòt elèv ki Temwen Jewova, paske yo pa t vle salye drapo a. Leonardo, papa Roel ak Emily, te eseye rezone ak otorite lekòl yo, men sa pa t mache. Lè bagay yo te vin pi rèd, Leonardo te mande pou ka a parèt devan pi gwo tribinal peyi a. Leonardo pa t gen ni kòb ni avoka pou reprezante l. Fanmi an te priye Jewova anpil pou Jewova te ede yo  konnen sa pou yo fè. Pandan moman sa yo, yo t ap pase timoun yo nan rizib e yo t ap fawouche yo. Leonardo te panse li pa t gen okenn chans pou l ranpòte laviktwa paske l pa t gen fòmasyon nan domèn legal.

21 Men kòman bagay yo te vin pase: Felino Ganal, yon avoka ki te travay pou pi gwo kabinè avoka nan peyi a, te aksepte reprezante fanmi an. Nan moman ka sa a te sou wout pou l parèt devan tribinal, Felino Ganal te gentan kite kabinè l t ap travay la, e l te vin yon Temwen Jewova. Lè ka a vin devan pi gwo tribinal peyi a, tout jij nan tribinal la te jije an favè Temwen yo epi yo te anile desizyon yo te pran pou met timoun yo deyò nan lekòl la. Yon lòt fwa ankò, moun ki te eseye kraze pèp Bondye a te echwe.

Netralite mennen nan inite

22, 23. a) Ki sa k fè n ranpòte anpil gwo viktwa nan tribinal? b) Lefètke gen lapè pami nou sou tout kò tè a, ki prèv sa bay?

22 Poukisa Temwen Jewova yo ranpòte tout gwo viktwa sa yo nan tribinal? Se vre, nou pa gen moun nan politik. Poutan, nan plizyè peyi ak nan plizyè tribinal, nou jwenn jij rezonab ki pwoteje nou kont opozan ki soti pou elimine nou yo. Anmenmtan, desizyon jij sa yo te pran yo te tou tabli yon seri dwa moun t apral genyen pi devan. Pa gen dout nan sa, se Kris ki dèyè tout viktwa sa yo nou ranpòte yo. (Li Revelasyon 6:2.) Poukisa n fè tout efò sa yo pou n prezante ka sa yo devan tribinal? Objektif nou se pa chanje fason jistis peyi yo ap fonksyone. Okontrè, objektif nou se kontinye obeyi Jezi Kris, Wa nou an, san pwoblèm. — Tra. 4:29.

23 Nan monn sa a, ki divize akoz politik e ki chaje ak moun ki plen ak lahèn, Jezi Kris, Wa nou an k ap dirije, beni efò disip li yo ap fè toupatou sou tè a pou yo kenbe netralite yo. Satan echwe nan efò l ap fè pou l mete divizyon nan mitan nou, e pou l kraze nou. Grasa Wayòm nan, gen plizyè milyon moun ki refize “aprann [fè] lagè ankò”. Lefètke nou gen yon lapè konsa pami nou sou tout tè, se yon vrè mirak. Sa bay bonjan prèv ki montre Wayòm Bondye a ap dirije! — Iza. 2:4.

^ § 4 Yo te vin konnen l tou sou non Nouvo kreyasyon an (anglè). Pi devan, yo te bay seri liv Kòmansman Milenè a yon lòt non, yo te vin rele l Etid Ekriti yo.

^ § 8 Pou nou jwenn plis detay sou pwofesi sa a, gade paj 184 a 186, chapit 27 nan liv La Révélation: le grand dénouement est proche! la.

^ § 13 Anplis de sa, nan antant yo te fè a, yo te mande pou gouvènman peyi Bilgari a ofri moun ki refize fè sèvis militè akoz konsyans yo posiblite pou yo fè sèvis sivil anba direksyon administrasyon sivil la.

^ § 14 Pou nou ka li tout istwa a, gade atik “La cour européenne garantit le droit à l’objection de conscience,” Toudegad 1ye novanm 2012 (fransè).

^ § 14 Pandan plis pase 20 an, gouvènman peyi Ameni an te met plis pase 450 jèn Temwen nan prizon. Nan mwa novanm 2013 la, yo te lage dènye frè ki te ret nan prizon yo.

^ § 16 Nan dosye tribinal la, yo te mal ekri non fanmi an.

^ § 20 Nan dosye tribinal la, yo te mal ekri non fanmi an. Men ki jan yo te ekri l: Ebralinag.