Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 CHAPIT 3

Jewova fè konnen objektif li

Jewova fè konnen objektif li

IDE KLE CHAPIT LA

Jewova fè konnen objektif li tikras pa tikras, men, se moun ki gen lakrentif pou li ki rive konn objektif sa a.

1, 2. Ki jan Jewova te fè limanite konnen objektif li?

PARAN ki renmen pitit yo fè yo patisipe nan reyinyon fanmi an. Sepandan, yo veye sou kantite enfòmasyon y ap ba yo. Yo fè pitit yo konnen sèlman sa yo panse pitit yo ka konnen.

2 Menm jan an tou, Jewova fè fanmi l gen sou tè a konnen objektif li tikras pa tikras. Sepandan, se sèlman nan bon moman an li fè yo konn sa. Ann fè yon ti koudèy sou fason Jewova te fè konnen verite konsènan Wayòm nan.

Poukisa nou bezwen Wayòm nan?

3, 4. Èske Jewova te ekri istwa limanite alavans? Esplike.

3 Okòmansman Wayòm Mesi a pa t fè pati objektif Jewova. Sa k fè sa? Se paske Jewova pa t ekri istwa limanite alavans. Anfèt, li te kreye lèzòm ak libète pou yo deside. Men sa li te di Adan ak Èv pou l fè yo konnen objektif li gen pou limanite: “Fè pitit, fè anpil pitit pou n plen tè a ak moun epi se pou nou gen pouvwa sou tè a.” ​(Jen. 1:28). Anplis de sa, Jewova te mande yo pou yo respekte prensip li bay sou sa ki byen ak sa ki mal yo (Jen. 2:16, 17). Adan ak Èv te ka chwazi rete fidèl. Si yo menm ak pitit yo te fè sa, Kris pa t ap bezwen gen yon Wayòm l ap dirije yon fason pou objektif Bondye reyalize. Jis rive jodi a, tè a t ap plen ak moun ki pafè k ap sèvi Jewova.

4 Se vre, Satan, Adan ak Èv te vire do bay Jewova, men, sa pa t fè Jewova abandone objektif li te gen pou l fè tè a plen ak moun ki pafè. Olye de sa, Jewova te itilize yon lòt fason pou l akonpli objektif li. Objektif li pa tankou yon tren ki oblije kouri sou yon ray byen presi pou rive kote l gen pou rive a, yon tren moun ka menm anpeche rive. Depi Jewova fin fè konnen objektif li genyen an, pa gen okenn fòs nan linivè ki ka anpeche l reyalize objektif sa a. (Li Izayi 55:11.) Si gen yon bagay ki vini pou bloke objektif Jewova, l ap itilize yon lòt bagay pou l reyalize objektif li * (Egz. 3:14, 15). Lè Jewova wè moman an rive pou l fè sèvitè fidèl li yo konnen  nouvo fason li pral itilize pou l reyalize objektif li a, li fè yo konn sa.

5. Lefètke te gen yon rebelyon nan jaden Edenn nan, ki sa Jewova te fè?

5 Etandone te gen yon rebelyon ki te fèt nan jaden Edenn nan, Bondye te vin mete Wayòm nan nan objektif li (Mat. 25:34). Nan moman sa a kote limanite te nan pwoblèm, Jewova te kòmanse bay detay sou fason li t apral fè limanite vin jan l te ye anvan an ak fason li t apral retire soufrans dominasyon Satan an lakòz (Jen. 3:14-19). Menm la a ankò, Jewova pa t fè konnen verite konsènan Wayòm nan yon sèl kou.

Jewova kòmanse fè konnen kèk verite sou Wayòm nan

6. Ki pwomès Jewova te fè, men, ki sa l pa t fè konnen?

6 Depi nan premye pwofesi ki nan Bib la, Jewova te pwomèt t ap gen yon “desandans” ki t apral detwi sèpan an. (Li Jenèz 3:15.) Sepandan, nan moman sa a, Bondye pa t fè konnen ki moun ki desandans lan e ki moun ki desandans sèpan an. Anfèt, se jis apre 2 000 ane fin pase Jewova te bay detay sa yo *.

7. Poukisa se Abraram Jewova te chwazi e ki gwo leson nou aprann nan sa?

7 Finalman, Jewova te chwazi pou desandans li te pwomèt la soti nan fanmi Abraram. Rezon ki fè Jewova te chwazi Abraram se paske Abraram te “koute vwa [Jewova]”. (Jen. 22:18.) Gen yon gwo leson nou aprann nan sa: Se sèlman moun ki gen bonjan lakrentif pou Jewova yo, Jewova ap fè konnen objektif li. — Li Sòm 25:14.

8, 9. Ki bagay ki gen rapò ak desandans yo te pwomèt la Jewova te fè Abraram ak Jakòb konnen?

8 Lè Jewova t ap pale ak zanmi l lan Abraram, pa mwayen yon zanj, pou premye fwa, li te fè l konnen yon bagay enpòtan ki gen rapò ak desandans li te pwomèt la: Desandans sa a t ap yon moun (Jen. 22:15-17; Jak 2:23). Men, kòman moun sa a t ap rive detwi sèpan an? Kiyès ki te sèpan an? Gen lòt enfòmasyon Jewova te fè konnen annapre ki t apral pote limyè sou kesyon sa yo.

9 Jewova te deside desandans lan t ap soti nan fanmi Jakòb, yon pitit pitit Abraram ki te demontre gwo lafwa nan Bondye (Jen. 28:13-22). Pa mwayen Jakòb, Jewova te fè konnen Moun li te pwomèt la t ap soti nan fanmi Jida, youn nan pitit Jakòb yo. Jakòb te anonse pitit sa a ki t ap soti nan Jida t ap resevwa “baton wa” a ki senbolize otorite l antanke wa, e se moun sa a “pèp yo [t] ap obeyi”. (Jen. 49:1, 10.) Deklarasyon Jewova te fè a te montre Moun yo te pwomèt la t ap yon dirijan, yon wa.

10, 11. Poukisa Jewova te fè David ak Dànyèl konnen objektif li?

10 Anviwon 650 an apre epòk Jida a, Jewova te bay wa David, yon desandan Jida, plis detay konsènan objektif li. Jewova te pale de David antanke “yon moun ki fè kè [l] plezi”. (1 Sam. 13:14; 17:12; Tra. 13:22.) Etandone David te gen lakrentif pou Jewova, Jewova te fè yon alyans avè l. Li te pwomèt  li youn nan desandan l yo t ap gen pou l dirije pou toutan. — 2 Sam. 7:8, 12-16.

11 Anviwon 500 an annapre, Jewova te sèvi ak pwofèt Dànyèl pou l te fè konnen nan ki ane Moun li te chwazi a, oswa Mesi a, t ap gen pou parèt sou tè a (Dàn. 9:25). Jewova te konsidere Dànyèl tankou “yon moun ki apresyab anpil”. Sa k fè sa? Se paske Dànyèl te gen gwo respè pou Jewova epi li te kontinye sèvi Jewova. — Dàn. 6:16; 9:22, 23.

12. Ki sa yo te di Dànyèl, e poukisa?

12 Byenke Jewova te sèvi ak kèk pwofèt fidèl tankou Dànyèl pou l te fè ekri plizyè detay konsènan desandans li te pwomèt la, anpalan de Mesi a, lè Jewova te fikse pou sèvitè l yo konprann tout sans sa l te enspire pwofèt sa yo pou yo te ekri a potko rive. Pa egzanp, apre Dànyèl te fin resevwa yon vizyon kote l te wè Wayòm Bondye a tabli, yo te di l pou l sele pwofesi sa a jiskaske lè Jewova fikse a rive. Lè lè sa a t ava rive, vrè konesans lan t ap “gen pou l vin anpil”. — Dàn. 12:4.

Jewova te sèvi ak kèk gason fidèl tankou Dànyèl pou l te fè ekri plizyè detay sou Wayòm Mesi a.

Jezi ede nou pi byen konprann objektif Bondye

13. a) Ki moun ki te desandans yo te pwomèt la? b) Ki fason Jezi te ede moun yo pi byen konprann pwofesi ki nan Jenèz 3:15 lan?

13 Jewova te fè konnen aklè se Jezi ki desandans li te pwomèt la. Se Jezi ki se desandan David ki t ap gen pou dirije antanke Wa a (Lik 1:30-33; 3:21, 22). Lè Jezi te kòmanse travay Bondye te voye l fè a, li te ede moun yo vin pi byen konprann objektif Bondye (Mat. 4:13-17). Pa egzanp, Jezi te montre aklè ki moun “sèpan” yo pale de li nan Jenèz 3:14, 15 lan ye. Li te di Dyab la se yon “asasen” e li se “papa manti”. (Jan 8:44.) Nan revelasyon Jezi te bay apot Jan an, Jezi te fè konnen se “premye sèpan an” yo “rele Dyab la e yo rele Satan an” *. (Li Revelasyon 1:1; 12:9.) Nan menm revelasyon sa a, Jezi te montre kòman desandans yo te pwomèt la t apral reyalize pwofesi Jewova te bay ann Edenn nan ak fason li t apral detwi Satan. — Rev. 20:7-10.

14-16. Èske disip Jezi ki t ap viv nan premye syèk la te toujou byen konprann verite Mèt yo a te ba yo a? Esplike.

14 Jan nou te wè sa nan chapit 1 liv sa a, Jezi te plis pale konsènan Wayòm nan. Sepandan, se pa tout lè li te bay disip li yo tout detay yo te vle konnen. Menm lè li te ba yo kèk detay byen presi, se jis annapre, pafwa menm plizyè santèn ane apre, moun ki t ap suiv Jezi yo te vin rive pi byen konprann verite Mèt yo a te konn ba yo a. Ann egzamine kèk egzanp.

15 Nan ane 33 epòk nou an, yon fason klè, Jezi te fè konnen moun ki t apral dirije avè l antanke wa nan Wayòm Bondye a t ap soti sou tè a, e yo t ap gen pou y al viv nan syèl la antanke kreyati espirityèl. Sepandan, disip li yo pa t konprann sa l te di yo a tousuit (Dàn. 7:18; Jan 14:2-5). Nan menm ane sa a, grasa kèk egzanp, Jezi te ede yo konprann Wayòm nan t ap gen pou l tabli plizyè ane apre l fin monte  nan syèl (Mat. 25:14, 19; Lik 19:11, 12). Disip yo pa t fin byen konprann pwen enpòtan sa a, se sa k fè, apre rezirèksyon Jezi, yo te mande l: “Èske se nan tan sa a w ap met wayòm Izrayèl la sou pye ankò?” Sepandan, Jezi te chwazi pa ba yo plis detay nan moman sa a (Tra. 1:6, 7). Jezi te fè konnen tou t ap gen “lòt mouton” ki pa t ap fè pati moun ki nan “ti twoupo” ki pral dirije avè l yo (Jan 10:16; Lik 12:32). Se jis apre Wayòm nan fin tabli nan ane 1914, disip Kris yo te resi vin byen konprann ki moun ki fè pati de gwoup moun sa yo.

16 Jezi te kapab di disip li yo anpil bagay pandan l te avèk yo sou tè a, men, li te konnen disip yo pa t ap ka konprann yo nan moman an (Jan 16:12). Pa gen dout nan sa, nan premye syèk la, disip yo te vin gen anpil enfòmasyon konsènan Wayòm nan. Sepandan, lè a potko rive pou konesans sa a vin anpil.

Vrè konesans lan vin anpil nan “tan lafen an”

17. Ki sa nou dwe fè pou nou konprann verite konsènan Wayòm nan, e ki sa nou bezwen anplis de sa?

17 Jewova te fè Dànyèl konnen, nan “tan lafen an” anpil moun t ap “gen pou yo ale adwat agoch, e vrè konesans” konsènan objektif Bondye a t ap vin anpil (Dàn. 12:4). Moun ki te vle jwenn konesans sa a te dwe travay anpil pou yo genyen l. Gen yon liv ki fè konnen fòm vèb ebre, lè yo tradui l yo mete “ale adwat agoch” pou li a, bay ide yon moun ki byen pran san l pou l egzamine tout detay ki nan yon liv. Sepandan, kèlkeswa jan nou ta byen pran san nou pou n egzamine Bib la, nou pap janm rive byen konprann verite konsènan Wayòm nan si Jewova pa ede nou konprann yo. — Li Matye 13:11.

18. Nan ki sans moun ki gen lakrentif pou Jewova yo te montre yo gen lafwa ak imilite?

18 Menm jan nan epòk ki te vin anvan ane 1914 la, Jewova te ede moun yo konprann verite konsènan Wayòm nan tikras  pa tikras, se menm jan an tou, li kontinye fè sa nan tan lafen an. Jan chapit 4 ak chapit 5 liv sa a pral montre sa, pandan plis pase 100 ane ki pase yo, pèp Bondye a te fè plizyè ajisteman nan fason yo te konprann verite sou Wayòm nan. Èske sa vle di Jewova pa t ede yo? Okontrè, li te ede yo. Sa k fè nou di sa? Se paske moun ki gen lakrentif pou Jewova yo te montre yo gen de kalite Jewova renmen, anpalan de lafwa ak imilite (Ebre 11:6; Jak 4:6). Sèvitè Jewova yo kwè tout pwomès ki nan Pawòl Bondye a ap reyalize. Yo montre yo gen imilite lefètke yo dakò yo konn mal konprann ki fason egzakteman pwomès sa yo ap reyalize. Atitid sa a sèvitè Jewova yo demontre a te parèt byen klè nan yon atik ki te parèt nan Toudegad 1ye mas 1925 lan ki te di: “Nou konnen se Seyè a ki ka pi byen esplike sa l vle di, l ap esplike pèp li a Pawòl li jan l vle a e nan lè l vle a.”

“Seyè a [...] ap esplike pèp li a Pawòl li jan l vle a e nan lè l vle a.”

19. Jodi a, ki sa Jewova ede nou konprann, e poukisa?

19 Lè Wayòm nan te tabli nan ane 1914, pèp Bondye a pa t gen yon konesans konplè sou fason pwofesi ki gen rapò ak Wayòm nan t apral reyalize (1 Kor. 13:9, 10, 12). Nou te tèlman chofe pou n wè pwomès Bondye yo reyalize, pafwa, nou konn menm tire kèk konklizyon ki pa kòrèk. Tank ane yo t ap pase, se tank nou te wè sajès ki nan yon lòt pawòl ki parèt nan Toudegad nou te site nan paragraf ki vin anvan an, te parèt aklè. Men sa atik la te di: ‘Sanble l ap bon pou nou suiv prensip sa a: se jis lè yon pwofesi reyalize oswa pandan l ap reyalize, n ap rive konprann li.’ Kounye a, etandone nou fon nan tan lafen an, gen anpil pwofesi ki gen rapò ak Wayòm nan ki gentan reyalize oswa k ap reyalize. Piske pèp Jewova a gen imilite e yo aksepte Jewova korije yo, Jewova te ede yo vin pi byen konprann objektif li. Vrè konesans lan vin anpil!

 Eklèsisman ki fèt yo sèvi kòm eprèv pou pèp Bondye a

20, 21. Ki jan kretyen ki t ap viv nan premye syèk la te reyaji devan eklèsisman ki te fèt yo?

20 Lè Jewova ap ban nou plis eklèsisman sou fason nou konprann verite a, sa sèvi kòm eprèv pou nou. Èske imilite ak lafwa ap pouse nou aksepte chanjman ki fèt yo? Kretyen ki t ap viv nan mitan premye syèk la te fè fas ak yon eprèv konsa. Pa egzanp, imajine w t ap viv nan premye syèk la epi w te yon kretyen ki Juif. Ou gen gwo respè pou Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la, epi w fyè dèske w se yon Juif. Kounye a, men w resevwa yon lèt Bondye pouse apot Pòl ekri ki montre ou pa bezwen obeyi Lalwa ankò, e ki montre Jewova rejte nasyon Izrayèl selon lachè a pou l chwazi Izrayèl espirityèl la ki gen ladan l ni Juif, ni moun ki pa Juif (Wom. 10:12; 11:17-24; Gal. 6:15, 16; Kol. 2:13, 14). Ki jan w t ap reyaji?

21 Kretyen ki te gen imilite yo te aksepte esplikasyon Jewova te enspire Pòl pou l bay yo, e Jewova te beni yo (Tra. 13:48). Gen lòt moun ki pa t kouri aksepte eklèsisman sa yo e ki te vle ret atache ak sa yo te aprann yo (Gal. 5:7-12). Si moun sa yo pa t chanje fason yo te wè bagay yo, yo t ap pèdi posiblite yo te genyen pou yo t al dirije avèk Kris la. — 2 Pyè 2:1.

22. Ki jan w santi w lefètke pèp Bondye a vin pi byen konprann objektif Bondye?

22 Pandan plizyè dizèn ane ki sot pase yo, Jewova te ban nou plis eklèsisman sou fason nou te konprann Wayòm nan. Pa egzanp, li te ede nou pi byen konprann ki lè yo pral separe moun ki tankou mouton yo, sètadi moun Wayòm nan pral dirije yo, ak moun ki tankou kabrit yo, sètadi moun ki pa byen reyaji devan Wayòm nan. Anplis de sa, Jewova te ede n konprann ki lè y ap fin rasanble tout 144 000 moun yo, li te ede nou konprann ki sa egzanp Jezi te bay konsènan Wayòm nan vle di ak ki lè dènye moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo pral viv nan syèl la *. Ki jan w reyaji devan eklèsisman sa yo? Èske yo fè lafwa w vin pi solid? Èske w wè yo kòm yon prèv ki montre Jewova kontinye ap anseye pèp li a ki gen imilite? Enfòmasyon w pral jwenn nan liv sa a pral ede w kwè plis toujou Jewova ap ede moun ki gen lakrentif pou li yo konprann objektif li tikras pa tikras.

^ § 4 Non Bondye se fòm yon vèb ebre ki vle di “vin tounen”. Non Jewova ede nou konprann Jewova se Moun ki kenbe pwomès li. Gade kare ki gen tit “Ki sa non Bondye vle di?” a ki nan chapit 4 la.

^ § 6 Byenke kantite tan sa a ka sanble long anpil jodi a, men, nou dwe sonje nan epòk sa a, kantite ane lèzòm te konn viv te pi long lontan. Soti nan Adan pou rive nan Abraram, te gen sèlman kat moun ki te viv yon kantite ane ki te pèmèt yo vivan toujou lè lòt la te fèt. Adan te vivan toujou lè Lamèk, papa Noye, te fèt. Lamèk te vivan toujou lè Sèm, pitit gason Noye a, te fèt. Sèm te vivan toujou lè Abraram te fèt. — Jen. 5:5, 31; 9:29; 11:10, 11; 25:7.

^ § 13 Yo sèvi ak mo “Satan” an 18 fwa nan liv ki te ekri ann ebre yo pou yo pale de moun. Sepandan, mo “Satan” an parèt plis pase 30 fwa nan Liv ki te ekri an grèk yo. Donk, li nòmal pou n di moun ki te ekri Liv ki te ekri an ebre yo pa t konsantre yo twòp sou Satan, men, yo te konsantre yo sou chèche konnen kiyès ki Mesi a. Lè Mesi a te vin parèt, li te montre aklè kiyès Satan ye, e sa ekri nan Liv ki te ekri an grèk yo.

^ § 22 Pou n jwenn plis detay sou kèk nan eklèsisman sa yo, gade atik ki te parèt nan Toudegad: 15 oktòb 1995, paj 23-28 (fransè); 15 janvye 2008, paj 20-24; 15 jiyè 2008, paj 17-21; 15 jiyè 2013, paj 9-14.