Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Wayòm Bondye a ap dirije!

 CHAPIT 9

Rezilta travay predikasyon an: “Jaden yo [...] blanch pou rekòt la”

Rezilta travay predikasyon an: “Jaden yo [...] blanch pou rekòt la”

IDE KLE CHAPIT LA

Jewova fè semans verite konsènan Wayòm nan vin anpil.

1, 2. a) Ki sa k fè disip yo pa t ka konprann sa Jezi te di yo a? b) De ki kalite rekòt Jezi t ap pale?

DISIP yo pa ka fin byen konprann sa Jezi t ap di yo a. Men sa l te di yo: “Leve je nou! Gade jaden yo! Paske, yo deja blanch pou rekòt la.” Disip yo voye je yo nan direksyon Jezi t ap montre yo a, men, sa sèlman yo wè se yon jaden ki byen vèt, yon koulè ki montre lòj la te fèk ap fleri. Petèt yo t ap mande tèt yo: De ki ‘rekòt’ l ap pale? Rezon ki fè yo te ka ap mande sa se paske ‘te ret anpil mwa anvan rekòt la fèt’. — Jan 4:35, Bib Kreyòl La.

2 Sepandan, Jezi pa t ap pale de yon rekòt ki gen rapò ak jaden. Li te pwofite moman sa a pou l te anseye disip li yo de leson enpòtan ki te gen rapò ak yon rekòt espirityèl, sètadi, yon rekòt ki gen rapò ak moun. Ki leson sa yo? Pou nou ka jwenn repons lan, ann chèche jwenn plis detay sou istwa sa a.

Li te pouse yo aji e l te pwomèt y ap gen kè kontan

3. a) Ki sa petèt ki te pouse Jezi di: ‘Jaden yo deja blanch pou rekòt la’? (Gade nòt anba paj la.) b) Ki jan Jezi te ede disip yo konprann sa l te di a?

3 Jezi te gen konvèsasyon sa a ak disip li yo toupre yon vil Samariten ki rele Sicha nan fen ane 30 epòk nou an. Pandan disip yo t ap antre nan vil la, Jezi te deside ret bò yon pi. Pandan l te bò pi a, li te pataje verite espirityèl la ak yon dam, e sa pa t pran tan pou dam nan te konprann enpòtans ansèyman Jezi yo. Lè disip yo te tounen vin jwenn Jezi, dam nan te kouri al nan vil Sicha pou l te fè vwazen l yo konnen tout bèl bagay li te aprann yo. Sa dam nan te di yo te fè anpil nan vwazen l yo anvi tande sa l te aprann yo, e yo te kouri al bò pi a pou yo te ka koute Jezi. Petèt, se nan moman sa a Jezi te voye je l gade pi lwen pase jaden lòj la, epi l te wè yon gwo foul Samariten ki t ap vini. Men sa l te di: “Leve je nou! Gade jaden yo! Paske, yo deja blanch pou rekòt la *.” Apre sa, pou Jezi te ka fè yo konnen li pa t ap pale konsènan yon rekòt ki gen rapò ak jaden, men, se te de yon rekòt espirityèl li t ap pale, men sa l te ajoute: “Moun k ap rekòlte a [...] ap ranmase fwi pou lavi ki pap janm fini an.” — Jan 4:5-30, 36.

4. a) Ki de leson ki gen rapò ak rekòt la Jezi te anseye? b) Bay kèk kesyon nou pral egzamine.

4 Ki de leson enpòtan ki gen rapò ak rekòt espirityèl la Jezi te anseye? Premyèman, travay la ijan. Lè Jezi te di “jaden yo [...] deja blanch pou rekòt la”, se ankouraje li t ap ankouraje disip  li yo pou yo aji san pèdi tan (Se nou ki mete mo a ann italik). Pou l te ka ede disip li yo byen konprann jan l enpòtan pou yo aji san pèdi tan, li te di: “Depi kounye a, y ap peye moun k ap rekòlte a sa yo dwe peye l.” Vrèmanvre, rekòt la te deja kòmanse, sa vle di, yo pa t gen tan pou yo pèdi! Dezyèmman, moun k ap travay yo gen kè kontan. Ni moun k ap simen an, ni moun k ap rekòlte a t ap gen pou yo “rejwi ansanm” ​(Jan 4:35b, 36). Menm jan Jezi te kontan wè jan “anpil Samariten [...] te met lafwa nan li”, se konsa tou, disip li yo t ap gen pou yo jwenn anpil kè kontan toutpandan yo t ap fè travay rekòt la ak tout kè yo (Jan 4:39-42). Istwa sa a ki te pase nan premye syèk la gen anpil enpòtans pou nou, paske l ede n wè travay k ap fèt jodi a nan pi gwo rekòt espirityèl ki te janm fèt la. Ki lè travay rekòt sa a te kòmanse nan epòk nou an? Ki moun k ap patisipe ladan l? Ki rezilta li bay?

Wa nou an pran latèt nan pi gwo rekòt ki te janm fèt la

5. Ki moun ki pran latèt nan travay rekòt k ap fèt sou tout tè a, e kòman vizyon apot Jan an ede n wè travay la ijan?

5 Nan yon vizyon Jewova te bay apot Jan, Jewova te fè konnen li te met Jezi Chèf nan travay rekòlte moun k ap fèt sou tout tè a. (Li Revelasyon 14:14-16.) Nan vizyon sa a, yo pale de Jezi kòm yon moun ki gen yon kouwòn sou tèt li e ki gen yon sèpèt nan men l. Lefètke Jezi gen “yon kouwòn annò sou tèt li”, sa montre aklè l ap dirije antanke Wa. Lefètke l gen “yon sèpèt byen file nan men” l, sa montre wòl li jwe antanke Moun k ap rekòlte a. Pou Jewova montre jan travay la ijan, pa mwayen yon zanj, li di: “Rekòt ki sou tè a byen mi.” Se sèten, pa gen tan pou pèdi paske “lè a rive pou rekòt la fèt”! Pou Jezi aji ann amoni ak lòd Bondye ba li lè l di l “pase sèpèt ou” a, li pran sèpèt li, li pase l, epi li fè rekòt la sou tè a, sa vle di, li rekòlte moun sou tè a. Yon lòt fwa ankò, kokennchenn vizyon sa a fè n sonje jan “jaden yo [...] deja blanch pou rekòt la”. Èske vizyon sa a pa ede n wè ki lè travay rekòt k ap fèt sou tout tè a te kòmanse? Wi!

6. a) Ki lè “sezon rekòt la” te kòmanse? b) Ki lè “rekòt k ap fèt sou tè a” kounye a te kòmanse? Esplike.

6 Etandone vizyon apot Jan an nou jwenn nan Revelasyon chapit 14 la montre Jezi, Moun k ap fè rekòt la, gen yon kouwòn sou tèt li (vèsè 14), sa montre Jewova te deja mete l Wa nan ane 1914 (Dàn. 7:13, 14). Yon ti tan apre sa, Jewova te bay Jezi lòd pou l kòmanse rekòt la (vèsè 15). Evènman sa yo te rive menm jan ak sa Jezi te di nan parabòl konsènan rekòt ble a. Men sa l te di: “Moman rekòt la, se fen sistèm nan.” Kidonk, moman rekòt la ak fen sistèm nan te kòmanse menm lè, sa vle di nan ane 1914. Annapre, rekòt k ap fèt kounye a te kòmanse “nan sezon rekòt la”. (Mat. 13:30, 39.) Lè n egzamine sa k te pase nan moman sa a, nou ka wè rekòt la te kòmanse kèk ane apre Jezi te kòmanse dirije antanke Wa. Toudabò, soti nan ane 1914 pou rive nan kòmansman ane 1919, Jezi te fè yon travay netwayaj nan mitan disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl la (Mal. 3:1-3; 1 Pyè 4:17). Annapre, “rekòt ki sou tè a” te kòmanse nan  ane 1919. San pèdi tan, Jezi te sèvi ak esklav fidèl li te fèk nome a pou l ede frè n yo wè jan travay predikasyon an ijan. Ann egzamine sa k te pase.

7. a) Ki sa frè nou yo te egzamine ki te ede yo wè travay predikasyon an se yon travay ki ijan? b) Ki sa yo te ankouraje frè nou yo pou yo fè?

7 Men sa Toudegad te fè konnen nan mwa jiyè 1920: “Apre nou fin egzamine Ekriti yo, li parèt klè legliz la gen yon gwo privilèj pou l anonse yon mesaj konsènan wayòm nan.” Pa egzanp pwofesi Izayi a te ede frè yo konprann yo ta dwe preche nouvèl Wayòm nan sou tout tè a (Iza. 49:6; 52:7; 61:1-3). Se vre yo pa t konnen ki jan yon gwo travay konsa t ap rive fèt, men, yo te gen konfyans Jewova t ap ouvri chemen an pou yo rive fè travay la. (Li Izayi 59:1.) Kòm rezilta, etandone yo te vin pi byen konprann jan travay predikasyon an ijan, yo te ankouraje frè yo pou yo patisipe plis nan travay predikasyon an. Kòman frè yo te reyaji?

8. Nan ane 1921, ki de bagay frè nou yo te rive konnen konsènan travay predikasyon an?

8 Men sa Toudegad te fè konnen nan mwa desanm 1921: “Ane sa a se pi bèl ane nou te genyen. Anplis de sa, pandan ane 1921 an, gen plis moun ki tande mesaj verite a pase ane ki te vin anvan yo.” Mete sou sa, men sa peryodik la te fè konnen: “Se pa ti travay k ap tann nou [...]. Annou fè l ak kè kontan.” Remake, frè nou yo te rive byen konprann de bagay enpòtan Jezi te fè disip li yo konnen konsènan travay predikasyon: travay la ijan, e moun k ap travay yo ap gen kè kontan.

9. a) Nan ane 1954, ki sa Toudegad te fè konnen konsènan travay rekòt la, e poukisa?b) Ki jan kantite pwoklamatè yo te ogmante sou tout tè a pandan 50 dènye ane yo? (Gade tablo ki gen tit: “ Akwasman nan lemonnantye.”)

9 Pandan ane 1930 yo, apre frè nou yo te fin konprann gen yon gwo foul lòt mouton ki t ap gen pou byen reyaji devan mesaj Wayòm nan, yo te ogmante travay predikasyon an pi plis toujou (Iza. 55:5; Jan 10:16; Rev. 7:9). Ki rezilta sa te bay? Kantite moun k ap preche mesaj Wayòm nan te vin ogmante, li te soti 41 000 nan ane 1934 pou rive 500 000 nan ane 1953! Se sa k fè, Toudegad 1ye desanm 1954 la te gen bonjan rezon pou l di: “Se grasa lespri sen Jewova ansanm ak pouvwa Pawòl li a ki fè gwo rekòt sa a rive fèt toupatou sou tè a *.” — Zek. 4:6.

 

AKWASMAN NAN LEMONNANTYE

Peyi

1962

1987

2013

Ostrali

15 927

46 170

66 023

Brezil

26 390

216 216

756 455

Lafrans

18 452

96 954

124 029

Itali

6 929

149 870

247 251

Japon

2 491

120 722

217 154

Meksik

27 054

222 168

772 628

Nijerya

33 956

133 899

344 342

Filipin

36 829

101 735

181 236

Etazini d Amerik

289 135

780 676

1 203 642

Zanbi

30 129

67 144

162 370

 

KANTITE ETID BIBLIK YO AP OGMANTE

1950

234 952

1960

646 108

1970

1 146 378

1980

1 371 584

1990

3 624 091

2000

4 766 631

2010

8 058 359

 Yo te itilize yon seri bèl pawòl pou pale de rezilta rekòt la

10, 11. Sou ki aspè nan parabòl grenn moutad la, egzanp lan atire atansyon nou konsènan grandi grenn moutad la t ap grandi a?

10 Nan parabòl Jezi te bay konsènan Wayòm nan, li te sèvi ak yon seri bèl pawòl pou l te pale de rezilta travay rekòt la. Ann egzamine parabòl grenn moutad la ak parabòl ledven an. Nou pral pale sitou konsènan fason parabòl sa yo ap reyalize nan tan lafen an.

11 Parabòl grenn moutad la. Nan parabòl sa a, Jezi te pale konsènan yon moun ki te plante yon grenn moutad. Grenn moutad la grandi, li vin tounen yon pyebwa e zwazo yo jwenn kote pou yo abite sou li. (Li Matye 13:31, 32.) Sou ki aspè nan grandi grenn moutad la t ap grandi a, egzanp sa a atire atansyon nou? 1) Egzanp lan montre fason grenn moutad la grandi a se yon bagay ki estrawòdinè. Jezi te di “grenn ki pi piti nan tout semans” lan te vin tounen yon pyebwa ki fè “gwo branch”. (Mak 4:31, 32.) 2) Egzanp lan montre grenn moutad la t ap pouse san mank. Jezi te di “lè yo fin simen [semans lan], li pouse”. Jezi pa t di “li ka pouse”, olye de sa, li te di “li pouse”. Pa gen anyen ki te ka anpeche l pouse. 3) Lefètke pyebwa a grandi, sa t ap atire moun vin pran refij anba l. Jezi te di: “Zwazo nan syèl la ka jwenn kote pou yo abite anba lonbray li.” Ki fason twa aspè sa yo jwenn aplikasyon yo nan rekòt espirityèl k ap fèt nan epòk nou an?

12. Ki fason parabòl grenn moutad la jwenn aplikasyon l nan rekòt k ap fèt jodi a? (Gade tablo ki gen tit “ Kantite etid biblik yo ap ogmante” a tou.)

12 1) Li grandi: Parabòl sa a met aksan sou jan mesaj Wayòm nan ansanm ak kongregasyon kretyen an kontinye ap grandi. Depi ane 1919, y ap rasanble yon seri travayè, ki zele anpil nan travay rekòt la, anndan kongregasyon kretyen an ki te kòmanse fonksyone dapre modèl kongregasyon premye syèk yo. Nan epòk sa a, yo pa t anpil, men, yo pa t pran tan pou yo te vin anpil. Anfèt, fason yo te grandi a, soti nan kòmansman ane 1900 yo pou rive jodi a, se yon bagay ki estrawòdinè (Iza. 60:22). 2) Li t ap pouse san mank: Pa gen anyen ki ka anpeche kongregasyon kretyen an vin gen anpil moun. Kèlkeswa kantite opozisyon ki tankou gwo wòch ènmi Bondye yo te mete pou anpeche ti semans lan grandi, li te kontinye grandi (Iza. 54:17). 3) Pran refij anba l: “Zwazo nan syèl la” ki vin pran refij anba pyebwa a reprezante plizyè milyon moun sensè, ki soti nan plis pase 240 peyi, ki byen reyaji devan mesaj Wayòm nan e ki vin fè pati kongregasyon kretyen an (Eze. 17:23). Moun sa yo jwenn manje, rekonfò ak pwoteksyon nan domèn espirityèl nan kongregasyon an. — Iza. 32:1, 2; 54:13.

Parabòl grenn moutad la montre moun ki nan kongregasyon an jwenn pwoteksyon. (Gade paragraf 11, 12)

13. Sou ki aspè ki gen rapò ak grandi kongregasyon an t ap grandi a parabòl ledven an atire atansyon nou?

13 Parabòl ledven an. Nan parabòl sa a, Jezi te di apre yon dam fin pran enpe ledven epi l mete l nan twa gwo mezi farin, ledven an fè tout pat la leve. (Li Matye 13:33.) Sou ki aspè ki gen rapò ak grandi kongregasyon an t ap grandi a parabòl sa a atire atansyon nou? Ann egzamine de aspè. 1) Li grandi akoz transfòmasyon ki fèt ladan l. Ledven an gaye nan farin nan “jiskaske tout pat la leve”. 2) Grandi li grandi a fè l gaye toupatou.  Ledven an fè “twa gwo mezi farin”, sètadi tout pat la, leve. Ki fason de aspè sa yo jwenn aplikasyon yo nan rekòt espirityèl k ap fèt nan epòk nou an?

14. Ki fason parabòl ledven an jwenn aplikasyon l nan rekòt k ap fèt jodi a?

14 1) Transfòmasyon: Ledven an reprezante mesaj Wayòm nan, e pat la reprezante limanite. Menm jan ledven an fè vin gen yon chanjman nan farin nan apre yo fin melanje yo ansanm, se konsa tou, mesaj Wayòm nan fè vin gen yon transfòmasyon nan kè yon moun apre moun sa a fin aksepte mesaj la (Wom. 12:2). 2) Li gaye toupatou: Gaye ledven an gaye a reprezante mesaj Wayòm nan k ap gaye toupatou. Ledven an fè yon travay nan pat la jiskaske l rive gaye nan tout pat la. Menm jan an tou, mesaj Wayòm nan rive gaye “jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. (Tra. 1:8.) Aspè sa a nan parabòl la montre tou, mesaj Wayòm nan t ap rive gaye menm nan peyi kote yo entèdi travay nou an, malgre pèsonn pa wè efè travay predikasyon n ap fè nan zòn sa yo genyen.

15. Ki fason pawòl nou jwenn nan Izayi 60:5, 22 yo te reyalize? (Gade kare ki gen tit “ Se Jewova ki fè sa posib” la ak kare ki gen tit “ Fason ‘ti piti’ a te tounen ‘yon nasyon pisan’” an.)

15 Anviwon 800 an anvan Jezi te bay parabòl sa yo, pa mwayen pwofèt Izayi, Jewova te itilize yon seri pawòl moun pa ka bliye  pou l te montre jis nan ki pwen rekòt espirityèl la t ap fèt nan epòk nou an, e l te montre tou kòman rekòt sa a t ap fè moun jwenn kè kontan *. Jewova te montre gen moun ki “soti byen lwen” ki t ap kontinye vin nan òganizasyon l lan. Men sa Jewova te di yon “madanm” ki reprezante jodi a rès moun li chwazi pou al nan syèl la k ap viv sou tè a toujou: “Ou pral wè e, se sèten, kè w ap kontan. Wi, kè w gen pou l bat fò e w ap kontan anpil, paske richès lanmè a ap vin jwenn ou. Resous nasyon yo ap vin jwenn ou.” ​(Iza. 60:1, 4, 5, 9). Se pa ti verite ki gen nan pawòl sa yo! Jodi a, nou ka wè jan moun ki gen plizyè ane depi y ap sèvi Jewova yo kontan anpil, toutpandan y ap gade jan kantite pwoklamatè Wayòm ki nan peyi kote y ap viv yo kontinye ap ogmante, soti kèk grenn moun pou rive plizyè milye moun.

Rezon ki fè tout sèvitè Jewova yo gen kè kontan

16, 17. Bay youn nan rezon ki fè ‘ni moun k ap simen an ni moun k ap rekòlte a ap rejwi ansanm’. (Gade kare ki gen tit “ Fason de feyè te touche kè de moun nan Amazòn” nan tou.)

16 Pa bliye Jezi te di apot li yo: “Moun k ap rekòlte a [...] ap ranmase fwi pou lavi ki pap janm fini an, dekwa pou moun k ap simen an ka rejwi ansanm ak moun k ap rekòlte a.” ​(Jan 4:36). Ki fason nou “rejwi ansanm” nan travay rekòt k ap fèt sou tout tè a? Plizyè fason. Ann egzamine twa ladan yo.

17 Premyèman, nou kontan dèske n konnen ki wòl Jewova jwe nan travay sa a. Lè n ap preche mesaj Wayòm nan, se simen n ap simen semans lan (Mat. 13:18, 19). Lè n ede yon moun vin yon disip Kris, se rekòlte nou rekòlte fwi. Se pa ti kontan nou kontan pou n wè jan Jewova fè semans Wayòm nan ‘leve epi l fè l grandi’! (Mak 4:27, 28.) Gen kèk semans nou te simen ki te vin grandi annapre e se lòt moun ki te rekòlte yo. Petèt ou te fè menm eksperyans ak Joan, yon kretyèn k ap viv nan peyi Grann Bretay e ki gen 60 an depi l batize. Men sa l te di: “Mwen te rankontre kèk moun ki te di m mwen te plante yon semans nan kè yo lè m te preche yo sa gen plizyè ane. Pi devan gen lòt Temwen ki te vin etidye Labib avè yo, e yo te ede yo vin yon sèvitè Jewova. Mwen kontan lefètke semans mwen te plante a te grandi e gen moun ki te rekòlte l.” — Li 1 Korentyen 3:6, 7.

18. Selon 1 Korentyen 3:8, ki rezon nou genyen pou nou gen kè kontan?

18 Dezyèmman, antanke moun k ap travay, nou toujou gen kè kontan paske n sonje pawòl sa a apot Pòl te di a: “Chak [moun] ap resevwa rekonpans pa yo selon travay pa yo.” ​(1 Kor. 3:8). Yon moun ap jwenn rekonpans selon travay li fè, men, rekonpans lan pa depann de rezilta l jwenn nan travay la. Se pa ti kontan moun k ap preche nan tèritwa kote li difisil pou yo jwenn bon rezilta yo kontan lefètke yo konn sa! Nan je Bondye, chak Temwen ki patisipe ak tout kè l nan travay simen semans lan se moun ki “bay anpil fwi”, e moun sa yo gen bonjan rezon pou yo gen kè kontan. — Jan 15:8; Mat. 13:23.

19. a) Ki rapò pwofesi Jezi te bay nou jwenn nan Matye 24:14 la genyen ak kontan nou kontan an? b) Ki sa n dwe toujou sonje menm lè n pa rive ede yon moun vin yon disip?

19 Twazyèmman, kè nou kontan lefètke n konnen travay n ap fè a akonpli pwofesi ki nan Bib la. Fè yon ti reflechi ak repons Jezi te bay apot li yo lè yo te mande l: “Ki siy k ap siy prezans  ou e k ap siy fen sistèm nan?” Li te fè yo konnen youn nan aspè nan siy sa a se t ap yon travay predikasyon ki t ap gen pou fèt sou tout tè a. Èske Jezi t ap pale konsènan travay fè disip la? Non. Men sa l te di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj.” ​(Mat. 24:3, 14). Donk, travay predikasyon Wayòm nan, anpalan de travay simen semans lan, se yon aspè nan siy sa a. Kidonk, toutpandan n ap preche bon nouvèl Wayòm nan, nou dwe toujou sonje menm lè n pa rive fè yon disip, nou bay yon “temwayaj” *. Vrèmanvre, kèlkeswa fason yon moun reyaji devan mesaj la, nou patisipe nan akonplisman pwofesi Jezi te bay la e nou gen privilèj pou n sèvi antanke “konpayon travay Bondye”. (1 Kor. 3:9.) Se pa ti rezon nou genyen pou nou gen kè kontan!

“Depi kote solèy la leve a jis rive kote l kouche a”

20, 21. a) Ki jan pawòl nou jwenn nan Malaki 1:11 lan ap akonpli jodi a? b) Ki detèminasyon w pran anrapò ak travay rekòt la, e poukisa?

20 Nan premye syèk la, Jezi te ede apot li yo konprann jan travay rekòt la se yon travay ki ijan. Depi 1919, Jezi ap ede disip li yo nan epòk nou an konprann menm bagay la tou. Kòm rezilta, pèp Bondye a vin ogmante patisipasyon yo nan travay predikasyon an. Anfèt, pa gen pèsonn ki ka anpeche travay rekòt la fèt. Jan pwofèt Malaki te gentan fè konn sa, jodi a, travay predikasyon an ap fèt soti “kote solèy la leve a jis rive kote l kouche a”. (Mal. 1:11.) Vrèmanvre, soti kote solèy la leve a pou rive kote l kouche a, sa vle di de lès a lwès, kèlkeswa kote yon moun ye sou tè a, ni moun k ap simen an ni moun k ap rekòlte ap travay ansanm e yo gen kè kontan. Anplis de sa, depi lè solèy la leve pou jis li kouche, sa vle di depi nan maten pou rive jis nan aswè oswa tout lajounen, nou kontinye ap travay san pèdi tan.

21 Jodi a, lè n fè yon ti reflechi sou anviwon 100 an ki gentan pase yo e nou wè jan ti gwoup moun k ap sèvi Bondye yo vin grandi pou yo tounen “yon nasyon pisan”, sa fè kè n ‘bat fò e sa fè n kontan anpil’. (Iza. 60:5, 22.) Kidonk, nou swete pou kè kontan nou genyen an ak lanmou nou gen pou Jewova a, li menm ki se “Mèt rekòt la”, pouse nou chak kontinye fè tout sa n kapab nan pi gwo rekòt la jiskaske l fini. — Lik 10:2.

^ § 3 Pawòl Jezi te di konsènan ‘jaden yo ki blanch pou rekòt la’ kapab gen rapò ak wòb blanch ki te sou anpil Samariten Jezi te wè ki t ap vini yo.

^ § 9 Pou n jwenn plis detay konsènan ane sa yo ansanm ak plizyè dizèn ane ki te vin apre yo, nou ankouraje n li paj 425-520 nan liv Les Témoins de Jéhovah: Prédicateurs du Royaume de Dieu a. Nan paj sa yo, yo pale sou sa yo te akonpli nan travay rekòt la soti ane 1919 pou rive ane 1992.

^ § 15 Pou n jwenn plis detay konsènan bèl pwofesi sa a, gade liv La prophétie d’Isaïe, lumière pour tous les humains II, paj 303-320.

^ § 19 Premye Etidyan Labib yo te gentan konprann verite enpòtan sa a. Men sa Toudegad Siyon an (anglè) 15 novanm 1895 lan te fè konnen: “Si nou ka ranmase yon ti kal ble, nou ka rive bay yon gwo temwayaj konsènan laverite [...]. Nou tout ka preche levanjil la.”