Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 CHAPIT 7

Metòd yo itilize pou yo preche: Yo itilize tout mwayen pou yo jwenn moun

Metòd yo itilize pou yo preche: Yo itilize tout mwayen pou yo jwenn moun

IDE KLE CHAPIT LA

Pèp Bondye a itilize plizyè metòd yon fason pou yo preche plis moun.

1, 2. a) Ki metòd Jezi te itilize pou l te ka pale ak yon foul moun? b) Ki jan disip fidèl Kris yo te suiv egzanp li, e poukisa?

GEN yon gwo foul moun ki rasanble toutotou Jezi toupre yon lak, men, Jezi monte yon bato, epi li mande pou yo avanse bato a yon ti jan pi lwen. Poukisa l mande yo fè sa? Se paske l te konnen vwa l t ap vin pi fò sou dlo lak la, e konsa moun yo t ap ka tande mesaj li a pi byen. — Li Mak 4:1, 2.

2 Pandan plizyè dizèn ane ki te vin anvan e apre Wayòm nan te tabli a, disip fidèl Kris yo te suiv egzanp Kris. Yo te sèvi ak plizyè metòd pou yo gaye bon nouvèl Wayòm nan bay plis moun. Anba direksyon Wa a, pèp Bondye a te kontinye ap chèche lòt metòd pou yo ka jwenn plis moun toujou. Yo te adapte yo ak sikonstans yo ki t ap chanje, e yo te adapte yo ak nouvo teknoloji ki vin genyen yo. Nou vle preche plis moun otan sa posib anvan lafen an vini (Mat. 24:14). Annou egzamine kèk metòd nou itilize pou nou rive preche plis moun, kèlkeswa kote y ap viv. Anmenmtan tou, reflechi sou fason nou kapab imite lafwa moun ki t ap gaye bon nouvèl la anvan sa.

Yo chèche jwenn plis moun

3. Poukisa ènmi laverite yo te vin fache lefètke n te sèvi ak jounal yo?

3 Jounal: Frè Russell ak moun ki te avè l yo te gentan ap pibliye Toudegad depi ane 1879, e konsa, yo te ede anpil moun konnen mesaj Wayòm nan. Sepandan, sanble pandan dis ane ki te vin anvan 1914 yo, Kris t ap ranje bagay yo yon fason pou bon nouvèl la ka rive touche plis moun toujou. Evènman sa yo te kòmanse an 1903. Nan ane sa a, doktè Ephraim L. Eaton, ki se reprezantan yon gwoup pastè potestan nan vil Pennsilvani, te mande frè Charles Taze Russell pou yo fè yon deba sou plizyè doktrin ki gen rapò ak Bib la. Men sa Eaton te ekri nan yon lèt li te voye bay frè Russell: “Mwen panse yon deba sou kèk kesyon nou pa rive dakò sou yo [...] t ap enterese tout moun.” Russell ak lòt moun ki te avè l yo te panse piblik la t ap enterese nan deba sa yo tou. Konsa, yo te pran dispozisyon pou yo pibliye deba sa yo nan youn nan jounal yo te plis pibliye yo ki rele The Pittsburgh Gazette. Etandone anpil moun te renmen atik yo te ekri nan jounal la, e esplikasyon byen klè Russell  te bay sou verite ki nan Bib la te tèlman atiran, sa te pouse mèt jounal la mande Russell pou l pibliye diskou li te fè yo chak semèn. Se pa ti fache ènmi laverite yo dwe te fache pou sa!

Rive nan ane 1914, te gen plis pase 2 000 jounal ki t ap pibliye diskou frè Russell yo.

4, 5. Ki kalite Russell te demontre, e kòman moun ki gen responsablite yo ka imite egzanp li?

4 Sa pa t pran anpil tan pou te gen anpil lòt jounal ki te vle pibliye diskou Russell yo. Rive nan ane 1908, Toudegad te fè konnen gen “onz jounal [ki t ap pibliye diskou Russell yo] regilyèman”. Sepandan, frè ki te abitye travay nan jounal yo te fè Russell konnen si l deplase biwo Sosyete a sot Pitsbèg pou al nan yon vil plis moun konnen, t ap gen plis jounal ki t ap vle pibliye atik ki baze sou Bib la. Apre Russell te fin reflechi sou konsèy sa a ansanm ak kèk lòt detay ankò, nan ane 1909, li te deplase biwo yo pou al Bwouklin, Nouyòk. Ki rezilta sa te bay? Kèk mwa sèlman apre yo te fin rive Bwouklin, te gen anviwon 400 jounal ki t ap pibliye diskou l yo, e te gen lòt jounal toujou ki t ap ajoute detanzantan. Rive nan moman Wayòm nan te tabli nan ane 1914 la, te gen plis pase 2 000 jounal ki t ap pibliye diskou Russell yo ansanm ak kèk lòt atik nan kat lang!

5 Ki leson enpòtan nou ka aprann nan sa? L ap bon pou moun ki gen responsablite nan òganizasyon Bondye a jodi a imite egzanp Russell bay nan domèn imilite. Nan ki sans? Lè frè sa yo gen desizyon enpòtan pou yo pran, yo dwe koute konsèy lòt moun. — Li Pwovèb 15:22.

6. Ki efè laverite yo te pibliye nan jounal yo te gen sou yon moun?

6 Nan atik ki te parèt nan jounal sa yo, yo te pibliye verite konsènan Wayòm nan, e verite sa yo te chanje lavi moun yo (Ebre 4:12). Pa egzanp Ora Hetzel, ki te batize nan ane 1917, te youn pami plizyè moun ki te vin aprann laverite pa mwayen atik sa yo. Men sa Ora fè konnen: “Apre mwen te fin marye, mwen t al vizite manman m ki abite Rochester, Minesota. Lè m te rive, mwen te jwenn l ap koupe kèk atik nan yon jounal. Se te diskou frè Russell yo. Manman m te esplike m sa l te aprann nan atik sa yo.” Ora te aksepte laverite li te aprann yo, e pandan anviwon swasant ane, li te ret fidèl antanke moun k ap preche Wayòm Bondye a.

7. Poukisa moun ki te pran latèt yo te oblije reflechi pou yo konnen si yo dwe kontinye itilize jounal?

7 Nan ane 1916, gen de evènman enpòtan ki te pouse moun ki pran latèt yo byen reflechi pou yo konnen si yo ta dwe kontinye itilize jounal pou gaye bon nouvèl la. Premyèman, nan moman sa a, etandone Premye Gè mondyal la t ap kontinye, sa te fè l difisil pou yo jwenn materyèl yo te bezwen pou yo enprime. Nan ane 1916, gen yon rapò ki te soti nan depatman jounal nou te gen nan peyi Grann Bretay la ki te pale konsènan pwoblèm ki te genyen an. Men sa rapò a te fè konnen: “Se apèn si gen plis pase 30 jounal k ap pibliye Diskou yo kounye a. Sanble nan yon tikras tan, kantite sa a pral diminye akoz pri papye a ki kontinye ap monte.” Dezyèmman, nan dat 31 oktòb 1916 la, frè Russell te mouri. Se sa k fè, men sa yo te fè  konnen nan Toudegad 15 desanm 1916: “Kounye a, lefètke frè Russell mouri, diskou li yo [ki konn parèt nan jounal yo] ap sispann parèt.” Malgre nou te sispann itilize mwayen sa a pou nou preche, gen lòt metòd, tankou “Fotodram kreyasyon an” ki te kontinye byen mache.

8. Ki sa sa te mande pou yo te fè “Fotodram kreyasyon an”?

8 Prezantasyon fim. Russell ansanm ak moun ki te avè l yo te fè anviwon twazan ap travay pou yo fè “Fotodram kreyasyon an”, e yo te prezante l nan ane 1914 (Pwo. 21:5). Fotodram nan, jan yo te rele l lè sa a, se yon fim ki te gen ladan l moun yo filme, son ki tou anrejistre ak imaj an koulè yo pase. Yo te itilize tout metòd sa yo ansanm, e se te pou premye fwa moun yo te wè yon bagay konsa. Te gen plizyè santèn moun ki te patisipe nan jwe kèk sèn yo te filme ki baze sou Bib la, e yo te menm filme bèt tou. Selon sa yon rapò yo te bay nan  ane 1913 fè konnen, ‘pou yo te prezante pati ki montre istwa Noye a, yo te sèvi ak anpil bèt ki te soti nan youn nan pi gwo jaden kote yo gade tout kalite bèt’. Piske yo te sèvi ak plizyè santèn imaj an koulè nan fim nan, gen plizyè atis ki te soti nan vil Filadèlfi, Lonn, Nouyòk ak Pari ki te pran tan pou met koulè sou chak imaj sa yo.

9. Poukisa yo te pran anpil tan, epi yo te depanse anpil kòb pou yo te fè “Fotodram” nan?

9 Poukisa yo te pran anpil tan e yo te depanse anpil kòb pou yo te fè “Fotodram” nan? Men sa yon rezolisyon nou te pran nan seri kongrè ki te fèt nan ane 1913 la te fè konnen: “Gwo siksè jounal ameriken yo te jwenn nan fè moun panse yon lòt fason grasa ti komik ansanm ak foto yo te itilize nan jounal ak peryodik yo, san nou pa bliye bèl fason fim vin atire anpil moun, montre aklè metòd sa yo efikas. Antanke moun k ap preche epi k ap anseye Labib nan klas yo, nou kwè nou gen bonjan rezon pou n ankouraje evanjelizatè yo ak anseyan yo pou yo itilize fim ak foto kòm metòd ki efikas e ki atiran pou yo preche e pou yo anseye.”

Anwo: Yon aparèy pwojeksyon “Fotodram” nan; anba: Imaj an koulè “Fotodram” nan.

10. Jis nan ki pwen “Fotodram” nan te gaye?

10 Pandan ane 1914, chak jou, yo te pase “Fotodram” nan nan 80 vil. Te gen prèske uit milyon moun Ozetazini ak Kanada ki te wè fim sa a. Nan menm ane a, yo te pase “Fotodram” nan nan peyi Almay, Dànmak, Fenlann, Grann Bretay, Laswis, Lasyèd, Nouvèl Zelann, Nòvèj ak Ostrali. Yo te pase yon vèsyon senplifye nan vil ki te pi piti yo. Nan vèsyon sa a, pa t gen imaj ki t ap bouje. Yo te rele vèsyon sa a “Erèka dram”. Li pa t koute anpil kòb pou yo te fè l e li te pi fasil pou yo te deplase avè l. Rive nan ane 1916, yo te tradui swa “Fotodram” nan swa “Erèka dram” nan nan kèk lang tankou alman, aményen, danonòvejyen, espayòl, fransè, grèk, italyen, polonè ak syedwa.

Pandan ane 1914, yo te pase “Fotodram” nan pou plizyè foul moun.

11, 12. Ki gwo efè “Fotodram” nan te genyen sou yon jèn gason, e ki egzanp jèn sa a kite pou nou?

11 Lefètke yo te tradui “Fotodram” nan an fransè, sa te gen yon gwo efè sou yon jèn gason 18 an ki te rele Charles Rohner. Men sa l te di: ‘Yo te pase l nan vil mwen te abite a ki rele Colmar ki nan Alsace, Frans. Fason fim nan te prezante verite ki nan Bib la byen klè te gen gwo efè sou mwen depi lè m te wè l la.’

12 Kòm rezilta, Charles te vin batize, e nan ane 1922 li te antre nan sèvis aplentan. Youn nan premye asiyasyon li te genyen se te bay èd li pou yo prezante “Fotodram” nan an Frans. Men sa Charles fè konnen konsènan asiyasyon sa a: “Yo te ban m fè plizyè travay. Mwen te gen pou m jwe vyolon, mwen te responsab sèvis kont, e m te responsab sèvis piblikasyon. Yo te mande m tou pou m fè moun ki te vin asiste yo fè silans anvan pwogram nan kòmanse. Pandan moman poz la, nou te ofri moun yo piblikasyon. Nou te bay chak frè oswa chak sè responsab yon pati nan sal la. Yo chak te gen yon bon valè piblikasyon nan men yo, e yo t al kot chak moun ki te nan pati pa yo a. Anplis de sa, nou te gen kèk tab ki te plen ak piblikasyon  nan antre sal la.” Nan ane 1925, yo te envite Charles vin sèvi nan Betèl ki nan Bwouklin, Nouyòk la. Travay li te fè nan Betèl la, se te dirije yon òkès pou nouvo estasyon radyo yo te genyen an ki te rele WBBR. Apre nou fin reflechi sou egzanp frè Rohner a, nou tout ka mande tèt nou: ‘Èske m dispoze fè kèlkeswa travay yo ban m fè a pou m ka ede yo simaye mesaj Wayòm nan?’ — Li Izayi 6:8.

13, 14. Ki jan yo te sèvi ak radyo pou gaye bon nouvèl la? (Gade kare ki gen tit “ Pwogram radyo WBBR la” ak kare ki gen tit “ Yon kongrè ki te enpòtan anpil” la tou.)

13 Radyo. Nan ane 1920 yo, travay yo t ap fè ak “Fotodram” nan te kòmanse ralanti. Men, radyo te kòmanse parèt kòm yon bon metòd pou fè gaye bon nouvèl Wayòm nan. Jou ki te 16 avril 1922 a, frè Rutherford te bay yon diskou nan radyo pou premye fwa. Li te bay diskou sa a nan yon lokal (Metropolitan Opera House) ki te nan Filadèlfi Pennsilvani. Te gen anviwon 50 000 moun ki te tande diskou sa a ki te gen tit: “Plizyè milyon moun k ap viv kounye a pap janm mouri.” Annapre, nan ane 1923, moun te ka koute pwogram kongrè a nan radyo pou premye fwa. Malgre frè ki te alatèt yo te konn sèvi ak estasyon radyo yo pou pase diskou yo, yo te panse li t ap pi bon si yo bati pwòp estasyon pa yo. Yo te bati estasyon sa a nan Staten Island, Nouyòk, e yo te anrejistre l anba non WBBR. Yo te pase premye emisyon yo nan dat ki te 24 fevriye 1924 la.

Nan ane 1922, gen anviwon 50 000 moun ki te tande diskou yo te bay nan radyo ki te gen tit: “Plizyè milyon moun k ap viv kounye a pap janm mouri.”

14 Nan Toudegad 1ye desanm 1924 la, yo te esplike rezon ki fè yo te vin ak WBBR la. Men sa yo te fè konnen: “Nou kwè radyo se mwayen ki pi ekonomik e ki pi efikas lontan pase lòt metòd nou te itilize pou simaye mesaj verite a.” Anplis de sa, men sa yo te fè konnen: “Si Seyè a wè li bon pou nou gen lòt estasyon radyo pou simaye verite a, l ap fè yon jan pou nou jwenn lajan pou sa lè moman an rive.” ​(Sòm 127:1). Rive nan ane 1926, pèp Bondye a te gen sis estasyon radyo. De ladan yo te Ozetazini: WBBR la te nan Nouyòk epi WORD te toupre Chikago. Kat lòt estasyon yo te nan peyi Kanada nan zòn Alberta, British Columbia, Ontaryo ak Saskatchewan.

15, 16. a) Ki jan chèf legliz nan peyi Kanada yo te reyaji devan pwogram nou te pase nan radyo nou yo? b) Ki jan diskou nan radyo yo ak travay predikasyon kay an kay la te makònen youn ak lòt?

15 Manm lakretyente yo pa t ka pa remake kokennchenn fason nou t ap sèvi ak radyo pou gaye verite ki nan Bib la. Men sa Albert Hoffman, yon moun ki te abitye ak travay ki t ap fèt nan estasyon radyo ki te nan Saskatchewan nan peyi Kanada a, te fè konnen: “Te vin gen plis moun ki te kòmanse konnen Etidyan Labib yo [jan yo te rele Temwen Jewova yo lè sa a]. Nou te bay yon bèl temwayaj rive jis nan ane 1928. Nan ane sa a, chèf legliz yo te fè presyon sou otorite yo, e tout estasyon [radyo] Etidyan Labib yo te konn itilize yo te vin pèdi lisans yo.”

16 Aktout estasyon radyo nou te gen nan peyi Kanada yo te fèmen, yo te kontinye pase diskou ki baze sou Bib la nan kèk estasyon radyo (Mat. 10:23). Pou pwogram sa yo te ka vin pi efikas, frè yo te met yon lis estasyon radyo ki konn pase verite ki nan Bib la nan Toudegad ak Réveillez-vous! (ki te rele  Epòk annò a lè sa a), dekwa pou pwoklamatè k ap preche kay an kay yo te ka ankouraje moun yo koute diskou yo nan estasyon radyo ki nan zòn kote yo abite yo. Ki efè sa te genyen? Men sa Bilten pou mwa janvye 1931 an te fè konnen: ‘Lefètke frè yo te konn itilize radyo, sa te ede yo anpil nan travay predikasyon kay an kay la. Nou te jwenn anpil rapò nan biwo a ki fè konnen gen kèk moun ki te koute pwogram nan, e piske yo te koute diskou frè Rutherford te bay yo, sa te fè yo dispoze aksepte pran liv nou t ap ofri yo.’ Bilten an te pale sou pwogram yo te pase nan radyo yo ak travay predikasyon kay an kay la kòm “de pi gwo metòd òganizasyon Seyè a itilize pou fè travay predikasyon an”.

17, 18. Ki jan radyo te kontinye jwe yon wòl malgre bagay yo te vin chanje?

17 Pandan ane 1930 yo, te vin gen anpil opozisyon kont estasyon radyo yo. Se sa k fè, nan fen ane 1937 la, pèp Jewova a te adapte yo ak jan bagay yo t ap chanje. Yo te sispann pase pwogram yo nan radyo, e yo te konsantre yo plis toujou sou travay predikasyon kay an kay la *. Malgre sa, estasyon radyo yo te kontinye jwe yon gwo wòl nan simaye mesaj Wayòm nan nan kèk zòn andeyò oswa kèk zòn nan monn nan ki izole akoz pwoblèm politik. Pa egzanp, soti ane 1951 pou rive ane 1991, gen yon estasyon nan Bèlen wès, nan peyi Almay, ki te konn pase diskou ki baze sou Bib la regilyèman yon fason pou moun ki te abite nan pati yo te rele Almay delès lè sa a te ka tande mesaj Wayòm nan. Apati ane 1961, e plis pase 30 ane apre sa, gen yon estasyon radyo nasyonal nan peyi Sirinam, ann Amerik disid, ki te konn pase yon pwogram ki dire 15 minit chak semèn pou l gaye verite ki nan Bib la. Soti ane 1969 pou rive ane 1977, òganizasyon an te anrejistre plis pase 350 pwogram pou l pase nan radyo, ki te gen tit “Tout sa ki nan Ekriti yo itil”. Te gen 291 estasyon radyo ki te konn pase pwogram sa yo nan 48 eta Ozetazini. An 1996, chak semèn, gen yon estasyon radyo nan vil Apia, kapital peyi Samowa ki nan Pasifik sid la, ki te konn pase yon pwogram ki rele: “Repons pou kesyon w gen sou Labib.”

18 Tank 21yèm syèk la t ap pwoche, se tank radyo te kòmanse pa jwe yon wòl enpòtan nan simaye bon nouvèl la ankò. Sepandan, gen yon lòt teknoloji ki te vin parèt, e ki te fè l vin posib pou n rive preche plis moun toujou pase nenpòt lòt lè.

19, 20. Poukisa pèp Jewova a te vin ak sit jw.org la, e jis nan ki pwen sit sa a efikas? (Gade kare “ JW.ORG” la tou.)

19 Entènèt. Nan ane 2013, gen plis pase 2,7 milya moun ki te konekte sou Entènèt. Sa vle di sou chak 100 moun k ap viv sou tè a gen prèske 40 moun ki te konekte sou Entènèt. Selon sa kèk moun panse, gen anviwon de milya moun ki itilize yon aparèy mobil, tankou smatfòn ak tablèt elektwonik, pou yo konekte sou Entènèt. Toupatou sou tè a, chif sa a kontinye ap vin pi plis. Men, se ann Afrik ki gen plis moun ki kontinye ap konekte sou Entènèt, gen plis pase 90 milyon moun ki fè  abònman pou yo gen aksè ak Entènèt sou yon aparèy mobil. Teknoloji sa yo vin chanje fason anpil moun jwenn enfòmasyon jodi a.

20 Apati ane 1997, pèp Bondye a te vin itilize nouvo metòd sa a pou yo rive jwenn plis moun toujou. Nan ane 2013, sit wèb jw.org la te vin disponib nan anviwon 300 lang. Anplis de sa, li te vin posib pou moun telechaje enfòmasyon ki baze sou Bib la nan plis pase 520 lang. Chak jou, gen plis pase 750 000 moun ki monte sou sit la. Mete sou sa, chak mwa yo telechaje plis pase 3 milyon liv, 4 milyon peryodik ak 22 milyon fichye odyo.

21. Ki sa w aprann nan egzanp mesye ki rele Sina a?

21 Sit wèb la vin tounen yon bon metòd ki ede nou gaye bon nouvèl Wayòm Bondye a pi plis toujou. Li menm ede nou fè sa nan peyi kote yo entèdi travay predikasyon nou an. Pa egzanp, nan kòmansman ane 2013 la, gen yon mesye ki rele Sina ki te jwenn sit jw.org la, e li te rele syèj mondyal la, ki Ozetazini, pou l jwenn plis enfòmasyon sou Bib la. Ki sa k fè apèl sa a te espesyal? Rezon an se paske Sina te leve nan relijyon mizilman, e l ap viv nan yon ti vil andeyò nan yon peyi kote yo entèdi travay Temwen Jewova yo. Apre Sina te fin rele syèj mondyal la, frè yo te fè aranjman pou yon Temwen etidye Bib la avè l de fwa pa semèn. Yo te fè etid la sou Entènèt kote youn te ka wè lòt.

Yo anseye chak moun

22, 23. a) Èske metòd nou te itilize pou nou te rive jwenn plis moun yo ranplase travay predikasyon kay an kay la? b) Ki sa k montre Wa a beni efò nou fè yo?

22 Kèlkeswa metòd nou te itilize pou nou rive jwenn plis moun, tankou jounal, “Fotodram” nan, pwogram radyo ak sit  wèb, nou pa t janm gen entansyon itilize metòd sa yo pou ranplase travay predikasyon ki fèt kay an kay la. Sa k fè sa? Se paske pèp Jewova a ap suiv egzanp Jezi te bay la. Jezi te fè plis pase preche foul moun paske l te konsantre sou ede chak moun (Lik 19:1-5). Anplis de sa, Jezi te fòme disip li yo pou yo fè menm bagay la, e l te ba yo yon mesaj pou yo preche. (Li Lik 10:1, 8-11.) Jan nou te pale de sa nan chapit 6 la, moun ki pran latèt yo toujou ankouraje chak sèvitè Jewova pou yo pale ak moun yo fasafas. — Tra. 5:42; 20:20.

23 Jodi a, 100 an apre Wayòm nan fin tabli, gen plis pase 7,9 milyon pwoklamatè ki zele nan ede lòt moun aprann konnen objektif Bondye. Pa gen dout nan sa, Wa a beni metòd nou itilize pou nou pwoklame Wayòm nan. Jan chapit ki vin apre a pral montre sa, Wa a ban nou zouti nou bezwen pou n simaye bon nouvèl la nan tout nasyon, tout tribi ak tout lang. — Rev. 14:6.

^ § 17 Nan ane 1957, moun ki te pran latèt yo te deside fèmen dènye estasyon radyo nou te genyen an, anpalan de WBBR la, ki te nan Nouyòk.