Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Ki sa Labib anseye toutbonvre?

 APENDIS

Non Bondye: fason yo itilize l epi siyifikasyon l

Non Bondye: fason yo itilize l epi siyifikasyon l

KI JAN yo tradui Sòm 83:18 nan bib ou a? Men ki jan Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau tradui vèsè sa a: “Pou moun ka konnen, ou menm ki rele Jewova, se ou menm sèl ki Trèwo sou tout tè a.” Plizyè tradiksyon Labib mete l apeprè menm jan an. Men, gen anpil tradiksyon ki retire non Jewova a, yo ranplase l ak tit tankou “Seyè” oswa “Letènèl”. Ki sa yo ta dwe mete nan vèsè sa a? Yon tit, oswa non “Jewova” a?

Non Bondye an lèt ebrayik.

Vèsè sa a pale de yon non. Nan lang ebre orijinal ki te sèvi pou yo ekri pifò pati nan Bib la, se yon non pèsonèl, yon non apa ki parèt la a. Yo eple l יהוה (YHWH) an lèt ebrayik. An kreyòl, fason moun yo abitye ekri non sa a se “Jewova”. Èske non sa a parèt sèlman nan yon sèl vèsè? Non. Nan tèks orijinal Ekriti ebrayik yo, li parèt anviwon 7 000 fwa!

Èske non Bondye enpòtan? Reflechi sou priyè Jezi Kris te bay kòm modèl la. Men ki jan li kòmanse: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w sangtifye.” ​(Matye 6:9). Apre sa, Jezi te priye Bondye konsa: “Papa, glorifye non w.” Kòm repons, Bondye pale detan nan syèl la, li di: “Mwen te glorifye l e m ap glorifye l ankò.” ​(Jan 12:28). Sa klè, non Bondye gen yon enpòtans totalkapital. Si se konsa, poukisa kèk tradiktè retire non sa a lè y ap tradui Labib, e poukisa yo mete tit nan plas li?

Sanble gen de rezon prensipal ki esplike sa. Premyèman, anpil moun pretann yo pa ta dwe sèvi ak non an, paske jodi a, moun pa konnen fason yo te konn pwononse non sa a okòmansman. Nan tan lontan, yo te konn ekri ebre san vwayèl. Konsa, pèsonn pa ka di egzakteman ki jan moun nan tan biblik yo te konn pwononse YHWH. Sepandan, èske sa ta dwe anpeche nou sèvi ak non Bondye? Nan tan biblik yo, petèt yo te konn pwononse non Jezi Yechwa oswa Yewochwa, pa gen  moun ki sèten. Epoutan, toupatou moun yo sèvi ak diferan fòm non Jezi, yo pwononse l fason ki pi kouran nan lang pa yo. Yo pa ezite sèvi ak non sa a poutèt yo pa konnen ki jan yo te konn pwononse l nan premye syèk la. Menm jan an tou, si w ta gen pou w vwayaje al nan yon peyi etranje, ou gendwa wè yo pwononse non w yon fason diferan nan yon lòt lang. Konsa, lefètke moun pa fin sèten ki jan yo te konn pwononse non Bondye nan tan lontan, se pa yon rezon pou yo pa sèvi avè l.

Yon dezyèm rezon yo konn bay byen souvan pou yo pa met non Bondye nan Bib la gen rapò ak yon tradisyon Juif yo genyen depi lontan. Anpil nan yo te kwè moun pa ta dwe janm pwononse non Bondye. Sanble kwayans sa a baze sou yon move aplikasyon yon lwa biblik ki di: “Ou pa dwe pran non Jewova Bondye w la yon fason ki endiy, paske Jewova pap kite moun ki pran non l yon fason ki endiy san pinisyon.” — Egzòd 20:7.

Lwa sa a entèdi moun mal sèvi ak non Bondye. Men, èske li entèdi moun sèvi ak non an avèk respè? Jamè. Moun ki te ekri Ekriti ebrayik yo (“Ansyen Testaman” an), yo tout se te yon seri gason ki fidèl ki te konn viv ann amoni ak Lalwa Bondye te bay Izrayelit yo nan tan lontan. Epoutan, byen souvan, yo te konn itilize non Bondye. Pa egzanp, yo te mete l nan anpil sòm, e foul moun ki t ap adore Bondye te konn chante sòm sa yo byen fò. Jewova Dye te menm bay sèvitè l yo lòd pou yo envoke non li, e moun ki fidèl yo te obeyi l (Yowèl 2:32; Travay 2:21). Se sa k fè, kretyen yo jodi a pa ezite itilize non Bondye avèk respè, menm jan se sèten Jezi te konn fè sa. — Jan 17:26.

Tradiktè Labib yo ki ranplase non Bondye ak tit fè yon gwo fot. Yo fè Bondye parèt tankou yon moun ki endiferan, ki frèt, alòske Bib la egzòte lèzòm pou yo chèche gen “entimite avèk Jewova”. (Sòm 25:14.) Imajine ou gen yon zanmi entim. Èske vrèman ou t ap yon zanmi pwòch pou li si w pa janm konn non l? Menm jan an tou, lè yo pa kite moun yo konnen non Bondye, Jewova, ki jan moun sa yo ap fè vin pwòch Bondye toutbonvre? Anplis de sa, piske moun yo pa sèvi ak non Bondye, yo tou pa konnen sans estrawòdinè non sa a genyen. Ki sa non Bondye siyifi?

 Bondye li menm te esplike sèvitè fidèl li Moyiz ki sa non l vle di. Lè Moyiz te poze kesyon sou non Bondye, Jewova te reponn: “M ap vin tounen sa M ap vin tounen.” ​(Egzòd 3:14). Tradiksyon Rotherham nan rann vèsè a konsa: “M ap vin tounen nenpòt sa ki fè m plezi.” Konsa, Jewova ka tounen nenpòt sa ki nesesè pou l akonpli objektif li.

Imajine ou ta ka tounen kèlkeswa sa w ta vle tounen. Ki sa w t ap fè pou zanmi w yo? Si youn ladan yo ta malad grav, ou ta ka tounen yon medsen konpetan epi w geri l. Si yon lòt zanmi w ta gen pwoblèm ekonomik, ou ta ka tounen yon moun rich k ap fè byen epi ou rezoud pwoblèm li an. Men, an reyalite, ou pa gen posiblite tounen tout sa w ta vle. Nanpwen nou youn ki gen posiblite sa a. Pandan w ap etidye Labib, w ap sezi wè ki jan Jewova tounen kèlkeswa sa ki nesesè pou l reyalize pwomès li fè. E sa fè l plezi pou l sèvi ak pisans li nan enterè moun ki renmen l (2 Kwonik 16:9). Moun ki pa konn non Jewova pa rive disène bèl aspè sa yo nan pèsonalite l.

Sa klè, non Jewova gen plas li nan Bib la. Lefètke nou konn sa non sa a vle di e nou sèvi avè l nan adorasyon nou, sa ede nou anpil pou nou pwoche pi pre Jewova, Papa nou ki nan syèl la *.

^ § 3 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou non Bondye, sou sans li, e sou rezon ki fè nou dwe sèvi avè l nan adorasyon nou, gade bwochi Le nom divin qui demeure à jamais a. Se Temwen Jewova ki pibliye bwochi sa a.