Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 APENDIS

“Nanm” ak “espri”: ki sa mo sa yo vle di an reyalite?

“Nanm” ak “espri”: ki sa mo sa yo vle di an reyalite?

LÈ W tande mo “nanm” oswa mo “espri”, ki sa ki vin nan lide w? Anpil moun kwè mo sa yo vle di yon bagay ki envizib e ki pa ka mouri ki egziste anndan nou. Yo panse lè yon moun mouri, pati envizib sa a kite kò a e li kontinye viv. Piske kwayans sa a gaye toupatou, anpil moun sezi aprann se pa sa ditou Labib anseye. Nan ka sa a, ki sa nanm nan ye, e ki sa espri a ye, selon Pawòl Bondye a?

JAN LABIB ITILIZE MO “NANM” NAN

Toudabò, annou pale de nanm nan. Petèt ou sonje yo te ekri Bib la prensipalman ann ebre e an grèk okòmansman. Lè ekriven biblik yo t ap pale de nanm, yo te konn itilize mo ebre nèphèsh oswa mo grèk psukhê. De mo sa yo parèt plis pase 800 fwa nan Ekriti yo, e Traduction du monde nouveau a toujou mete “âme” ​(nanm) pou yo. Lè w egzamine fason yo itilize mo “nanm” nan nan Bib la, li vin klè, esansyèlman, mo sa a kapab deziyen 1) moun, 2) bèt, oswa 3) lavi yon moun genyen oswa lavi yon bèt genyen. Annou gade kèk vèsè ki bay twa sans sa yo.

 Moun. “Nan jou Noye yo, [...] kèk grenn moun, sa vle di uit nanm, te transpòte sennesòf nan dlo a.” ​(1 Pyè 3:20). Nan vèsè sa a, li klè mo “nanm” nan deziyen moun: Noye, madanm li, twa pitit gason l yo ak twa madanm pitit gason l yo. Egzòd 16:16 pale de enstriksyon yo te bay Izrayelit yo sou kesyon ranmase màn nan. Yo te di yo: “Ranmase yon pòsyon ladan l, [...] selon kantite nanm chak moun pami nou gen nan tant li.” Donk, kantite màn yo te ranmase a te baze sou kantite moun nan chak fanmi. Nou jwenn lòt egzanp biblik kote yo pale de “nanm” pou deziyen moun, nan Jenèz 46:18, Jozye 11:11, Travay 27:37 ak Women 13:1.

Bèt. Men sa Bib la rapòte konsènan kreyasyon an: “E Bondye di ankò: ‘Se pou dlo yo plen ak yon pakèt nanm vivan e se pou kreyati k ap vole yo vole sou tè a sou fas lespas syèl la.’ E Bondye di ankò: ‘Se pou tè a pwodui nanm vivan selon espès yo, bèt domestik ak bèt k ap deplase ak bèt sovaj sou tè a selon espès li.’ Epi se konsa sa fèt.” ​(Jenèz 1:20, 24). Nan pasaj sa a, yo sèvi ak menm mo “nanm” nan pou deziyen pwason yo, bèt domestik yo ak bèt sovaj yo. Yo rele zwazo yo ak lòt bèt nanm tou nan Jenèz 9:10, Levitik 11:46 ak Nonb 31:28.

Lavi yon moun genyen. Pafwa, mo “nanm” nan deziyen lavi yon moun genyen. Jewova te di Moyiz: “Tout mesye yo ki t ap pousuiv nanm ou, yo mouri.” ​(Egzòd 4:19). Ki sa ènmi Moyiz yo t ap pousuiv la? Yo t ap chèche pran lavi Moyiz. Anvan sa, etan Rachèl t ap fè Benjamen, yon pitit gason l, “nanm li t ap soti (paske li mouri)”. (Jenèz 35:16-19.) Nan moman sa a, Rachèl te pèdi lavi li. Epitou, annou egzamine pawòl sa yo Jezi te di: “Mwen se ekselan bèje a. Ekselan bèje a bay nanm li pou mouton yo.” ​(Jan 10:11). Jezi te bay nanm li, oswa lavi li, pou limanite. Nan pasaj biblik sa yo, li klè mo nanm nan gen rapò ak lavi yon moun. N ap jwenn plis egzanp toujou sou sans sa a mo  “nanm” nan genyen an nan 1 Wa 17:17-23, Matye 10:39, Jan 15:13 ak Travay 20:10.

Lè w kontinye etidye Pawòl Bondye a, w ap remake pa gen okenn kote nan tout Bib la w ap jwenn mo “imòtèl” oswa mo “etènèl” ki makònen avèk mo “nanm” nan. Olye de sa, Ekriti yo fè konnen yon nanm ka mouri (Ezekyèl 18:4, 20). Se sa k fè se ak ekspresyon senp sa a, yon “nanm ki mouri”, Bib la pale de yon moun ki mouri. — Levitik 21:11.

ANNOU IDANTIFYE “ESPRI” A

Kounye a, annou egzamine fason Bib la sèvi ak mo “espri” a. Gen moun ki panse mo “espri” a se jis yon lòt mo yo itilize pou yo pale de “nanm” nan. Sepandan, se pa sa. Labib fè konnen aklè “espri” ak “nanm” se de bagay diferan. Ki diferans yo genyen?

Ekriven biblik yo te sèvi ak mo ebre rouah oswa mo grèk pneuma lè y ap pale de “espri”. N ap jwenn sans mo sa yo nan Ekriti yo menm. Pa egzanp, Sòm 104:29 di: “Si w [Jewova] retire espri yo [rouah], souf yo koupe, e yo retounen nan pousyè yo a.” E Jak 2:26 fè konnen “kò ki san espri a [pneuma] mouri”. Nan vèsè sa yo, mo “espri” a fè referans ak sa ki bay yon kò lavi. San espri, kò a mouri. Se sa k fè nan Labib, se pa sèlman ak mo “espri” a yo sèvi pou yo tradui rouah, men yo sèvi tou ak mo “fòs” oswa fòs lavi. Pa egzanp, konsènan delij ki te fèt nan jou Noye a, Bondye te di: “M ap fè yon delij dlo devide sou tè a pou elimine tout chè anba syèl la ki gen fòs lavi [rouah] ki aktif nan li.” ​(Jenèz 6:17; 7:15, 22). Donk, “espri” a fè referans ak yon fòs envizib (etensèl lavi a) ki anime tout kreyati vivan.

Nanm ak espri pa menm. Kò a bezwen espri a nan menm sans yon radyo bezwen elektrisite pou l ka fonksyone. Annou kontinye ak egzanp lan. Imajine yon radyo pòtatif. Lè w mete pil ladan l epi ou limen l, se kòmsi elektrisite ki nan pil yo bay radyo a lavi. Men, san pil yo, se kòmsi radyo a mouri. Se menm bagay la ak yon radyo ki mache ak kouran  elektrik, epi fil elektrik la pa ploge. Menm jan an tou, espri a se fòs ki bay kò nou lavi. Epitou, menm jan ak elektrisite a, espri a se yon fòs ki pa ka santi anyen e ki pa ka reflechi. Se yon fòs ki pa konsyan. Men, san espri a oswa fòs lavi a, kò nou ‘mouri, e li retounen nan pousyè l la’, jan salmis la te di l la.

Eklezyas 12:7 pale sou lanmò lòm. Men sa l di: ‘Pousyè [kò li] retounen nan tè a jan li te ye a e espri a li menm retounen jwenn vrè Dye a ki te bay li a.’ Lè espri a oswa fòs lavi a kite kò a, kò a mouri e li retounen kote l te soti a: nan tè a. Se konsa tou fòs lavi a retounen kote l te soti a: nan Bondye (Jòb 34:14, 15; Sòm 36:9). Sa pa vle di fòs lavi a al nan syèl. Okontrè, sa siyifi, pou yon moun ki mouri, tout espwa moun sa a pou l viv ankò alavni depann de Jewova Dye. Se kòmsi lavi li nan men Bondye. Se sèlman grasa pisans Bondye yon moun ka rejwenn espri oswa fòs lavi a k ap pèmèt moun sa a viv ankò.

Ala sa rekonfòtan pou nou konnen se egzakteman sa Bondye pral fè pou tout moun k ap repoze nan “tonm souvni yo”! (Jan 5:28, 29.) Nan moman Jewova pral resisite moun, l ap fè yon kò tounèf pou moun k ap dòmi nan lanmò e l ap fè yo vin gen lavi etan li mete espri a oswa fòs lavi a nan yo. Moman sa a pral bay anpil kè kontan!

Si w ta vle aprann plis toujou sou mo “nanm” nan ak mo “espri” a jan Labib itilize yo, w ap jwenn bonjan enfòmasyon nan bwochi Que devient-on quand on meurt? ak nan paj 27-32, 135-40 nan liv Comment raisonner à partir des Écritures. Se Temwen Jewova ki pibliye yo.