Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 CHAPIT NÈF

Èske n ap viv nan “dènye jou yo”?

Èske n ap viv nan “dènye jou yo”?
  • Ki evènman nan epòk nou an yo te predi nan Bib la?

  • Selon Pawòl Bondye a, ki jan moun yo t ava ye nan “dènye jou yo”?

  • Anrapò ak “dènye jou yo”, ki bon bagay Bib la predi?

1. Ki kote nou ka jwenn enfòmasyon sou lavni?

ÈSKE w konn gade nouvèl nan televizyon epi w mande tèt ou: ‘Ki kote monn sa a prale?’ Evènman trajik tèlman konn rive bridsoukou e sanzatann, sa fè okenn moun pa ka predi sa demen ap pote (Jak 4:14). Sepandan, Jewova konnen sa k pral rive demen (Izayi 46:10). Sa gen lontan, Pawòl li, Labib, te predi nonsèlman move bagay ki ta gen pou rive nan epòk nou an, men, li te predi tou bèl bagay ki toupre rive.

2, 3. Ki kesyon disip Jezi yo te poze l e ki jan l te reponn?

2 Jezi Kris te pale konsènan Wayòm Bondye a ki t apral mete yon fen nan mechanste e ki t apral fè tè a tounen yon paradi (Lik 4:43). Moun yo te vle konnen ki lè Wayòm nan t apral vini. Anfèt, disip Jezi yo te mande l: “Ki siy k ap siy prezans ou ak fen sistèm de choz la?” ​(Matye 24:3). Kòm repons, Jezi te di yo se sèl Jewova Dye ki konnen egzakteman lè sistèm de choz la ap fini (Matye 24:36). Men kanmenm, Jezi te anonse kèk bagay ki t ava rive sou tè a yon tikras tan anvan Wayòm nan tabli vrè  lapè ak vrè sekirite pou limanite. Sa l te predi yo ap akonpli kounye a menm!

3 Anvan nou egzamine prèv ki montre n ap viv nan “fen sistèm de choz la”, ann konsidere yon lagè okenn moun sou tè a pa t ka obsève. Sa te rive nan monn envizib kote lespri yo abite, e rezilta lagè sa a gen efè sou nou.

YON LAGÈ NAN SYÈL LA

4, 5. a) Ki sa ki te rive nan syèl la yon tikras tan apre Jezi te fin resevwa twòn nan kòm Wa? b) Selon Revelasyon 12:12, ki rezilta lagè nan syèl la t apral pote?

4 Chapit anvan an te esplike Jezi Kris te vin Wa nan syèl la an 1914 (Danyèl 7:13, 14). Yon tikras tan apre sa, Jezi te pase alaksyon. Labib di: “Lagè pete nan syèl la: Mikayèl [yon lòt non yo bay Jezi Kris] ak zanj li yo batay ak dragon an [Satan Ledyab], e dragon an mete ak zanj li yo pou yo batay *.” Satan ak zanj mechan l yo, demon yo, pèdi lagè a e yo chase yo sot nan syèl la vin sou tè a. Pitit espirityèl fidèl Bondye yo te rejwi dèske Satan ak demon l yo pa la ankò. Sepandan, lèzòm pa t ap konnen jwa sa a. Okontrè, men sa Bib la te predi: “Malè pou latè [...] paske Dyab la desann vin jwenn nou avèk yon gwo kòlè, piske li konnen peryòd tan li rete a kout.” — Revelasyon 12:7, 9, 12.

5 Annou gade ki rezilta lagè nan syèl la t apral pote. Satan t apral pase kòlè l sou moun ki sou tè a. Li t apral lage yo nan malè oswa nan latwoublay. Kòm ou pral wè sa, n ap viv kounye a nan moman malè a. Men, nan yon sans, se yon moman ki pap long, se pral sèlman ‘yon peryòd tan kout’. Menm Satan konn sa. Bib la itilize ekspresyon “dènye jou” pou l dekri peryòd sa a (2 Timote 3:1).  Ala kontan nou kontan dèske Bondye pral fini ak enfliyans Dyab la sou tè a talè konsa! Ann reflechi sou kèk bagay Bib la te predi, k ap rive kounye a. Bagay sa yo montre n ap viv nan dènye jou yo e talè konsa, Wayòm Bondye a pral pote byenfè etènèl pou moun ki renmen Jewova yo. Toudabò, annou egzamine kat aspè nan siy Jezi te di ki t apral make epòk n ap viv ladan l lan.

PRENSIPAL EVÈNMAN NAN DÈNYE JOU YO

6, 7. Ki jan pawòl Jezi te di konsènan lagè ak rate manje ap akonpli jodi a?

6 “Nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm.” ​(Matye 24:7). Plizyè milyon moun pèdi lavi yo nan lagè ki fèt nan syèk ki sot pase a. Yon istoryen britanik te ekri: “Se nan 20yèm syèk la plis san koule nan listwa. [...] Se te yon syèk kote lagè t ap fèt prèske san rete, e ki te dekoupe ak sèlman kèk peryòd tou kout kote pa t gen lagè òganize k ap fèt yon kote kèlkonk sou tè a.” Men sa yon rapò ki soti nan Enstiti Worldwatch fè konnen: “Gen twa fwa plis moun ki viktim nan lagè ki fèt nan 20yèm syèk la pase tout gè ki te fèt, soti nan premye syèk apre Jezi Kris rive jis nan ane 1899.” Depi 1914, gen plis pase 100 milyon moun ki pèdi lavi yo  akoz lagè. Menmsi nou nan lapenn akoz yon sèl moun pa nou nou pèdi nan lagè, se sèlman imajine nou ka imajine kantite soufrans ak lapenn ki tonbe sou plizyè milyon moun ki pèdi moun pa yo nan lagè.

7 “Pral gen rate manje.” ​(Matye 24:7). Moun k ap fè rechèch yo di kantite manje yo pwodui ogmante anpil pandan 30 dènye ane yo. Sepandan, rate manje ap kontinye paske anpil moun pa gen ase lajan pou yo achte manje, oswa yo pa gen tè pou yo fè jaden. Nan peyi an devlopman yo, gen plis pase yon milya moun ki oblije ap viv avèk mwens pase yon dola ameriken pa jou. Pifò nan moun sa yo ap soufri gwo grangou. Selon Òganizasyon mondyal lasante, malnitrisyon jwe yon gwo wòl nan lanmò plis pase senk milyon timoun chak ane.

8, 9. Ki sa k montre pwofesi Jezi te bay konsènan tranblemanntè ak epidemi akonpli toutbon?

8 “Pral gen gwo tranblemanntè.” ​(Lik 21:11). Selon U. S. Geological Survey, nou ka atann ap gen an mwayèn 19 gwo tranblemanntè ki fèt chak ane, e ki gen kont pisans pou andomaje kay e pou fann tè a. E an mwayèn chak ane, gen plis pase yon tranblemanntè ki fèt ki gen  kont fòs pou yo detwi yon seri kay rapyetè. Selon kèk enfòmasyon, tranblemanntè touye plis pase de milyon moun depi ane 1900. Gen yon sous ki fè konnen: “Amelyorasyon ki fèt nan teknoloji se sèlman diminye li yon tikras diminye kantite moun ki mouri yo.”

9 “Pral gen [...] epidemi.” ​(Lik 21:11). Malgre pwogrè ki fèt nan domèn lamedsin, maladi ki la lontan ak maladi ki fèk parèt ap frape limanite. Gen yon rapò ki fè konnen 20 maladi moun byen konnen, tankou tibèkiloz, malarya ak kolera, vin parèt pi plis nan dènye deseni yo, e gen kèk maladi ki vin pi difisil pou geri ak medikaman. Anfèt, gen omwen 30 nouvo maladi ki fè aparisyon yo. Gen kèk ladan yo ki poko gen tretman e ki touye moun.

MOUN K AP VIV NAN DÈNYE JOU YO

10. Ki tandans yo te predi nan 2 Timote 3:1-5 ou wè lakay moun yo jodi a?

10 Non sèlman Bib la dekri kèk nan prensipal evènman ki t ava fèt, li predi tou t ava gen yon chanjman nan sosyete a ki t ava make dènye jou yo. Apot Pòl te dekri ki jan moun yo an jeneral t ava ye. Nan 2 Timote 3:1-5, nou li: “Nan dènye jou yo, pral gen tan ki kritik e ki difisil  pou moun sipòte.” Pa egzanp, Pòl te di moun yo t apral

  • renmen pwòp tèt yo,

  • renmen lajan,

  • dezobeyi paran yo,

  • san fidelite,

  • san afeksyon natirèl,

  • san metriz,

  • fewòs,

  • renmen plezi pito pase pou yo renmen Bondye,

  • gen atachman pou Bondye pou lafòm, men yo t ap rejte fòs li.

11. Ki jan Sòm 92:7 dekri sa k pral rive mechan yo?

11 Èske w remake se konsa moun yo ye nan zòn kote w abite? Sandout, se konsa yo ye. Toupatou nou jwenn moun ki gen yon seri move tandans lakay yo. Sa montre Bondye pral aji talè konsa, paske Bib la di: “Lè mechan yo ap boujonnen tankou plant, e lè tout moun k ap pratike sa ki mal ap fleri, se pou yo ka aneyanti pou toutan.” — Sòm 92:7.

EVÈNMAN POZITIF

12, 13. Nan ki sans “vrè konesans lan” vin anpil nan “tan lafen an”?

12 Vrèmanvre, dènye jou yo pote  anpil malè, jan Labib te predi sa. Sepandan, nan monn twouble sa a, gen kèk evènman pozitif nan mitan adoratè Jewova yo.

13 Liv biblik Danyèl la te predi “vrè konesans lan gen pou l vin anpil”. Ki lè sa t ava rive? Se nan “tan lafen an”. (Danyèl 12:4.) Sitou depi 1914, Jewova ede moun ki vle sèvi l toutbon yo pou yo vin gen plis konpreyansyon sou Bib la. Yo vin pi byen konprann verite ki enpòtan anpil konsènan non Bondye, objektif Bondye, ranson sakrifis Jezi Kris la, kondisyon mò yo ak rezirèksyon. Plis toujou, adoratè Jewova yo vin aprann ki jan pou yo viv lavi yo yon fason ki pwofitab e ki pote louwanj pou Bondye. Epitou, yo vin gen yon pi bon konpreyansyon sou wòl Wayòm Bondye a e sou fason li pral ranje sitiyasyon ki gen sou tè a. Ki sa yo fè ak konesans sa a? Kesyon sa a mennen nou analize yon lòt pwofesi ankò k ap akonpli nan dènye jou yo.

“Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite.” — Matye 24:14.

14. Jis nan ki pwen yo preche bon nouvèl Wayòm nan jodi a, e kiyès ki preche l?

14 “Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite”, se sa Jezi te di nan pwofesi li te bay sou “fen sistèm de choz la”. (Matye 24:3, 14.) Sou tout tè a, nan plis pase 230 peyi ak plis pase 400 lang, yo preche bon nouvèl Wayòm nan, sa gen ladan l sa Wayòm nan ye, sa li pral fè, e ki jan nou ka jwenn byenfè l ap pote. Plizyè milyon Temwen Jewova ap preche bon nouvèl Wayòm nan avèk zèl. Yo soti “nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp e nan tout lang”. (Revelasyon 7:9.) Temwen yo ap kondui etid biblik gratis avèk plizyè milyon moun ki vle konnen sa Labib anseye toutbonvre. Vrèmanvre, pwofesi sa a akonpli yon fason estrawòdinè, sitou lè n sonje Jezi te predi ‘tout moun t apral rayi’ vrè kretyen yo! — Lik 21:17.

 KI SA W AP FÈ?

15. a) Èske w kwè n ap viv nan dènye jou yo, e sa k fè w kwè sa? b) Ki sa “lafen an” pral vle di pou moun ki opoze ak Jewova yo e ki sa l pral vle di pou moun ki soumèt anba dominasyon Wayòm Bondye a?

15 Piske gen yon pakèt pwofesi nan Bib la k ap akonpli jodi a, ou pa dakò n ap viv nan dènye jou yo? Apre yo fin preche bon nouvèl la nan yon nivo Jewova satisfè, “lafen an” ap rive san mank (Matye 24:14). Lè nou di “lafen an”, nou vle di moman kote Bondye pral elimine mechanste sou tè a. Pou Jewova detwi tout moun ki fè espre yo opoze avèk li, li pral sèvi ak Jezi e avèk zanj ki pisan (2 Tesalonisyen 1:6-9). Satan ansanm ak demon l yo pap kontinye twonpe nasyon yo ankò. Apre sa, Wayòm Bondye a pral vide benediksyon sou tout moun ki soumèt anba dominasyon jis li a. — Revelasyon 20:1-3; 21:3-5.

16. Ki sa ki ta saj pou w fè?

16 Piske fen sistèm Satan an toupre rive, nou bezwen poze tèt nou kesyon sa a: ‘Ki sa m ta dwe ap fè?’ Li saj pou nou kontinye aprann plis toujou sou Jewova e sou sa l mande pou nou fè (Jan 17:3). Se pou w etidye Bib la avèk dilijans. Pran abitid frekante regilyèman lòt moun k ap chèche fè volonte Jewova (Ebre 10:24, 25). Ranmase pakèt konesans Jewova Dye mete a dispozisyon moun yo nan lemonnantye, e fè chanjman ki nesesè nan lavi w yon fason pou w ka gen favè Bondye. — Jak 4:8.

17. Poukisa destriksyon mechan yo pral pran pifò moun pa sipriz?

17 Jezi te predi pifò moun t ap vag sou prèv ki montre n ap viv nan dènye jou yo. Destriksyon mechan yo ap vini bridsoukou e sanzatann. Tankou yon vòlè ki vini lannuit, li pral pran moun yo pa sipriz (1 Tesalonisyen 5:2). Jezi te bay avètisman sa a: “Menm jan jou Noye yo te ye a, se konsa prezans Pitit Gason lòm nan ap ye. Paske menm jan yo te ye nan jou sa yo anvan delij la, yo t ap  manje, yo t ap bwè, mesye yo t ap marye e yo t ap marye medam yo, jis nan jou Noye antre nan lach la, e yo pa t teni kont de anyen jiskaske delij la vini e li pote yo tout ale, se konsa prezans Pitit Gason lòm nan ap ye.” — Matye 24:37-39.

18. Ki avètisman Jezi te bay nou dwe pran oserye?

18 Se pou rezon sa a Jezi te di moun ki t ap koute l yo: “Veye kò nou, pou kè nou pa janm vin lou nan fè eksè nan manje, nan bwè twòp, nan tètchaje lavi a, e bridsoukou pou jou sa a pa rive tousuit sou nou, tankou yon pyèj. Wi, l ap vini sou tout moun ki abite sou tout tè a. Donk, pa kite dòmi pran nou. Se pou nou toujou ap fè siplikasyon yon fason pou nou ka reyisi chape anba tout bagay sa yo ki gen pou rive, e pou nou ka reyisi kanpe [avèk apwobasyon] devan Pitit Gason lòm nan.” ​(Lik 21:34-36). Li saj pou nou pran pawòl Jezi te di yo oserye. Poukisa? Paske moun ki gen apwobasyon Jewova Dye ak apwobasyon “Pitit Gason lòm nan”, Jezi Kris, gen posiblite pou yo chape nan fen sistèm de choz Satan an, e pou yo viv pou toutan nan bèl monn nouvo ki toupre rive a! — Jan 3:16; 2 Pyè 3:13.

^ § 4 Pou nou jwenn enfòmasyon ki montre Mikayèl se yon lòt non yo bay Jezi Kris, gade nan apendis la, nan paj 218-19.