1-3. Poukisa nou sèten Jewova se yon moun ki gen imilite lakay li?

SI YON papa ta vle anseye pitit li yon leson ki enpòtan anpil e li vle pou sa l ap anseye a touche kè pitit li, ki sa papa a ta dwe fè? Èske l ta dwe ret kanpe byen dwat devan timoun nan pou fè l pè epi fè timoun nan ap kase kou l pou l tande sa l ap di? Oubyen èske papa a pa ta dwe bese bò kote timoun nan pou l ka pale avè l e pou l fè sa avèk dousè e avèk jantiyès dekwa pou mete timoun nan alèz? Se sèten, si papa a se yon moun ki saj, li t ap chwazi aji epi pale ak pitit li a avèk dousè.

2 Ki kalite Papa Jewova ye? Èske l se yon papa ki gen ògèy oswa èske l se yon papa ki gen imilite? Èske l se yon papa ki di oswa èske l se yon papa ki gen dousè lakay li? Konesans Jewova genyen san limit e sajès li genyen san parèy. Men, èske w remake konesans ak entèlijans pa otomatikman fè yon moun vin gen imilite lakay li? Jan Bib la fè konn sa, “konesans fè moun gonfle ak ògèy”. (1 Korentyen 3:19; 8:1.) Men, Jewova, li menm ki “gen sajès nan kè l”, se yon moun ki gen imilite lakay li (Jòb 9:4). Sa pa vle di Jewova se yon moun ki pa enpòtan oswa ki pa gen valè, men li jis pa gen okenn ògèy lakay li. Kòman nou ka esplike sa?

3 Jewova sen. Donk, li pa gen ògèy lakay li. Ògèy se yon tandans ki sal pèsonalite yon moun (Mak  7:20-22). Anplis de sa, remake sa pwofèt Jeremi te di Jewova: “San mank nanm ou [Jewova li menm] ap sonje e w ap panche byen ba sou mwen.” * (Lamantasyon 3:20). Imajine sa, Jewova Souvren Seyè linivè a te dispoze bese “byen ba”, sa vle di li te dispoze bese nan nivo Jeremi, yon moun enpafè, dekwa pou l ba l atansyon l (Sòm 113:7)! Se sèten, Jewova se yon moun ki gen imilite lakay li. Men, ki sa imilite Bondye demontre a gen ladan l? Ki rapò li genyen ak sajès? E poukisa li gen enpòtans pou nou?

Fason Jewova montre li gen imilite

4, 5. a) Ki sa imilite ye e ki jan nou ka demontre kalite sa a, e poukisa nou pa dwe konfonn li ak feblès oswa timidite? b) Ki jan Jewova te demontre imilite nan fason li te boule avèk David, e poukisa lefètke Jewova gen imilite lakay li se yon bagay ki enpòtan pou nou?

4 Yon moun ki gen imilite se yon moun ki pa panse li se yon pakèt afè, li pa awogan e li pa gen ògèy lakay li. Imilite se yon kalite ki soti nan fon kè moun e ki parèt nan yon seri kalite moun demontre, tankou dousè, pasyans e li fè moun montre yo rezonab (Galat 5:22, 23). Nou pa dwe janm pran kalite sa yo ki fè Bondye plezi kòm feblès oswa timidite moun gen lakay yo. Nou pa dwe panse kalite sa yo dozado  ak kapasite Jewova genyen pou l itilize pisans li genyen pou l detwi a. Okontrè, grasa imilite ak dousè l genyen, li montre gwo fòs ak gwo kapasite li genyen pou l gen kontwòl sou tèt li (Izayi 42:14). Ki rapò imilite genyen avèk sajès? Men sa yon liv ki pale de Labib fè konnen: “Finalman, yon moun ki gen imilite [...] pa wè tèt li sèlman, e imilite se rasin tout kalite sajès.” Donk, pa ka gen bonjan sajès san imilite. Ki byenfè nou jwenn lefètke Jewova gen imilite lakay li?

Yon papa ki saj demontre li gen imilite lakay li lè li aji ak dousè anvè pitit li.

5 Men sa wa David te di Jewova nan yon chan li te konpoze: “W ap ban mwen boukliye delivrans ou an, e men dwat ou ap soutni m, e imilite w ap fè m gran.” (Sòm 18:35). Annefè, Jewova te bese pou l pran ka David, yon moun ki te enpafè, dekwa pou l te pwoteje l e pou l te soutni l jou apre jou. David te rann li kont rezon ki fè li te ka jwenn delivrans e menm vin yon gwo wa  se paske Jewova gen imilite lakay li. Vrèmanvre, kiyès nan nou ki ta ka gen espwa sove si Jewova pa t gen imilite e si l pa t vle bese pou l pran ka nou e pou l boule avèk nou antanke yon Papa ki gen lanmou e ki gen dousè lakay li?

6, 7. a) Poukisa Bib la pa janm pale de Jewova antanke yon moun ki modès? b) Ki relasyon ki genyen ant dousè ak sajès, e kiyès ki bay pi gwo egzanp sou pwen sa a?

6 N ap remake gen yon diferans ant imilite ak modesti. Modesti se yon bèl kalite sèvitè fidèl Bondye yo bezwen demontre. Menm jan ak imilite, modesti gen rapò ak sajès. Pa egzanp, men sa Pwovèb 11:2 fè konnen: “Se lakay moun ki modès nou jwenn sajès.” Sepandan, pa gen okenn kote nan Bib la yo fè konnen Jewova se yon moun ki modès. Poukisa Jewova pa ka modès? Jan yo itilize mo modès la nan Bib la, mo sa a gen rapò ak limit yon moun konnen li genyen. Toupisan an pa gen limit. Sèl limit li genyen se sa l bay tèt li, e li bay tèt li limit sa yo pou l ka respekte prensip jis li yo (Mak 10:27; Tit 1:2). Anplis de sa, lefètke li se Moun ki pi wo nan linivè a, li pa gen pou l soumèt devan pèsonn. Se sa k fè yo pa ka di Jewova se yon moun ki modès.

7 Sepandan, Jewova gen imilite e li gen dousè lakay li. Li fè sèvitè l yo konnen dousè se yon kalite ki enpòtan anpil pou yon moun gen vrè sajès la. Pawòl li a pale de “yon dousè ki soti nan sajès” la * (Jak 3:13). Ann egzamine egzanp Jewova bay sou pwen sa a.

 Jewova bay lòt moun responsablite e li konn koute

8-10. a) Poukisa se yon bagay ki estrawòdinè lefètke Jewova dispoze bay lòt moun responsablite e li dispoze koute yo? b) Kòman Toupisan an te montre li gen imilite nan fason li te boule ak zanj li yo?

8 Lefètke Jewova dispoze bay lòt moun responsablite e l dispoze koute yo, sa montre li gen imilite lakay li. Se yon bagay ki estrawòdinè lè nou sonje Jewova pa bezwen pèsonn moun ede l fè anyen oubyen ba l konsèy (Izayi 40:13, 14; Women 11:34, 35). Epoutan, jan Labib montre sa, Jewova konn bese pou l pale ak sèvitè l yo e pou l koute konsèy yo.

9 Pa egzanp, ann egzamine yon evènman estrawòdinè ki te rive nan lavi Abraram. Abraram te resevwa twa vizitè, e li te pale ak youn nan vizitè sa yo tankou se ak “Jewova” li t ap pale. Vizitè sa yo se zanj yo te ye. Men, youn ladan yo te pale e li te aji nan non Jewova. Lè zanj sa a t ap pale e li t ap aji, se kòmsi se Jewova ki t ap pale e ki t ap aji. Pa mwayen zanj sa a, Jewova te di Abraram li te tande gwo “rèl k ap fèt kont Sodòm ak Gomò”. Men sa Jewova te di: “M ap desann pou m al wè si yo fè sa m tande a vre. E si se pa sa, m a konnen.” (Jenèz 18:3, 20, 21). Natirèlman, sa pa t vle di Toupisan an t ap “desann” an pèsonn pou l wè sa k ap pase. Men pito, li te voye zanj pou reprezante l ankò (Jenèz 19:1). Poukisa Jewova te aji konsa? Èske Jewova, moun ki wè tout bagay la, pa t “konnen” sa k t ap pase Sodòm ak Gomò. Natirèlman li te konnen. Men, avèk imilite, Jewova te bay zanj sa yo responsablite pou y al chèche konnen sa k t ap pase nan  zòn sa yo, e pou yo te vizite Lòt ak fanmi l ki t ap viv nan vil Sodòm.

10 Anplis de sa, Jewova konn koute. Yonfwa, li te mande zanj li yo pou yo di l sa yo panse sou fason pou l retire Ahab, yon wa mechan, sou pouvwa a. Jewova pa t bezwen yon èd konsa. Men malgre sa, li te aksepte koute sa youn nan zanj yo te di l, e li te bay zanj sa a responsablite pou zanj lan te fè sa l te di a (1 Wa 22:19-22). Èske sa pa montre Jewova gen imilite lakay li?

11, 12. Kòman Abraram te vin konprann jan Jewova gen mizèrikòd lakay li?

11 Jewova menm dispoze koute moun enpafè ki vle fè l konnen enkyetid yo genyen. Pa egzanp, lè Jewova te fè Abraram, yon moun fidèl, konnen li gen entansyon detwi Sodòm ak Gomò, sa te bay Abraram pwoblèm. Men sa Abraram te di: “Li enposib pou w ta fè yon bagay konsa!” Men sa l te kontinye pou l di: “Èske Jij tout tè a pap fè sa ki jis?” Li te mande Jewova si Jewova ta jwenn 50 moun ki jis nan vil sa yo, èske l t ap detwi vil yo kanmenm? Jewova te ba l asirans li pa t ap detwi vil yo si l ta jwenn 50 moun ki jis. Men, se pa ni de ni twa fwa Abraram te redui kantite a, li te redui l a 45, 40, e li te kontinye ap redui l. Malgre Jewova te fè l konnen si l te jwenn kantite moun sa yo li pa t ap detwi vil sa yo, Abraram te kontinye redui kantite a jiskaske li rive sou 10. Petèt Abraram potko byen konprann jan Jewova gen mizèrikòd lakay li. Antouka, Jewova te demontre pasyans ak imilite anvè Abraram, zanmi l lan,  sèvitè l la, lè l te kite Abraram di l sa l t ap panse. — Jenèz 18:23-33.

12 Konbyen moun entèlijan ki ta dakò koute yon moun ki pa nan menm nivo avè yo e pou yo ta fè sa avèk anpil pasyans *? Anfèt, se jan de imilite konsa Bondye nou an genyen. Nan ti pale Abraram te fè ak Bondye a, li te vin konprann Jewova “pa fè kòlè fasil”. (Egzòd 34:6.) Petèt Abraram te rann li kont li pa t gen dwa ap poze Moun ki pi wo nan linivè a kesyon sou sa l t apral fè. An de fwa, li te sipliye Jewova, li te te di l: “Jewova, tanpri, pa fache.” (Jenèz 18:30, 32). Natirèlman, Jewova pa t fache avè l. Vrèmanvre, Bondye gen “yon dousè ki soti nan sajès”.

Jewova montre li rezonab

13. Selon jan yo itilize mo “rezonab” la nan Bib la, ki sa mo sa a vle di, e poukisa nou ka di mo sa a byen montre kòman Jewova ye?

13 Yon lòt bèl kalite Jewova genyen ki montre li gen imilite sèke li rezonab. Malerezman, se pa yon kalite nou fasil jwenn lakay moun enpafè. Jewova pa sèlman dispoze koute kreyati entèlijan l yo, men tou li dispoze sede lè pa gen yon bagay ki an kontradiksyon ak prensip jis li yo. Selon jan yo itilize mo “rezonab” la nan Bib la, mo sa a vle di mo pou mo “sede”. Kalite sa a tou se mak fabrik sajès Bondye genyen lakay li. Men sa Jak 3:17 fè konnen: “Sajès ki sot anwo a se yon sajès [...] ki rezonab.” Nan ki sans sajès san parèy Jewova a rezonab? Premyèman, Jewova  ka adapte l ak tout sitiyasyon. Sonje, non Jewova fè nou konnen Jewova ka tounen nenpòt sa l vle pou l reyalize objektif li (Egzòd 3:14). Èske sa pa montre jan Jewova dispoze adapte l ak tout sitiyasyon e jan li rezonab?

14, 15. a) Ki sa vizyon Ezekyèl te fè anrapò ak cha selès la aprann nou sou òganizasyon Jewova a ki nan syèl la? b) Kòman òganizasyon sa a diferan ak òganizasyon lèzòm mete sou pye yo?

14 Gen yon bèl istwa nan Bib la ki ban nou yon ide sou jan Jewova ka adapte l ak tout sitiyasyon. Jewova te bay pwofèt Ezekyèl yon vizyon sou òganizasyon li gen nan syèl la, ki gen kreyati espirityèl yo ladan l. Ezekyèl te wè yon kokenn cha. Cha sa a tankou yon “machin” e li toujou anba kontwòl Jewova. Sa k pi enteresan an se fason cha sa a deplase. Gwo wou li genyen yo gen kat fas e yo chaje ak je toupatou sou yo. Sa ki fè yo ka wè tout kote e yo ka chanje direksyon byen vit san cha a pa bezwen kanpe oswa vire. Gwo gwo machin lèzòm fè yo pa ka mache vit akoz gwosè yo, tandiske kokennchenn cha sa a pa gen pwoblèm sa a. Malgre cha sa a ka deplase nan menm vitès ak zèklè, li ka vire sèk nan yon koub san l pa bezwen ralanti (Ezekyèl 1:1, 14-28). Jewova, Souvren toupisan an, gen kontwòl sou òganizasyon l lan e li fasil pou l adapte l ak kèlkeswa sitiyasyon an. Wi, se konsa tou òganizasyon l lan ka adapte l san pwoblèm ak tout kalite sitiyasyon.

15 Lèzòm ka sèlman eseye imite Jewova nan fason li ka adapte l ak tout sitiyasyon. Men souvan, lèzòm ak òganizasyon yo mete sou pye yo konn pa dispoze adapte yo ak yon sitiyasyon. Konsa, yo montre  yo pa rezonab. Ann pran egzanp yon gwo bato oswa yon gwo tren ki gen kapasite pou l pote anpil chay. Èske y ap kapab chanje direksyon rapidman si sitiyasyon an ta mande sa? Si vin gen yon obstak sou ray tren an, li t ap enposib pou tren an ta vire pou l evite obstak sa a. Li t ap difisil pou yo ta fè tren an kanpe sèk. Lè yo frennen yon gwo tren k ap kouri ak tout vitès, li bezwen kouri prèske 2 kilomèt anvan l rive kanpe. Menm jan an tou, lè yo etenn motè yon gwo bato k ap kouri ak tout vitès sou lanmè, li bezwen kouri 8 kilomèt anvan l rive kanpe. Menm lè yo ta mete bato a sou bak, li t ap kontinye avanse sou 3 kilomèt. Se konsa òganizasyon lèzòm yo ye, yo pa dispoze adapte yo ak yon sitiyasyon e yo montre yo pa rezonab. Piske lèzòm gen ògèy lakay yo, souvan yo refize adapte yo ak yon sitiyasyon. Lè yo aji konsa, sa konn lakòz konpayi yo fè fayit, e sa konn menm lakòz gouvènman yo vin gen anpil pwoblèm (Pwovèb 16:18). Se pa ti kontan nou kontan lefètke Jewova ak òganizasyon l lan pa konsa!

Fason Jewova demontre li rezonab

16. Anvan Jewova te detwi Sodòm ak Gomò, kòman li te montre li rezonab nan fason li te boule ak Lòt?

16 Ann fè yon ti pale ankò konsènan destriksyon ki te fèt nan vil Sodòm ak nan vil Gomò a. Zanj Jewova a te fè Lòt ak fanmi l konnen aklè sa pou yo fè. Men sa l te di yo: “Kouri al nan mòn.” Sepandan, Lòt pa t dispoze fè sa zanj lan te di l fè a. Men sa l te di: “Tanpri, Jewova, pa voye m la a.” Etandone Lòt  te kwè li t ap mouri si l te kouri al nan mòn yo, li te sipliye Jewova pou kite li menm ak fanmi l chape al nan yon vil ki toupre a ki rele Sowa. Jewova te gen entansyon pou l detwi vil sa a. Anplis de sa, Lòt pa t gen rezon pou l pè. Se sèten, Jewova t ap ka pran swen l nan mòn nan. Malgre tou sa, Jewova te dakò ak sa Lòt te mande l la. Konsa, Jewova pa t detwi vil Sowa a. Men sa zanj lan te di Lòt: “Pa gen pwoblèm.” (Jenèz 19:17-22). Èske Jewova pa t montre li vrèman rezonab?

17, 18. Kòman Jewova montre li rezonab nan fason li te boule ak Ninivit yo?

17 Anplis de sa, Jewova byen reyaji lè yon moun montre li repanti ak tout kè l. Konsa, li toujou demontre mizèrikòd ak jistis anvè moun sa a. Ann egzamine sa k te rive lè l te voye pwofèt Yona al preche nan vil Niniv, yon vil ki te gen anpil vyolans. Lè Yona t ap mache nan vil Niniv, mesaj Bondye te enspire l pou l di a te senp e li te klè: Vil pisan sa a t apral detwi nan 40 jou. Sepandan, bagay yo te vin chanje nèt: Ninivit yo te repanti. — Yona, chapit 3.

18 Nou aprann anpil bagay lè nou konpare fason Jewova te reyaji ak fason Yona te reyaji lè bagay yo te vin chanje a. Nan sitiyasyon sa a, Jewova te adapte l ak chanjman sa a Ninivit yo te fè a. Annefè, li te fè tèt li tounen yon Moun k ap padone peche olye l te vin “yon sòlda ki vanyan” *. (Egzòd 15:3.) Yona li menm pa t dispoze adapte l e li pa t gen mizèrikòd  pou Ninivit yo. Olye l te montre l rezonab menm jan ak Jewova, li te montre li pa t rezonab ditou tankou gwo bato oswa gwo tren nan egzanp nou te pale pi wo a. Etandone Yona te fin di Ninivit yo yo t ap gen pou yo mouri, donk, pou li menm, wè pa wè yo te dwe mouri. Sepandan, avèk pasyans, Jewova te aprann pwofèt sa a, ki pa t gen pasyans, yon leson sou enpòtans pou l rezonab e pou l gen mizèrikòd, yon leson Yona pa t ap janm bliye. — Yona, chapit 4.

Jewova rezonab e li konnen nou gen limit.

19. a) Poukisa nou ka sèten Jewova montre li rezonab nan sa li mande pou nou fè? b) Kòman Pwovèb 19:17 montre Jewova se yon Mèt ki “bon e ki rezonab” e ki gen anpil imilite lakay li?

19 Jewova montre li rezonab nan sa li mande nou fè. Men sa wa David te fè konnen: “Li konnen byen ak ki sa nou fèt, li sonje nou se pousyè.” (Sòm 103:14). Jewova pi byen konnen limit ak defo nou genyen yo pi byen pase nou. Li pa janm mande nou fè plis pase sa nou ka fè. Nan Bib la, yo konn konpare mèt ki “bon e ki rezonab yo” ak mèt “ki difisil yo”. (1 Pyè 2:18.) Èske Jewova se yon Mèt ki bon e ki rezonab, oubyen èske l se yon Mèt ki difisil? Men sa Pwovèb 19:17 fè konnen: “Moun ki fè piti a favè, se prete li prete Jewova, e jan l trete l la, L ap remèt li l.” Sa klè, se sèlman yon mèt ki bon e ki rezonab ki veye tout bon aksyon moun fè pou ede moun ki piti a. Anplis de sa, vèsè sa a montre Kreyatè linivè a, nan yon sans, santi se prete li prete nan men moun ki fè bèl aksyon sa yo ki montre yo gen mizèrikòd. Pa gen yon lòt moun ki ka montre li enb jan Jewova montre l enb lan.

20. Ki sa k montre Jewova tande priyè nou fè yo e li reponn yo?

 20 Jewova byen boule ak sèvitè l yo jodi a e li fè sa yon fason ki jis e ki rezonab. Lè nou priye l avèk lafwa, li koute priyè nou yo. Menm lè li pa voye zanj vin pale avèk nou jodi a, nou pa dwe met nan tèt nou li pa reponn priyè nou fè l yo. Sonje, lè apot Pòl te mande kretyen parèy li yo pou yo “kontinye priye” pou li pou l ka sot nan prizon, li te fè yo konnen rezon yo te dwe fè sa. Men sa l te di yo: “Dekwa pou m ka retounen vin jwenn nou anvan lontan.” (Ebre 13:18, 19). Kidonk, priyè nou fè yo ka pouse Jewova fè yon bagay petèt li pa t ap fè si n pa t fè priyè sa a. — Jak 5:16.

21. Ki sa nou pa ta dwe janm met nan tèt nou konsènan imilite Jewova gen lakay li, men ki sa sa ta dwe pouse nou fè plis toujou?

21 Byennantandi, pa gen youn nan fason Jewova demontre imilite, tankou dispoze li dispoze koute, rezonab li rezonab, pasyans ak dousè li genyen, ki vle di li pase prensip jis li yo anba pye. Lefètke chèf Legliz  lakretyente yo di moun ki nan legliz y ap dirije yo pawòl ki fè zòrèy yo dous, yo panse se rezonab yo rezonab lè yo aji konsa, men an reyalite se montre yo montre yo pa gen respè pou prensip moral Jewova yo (2 Timote 4:3). Sepandan, tandans lèzòm genyen pou l fè sa k pi fasil la olye li fè sa l ta dwe fè a pa sanble ditou ak sa Bondye di ki rezonab. Jewova sen, li pap janm pase prensip jis li yo anba pye (Levitik 11:44). Etandone Jewova montre li se yon moun ki rezonab, yon kalite ki montre li gen imilite lakay li, sa dwe pouse nou renmen Jewova plis toujou. Èske sa pa fè w kontan lefètke w konnen Jewova, Moun ki pi saj nan linivè a, gen yon imilite ki san parèy? Ala bèl sa bèl pou nou pwoche bò kote Bondye nou an, yon Bondye ki pisan anpil men ki dou, ki pasyan e ki rezonab!

^ § 3 Nan tan lontan eskrib yo (Soferim), sa vle di moun metye yo se te ekri pou moun oswa kopye tèks alamen, te chanje vèsè sa a. Yo te di se Jeremi ki te bese a, se pa t Jewova. Yo te panse li pa t nòmal pou Bondye ta fè yon aksyon enb konsa. Kòm rezilta, anpil tradiksyon Labib pa byen tradui ide ki nan bèl vèsè sa a. Sepandan, gen youn nan tradiksyon sa yo ki byen tradui vèsè sa a. Men sa l fè konnen konsènan sa Jeremi te di Bondye a: “Pa bliye, pa bliye non, bese pou w vin jwenn mwen.” — The New English Bible.

^ § 7 Gen lòt tradiksyon Labib ki mete “imilite ki soti nan sajès la” oubyen ki mete “dousè sa a se mak fabrik sajès”.

^ § 12 Li enteresan pou nou aprann nan Bib la yo montre gwo diferans ki genyen ant pasyans ak ògèy (Eklezyas 7:8). Lefètke Jewova pasyan sa demontre li gen imilite lakay li. — 2 Pyè 3:9.

^ § 18 Nan Sòm 86:5, Labib fè konnen Jewova “bon e [li] dispoze padone”. Lè yo t ap tradui ekspresyon “dispoze padone” a nan lang grèk, yo te mete epiyeyikès pou li, sa vle “rezonab”.