Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Annou pwoche bò kote Jewova

 CHAPIT 6

Pisans pou l detwi: “Jewova se yon sòlda ki vanyan”

Pisans pou l detwi: “Jewova se yon sòlda ki vanyan”

1-3. a) Ki menas Ejipsyen yo te reprezante pou Izrayelit yo? b) Ki jan Jewova te goumen pou pèp li a?

IZRAYELIT yo te bloke ant yon seri mòn ki plen douk e ki difisil pou yo te monte ak yon gwo lanmè yo pa t ka travèse. Lame Ejipsyen an, yon lame ki te konn touye moun san pitye, te lage dèyè Izrayelit yo pou touye yo *. Malgre sa, Moyiz te ankouraje pèp Bondye a pou yo pa pèdi espwa. Men ki asirans Moyiz te ba yo: “Jewova pral goumen pou nou.” — Egzòd 14:14.

2 Malgre Moyiz te konnen Jewova t apral ede yo, sa pa t anpeche Moyiz pran rele nan pye Jewova. Men sa Jewova te di l: ‘Poukisa w kontinye ap rele m konsa a? Leve baton w lan epi lonje men w sou lanmè a pou w ka fann li.’ (Egzòd 14:15, 16). Eseye imajine sa k t apral pase apre sa. San pèdi tan, Jewova te bay zanj li lòd e yon kolòn nyaj te pase pa dèyè Izrayelit yo. Petèt, kolòn sa a te desann nan mitan Ejipsyen yo ak Izrayelit yo, konsa li te vin tankou yon miray pou anpeche Ejipsyen yo atake Izrayelit yo (Egzòd 14:19, 20; Sòm 105:39). Moyiz lonje men l sou lanmè a e vin gen yon gwo gwo van ki fann lanmè a an de. Dlo a te vin kanpe tou dwat, se kòmsi li te vin fòme de gwo miray. Konsa, sa te ouvri yon chemen byen laj pou tout nasyon an pase. — Egzòd 14:21; 15:8.

 3 Apre Farawon te fin wè kalite pisans sa a Jewova demontre a, li te dwe fè bak ak sòlda l yo. Olye l fè sa, kòm li te yon wa ki gen ògèy, li te bay sòlda l yo lòd pou yo atake (Egzòd 14:23). Ejipsyen yo pran kouri dèyè Izrayelit yo. Men, sa pa t pran tan pou bagay yo chavire paske wou charyo yo te pran rache. Yonfwa Izrayelit yo te fin rive lòt bò lanmè a, men lòd Jewova te bay Moyiz: “Lonje men w sou lanmè a pou dlo a ka kouvri Ejipsyen yo, charyo yo ak sòlda ki sou cheval yo.” Dlo lanmè a, ki te tankou yon miray, vide sou Farawon ak tout lame l la e dlo a te kouvri yo. — Egzòd 14:24-28; Sòm 136:15.

Nan lanmè Wouj la, Jewova te montre li se “yon sòlda ki vanyan”.

4. a) Ki jan de moun Jewova te montre l ye nan lanmè Wouj la? b) Ki jan kèk moun ka santi yo lè yo wè yo pale de Jewova kòm yon “sòlda ki vanyan”?

4 Delivrans Jewova te bay nasyon Izrayèl la nan lanmè Wouj la se youn nan evènman estrawòdinè nan relasyon Bondye genyen avèk lèzòm. Nan moman sa a, Jewova te bay prèv li se “yon sòlda ki vanyan”. (Egzòd 15:3.) Men, kòman w santi w lè w wè yo pale de Jewova kòm “yon sòlda ki vanyan”? Se vre, lagè lakòz lèzòm soufri anpil e sa lage yo nan mizè. Men, èske fason Bondye itilize pisans li genyen pou l detwi a ta ka fè nou pè l olye l fè nou anvi pwoche bò kote l?

Lagè Bondye fè diferan ak lagè lèzòm fè

5, 6. a) Poukisa li apwopriye pou yo bay Jewova pote tit “Jewova, Chèf lame yo”? b) Poukisa lagè Bondye fè diferan ak lagè lèzòm fè?

5 Tit “Jewova, Chèf lame yo” parèt prèske 300 fwa nan liv ki te ekri ann ebre yo e li parèt de fwa nan  liv ki te ekri an grèk yo (1 Samyèl 1:11). Antanke Chèf Souvren, Jewova ap kòmande yon gwo lame zanj (Jozye 5:13-15; 1 Wa 22:19). Kapasite lame sa a genyen pou l detwi vrèman estrawòdinè (Izayi 37:36). Lè lèzòm ap kraze brize, sa bay anpil tèt chaje. Lèzòm pa gen bonjan rezon pou yo fè gè y ap fè yo. Se sa k fè nou dwe sonje lagè Bondye fè yo diferan nèt ak lagè lèzòm fè yo. Chèf militè yo ak lidè politik yo eseye fè konprann yo gen bonjan rezon pou yo fè gè y ap fè yo. Men anfèt, vrè rezon ki fè lèzòm fè lagè se paske yo ava e yo egoyis.

6 Kontrèman ak lèzòm, Jewova pa aji sou emosyon. Men sa Detewonòm 32:4 fè konnen: “Tout sa Mas Wòch la fè bon nèt, tout chemen l yo se jistis. Se yon Bondye ki fidèl, ki pa janm fè enjistis, se yon Bondye ki dwat e ki jis.” Pawòl Bondye a kondane moun k ap fè kòlè san kontwòl, moun k ap fè zak mechanste ak vyolans (Jenèz 49:7; Sòm 11:5). Donk, Jewova pa janm aji san rezon. Li pa fasil pou Jewova itilize pisans li genyen pou l detwi a, se sèl lè sitiyasyon an oblije l fè sa li itilize l. Se sa l fè nou konnen pa mwayen pwofèt Ezekyèl. Men sa l te di: “Nou kwè mwen ta renmen wè mechan an mouri? [...] Non! Mwen ta pito wè l sispann fè sa ki mal pou l ka viv.” — Ezekyèl 18:23Bib la.

7, 8. a) Ki move pwennvi Jòb te genyen sou rezon ki fè li t ap soufri? b) Ki jan Eliyou te ede Jòb korije fason l te panse? c) Ki sa nou ka aprann nan sa k te rive Jòb la?

7 Donk, poukisa Jewova itilize pisan li genyen pou l detwi a? Anvan nou reponn kesyon sa a, li ta bon pou nou reflechi sou sa k te rive Jòb, yon moun ki te jis. Satan  te fè konprann Jòb, e nan yon sans kèlkeswa moun nan, pap ret fidèl devan eprèv. Pou Jewova te leve defi sa a, li te kite Satan pase entegrite Jòb anba eprèv. Kòm rezilta, Jòb te soufri: li te malad, li te pèdi byen l yo e pitit li yo te mouri (Jòb 1:1–2:8). Etandone Jòb pa t konnen pou ki rezon l ap soufri, li te fè erè nan fason l te panse: li te panse se Bondye k ap pini l san rezon. Jòb te mande Bondye poukisa li lage nan “kò” l e poukisa li konsidere l tankou “lènmi” l. — Jòb 7:20; 13:24Bib la.

8 Te gen yon jèn gason ki rele Eliyou ki te ede Jòb wè li pa t gen rezon pou l panse jan l t ap panse a. Men sa l te di Jòb: “Ou di ‘mwen pi jis pase Bondye.’” (Jòb 35:2). An reyalite, li pa saj ditou pou nou panse nou konn bagay yo pi byen pase Bondye oubyen pou nou met nan tèt nou Bondye mal aji. Eliyou te fè konnen “Bondye pa ka fè mechanste. Bondye ki gen tout pouvwa a pa ka nan patipri”. Men sa l te di pi devan: “Kanta pou Toupisan an, nou pa rive dekouvri l. Pisans li gran anpil, e li pap meprize sa ki jis ak sa ki dwat anpil.” (Jòb 34:10, Bib la; 36:22, 23; 37:23). Nou ka sèten Bondye gen bonjan rezon pou l aji chak fwa l pase alaksyon. Toutpandan nou gen sa nan lespri nou, ann egzamine kèk rezon ki fè Bondye lapè a konn aji kòm yon sòlda vanyan. — 1 Korentyen 14:33.

Rezon ki fè Bondye lapè a oblije goumen

9. Poukisa Bondye lapè a oblije goumen?

9 Lè Moyiz te fin louwe Bondye kòm “yon sòlda ki vanyan”, men sa l te fè konnen: “O Jewova, kiyès ki  tankou w pami dye yo? Kiyès ki tankou w? Ou menm ki montre jan w sen anpil?” (Egzòd 15:11). Menm jan an tou, men sa pwofèt Abakouk fè konnen: ‘Ou twò bon pou w kite moun ap fè mechanste devan je w konsa! Ou pa ka ret ap gade moun ap fè lenjistis devan w konsa!’ (Abakik 1:13, Bib la). Jewova pa sèlman yon Bondye lanmou, men tou li se yon Bondye ki sen, ki dwat e ki jis. Pafwa, kalite sa yo oblije Jewova itilize pisans li genyen pou l detwi a (Izayi 59:15-19; Lik 18:7). Donk, etandone Bondye sen, lè l goumen, se pa pase li pase kalite sa a anba pye. Okontrè, Bondye goumen paske li sen. — Egzòd 39:30.

10. a) Ki premye fwa Bondye te oblije pase alaksyon e ki jan l te fè sa? b) Ki sèl fason rayisman yo pale nan Jenèz 3:15 lan ap fini, e ki byenfè sa ap pote pou moun ki fidèl yo?

10 Ann egzamine sitiyasyon ki te vin genyen lè Adan ak Èv, premye moun ki te egziste sou tè a, te vire do bay Bondye (Jenèz 3:1-6). Si Jewova te fèmen je l sou peche yo te fè a, se pase li t ap pase pozisyon l genyen antanke Souvren linivè a anba pye. Antanke yon Bondye ki jis, li te oblije kondane yo pou yo mouri (Women 6:23). Nan premye pwofesi ki nan Bib la, Bondye te fè konnen t apral gen yon rayisman ant moun k ap sèvi l ak moun k ap sèvi Satan, li menm yo rele “sèpan an”. (Revelasyon 12:9; Jenèz 3:15.) Rayisman sa a ap fini sèlman lè Bondye kraze Satan (Women 16:20). Men, aksyon sa a Bondye pral poze a ap pote anpil benediksyon pou limanite e l ap retire tout enfliyans Satan gen sou limanite. Konsa, sa ap ouvri chemen pou gen yon paradi sou tout tè a (Matye 19:28). Annatandan sa fèt, moun k ap soutni Satan yo t ap toujou reprezante  yon menas pou sèvitè Bondye yo ni nan domèn fizik ni domèn espirityèl. Se sa k fè Jewova ap toujou oblije pote sèvitè l yo sekou.

Bondye pase alaksyon pou l fini ak mechanste

11. Poukisa Bondye te oblije fè yon delij vini sou tè a?

11 Delij Noye a se yon egzanp ki montre jan Jewova te pote sèvitè l yo sekou. Men sa Jenèz 6:11, 12 fè konnen: “Vrè Dye a te wè tè a fin depafini e l te vin chaje ak vyolans. Lè Bondye te gade tè a, li te wè l fin depafini. Tout moun sou tè a t ap aji yon fason ki pa bon menm.” Èske Bondye t ap kite mechanste fini nèt ak ti rès moun sou tè a ki te gen moralite lakay yo? Non. Jewova te oblije fè yon delij vini sou tè a pou l elimine moun ki te renmen fè vyolans ak imoralite.

12. a) Ki sa Jewova te fè konnen konsènan “desandans” Abraram nan? b) Poukisa yo te chase Amorit yo nan peyi yo?

12 Jijman Bondye te fè kont Kananeyen yo te sanble ak jijman l te fè nan epòk Noye a. Jewova te fè konnen t ap gen yon “desandans” ki t ap soti nan fanmi Abraram e “desandans” sa a t ap pèmèt tout fanmi sou tè a jwenn benediksyon. Ann amoni ak objektif sa a, Bondye te deja fè konnen li t ap bay pitit pitit Abraram yo peyi Kanaran an, yon peyi ki te gen Amorit yo ki t ap viv ladan l. Kòman fè Bondye te gen rezon chase Amorit yo nan peyi yo? Jewova te fè konnen se apre 400 ane, sa vle di lè ‘Amorit yo jwenn pinisyon yo’, pitit pitit Abraram yo t ap pran peyi a * (Jenèz 12:1-3;  13:14, 15; 15:13, 16; 22:18). Pandan ane sa yo, Amorit yo te vin pi kòwonpi nan domèn moral. Kanaran te vin yon peyi kote moun t ap adore zidòl, anpil san t ap koule nan peyi sa a e moun yo t ap fè zak seksyèl ki sal anpil (Egzòd 23:24; 34:12, 13; Nonb 33:52). Moun ki t ap viv nan peyi Kanaran yo te menm konn boule pitit yo pou yo ofri yo kòm sakrifis. Èske yon Dye ki sen t ap kite pèp li a viv nan mitan moun mechan konsa? Jamè! Men sa Bondye te fè konnen: “Peyi a pa pwòp, e m ap pini moun k ap viv nan peyi a akoz peche yo. Peyi a gen pou l vomi yo.” (Levitik 18:21-25). Sepandan, Jewova pa t annik touye tout moun nan peyi a. Moun ki te dispoze chanje pou yo sèvi l yo, tankou Rahab ak Gibeyonit yo, pa t pèdi lavi yo. — Jozye 6:25; 9:3-27.

Li oblije goumen pou non l

13, 14. a) Poukisa Jewova te oblije lave non l anba akizasyon yo te lage sou li? b) Ki jan Jewova te lave non l anba akizasyon yo te lage sou li?

13 Etandone Jewova sen, non li sen tou (Levitik 22:32). Men sa Jezi te anseye disip li yo pou yo mande Bondye lè y ap priye: “Se pou non w vin sen.” (Matye 6:9). Rebelyon ki te fèt ann Edenn nan sal non Bondye. Konsa, sa vin lage dout sou fason Bondye ap dirije ak sou kalite Moun Bondye ye. Jewova pa t ap janm ka fèmen je l sou yon rebelyon ak yon manti kri konsa. Li te oblije aji pou l retire akizasyon yo lage sou li pou yo sa l non l lan. — Izayi 48:11.

14 Ann fè yon ti retounen sou Izrayelit yo. Toutotan Izrayelit yo te rete kòm esklav ann Ejip, pwomès Bondye te fè Abraram nan, sa vle di pwomès pou tout  fanmi sou tè a jwenn benediksyon grasa Desandans li an, pa t ap janm ka reyalize. Men, lefètke Jewova te fè yo soti ann Ejip e li te fè yo tounen yon nasyon, Jewova te lave non l anba akizasyon yo te lage sou li. Men sa pwofèt Dànyèl te di Jewova nan yon priyè: “Senyè Bondye nou an, ou te fè pèp ou a sòti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou. Jouk jounen jòdi a y’ ap nonmen non ou pou sa.” — Danyèl 9:15, Bib la.

15. Poukisa Jewova te libere Juif yo anba men Babilonyen yo?

15 Sa k enteresan an, lè Dànyèl te fè priyè sa a, Juif yo te bezwen pou Jewova aji yon lòt fwa ankò pou non L. Lefètke Juif yo te dezobeyi Jewova, fwa sa a, yo te mennen yo kòm esklav nan peyi Babilòn. Kapital yo a, Jerizalèm, te kraze. Dànyèl te konnen, si Juif yo te kite Babilòn pou yo retounen nan peyi yo, sa t ap pote glwa pou non Jewova. Konsa, Dànyèl te priye Bondye e li te di: “O Jewova, koute non. O Jewova, padone. O Jewova, fikse atansyon w epi aji. Pa fè reta, poutèt ou menm, o Bondye m nan, paske non w te envoke sou vil ou a e sou pèp ou a. — Dànyèl 9:18, 19.

Li goumen pou l defann pèp li a

16. Lefètke Jewova ap defann non l, poukisa sa pa vle di li se yon Bondye ki gen kè di e ki wè tèt li sèlman?

16 Lefètke Jewova ap defann non l, èske sa vle di li se yon Dye ki gen kè di e ki wè tèt li sèlman? Non, etandone li se yon Bondye ki sen e ki renmen jistis, li aji pou l pwoteje pèp li. Fè yon ti reflechi sou Jenèz chapit 14. Chapit sa a fè nou konnen te gen kat wa ki te anvayi zòn kote Lòt, neve Abraram nan, t ap viv la e yo te kidnape Lòt ak fanmi l. Bondye te ede Abraram rive ranpòte yon kokenn viktwa sou lame wa sa yo ki  te gen plis moun lontan pase kantite moun ki te avèk Abraram yo. Sanble, viktwa sa a yo te ranpòte a se premye viktwa yo te rapòte nan ‘liv istwa ki rakonte batay Jewova’ yo. Li klè, liv sa a se yon liv ki pale tou sou kèk batay pèp Bondye a te fè, men ki pa nan Bib la (Nonb 21:14). Te gen anpil lòt viktwa pèp Bondye a t apral gen pou yo ranpòte.

17. Apre Izrayelit yo te fin antre nan peyi Kanaran, ki sa k montre Jewova te goumen pou yo? Bay kèk egzanp.

17 Yon tikras tan anvan Izrayelit yo te antre nan peyi Kanaran, men ki asirans Moyiz te ba yo: “Jewova, Bondye nou an, ap mache devan nou e l ap goumen pou nou, menm jan nou te wè li te fè sa ann Ejip la.” (Detewonòm 1:30; 20:1). Soti sou Jozye, moun ki te vin apre Moyiz la, pase nan epòk Jij yo, pou rive nan rèy wa fidèl peyi Jida yo, Jewova te toujou goumen pou pèp li an. Konsa, li te ba yo anpil gwo viktwa sou lènmi yo. — Jozye 10:1-14; Jij 4:12-17; 2 Samyèl 5:17-21.

18. a) Lefètke Jewova pa chanje, poukisa sa ta dwe fè nou kontan? b) Ki sa k pral rive lè rayisman yo pale nan Jenèz 3:15 lan rive nan dènye bout li?

18 Jewova pa chanje e objektif li genyen pou l fè tè a tounen yon paradi pa chanje (Jenèz 1:27, 28). Bondye toujou rayi mechanste. Anmenmtan li rayi mechanste, li renmen pèp li a anpil, e talè konsa li pral aji pou l defann pèp sa a (Sòm 11:7). An reyalite, nou atann pou rayisman yo pale de li nan Jenèz 3:15 lan vin lakòz gwo evènman ki vyolan alavni. Pou Jewova ka lave non l e pou l pwoteje pèp li a, yon lòt fwa ankò, li pral aji tankou “yon sòlda ki vanyan”. — Zekarya 14:3; Revelasyon 16:14, 16.

19. a) Bay yon egzanp ki montre itilize Bondye itilize pisans li genyen pou l detwi a dwe pouse nou pwoche bò kote l. b) Lefètke Bondye dispoze goumen pou nou, ki efè sa gen sou nou?

 19 Ann pran yon egzanp: Ann imajine gen yon bèt sovaj ki atake fanmi yon mesye. Chèf fanmi sa a kouri al defann fanmi l e li touye bèt sovaj la. Èske w t ap atann pou madanm li ak pitit li pran l pou yon move moun paske li aji konsa? Okontrè, ou t ap atann pou yo gen anpil rekonesans pou chèf fanmi sa a paske li te demontre yon gwo lanmou pou yo. Menm jan an tou, nou pa dwe pran Bondye pou move moun paske li itilize pisans li genyen pou l detwi a. Lefètke Bondye dispoze goumen pou l pwoteje nou, sa dwe fè lanmou nou gen pou li vin plis toujou. Anplis de sa, sa dwe fè nou gen plis respè toujou pou pisans san limit li genyen an. Konsa, nou ka “bay Bondye yon sèvis sakre [...], avèk lakrentif nou gen pou li e avèk respè”. — Ebre 12:28.

 Annou pwoche bò kote “sòlda ki vanyan” an

20. Lè w pa fin byen konprann yon istwa nan Bib la ki pale sou yon gè Bondye te fè, ki jan w ta dwe reyaji, e poukisa?

20 Natirèlman, Bib la pa ban nou tout detay sou rezon ki fè Jewova fè chak gè li fè. Men, sa nou ka sèten, sèke Jewova pa janm itilize pisans li genyen an san rezon ni li pa janm fè sa pou l fè moun mechanste oswa pou l fè moun soufri. Byen souvan, lè nou egzamine kontèks istwa yo pale nan Bib la oubyen kèk detay ki mache ak istwa sa yo, sa ka ede nou pi byen konprann rezon ki fè Bondye te aji jan l te aji yo (Pwovèb 18:13). Menmsi nou pa gen tout detay yo, lefètke nou vin pi byen konnen Jewova e nou pi byen medite sou bèl kalite l yo, sa ap ede nou elimine tout ti dout nou ta ka genyen sou fason l aji. Lè nou fè sa, n ap vin wè nou gen bonjan rezon pou nou fè Jewova, Bondye nou an, konfyans. — Jòb 34:12.

21. Byenke Jewova aji kòm “yon sòlda ki vanyan” pafwa, ki jan de moun li ye toutbonvre?

21 Byenke Jewova konn aji tankou “yon sòlda ki vanyan” lè sitiyasyon an mande sa, sa pa vle di li se yon Bondye ki renmen fè lagè. Nan vizyon Ezekyèl te fè kote l te wè cha selès la, li te wè Jewova tankou yon moun k ap prepare l pou l al goumen kont ènmi l yo. Sepandan, Ezekyèl te wè yon lakansyèl ki toutotou Bondye. Lakansyèl reprezante lapè (Jenèz 9:13; Ezekyèl 1:28; Revelasyon 4:3). Sa parèt aklè, Jewova se yon Bondye ki kalm e ki renmen fè lapè. Apot Jan te ekri: “Bondye se lanmou.” (1 Jan 4:8). Jewova toujou byen ekilibre nan fason li demontre kalite l yo. Ala yon gwo privilèj nou genyen pou nou pwoche bò kote yon Bondye ki pisan konsa e ki plen lanmou!

^ § 1 Gen yon istoryen juif ki rele Jozèf ki fè konnen Ejipsyen yo “t ap kouri dèyè [Ebre yo] ak 600 cha, 50 000 kavalye, e te gen 200 000 sòlda ki t ap mache apye”. — Antikite juif, II, 324 [xv, 3] (anglè).

^ § 12 Sanble, ekspresyon “Amorit yo” gen ladan l tout moun ki t ap viv Kanaran. — Detewonòm 1:6-8, 19-21, 27; Jozye 24:15, 18.