Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 CHAPIT 9

“Kris se pisans Bondye”

“Kris se pisans Bondye”

1-3. a) Lè disip Jezi yo te sou lanmè Galile, ki sa k te rive yo ki te fè yo pè anpil, e ki sa Jezi te fè? b) Poukisa se avèk rezon Labib di “Kris se pisans Bondye”?

DISIP Jezi yo te pè anpil. Yo t ap fè vwal sou lanmè Galile a lè, bridsoukou, yon gwo tanpèt vin bare yo sou lanmè a. Sandout, yo abitye pran nan gwo tanpèt sou lak la, e plizyè nan yo gen eksperyans nan fè lapèch * (Matye 4:18, 19). Men, fwa sa a te gen ‘yon gwo van ki vin leve’. Van an pa t pran tan pou l fè lanmè a vin move anpil. Mesye yo tonbe fè tout kalite manèv pou yo wè si y a gen kontwòl kannòt la, men anyen pa t mache, tanpèt la te twò fò pou yo. Lanm lanmè pran frape kannòt la, dlo “antre nan kannòt la”, e kannòt la kòmanse plen. Malgre tout bri sa yo, Jezi t ap dòmi pa dèyè nan bato a. Li te fatige anpil apre l te fin pase yon jounen ap anseye foul moun yo. Etandone disip yo te pè pou yo pa mouri, yo leve Jezi. Yo sipliye l, yo di l: “Seyè, sove nou, nou sanlè peri!” — Mak 4:35-38; Matye 8:23-25.

2 Tanpèt la pa t fè Jezi pè. Jezi te pale yon fason ki montre li gen pouvwa sou van an ak lanmè a, men sa l te di: “Silans! Ret trankil!” Lapoula, van an ak lanmè a vin kalm e gwo tanpèt la sispann. Konsa, “vin gen yon  gwo kalmi”. Lè disip yo wè sa, gen yon gwo laperèz ki pran yo. Yo kòmanse pale tou ba, youn t ap di lòt: “Kiyès misye ye menm?” Wi vre, kiyès moun sa a ki gen pouvwa pou l pale ak van an ak lanmè a, kòmsi se korije li t ap korije yon timoun k ap fè dezòd? — Mak 4:39-41; Matye 8:26, 27.

Jezi pa t nenpòt ki moun. Jewova te bay Jezi nan pisans li, e Jewova te fè yon seri aksyon estrawòdinè pa mwayen Jezi. Se avèk rezon Jewova te enspire apot Pòl pou l pale de Jezi konsa: “Kris se pisans Bondye.” (1 Korentyen 1:24). Nan ki sans nou ka wè pisans Bondye nan aksyon Jezi t ap fè yo? E ki efè fason Jezi itilize pisans Bondye ka gen sou lavi nou?

Pisans sèl Pitit Bondye fè a genyen

4, 5. a) Ki pisans ak otorite Jewova te bay sèl Pitit li te fè a? b) Ki mwayen Papa a te bay Pitit la pou l te ka akonpli objektif li?

4 Ann fè yon ti reflechi sou pouvwa Jezi te genyen anvan li te vin sou tè a. Jewova te sèvi ak “pisans li ki etènèl” pou l te kreye sèl Pitit Gason l lan, pitit nou vin konnen sou non Jezi Kris (Women 1:20; Kolosyen 1:15). Annapre, Jewova te vin bay Pitit Gason l lan anpil pouvwa ak otorite. Jewova te sèvi ak Jezi pou l reyalize objektif li. Men sa Labib di konsènan Pitit Gason sa a: “Bondye te sèvi avè l pou l fè tout bagay vin egziste, e pa menm gen yon bagay ki te vin egziste san li.” — Jan 1:3.

5 Li difisil pou nou imajine kokenn travay sa a Jewova te ba l fè a. Imajine pisans ki te nesesè pou kreye plizyè milyon zanj pisan, pou kreye linivè a ak plizyè milya galaksi ki ladan l, e pou kreye tè a ak tout kalite fòm lavi ki sou li. Bondye te bay sèl Pitit Gason li fè a fòs ki  pi pisan ki genyen nan linivè a, anpalan de lespri sen l, pou pitit sa a te ka rive fè travay sa yo. Pitit Gason sa a te kontan travay bò kote Bondye e li te maton nan travay li t ap fè yo. Jewova te sèvi avè l pou l kreye tout lòt bagay yo. — Pwovèb 8:22-31.

6. Apre Jezi te mouri e apre Bondye te resisite l, ki kalite pisans ak otorite li te resevwa?

6 Èske sèl Pitit Bondye fè a te ka rive gen plis pisans ak otorite toujou? Apre Jezi te fin mouri e apre Bondye te resisite l, men sa l te di pandan l te sou tè a toujou: “Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a.” (Matye 28:18). Wi, Bondye te bay Jezi kapasite ak otorite pou l sèvi ak pisans li genyen an sou tout linivè. Antanke “Wa tout wa, Seyè tout seyè”, Jezi vin gen otorite pou l “elimine tout gouvènman ak tout otorite ansanm ak tout pisans”, kit yo vizib kit yo envizib, ki ta vin kanpe kont Papa l (Revelasyon 19:16; 1 Korentyen 15:24-26). Bondye te “fè tout bagay soumèt devan” Jezi. Se sèl Bondye ki pa soumèt devan Jezi. — Ebre 2:8; 1 Korentyen 15:27, 28.

7. Poukisa nou ka sèten Jezi pap janm mal itilize pisans Jewova te ba li a?

7 Èske nou dwe pè pou Jezi ta mal sèvi ak pisans li genyen an? Jamè! Jezi renmen Papa l anpil e li pap janm fè anyen ki fè Papa l fache (Jan 8:29; 14:31). Jezi byen konnen Jewova, ki toupisan, pa janm mal sèvi ak pisans li genyen an. Jezi te wè ak pwòp je l jan Jewova chèche “moun k ap sèvi l ak tout kè yo pou l ka itilize fòs li an favè yo”. (2 Kwonik 16:9.) Sa klè, Jezi renmen lèzòm menm jan Papa l renmen lèzòm. Kidonk, nou ka gen konfyans Jezi ap toujou byen sèvi ak pisans li genyen an pou l fè sa ki bon (Jan 13:1). E se sa Jezi te  toujou fè. Ann fè yon ti reflechi sou pisans li te genyen lè l te sou tè a e sou sa ki te pouse l itilize pisans sa a.

Li te “pisan [...] nan pawòl li”

8. Apre Bondye te fin vide lespri sen l sou Jezi, ki sa Jezi te gen pouvwa pou l fè, e ki jan Jezi te itilize pouvwa li te genyen an?

8 Sanble, Jezi pa t fè mirak lè l t ap grandi nan Nazarèt. Men, bagay yo te vin chanje apre l te fin batize nan ane 29 epòk nou an. Lè sa a, li te gen anviwon 30 an (Lik 3:21-23). Men sa Bib la fè nou konnen: “Bondye te deziyen l avèk lespri sen ak pisans, li te mache nan tout peyi a, li t ap fè sa ki byen, e li te geri tout moun Dyab la t ap toupizi.” (Travay 10:38). Èske ekspresyon “fè sa ki byen” an pa montre Jezi te byen itilize pisans li? Apre Bondye te fin vide lespri sen l sou Jezi, Jezi te vin “yon pwofèt ki pisan nan aksyon l ak nan pawòl li”. — Lik 24:19.

9-11. a) Ki kote Jezi te konn anseye, e ki sa k te ka reprezante yon pwoblèm pou li? b) Poukisa foul moun yo te rete bouch ouvè lè Jezi te fin anseye yo?

9 Nan ki sans pawòl Jezi te di yo te pisan? Souvan, Jezi te anseye moun yo bò lak, sou mòn, nan lari ak nan mache (Mak 6:53-56; Lik 5:1-3; 13:26). Moun ki t ap koute l yo e ki pa t enterese nan sa l t ap di yo te ka al fè wout yo si yo te vle. Etandone nan epòk sa a yo pa t konn enprime liv, moun ki t ap koute l yo e ki te enterese nan sa l t ap di yo te oblije kenbe pawòl li te di yo nan lespri yo ak nan kè yo. Donk, ansèyman Jezi yo te dwe atire moun yo anpil, yo te dwe fasil pou yo konprann e pou yo sonje. Men, se pa t yon pwoblèm pou Jezi ede moun yo kenbe pawòl li yo nan lespri yo ak nan kè yo. Pa egzanp, ann egzamine Sèmon sou montay la.

 10 Yon jou, nan kòmansman ane 31 epòk nou an, nan maten, te vin gen yon foul moun ki te rasanble sou yon mòn ki toupre lanmè Galile. Gen moun ki te soti Jide ak Jerizalèm ki te fè ant 100 ak 110 kilomèt pou yo vini. Genyen ki te soti Ti, genyen ki te soti Sidon, de zòn ki te bò lanmè e ki te nan nò. Anpil moun ki te malad te pwoche bò kote Jezi pou yo touche l. Jezi te geri yo tout. Lè pa t gen yon grenn moun ankò nan mitan yo ki te gen yon maladi grav, Jezi te kòmanse anseye yo (Lik 6:17-19). Lè Jezi te fin pase yon bon ti tan ap anseye yo, sa yo te tande yo te fè yo rete bouch ouvè. Sa k te fè sa?

11 Plizyè ane annapre, men sa yon moun ki te la te ekri: “Foul moun yo rete bouch ouvè devan fason l anseye. Paske, [...] li te anseye yo antanke moun ki gen otorite.” (Matye 7:28, 29). Nan fason Jezi te pale, moun yo te ka wè li gen pouvwa. Li t ap pale antanke moun Bondye voye e ansèyman li yo te toujou chita sou Pawòl Bondye a (Jan 7:16). Pawòl Jezi yo te klè, konsèy li yo te pouse moun yo alaksyon e pèsonn pa t ka demanti sa l t ap di yo. Pawòl li yo montre li te konnen sa k te alabaz pwoblèm yo e yo te touche kè moun ki t ap koute l yo. Li te anseye yo fason pou yo gen kè kontan, fason pou yo priye, fason pou yo chèche wayòm Bondye a e fason pou yo vin gen yon bèl avni (Matye 5:3–7:27). Pawòl li yo te fè moun yo ki te swaf laverite ak lajistis yo anvi tande sa l t ap di yo. Moun sa yo te dakò “nye” tèt yo epi kite tout bagay dèyè pou yo te ka suiv li (Matye 16:24; Lik 5:10, 11). Èske sa pa montre pawòl Jezi yo te gen pisans?

 Li te “pisan nan aksyon l”

12, 13. Nan ki sans Jezi te “pisan nan aksyon l”, e ki diferan kalite mirak li te fè?

12 Anplis de sa, Jezi te “pisan nan aksyon l”. (Lik 24:19.) Nan Evanjil yo, yo pale sou plis pase 30 mirak Jezi te fè. Jezi te fè tout mirak sa yo grasa “pisans Jewova” *. (Lik 5:17.) Mirak Jezi te fè yo te ede plizyè milye moun. Sèlman ak de mirak, li te bay petèt anviwon 20 000 moun manje: Nan youn nan mirak yo li te bay 5 000 gason, “san konte fi ak timoun”, manje pou yo manje, e nan lòt mirak la li te bay 4 000 gason, “san konte fi ak timoun”, manje pou yo manje. — Matye 14:13-21; 15:32-38.

“Yo wè Jezi k ap mache sou lanmè a.”

13 Bondye te bay Jezi pouvwa pou l fè plizyè kalite mirak. Li te gen pouvwa sou demon yo. Konsa, li te ka chase yo byen fasil (Lik 9:37-43). Li te gen pouvwa sou lwa fizik yo: li te fè dlo tounen diven (Jan 2:1-11). Disip li yo te sezi anpil lè yo te wè l ap mache sou lanmè Galile a, nan yon moman kote te gen anpil van (Jan 6:18, 19). Li te gen pouvwa sou maladi. Konsa, li te ka geri moun ki te fèt tou malad, moun ki t ap soufri anba maladi depi plizyè ane ak moun ki te gen maladi ki te ka touye yo (Mak 3:1-5; Jan 4:46-54). Li pa t geri tout moun sa yo menm jan. Gen kèk moun se detan li te byen lwen yo li te geri yo. Gen lòt menm, se manyen li te manyen yo pou l te geri yo (Matye 8:2, 3, 5-13). Genyen li te geri lapoula e gen lòt se tikras pa tikras li te geri yo. — Mak 8:22-25; Lik 8:43, 44.

14. Bay kèk sitiyasyon ki montre Jezi gen pouvwa sou lanmò.

 14 Jezi te gen pouvwa pou l fè yon bagay ki vrèman estrawòdinè, li te ka leve moun ki mouri. An twa fwa, Bib la fè konnen li te leve moun ki mouri sot nan lanmò: Yonfwa, li te resisite yon tifi 12 an, yon lòt lè, li te resisite sèl pitit gason yon vèv te genyen, e yon lòt lè ankò li te resisite yon mesye ki te gen de sè, e de sè sa yo te renmen frè yo a anpil (Lik 7:11-15; 8:49-56; Jan 11:38-44). Pa t gen yon sitiyasyon ki te parèt twò difisil pou li. Lè tifi 12 an te mouri, Jezi te resisite tifi a yon tikras tan apre l te fin mouri. Li te resisite pitit gason vèv la lè antèman tigason an, sandout sa te fèt menm jou pitit gason an te mouri a. E li te resisite Laza alòske Laza te gentan gen kat jou depi l mouri.

Fason li sèvi ak pisans li: Li pa egoyis, li responsab e li gen konsiderasyon pou moun

15, 16. Ki sa k montre Jezi pa t egoyis nan fason l te sèvi ak pouvwa l te genyen an?

15 Èske w ka imajine kantite dega yon dirijan enpafè ta ka fè si l ta gen pouvwa Jezi te genyen an nan men l? Epoutan, Jezi pa t gen peche lakay li ditou (1 Pyè 2:22). Li pa t janm kite egoyis, anbisyon ak tanta detenn sou li, alòske se bagay sa yo ki pouse dirijan enpafè yo sèvi ak pouvwa yo genyen an pou yo toupizi lòt moun.

16 Jezi pa t yon moun ki egoyis e fason li te itilize pouvwa li te genyen an te montre sa. Li pa t janm sèvi ak pouvwa l te genyen an pou avantaj pèsonèl li. Lè li te grangou, li te refize fè wòch tounen pen (Matye 4:1-4). Lefètke Jezi pa t posede anpil bagay, sa montre li pa t itilize pouvwa li te genyen an pou l te fè kòb (Matye 8:20). Gen anpil prèv ki montre Jezi te sèvi ak pouvwa li te genyen an paske li te renmen moun. Lè Jezi te konn fè  mirak yo, sa te konn gen efè sou li. Lè li te geri moun malad, li te ka santi pisans k ap soti sou li. Li te toujou konnen lè pisans te soti sou li, menm lè se te jis yon sèl moun li te geri (Mak 5:25-34). Epoutan, li te kite anpil moun manyen l e yo tout te geri (Lik 6:19). Èske sa pa montre toutbonvre Jezi pa t yon moun ki egoyis?

17. Nan fason Jezi te itilize pouvwa li te genyen an, ki sa k montre li te yon moun ki responsab?

17 Nan fason Jezi te itilize pouvwa l, li te montre li se yon moun ki responsab. Li pa t janm itilize pouvwa li te genyen an pou l fè moun wè oubyen pou l eseye enpresyone moun (Matye 4:5-7). Jezi pa t dakò fè mirak pou l te ka annik satisfè move anvi Ewòd te genyen pou l te wè l fè mirak devan l (Lik 23:8, 9). Yon bagay ki montre Jezi pa t ap chèche fè moun wè, sèke, souvan, li te menm pase moun li te geri yo lòd pou yo pa di pèsonn sa (Mak 5:43; 7:36). Jezi pa t vle moun tire konklizyon sou li akoz bagay egzajere moun ka rakonte. — Matye 12:15-19.

18-20. a) Ki sa ki te enfliyanse Jezi nan fason li t ap itilize pouvwa li te genyen an? b) Ki sa k touche kè w nan fason Jezi te geri mesye ki te soud la?

18 Jezi, ki te yon moun ki pisan anpil, pa t aji menm jan ak dirijan yo ki te gen kè di e ki pa t sèvi ak pouvwa yo te genyen yo pou ede moun ki t ap soufri yo. Men, Jezi te montre l gen anpil sousi pou moun. Lè li te wè moun k ap soufri, sa te tèlman touche l, sa te pouse l poze aksyon pou soulaje yo (Matye 14:14). Li te gen konsiderasyon pou santiman moun yo ak bezwen yo te genyen, e sa te gen enfliyans sou fason li te itilize pouvwa li te genyen an. Nou jwenn yon bèl egzanp nan Mak 7:31-37 ki montre sa.

 19 Nan moman sa a, te gen yon foul moun ki t al kot Jezi e yo te mennen anpil moun ki te malad ba li e li te geri yo tout (Matye 15:29, 30). Men, Jezi t ap suiv yon mesye an patikilye. Mesye sa a te soud e li te difisil pou li pou l pale. Petèt, Jezi te ka santi jan mesye sa a te yon ti jan malalèz oubyen li te yon ti jan wont. Jezi pran l nan foul moun yo e l al yon kote apa avè l. Annapre, Jezi fè kèk siy pou ede l konprann sa l pral fè pou li a. Li “mete dwèt li nan zòrèy mesye a, li krache, epi li touche lang mesye a” *. (Mak 7:33.) Apre sa, Jezi leve je l gade syèl la epi li montre l ap fè yon priyè. Lè Jezi te aji konsa, se kòmsi l te di mesye a: ‘Sa m pral fè pou ou la a, se grasa pouvwa Bondye ban mwen mwen pral fè l.’ Finalman, Jezi di: “Ouvri.” (Mak 7:34). E lapoula, mesye a vin ka tande e li te vin ka pale san pwoblèm.

20 Ala touche sa dwe touche kè nou lè nou reflechi sou jan Jezi te konn mete l nan plas lòt moun lè l ap sèvi ak pouvwa Bondye te ba li a pou l geri lòt moun! Èske sa pa fè w kontan pou w konnen se yon dirijan konsa, yon dirijan ki renmen moun, Jewova mete pou dirije Wayòm Mesi a?

Yon apèsi sou sa k gen pou vini

21, 22. a) Ki sa mirak Jezi te fè yo fè nou konnen sou sa li pral fè pi devan? b) Etandone Jezi gen kontwòl sou fòs ki genyen nan lanati yo, ki sa nou ka atann nou pral jwenn anba dominasyon Wayòm li an?

21 Travay Jezi te fè sou tè a ki montre li te gen anpil  pisans se jis yon ti apèsi sou kokennchenn benediksyon nou pral jwenn anba direksyon l antanke wa. Nan monn nouvo a, Jezi pral fè mirak ankò. Men, fwa sa a, li pral fè mirak sou tout tè a. Ann fè yon ti reflechi sou kèk nan bèl bagay li pral fè pi devan yo.

22 Jezi pral fè tout bagay sou tè a fonksyone jan yo dwe fonksyone, san youn pa deranje lòt. Pa bliye, li te gen kontwòl sou fòs ki gen nan lanati yo, jan l te montre sa lè l te kalme tanpèt la. Ebyen, se sèten, anba direksyon Wayòm Kris la, lèzòm pap gen rezon pou yo pè ouragan, tranblemanntè, vòlkan k ap vomi dife ak sann, oubyen lòt katastwòf natirèl. Piske Jezi te travay bò kote Jewova e li maton nan travay li t ap fè a, e piske Jewova te sèvi avè l pou l kreye tè a ak tout sa ki sou tè a, Jezi byen konprann jan tè a fonksyone. Li konnen ki jan pou l byen itilize sa ki sou tè a. Anba direksyon l, tout tè a pral tounen yon paradi. — Lik 23:43.

23. Antanke Wa, kòman Jezi pral rive bay tout moun k ap viv sou tè a sa yo bezwen?

23 Ki sa Jezi pral fè pou l rive bay tout moun k ap viv sou tè a sa yo bezwen? Jezi gen kapasite pou l bay plizyè milye moun manje. Se sa l te fè lè l te sèvi ak yon vyepti pwovizyon pou l bay moun yo anpil manje pou yo manje. Sa fè nou gen konfyans, anba direksyon Jezi, pap gen pwoblèm grangou ankò. Se toutbon, pral gen anpil manje, e tout moun pral jwenn manje. Konsa, moun pap soufri grangou ankò (Sòm 72:16). Lefètke Jezi gen pouvwa sou tout kalite maladi, sa fè nou konnen moun ki malad yo, avèg yo, moun soud yo, moun ki bwete yo, moun ki pèdi yon pati nan kò yo, yo tout  pral geri nèt e pou toutan (Izayi 33:24; 35:5, 6). Etandone Jezi gen kapasite pou l resisite moun ki mouri, sa fè nou gen konfyans li pral itilize pouvwa li genyen antanke Wa nan syèl la pou l resisite plizyè milya moun ki nan memwa Papa l. — Jan 5:28, 29.

24. Toutpandan n ap reflechi sou pouvwa Jezi genyen an, ki sa nou pa dwe janm bliye, e poukisa?

24 Toutpandan n ap reflechi sou pouvwa Jezi genyen, annou pa janm bliye Pitit Bondye a imite Papa l yon fason ki pafè (Jan 14:9). Fason Jezi te itilize pouvwa l genyen an ede nou pi byen konprann fason Jewova sèvi ak pouvwa pa l. Pa egzanp, ann fè yon ti reflechi sou tandrès Jezi te demontre nan fason l te geri yon mesye ki te gen lèp. Pitye Jezi te genyen pou mesye a te pouse l manyen mesye a, e li te di l: “Wi, mwen vle.” (Mak 1:40-42). Pa mwayen istwa tankou istwa sa a, se kòmsi Jewova ap di nou: ‘Se konsa mwen sèvi ak pouvwa m.’ Èske sa pa pouse w louwe Bondye Toupisan an epi di l mèsi lefètke li itilize pisans li yon fason ki montre li renmen nou?

^ § 1 Byenke yo rele lanmè sa a lanmè Galile, anfèt se yon lak li ye. Byen souvan, lanmè Galile a te konn gen tanpèt ki fòme sou li sanzatann. Lefètke lak sa a te pi ba pase nivo lanmè a (anviwon 200 mèt pi ba pase nivo lanmè a), tanperati ki sou li a pi cho pase tanperati ki nan zòn nan, sa ki konn lakòz tanpèt sou lak la. Gen gwo van ki soti sou mòn Èmòn, ki nan nò, ki konn vante sou vale Jouden an. Se sa k fè, menmsi tan an parèt kalm, sanzatann ka vin gen gwo tanpèt.

^ § 12 Anplis de sa, pafwa, Evanjil yo mete kèk nan mirak Jezi yo nan yon sèl lo e yo pa bay twòp detay sou yo. Pa egzanp, gen yon lè “tout vil la” te vin bò kote Jezi e li te geri “anpil” moun ki malad. — Mak 1:32-34.

^ § 19 Juif yo ak moun ki pa t Juif yo te abitye sèvi ak krache pou geri moun, e krache yon moun krache te ka yon siy ki montre pral gen gerizon. Nan liv Juif yo ekri, yo fè konnen yo te konn sèvi ak krache nan remèd y ap fè yo. Krache Jezi te krache a, petèt, se te pou ede mesye a konprann se geri li t apral geri l. Antouka, Jezi pa t itilize krache l kòm mwayen pou l geri mesye sa a.