1, 2. a) Ki jan yon manman reyaji tou natirèlman lè l gen yon tibebe k ap kriye? b) Ki santiman ki pi fò lontan pase konpasyon oswa kè sansib yon manman genyen?

NAN mitan nuit lan, yon tibebe pete kriye. Lè manman tibebe a tande sa, rapidman li leve. Depi manman an fin akouche tibebe a, somèy li pa fon menm jan ak anvan. Manman an vin aprann konnen sa tibebe a bezwen selon jan tibebe a kriye. Konsa, li konnen si tibebe a bezwen tete, si l bezwen yo pote l epi karese l oswa si l bezwen lòt bagay ankò. Antouka, kèlkeswa rezon ki fè tibebe a kriye, manman an toujou la pou li. Manman an pa ka rete san l pa fè anyen pou l ede tibebe a.

2 Konpasyon oswa kè sansib yon manman genyen pou pitit ki sot nan vant li se youn nan santiman ki pi fò yon moun ka genyen pou lòt moun. Men, gen yon santiman ki pi fò lontan pase sa yon manman santi pou pitit li. Nou vle pale de kè sansib oswa konpasyon Jewova, Bondye nou an, genyen pou nou. Lè n egzamine bèl kalite sa a, sa ap ede nou pwoche bò kote Jewova plis toujou. Kidonk, ann egzamine sa konpasyon ye e ann egzamine fason Bondye demontre kalite sa a.

Ki sa konpasyon ye?

3. Ki sa vèb ebre lè yo tradui l yo mete “demontre mizèrikòd” oswa “gen pitye” pou li a vle di?

3 Nan Bib la, gen yon rapò sere sere ant konpasyon ak mizèrikòd. Gen plizyè mo ebre ak mo grèk lè yo tradui  yo ki bay sans kè sansib. Pa egzanp, byen souvan, lè yo tradui vèb ebre raham nan, yo mete “demontre mizèrikòd” oswa “gen pitye” pou li. Dapre yon ouvraj referans, vèb raham nan bay ide yon konpasyon ki pwofon nou genyen lè nou wè moun nou renmen ap soufri, oswa li bay ide yon gwo kè sansib nou genyen lè nou wè moun nou renmen ki bezwen èd. Mo ebre sa a Jewova itilize pou l pale de tèt li gen rapò ak mo ki siyifi “matris” la, e yo ka dekri l kòm “konpasyon yon manman” genyen *. — Egzòd 33:19; Jeremi 33:26.

‘Èske yon manman ka bliye pitit li ki sot nan vant li an?’

4, 5. Kòman Bib la pale de santiman yon manman gen pou pitit li pou l ede nou konprann konpasyon Jewova gen pou nou?

Bib la sèvi ak santiman yon manman genyen pou tibebe l pou l anseye nou konpasyon Jewova genyen pou nou. Men sa Izayi 49:15 fè konnen: “Èske yon madanm ka bliye pitit li ki nan tete, pou l pa ta gen pitye [raham] pou pitit gason ki sot nan vant li an? Menm medam sa yo ka bliye, men mwen menm, mwen pap bliye w.” Bèl deskripsyon sa a ede nou konprann konpasyon pwofon Jewova genyen pou moun k ap sèvi l yo. Sa k fè nou di sa?

5 Li difisil pou nou imajine yon manman ki nouris ta bliye bay tibebe l manje, pou l ta bliye pran swen l. An reyalite, yon tibebe san defans. Lajounen kou lannuit, li bezwen pou manman l pran swen l. Sepandan, malerezman, nou konn tande manman ki neglije pitit yo, espesyalman nan ‘tan sa yo ki difisil pou moun sipòte’ kote moun pa “gen afeksyon pou moun  parèy yo”. (2 Timote 3:1, 3.) Men, Jewova fè nou konnen li “pap bliye” nou. Jewova toujou demontre li gen kè sansib pou sèvitè l yo, e kè sansib Jewova gen lakay li a depase lontan pi gwo santiman natirèl lèzòm ta ka janm genyen, anpalan de konpasyon yon manman genyen pou pitit li. Sa pa fè nou sezi dèske yon moun te fè kòmantè sa a sou Izayi 49:15, men sa moun nan te di: “Se youn nan gwo fason, pou n pa ta di pi gwo fason an, yo pale de lanmou Bondye nan Ansyen Testaman an.”

6. Ki jan anpil moun konn wè moun ki gen kè sansib, men ki asirans Jewova ban nou?

6 Lè yon moun gen kè sansib, èske se yon pwen fèb sa ye lakay li? Anpil moun panse, lè yon moun demontre li gen konpasyon oswa kè sansib, se yon pwen fèb li gen lakay li. Pa egzanp, Sénèque, yon filozòf women ki t ap viv nan menm epòk ak Jezi e ki te yon gwo entèlektyèl nan vil Wòm, te fè konnen “se moun sòt ki kite pitye mennen yo”. Sénèque t ap defann yon filozofi (Stoïcisme) ki mande pou yon moun toujou rete kalm san l pa demontre okenn santiman. Dapre Sénèque, yon moun ki saj ka ede moun ki nan pwoblèm, men yo pa dwe kite se pitye ki pouse yo fè sa, paske si yo ta kite sa rive yo yo t ap pèdi kalm yo. Yon pwennvi egoyis konsa anpeche yon moun demontre konpasyon ki sensè. Men, se pa konsa ditou Jewova ye! Nan Bib la, Jewova ban nou asirans li “gen anpil konpasyon ak anpil mizèrikòd”. (Jak 5:11.) Jan nou pral wè sa, konpasyon oswa kè sansib pa vle di feblès,  se yon kalite ki mande pou yon moun gen anpil kran e se yon kalite ki enpòtan anpil. Ann egzamine jan Jewova, menm jan ak yon paran ki renmen pitit li, demontre li gen konpasyon lakay li.

Jewova te demontre konpasyon pou yon nasyon

7, 8. Nan ki sans nou ka di Izrayelit yo t ap soufri nan Lejip tan lontan an, e ki jan Jewova te reyaji devan soufrans yo?

7 Nou ka wè aklè konpasyon Jewova gen lakay li nan fason li te konn boule ak nasyon Izrayèl la. Nan fen 16yèm syèk anvan epòk nou an, plizyè milyon Izrayelit te ann esklavaj ann Ejip tan lontan an, kote yo t ap toupizi yo byen toupizi. Ejipsyen yo “te fè lavi yo difisil anpil piske yo te fè yo travay di nan fè mòtye ak ajil, [e nan fè] brik”. (Egzòd 1:11, 14.) Pandan Izrayelit yo te nan detrès, yo te kriye nan pye Jewova pou l pote yo sekou. Ki jan Bondye ki gen kè sansib la te reponn yo?

8 Sa te touche kè Jewova. Men sa l te di: “Vrèmanvre, mwen wè tray pèp mwen an ap pase ann Ejip e mwen tande yo k ap mande èd akoz moun k ap fòse yo travay di yo. Mwen byen konnen jan y ap soufri.” (Egzòd 3:7). Jewova pa t ka wè pèp li a k ap soufri oswa tande yo k ap rele san li menm li pa t santi anyen. Jan nou te wè sa nan chapit 24 la, Jewova se yon Bondye ki konn mete l nan plas moun. Kalite sa a sanble ak konpasyon. Men, Jewova pa t sèlman santi sa k te rive pèp la fè l mal, men tou, li te santi l dwe aji pou ede pèp la. Men sa Bib la fè konnen: “Li sitèlman renmen yo, kè l sitèlman fè l mal pou yo, se li menm  menm ki te vin delivre yo.” (Ezayi 63:9, Bib la). Avèk “fòs ponyèt li”, li te fè Izrayelit yo kite peyi Lejip (Detewonòm 4:34). Apre sa, li te fè mirak pou ba yo manje e li te fè yo vin gen pwòp peyi yo e peyi sa a te bay anpil manje.

9, 10. a) Poukisa, an plizyè fwa, Jewova te delivre Izrayelit yo lè yo te abite nan Latè pwomiz? b) Nan epòk Yifta a, anba men kiyès Jewova te delivre Izrayelit yo, e ki sa ki te pouse l fè sa?

9 Se pa t nan okazyon sa a sèlman Jewova te montre li gen konpasyon oswa kè sansib pou yo. Lè pèp Izrayèl la te abite nan Latè pwomiz, an plizyè fwa, yo pa t montre yo fidèl devan Jewova, e kòm rezilta yo te soufri. Men, chak fwa yo te tounen nan bonsans yo e yo te rele nan pye Jewova, li pa t manke pa delivre yo. Poukisa Jewova te toujou aji konsa? Se “paske li te gen konpasyon pou pèp li a”. — 2 Kwonik 36:15; Jij 2:11-16.

10 Ann egzamine sa k te pase nan epòk Yifta a. Lè Izrayelit yo te rekòmanse sèvi fo dye, Jewova te kite moun Amòn yo toupizi yo pandan 18 ane. Finalman, Izrayelit yo te vin repanti. Men sa Labib fè konnen: “Yo te retire tout fo dye yo te gen nan mitan yo e yo te sèvi Jewova. Se sa k fè, li pa t ka wè pèp Izrayèl la ap soufri ankò.” (Jij 10:6-16). Piske pèp Jewova a te demontre li repanti toutbon, Jewova pa t kapab kontinye gade yo k ap soufri. Konsa, Bondye ki gen kè sansib la te bay Yifta pouvwa pou l delivre Izrayelit yo anba men ènmi yo. — Jij 11:30-33.

11. Ki sa nou aprann sou kè sansib nan fason Jewova te boule ak Izrayelit yo?

11 Ki sa nou aprann konpasyon oswa kè sansib ye nan fason Jewova te boule ak nasyon Izrayèl la? Toudabò,  nou aprann kè sansib Jewova gen lakay li pa sèlman vle di kè l fè l mal paske li konnen pèp li a ap rankontre pwoblèm. Sonje egzanp manman ki nouris la. Kè sansib li gen pou tibebe l la te pouse l byen reyaji lè tibebe a t ap kriye. Menm jan an tou, Jewova pa fèmen zòrèy li lè pèp li a ap kriye nan pye l. Kè sansib li gen lakay li pouse l aji pou l soulaje soufrans yo. Anplis de sa, fason Jewova te boule ak Izrayelit yo ede nou konprann, lè yon moun gen kè sansib oswa konpasyon, sa pa vle di li fèb pou sa, paske kalite sa a te pouse Jewova aji ak kran e li te pouse l pran bonjan desizyon an favè pèp li a. Men, èske se sèlman pou pèp li a antanke gwoup Jewova demontre li gen kè sansib?

Konpasyon Jewova genyen pou chak moun

12. Kòman Lalwa Jewova te bay la montre konpasyon li gen pou chak moun?

12 Lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl la te montre konpasyon li gen pou chak moun. Pa egzanp, ann egzamine sousi li te genyen pou moun ki pòv yo. Jewova te konnen evènman moun pa prevwa te ka lage yon Izrayelit nan povrete. Ki jan yo te dwe boule ak moun sa yo? Men lòd klè Jewova te bay Izrayelit yo: “Nou pa dwe fè kè nou di, ni nou pa dwe fè chich ak frè nou ki vin pòv la. Nou dwe montre nou donan lè n ap bay frè nou an sa l bezwen. Nou dwe fè sa san nou pa regrèt, paske sa ap fè Jewova, Bondye nou an, beni nou nan tout sa n ap fè.” (Detewonòm 15:7, 10). Pi devan, Jewova te bay Izrayelit yo lòd pou yo pa t ranmase tout sa ki rete nan lizyè jaden yo e pou yo pa t tounen ranmase  sa yo te kite dèyè yo. Yo te dwe kite yo pou moun afè pa bon yo (Levitik 23:22; Rit 2:2-7). Lè nasyon Izrayèl la te obeyi lwa sa a ki te montre sousi Bondye genyen pou moun ki pòv yo, moun afè pa bon yo pa t ap bezwen kriye nan pye moun pou yo jwenn manje. Èske sa pa montre kè sansib Jewova gen lakay li?

13, 14. a) Kòman pawòl David te di yo ban nou asirans Jewova vrèman enterese nan nou chak? b) Ki egzanp nou ka bay ki montre Jewova toupre “moun ki gen kè yo fann” oswa “moun ki gen lespri yo kraze”?

13 Jodi a tou, Bondye nou an ki gen lanmou enterese anpil nan nou chak. Li byen konnen tout soufrans nou ta ka ap rankontre. Men sa salmis David te ekri: “Je Jewova sou moun ki jis yo, e zòrèy li nan direksyon rèl yo fè pou mande sekou. Jewova toupre moun ki gen kè yo fann, e li sove moun ki gen lespri yo kraze.” (Sòm 34:15, 18). Men sa yon moun ki fè kòmantè sou Bib la te di sou pawòl nou jwenn nan vèsè sa yo: “Yo gen kè yo fann e yo gen lespri yo kraze, yo panse yo pa gen valè akoz peche yo fè, yo pa gen respè pou tèt yo. Yo pa gen estim pou tèt yo e yo pa gen konfyans nan tèt yo.” Moun konsa ka panse yo tèlman pa vo anyen, Jewova rete lwen yo e li pa gen okenn sousi pou yo. Men, se pa konsa bagay yo ye vre. Pawòl David te ekri yo ban nou asirans Jewova pap janm abandone moun ki “pa gen estim pou tèt yo”. Se nan moman sa yo nou plis bezwen Bondye nou an, ki gen konpasyon, plis pase tout lòt lè, e nan lè sa yo li toupre nou.

14 Ann pran yon egzanp. Nan peyi Etazini, gen yon manman ki te kouri lopital ak yon pitit gason l ki te gen dezan. Pitit la te malad grav, li te gen yon  enflamasyon nan gòj ki te anpeche l respire. Apre doktè yo te fin egzamine tigason an, yo fè manman an konnen y ap oblije entène tigason an. Ki kote manman an te pase nuit lan? Li te pase nuit lan lopital la, sou yon chèz, bò kote kabann pitit li a. Lefètke tipitit gason li an te malad, pa gen yon lòt kote pou l ta ye. Se sèten, nou ka atann pou Papa nou ki nan syèl la demontre plis lanmou pou nou toujou. An reyalite, li te fè nou pòtre avè l (Jenèz 1:26). Bèl pawòl nou jwenn nan Sòm 34:18 la fè nou konnen, lè nou santi ‘kè nou ap fann’ oswa ‘lespri nou kraze’, menm jan ak yon paran ki renmen pitit li, Jewova ap “toupre” nou. Konsa, li toujou demontre konpasyon li gen pou nou e li toujou pare pou l ede nou.

15. Nan ki sans Jewova ede nou chak?

15 Ki jan Jewova ede nou chak? Se pa nesesèman lè l retire sa k ap fè nou soufri a li ede nou. Men, li pran yon pakèt dispozisyon pou l ede moun k ap rele l osekou yo. Jewova ban nou bonjan konsèy ki kapab ede nou, e nou jwenn konsèy sa yo nan Pawòl li a, Labib. Nan kongregasyon an, Jewova ban nou siveyan ki kalifye espirityèlman e k ap fè efò pou yo imite konpasyon l gen lakay li lè y ap ede lòt moun (Jak 5:14, 15). Antanke ‘Moun ki konn tande priyè’, l ap “bay moun lespri sen si yo mande l li”. (Sòm 65:2; Lik 11:13.) Lespri sa a ka ban nou “pisans ki depase yon pisans nòmal”, yon fason pou n ka andire jiskaske Wayòm Bondye a elimine tout tètchaje nou genyen jodi a (2 Korentyen 4:7). Èske nou pa rekonesan pou tout dispozisyon sa yo Jewova pran pou  ede nou? Annou pa janm bliye tout dispozisyon sa yo montre jan Jewova gen kè sansib oswa konpasyon pou nou.

16. Ki pi gwo egzanp ki montre Jewova gen kè sansib, e ki rapò sa genyen avèk nou chak?

16 Natirèlman, pi gwo egzanp ki montre kè sansib oswa konpasyon Jewova gen pou nou se lè l te bay Moun li renmen anpil la kòm yon ranson pou nou. Se yon sakrifis ki montre lanmou Jewova genyen pou lèzòm, e sa ban nou posiblite pou nou jwenn delivrans. Li bon pou nou sonje Jewova te bay ranson an pou nou chak. Se avèk rezon Zekarya, papa Jan ki te konn batize moun nan, te fè konnen dispozisyon sa a t ap fè “kè sansib Bondye nou an genyen” an parèt aklè. — Lik 1:78.

Lè Jewova pa demontre konpasyon

17-19. a) Èske nou dwe panse Jewova ap toujou gen konpasyon nan kèlkeswa sitiyasyon an? b) Ki sa k ka lakòz konpasyon Jewova genyen an vin bout?

17 Èske nou dwe panse Jewova ap toujou demontre li gen kè sansib oswa konpasyon nan kèlkeswa sitiyasyon an? Non. Labib montre aklè, lè yon moun refize suiv prensip jis Jewova yo, Jewova gen rezon pou l pa gen kè sansib pou moun sa a (Ebre 10:28). Pou nou konprann rezon ki fè l aji konsa, sonje egzanp nasyon Izrayèl la.

18 Byenke, an plizyè fwa, Jewova te delivre Izrayelit yo anba men ènmi yo, rive yon lè, konpasyon oswa kè sansib li te gen pou yo a te vin bout. Pèp sa a ki te gen tèt di t ap pratike idolatri, yo te menm mete yon seri vye zidòl anndan tanp Jewova a (Ezekyèl 5:11;  8:17, 18). Anplis de sa, Labib fè nou konnen “yo te kontinye pase mesaje vrè Dye yo nan rizib, yo te kontinye meprize pawòl li yo e yo te kontinye fawouche pwofèt li yo jiskaske Jewova te vide kòlè l avèk raj sou pèp li a, e pa t gen gerizon pou yo ankò”. (2 Kwonik 36:16.) Izrayelit yo te rive nan yon pwen kote yo pa t merite pou Jewova kontinye demontre konpasyon oswa kè sansib pou yo, e yo te fè Jewova fache anpil. Ki konsekans sa te genyen?

19 Jewova pa t ka kontinye gen kè sansib pou pèp li a. Men sa l te fè konnen: “M’ap san pitye, mwen p’ap kite yonn chape. Mwen p’ap pran priyè, m’ap touye yo tout.” (Jeremi 13:14, Bib la). Konsa, Babilonyen yo te detwi Jerizalèm ak tanp li a e yo te mennen Izrayelit yo ann esklavaj. Ala tris sa tris, lè yon moun tèlman lage nan fè sa ki mal, sa lakòz konpasyon oswa kè sansib Jewova gen pou li a vin bout! — Lamantasyon 2:21.

20, 21. a) Nan epòk nou an, ki sa k pral rive lè Bondye sispann demontre konpasyon? b) Ki dispozisyon nou pral egzamine nan chapit ki vin apre a ki montre Jewova gen konpasyon?

20 Kòman sa ye jodi a? Jewova pa chanje. Lefètke li gen konpasyon oswa kè sansib, li bay Temwen l yo responsablite pou yo preche “bon nouvèl [...] konsènan wayòm nan” sou tout tè a (Matye 24:14). Lè moun ki gen bon kè yo byen reyaji devan mesaj Wayòm nan, Jewova ede yo konprann mesaj la (Travay 16:14). Men, travay sa a pap kontinye fèt nètale. Si Jewova ta kite monn mechan sa a, ki chaje ak soufrans ak mizè, kontinye egziste nètale, sa pa t ap demontre li gen konpasyon vre. Lè lè a rive pou Jewova sispann demontre konpasyon pou monn mechan sa a, l ap detwi sistèm  sa a. E menm lè l aji konsa, se demontre l ap demontre konpasyon li genyen pou sèvitè l yo ak pou “non” l, yon non ki sen (Ezekyèl 36:20-23). Jewova pral retire tout mechanste k ap fèt sou tè a, e li pral fè yon monn kote moun ki pral viv ladan l yo se moun k ap fè sa ki jis. Men sa Jewova fè konnen konsènan moun ki mechan: “Mwen p’ap gen pitye pou yo, mwen p’ap fè pa yo. M’ap fè yo peye pou sa yo fè.” — Ezekyèl 9:10, Bib la.

21 Annatandan moman sa a rive, Jewova gen konpasyon oswa kè sansib pou tout moun, menm moun ki ta ka detwi yo. Moun ki demontre yo repanti toutbonvre pou sa yo fè ki pa bon ka jwenn byenfè nan youn nan pi gwo dispozisyon Bondye mete sou pye ki demontre konpasyon li gen lakay li, anpalan de padon. Nan chapit ki vin apre a, nou pral egzamine kèk bèl pawòl nou jwenn nan Bib la ki ede nou konprann jan Jewova konn padone nèt.

^ § 3 Remake, nan Sòm 103:13, vèb ebre raham nan fè referans ak konpasyon oswa mizèrikòd yon papa ap demontre pou pitit li.