1, 2. Poukisa anpil moun pa fin twò renmen tande pale de lalwa, men ki santiman nou ka vin genyen pou lwa Jewova yo?

‘LALWA tankou yon twou san fon, li detwi tout bagay’. Pawòl sa yo te parèt nan yon liv yo te pibliye nan ane 1712. Moun ki te ekri liv sa a te pale de yon sistèm jistis kote lè yon moun depoze yon plent nan tribinal, pafwa sa konn pran plizyè ane anvan yo jije ka a. Sa ki konn fini ak tout ti kòb moun k ap chèche jistis la. Nan anpil peyi, sistèm jistis la tèlman konplike, li tèlman chaje ak moun k ap fè enjistis, ki gen prejije e ki nan paspouki, sa fè moun pa fin twò renmen tande pale de lalwa.

2 Sa gen 2 700 ane, gen yon salmis ki te ekri yon pawòl ki diferan nèt ak sa nou sot di pi wo a. Men sa l te di: “Ala renmen mwen renmen lalwa w!” (Sòm 119:97). Poukisa salmis la te santi l konsa? Rezon an se paske lalwa li te renmen an se pa t lalwa yon gouvènman bay, men se te lalwa Jewova Dye te bay. Tank w ap etidye lwa Jewova yo, se tank w ap vin gen menm santiman ak salmis la. Lè w etidye Pawòl Bondye a, sa ap ede w vin pi byen konprann jan Jewova panse, li menm ki pi gwo jij e ki pi konn bay lwa nan tout linivè.

Pa gen tankou l nan kesyon fè lwa

3, 4. Nan ki sans Jewova montre li se Moun ki konn fè lwa?

3 Bib la fè nou konnen: “Gen yon sèl moun ki fè lwa.” (Jak 4:12). Pa gen manti nan sa, Jewova se yon moun ki pa gen parèy nan kesyon fè lwa. Li menm mete “lwa” pou kontwole bagay ki nan syèl la k ap bouje yo (Jòb 38:33). Foul zanj Jewova yo ki sen obeyi lwa Jewova yo. Jewova byen òganize yo, li ba yo chak yon wòl presi,  e yo chak travay anba direksyon l antanke sèvitè l. — Sòm 104:4; Ebre 1:7, 14.

4 Jewova bay lèzòm lwa tou pou yo obeyi. Nou chak gen yon konsyans, sa ki montre Jewova gen jistis lakay li. Konsyans nou genyen an se tankou yon lwa ki pa anndan nou chak. Li ka ede nou konnen sa ki byen ak sa ki mal (Women 2:14). Etandone Bondye te bay premye paran nou yo yon konsyans ki pafè, se sèlman kèk lwa yo te bezwen suiv (Jenèz 2:15-17). Sepandan, lefètke lèzòm enpafè, yo bezwen genyen plis lwa pou ede yo fè volonte Bondye. Jewova te bay chèf fanmi tankou Noye, Abraram ak Jakòb kèk lwa, e chèf fanmi sa yo te fè fanmi yo konnen lwa sa yo (Jenèz 6:22; 9:3-6; 18:19; 26:4, 5). Lè Jewova te bay nasyon Izrayèl Lalwa a pa mwayen Moyiz, li te fè tèt li tounen Moun ki fè lwa yon fason li potko janm fè anvan. Lalwa a ede nou pi byen konprann jistis Jewova gen lakay li.

Yon ti pale sou Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la

5. Èske Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te konplike e èske li pa t fasil pou moun suiv, e poukisa se konsa w reponn?

5 Gen anpil moun ki panse Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la se yon bann lwa konplike e ki pa t fasil pou moun suiv. Men, sa moun yo panse a pa laverite. Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te gen plis pase 600 lwa ladan l. Ou ka ap di tèt ou kantite sa a parèt anpil, men fè yon ti reflechi: Nan fen 20yèm syèk la, lè yo te konte kantite lwa ki genyen nan liv lwa yo fè pou peyi Etazini, lwa sa yo te ka ranpli plis pase 150 000 paj. E chak dezan, yo ajoute anviwon 600 lwa anplis! Donk, si nou konpare kantite lwa lèzòm fè ak kantite lwa ki nan lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la, nou ka wè lwa lèzòm fè yo pi plis lontan. Epoutan, Lalwa Bondye te bay yo te ede Izrayelit  yo nan plizyè domèn nan lavi yo, yon seri domèn lwa lèzòm fè jodi a poko menm kòmanse pran an konsiderasyon. Ann fè yon ti pale sou kèk nan lwa sa yo.

6, 7. a) Ki sa k fè lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la san parèy, e ki pi gwo kòmandman ki gen nan lwa sa a? b) Ki jan Izrayelit yo te ka montre yo dakò soumèt anba souvrènte Jewova?

6 Lalwa te montre Jewova gen dwa pou l dirije. Kèlkeswa lwa lèzòm fè pa ka rive nan menm nivo ak lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la. Men kòmandman ki te pi gwo nan Lalwa Bondye te bay la: “O Izrayèl, koute byen: Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova. Se pou nou renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout fòs nou.” Kòman pèp Bondye a te dwe demontre yo renmen Bondye? Yo te dwe sèvi l. Yo te dwe soumèt anba souvrènte l, sa vle di obeyi l epi rekonèt li antanke Moun ki gen dwa pou dirije. — Detewonòm 6:4, 5; 11:13.

7 Chak Izrayelit te montre yo soumèt yo anba souvrènte Jewova lè yo te koute moun Jewova te mete alatèt yo a. Paran yo, chèf yo, jij yo, prèt yo e, pi devan, wa yo, yo tout te reprezante otorite Bondye genyen. Lè yon moun te rebele kont youn nan moun sa yo, Jewova te konsidere se kont li menm menm yo te rebele. Yon lòt bò, si youn nan moun sa yo ki te gen otorite te mal boule ak pèp Jewova a, Jewova t ap fache kont moun sa a (Egzòd 20:12; 22:28; Detewonòm 1:16, 17; 17:8-20; 19:16, 17). Konsa, toude gwoup moun yo te dwe montre yo soumèt anba souvrènte Bondye.

8. Kòman Lalwa te ede pèp Jewova a mennen yon vi ki pwòp?

8 Lalwa te ede pèp Jewova a mennen yon vi pwòp nan nivo ki pi wo a. Mo ebre lè yo tradui l ki bay ‘sen’ an parèt plis pase 280 fwa nan lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la. Lalwa te ede pèp la fè diferans ant sa k pwòp ak sa k pa pwòp. Lalwa te pale sou anviwon 70 bagay ki ka fè yon  Izrayelit pa pwòp nan sèvis li t ap bay Bondye. Lwa sa yo te pale sou enpòtans pou yo kenbe kò yo pwòp, sou kalite manje yo dwe manje e yo te menm ba yo enstriksyon sou fason pou yo elimine tout kalite dechè. Lwa sa yo te ede pèp la gen bon sante *. Men, pi gwo rezon ki fè Jewova te bay pèp la Lalwa se te pou ede yo jwenn favè l e pou ede yo pa tonbe nan move pratik nasyon ki te toutotou yo t ap pratike yo. Ann pran yon egzanp.

9, 10. Ki sa alyans Lalwa a te fè konnen konsènan relasyon seksyèl ak fè timoun, e ki byenfè moun te jwenn grasa lwa sa yo?

9 Alyans Lalwa a te fè konnen, ni fè sèks ni akouchman te lakòz moun pa pwòp pou yon ti tan, menmsi se te moun ki marye (Levitik 12:2-4; 15:16-18). Lefètke Lalwa a te di sa, se pa rabese li te rabese ni relasyon seksyèl, ni akouchman, ki se de bèl kado ki pwòp Bondye bay lèzòm (Jenèz 1:28; 2:18-25). Okontrè, lwa sa yo te ede pèp la mennen yon vi pwòp nan nivo ki pi wo a. Konsa, lwa sa yo te anpeche adorasyon yo t ap bay Jewova a vin kontamine. Li enpòtan pou nou konnen nasyon ki te abite toutotou Izrayelit yo te konn melanje adorasyon yo t ap bay dye yo ak pratik seksyèl yo te konn fè, e yo te konn melanje l tou ak seremoni yo te konn fè pou ede fi fè pitit. Moun Kanaran yo te konn fè pwostitisyon nan relijyon yo t ap pratike a, e te gen ni fi ni gason ki t ap fè sa. Sa yo t ap fè yo te sal anpil e yo te vin gaye toupatou. Kontrèman ak fason moun Kanaran yo te konn adore fo dye yo, fason pèp Jewova a t ap adore l pa t gen anyen  pou l wè ak pratik seksyèl, e se Lalwa Jewova te bay pèp li a ki te ede pèp la adore l konsa *. Anplis de sa, Lalwa te fè pèp Jewova a jwenn lòt byenfè.

10 Lwa sa yo te ede pèp la aprann yon verite enpòtan *. Anfèt, kòman peche Adan an te ka soti nan yon jenerasyon pou l rive nan yon lòt? Èske se pa lè moun gen relasyon seksyèl e yo fè pitit yo bay peche sa a (Women 5:12)? Sa klè, Lalwa Bondye te bay la te fè pèp la toujou sonje tout moun fèt ak peche (Sòm 51:5). Nou bezwen jwenn padon nan men Bondye, e nou bezwen repanti epi kase tèt tounen dekwa pou nou ka pwoche bò kote Bondye nou an ki sen.

11, 12. a) Bay kèk fason Lalwa te ede pèp Bondye a aji avèk jistis. b) Bay kèk enjistis Lalwa te anpeche moun fè lòt moun.

11 Lalwa te ede pèp Jewova a aji avèk jistis. Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te montre pèp Jewova a kòman yo dwe aji avèk ekilib nan domèn jistis. Men sa Lwa a te fè konnen: “Se vi pou vi, je pou je, dan pou dan, men pou men, pye pou pye.” (Detewonòm 19:21). Lè yon moun te fè yon krim, pinisyon li te jwenn nan te dwe apwopriye ak krim li te fè a. Aspè sa a nan jistis Bondye te parèt nan tout kò Lalwa a. Jis jounen jodi a, aspè sa a enpòtan pou ede nou konprann ranson sakrifis Kris Jezi te bay la. Nou pral pale sou sa nan chapit 14 la. — 1 Timote 2:5, 6.

 12 Anplis de sa, Lalwa te anpeche moun fè lòt moun enjistis. Pa egzanp, pou yon moun pote yon akizasyon kont yon lòt moun, fòk te gen omwen de temwen ki te ka di moun sa a gen rezon pou l fè akizasyon sa a. Pinisyon yon moun t ap jwenn pou manti li bay sou yon lòt moun pa t piti (Detewonòm 19:15, 18, 19). Anplis de sa, Lalwa te pini moun ki te patisipe nan zak malonèt, tankou chèche twonpe moun oubyen pran lajan anba tab nan men moun (Egzòd 23:8; Detewonòm 27:25). Menm nan kesyon biznis, pèp Bondye a te dwe aji avèk jistis nan nivo ki pi wo a (Levitik 19:35, 36; Detewonòm 23:19, 20). Ala yon benediksyon Lalwa te ye pou nasyon Izrayèl la!

Lalwa te ankouraje pèp la demontre mizèrikòd e pou yo pa t nan paspouki

13, 14. Kòman Lalwa te ankouraje pèp la pou yo pa t nan paspouki ni ak yon vòlè ni ak moun li te vòlè a?

13 Èske Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la se te yon bann lwa ki te twò di pou moun obeyi e ki pa t pèmèt moun demontre mizèrikòd? Non! Men sa Bondye te enspire wa David pou l te ekri: “Lwa Jewova a bon nèt.” (Sòm 19:7). Jan David te konn sa, Lalwa te ankouraje pèp la demontre mizèrikòd, e pou yo pa t nan paspouki. Kòman Lalwa te fè sa?

14 Jodi a, nan kèk peyi, moun ki fè lwa yo plis demontre pitye ak favè pou moun ki fè krim yo pase yo demontre pitye ak favè pou moun ki viktim yo. Pa egzanp, yon vòlè ka ap pase tan nan prizon pandan viktim nan li menm gendwa pa ka rejwenn bagay vòlè a te pran yo. Malgre sa, viktim nan oblije peye leta enpo, e se nan enpo sa yo leta pran lajan pou l bati prizon pou met kriminèl e pou l ba yo manje. Nan Izrayèl tan lontan an, yo pa t konn bati prizon jan anpil peyi fè sa jodi a. Lalwa te klè sou pinisyon yon moun te merite jwenn pou zak malonèt li te fè  (Detewonòm 25:1-3). Yon vòlè te dwe remèt viktim nan sa l te vòlè a, e anplis de sa, li te gen pou l bay plis pase sa l te pran an. Konbyen li te dwe bay? Pa t gen yon kantite fiks. Sanble jijman jij yo te bay yo te depann de plizyè bagay, tankou si moun nan te demontre li repanti pou sa l te fè a. Sa ka esplike rezon ki fè, nan Levitik 6:1-7, sa yo te mande pou yon vòlè peye te pi piti pase sa yo te mande pou yon vòlè peye selon Egzòd 22:7.

15. Lè yon moun te touye yon lòt san l pa t fè espre, kòman Bondye, pa mwayen Lalwa, te demontre mizèrikòd ak jistis pou moun sa a?

15 Pa mwayen Lalwa, Bondye te demontre mizèrikòd pou moun ki te fè yon bagay mal san li pa t vle. Pa egzanp, lè yon moun te touye yon moun san l pa t fè espre, moun sa a pa t oblije peye lavi pou lavi si l te aji san pèdi tan pou l kouri al nan youn nan vil, ki te toupatou ann Izrayèl, kote li te ka pran refij. Apre jij yo, ki nome pou sa, te fin jije ka moun sa a, moun nan te oblije abite nan vil sa a jiskaske gran prèt la mouri. Apre sa, li t ap lib pou l deside viv nenpòt kote li te vle. Konsa, moun sa a te benefisye mizèrikòd Bondye. Anmenmtan, Lalwa te mete aksan sou gwo enpòtans lavi moun genyen. — Nonb 15:30, 31; 35:12-25.

16. Kòman Lalwa te pwoteje dwa moun te genyen?

16 Lalwa te pwoteje dwa moun te genyen. Ann pran egzanp jan Lalwa te pwoteje yon moun ki te dwe lajan. Lalwa te entèdi yon moun ki prete yon lòt moun lajan antre nan kay moun sa a pou l sezi yon byen l kòm garanti sou sa l te prete l la. Olye li te fè sa, li te oblije rete deyò kay la epi kite moun ki te dwe l la pote sa l genyen an ba li kòm garanti. Konsa, Lalwa te entèdi yon moun antre lakay yon lòt moun an gwo ponyèt. Si yon moun te prete yon lòt moun lajan e li te pran rad moun sa a kòm garanti, li te oblije remèt li rad la lè solèy kouche paske  moun ki dwe lajan an ta ka bezwen mete rad sa a pou l chofe kò l pandan nuit lan. — Detewonòm 24:10-14.

17, 18. Nan kesyon fè lagè, kòman Izrayelit yo te diferan ak lòt nasyon, e poukisa yo te diferan?

17 Menm nan kesyon fè lagè te gen lwa ki te pale sou sa. Lè pèp Bondye a t ap fè lagè, yo pa t ap fè sa tou senpleman paske yo te anvi gen plis pouvwa oubyen pou yo pran plis tèritwa, men, yo te tankou zouti Jewova pou yo te goumen nan “Lagè Jewova yo”. (Nonb 21:14.) An plizyè fwa, anvan Izrayelit yo te fè lagè ak yon nasyon, yo te bay nasyon sa a posiblite pou l rann tèt li. Si moun yo nan yon vil te refize rann tèt yo, Izrayelit yo ta ka sènen vil la, men yo te dwe fè sa jan Bondye te mande a. Kontrèman ak anpil sòlda nan listwa, gason ki te nan lame ann Izrayèl yo pa t gen dwa vyole yon fi ni yo pa t gen dwa mache touye moun konsa konsa. Yo te dwe respekte anviwònman an, yo pa t dwe menm koupe pyebwa ki bay fwi nan zòn vil yo te sènen yo *. Pa gen okenn lòt lame ki te gen jan de lwa sa yo. — Detewonòm 20:10-15, 19, 20; 21:10-13.

18 Èske sa pa deranje w lè w tande nan kèk peyi y ap fòme timoun pou y al nan lagè? Nan Izrayèl tan lontan an, yon gason ki potko gen 20 an pa t ka nan lame (Nonb 1:2, 3). Ann Izrayèl, menm lè yon gason te gen laj, li pa t oblije rantre nan lame si l te pè anpil. Yon gason ki te fèk marye te gen pèmisyon pou l pa antre nan lame pandan ennan. Konsa, li te ka gen yon pitit anvan l al nan lagè, paske al nan lagè te ka fè l pèdi lavi l. Konsa, jan Lalwa fè  konn sa, yon jèn gason marye t ap ka fè kè madanm li fèk genyen an “kontan”. — Detewonòm 20:5, 6, 8; 24:5.

19. Ki dispozisyon Lalwa te pran pou pwoteje fi, timoun, vèv ak òfelen?

19 Anplis de sa, Lalwa te pwoteje fi, timoun ak fanmi. Selon Lalwa, te gen dispozisyon ki te pran pou pran swen kategori moun sa yo. Li te fè paran yo konnen yo dwe enterese anpil nan pitit yo epi yo dwe ede yo konnen Bondye (Detewonòm 6:6, 7). Lalwa te entèdi tout relasyon seksyèl ant moun ki nan fanmi pre, moun ki te fè zak konsa te dwe mouri (Levitik chapit 18). Anplis de sa, Lalwa te entèdi adiltè, paske souvan adiltè konn lakòz vin pa gen lapè ak respè nan fanmi yo. Lalwa te pran dispozisyon pou pran swen vèv yo ak òfelen yo e li te montre aklè moun pa t dwe maltrete yo. — Egzòd 20:14; 22:22-24.

20, 21. a) Poukisa lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te kite gason marye ak plizyè fi? b) Nan kesyon divòs, poukisa Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te diferan ak prensip Jewova te bay okòmansman an?

20 Sepandan, gen moun k ap mande tèt yo: ‘Poukisa Lalwa te pèmèt yon gason marye ak plizyè fi?’ (Detewonòm 21:15-17). Nou bezwen konnen nan ki kontèks yo te vin ak lwa sa a. Lè yon moun jije Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la sou jan moun wè bagay yo jodi a ak sou jan yo aji, ebyen l ap toujou mal konprann Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la (Pwovèb 18:13). Jan Jewova te fè konn sa, depi nan jaden Edenn, li te vle pou yon gason marye ak yon fi e pou yo rete ansanm pou lavi (Jenèz 2:18, 20-24). Men, nan epòk kote Bondye te bay Lalwa pa mwayen Moyiz la, pratik tankou pou yon gason marye ak plizyè fi te byen anrasinen ann Izrayèl depi plizyè santèn ane. Jewova te byen konnen pèp li a se yon “pèp ki gen tèt di”, sa vle di yo pa t ap toujou obeyi kòmandman fondamantal yo, tankou kòmandman ki kondane  moun adore lòt dye (Egzòd 32:9). Se sa k fè, avèk sajès, Jewova pa t chwazi epòk sa a pou l te korije tout pratik ki gen rapò ak maryaj. Men, pa bliye se pa Jewova ki te vini ak pratik pou yon gason marye ak plizyè fi a. Sepandan, Jewova te sèvi ak Lalwa li te bay pa mwayen Moyiz la pou l te bay lwa sou pratik sa a e pou l te anpeche gason ki marye ak plizyè fi maltrete madanm yo.

21 Menm jan an tou, Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te pèmèt yon gason divòse ak madanm li pou yon bann ak yon pakèt rezon ki te grav (Detewonòm 24:1-4). Jezi te fè konnen, ‘etandone pèp juif la te gen tèt di’, Bondye te kite yo fè sa yo te mande a. Sepandan, Bondye te kite yo fè sa pou yon ti tan sèlman. Lefètke Jezi te soutni prensip Jewova te bay okòmansman ki gen anrapò ak maryaj la, li te ankouraje moun k ap suiv li yo pou yo obeyi prensip sa a. — Matye 19:8.

Lalwa te ede pèp la demontre lanmou

22. Bay kèk fason lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te ankouraje Izrayelit yo pou yo demontre lanmou, e di pou kiyès yo te dwe fè sa.

22 Èske w ka imajine yon sistèm lwa jounen jodi a ki ankouraje moun pou youn renmen lòt? Nan Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la, lanmou te enpòtan pase tout lòt bagay. Se sa k fè, nan liv Detewonòm nan sèlman, mo “lanmou” an parèt plis pase 20 fwa plizyè fason diferan. Men sa dezyèm pi gwo kòmandman nan Lalwa a fè konnen: “Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou.” (Levitik 19:18; Matye 22:37-40). Pèp Bondye a te dwe demontre yon lanmou konsa youn pou lòt, e yo te dwe fè sa pou moun lòt nasyon ki t ap viv nan mitan yo. Izrayelit yo te dwe sonje te gen yon lè yo menm tou yo t ap viv nan mitan lòt nasyon. Izrayelit yo te dwe  demontre lanmou pou moun ki te pòv yo ak pou moun ki te gen pwoblèm yo. Konsa, Izrayelit yo te ka ede yo jwenn sa yo bezwen e yo pa t ap chèche eksplwate moun sa yo. Lalwa te fè yo konnen yo te dwe byen trete ata bèt ki konn pòt chay yo. — Egzòd 23:6; Levitik 19:14, 33, 34; Detewonòm 22:4, 10; 24:17, 18.

23. Ki sa moun ki te ekri Sòm 119 la te santi kè l pouse l fè, e ki detèminasyon nou genyen?

23 Ki lòt nasyon ki te gen yon lwa konsa? Se pa san rezon salmis lan te ekri: “Ala renmen mwen renmen lalwa w!” Sepandan, renmen li te renmen Lalwa pa t yon senp santiman li te genyen. Lanmou sa a te pouse l aji paske li te chèche obeyi lwa sa a e li te kite l dirije vi l. Men sa l fè konnen ankò: ‘Se tout lajounen m ap medite sou lwa w yo.’ (Sòm 119:11, 97). Pa gen manti nan sa, salmis lan te pase tan ap etidye lwa Jewova yo. Se sèten, plis li te etidye Lalwa se plis li te vin renmen l. Anmenmtan, lanmou li te genyen pou Jewova, sèl Moun ki fè lwa, te vin ogmante tou. Toutpandan w ap kontinye etidye Lalwa Bondye a, nou swete pou w vin pi pwòch Jewova, li menm ki pa gen tankou l antanke sèl Moun ki fè lwa e ki se Bondye jistis la.

^ § 8 Pa egzanp, Lalwa te mande Izrayelit yo pou yo fouye twou pou mete twalèt yo epi kouvri twou sa a. Lalwa te mande yo tou pou yo mete moun malad yo apa e pou yo lave kò yo apre yo fin manyen yon kadav. Se jis apre plizyè santèn ane lòt nasyon te vin mete bagay sa yo nan lwa yo. — Levitik 13:4-8; Nonb 19:11-13, 17-19; Detewonòm 23:13, 14.

^ § 9 Nan tanp Kananeyen yo, te konn gen chanm yo mete pou aktivite seksyèl, alòske Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te fè konnen moun ki pa t pwòp yo, pandan yon tan, pa t ka menm antre nan tanp Bondye a. Kidonk, etandone relasyon seksyèl te fè moun pa pwòp pandan yon tan, pèsonn pa t ka fè aktivite seksyèl vin fè pati adorasyon moun ap bay Jewova nan tanp Li a.

^ § 10 Bondye te bay pèp la Lalwa pou l enstwi yo. An reyalite, gen yon ansiklopedi (Encyclopaedia Judaica) ki fè konnen mo ebre lè yo tradui l ki bay “lwa” a (toh·rahʹ) vle di “enstriksyon”.

^ § 17 Men sa Lalwa te fè konnen: “Nou pa dwe fè pyebwa nan jaden yo menm sa nou fè moun ki nan vil nou te ansèkle a.” (Detewonòm 20:19). Filon, yon biblis juif ki te viv nan premye syèk la, te pale sou lwa sa a. Li te esplike Bondye panse se yon bagay ki “enjis pou moun pase kòlè yo sou bagay ki pa fè okenn moun mal menm jan moun konn pase kòlè yo sou moun parèy yo.”