Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Annou pwoche bò kote Jewova

 CHAPIT 11

“Tout chemen l se jistis”

“Tout chemen l se jistis”

1, 2. a) Ki gwo enjistis yo te fè Jozèf? b) Ki jan Jewova te fè pou l korije enjistis yo te fè Jozèf yo?

SE YON gwo enjistis yo te fè l. Bèl jènjan sa a pa t fè anyen ki mal. Yo te fè manti sou li, kòmkwa li t ap eseye vyole yon dam, e yo te fèmen l nan yon kacho. Men, se pa t premye fwa moun te fè l enjistis. Kèk ane anvan sa, frè jènjan sa a te trayi l lè l te gen 17 an e yo te prèske touye l. Apre sa, yo te vann li kòm esklav pou l al nan yon peyi byen lwen. Se pandan l nan peyi sa a, madanm mèt li a te vle kouche avè l. Kòm li te refize, fi a te fache anpil e li te lage yon fo akizasyon sou do l. Jènjan sa a te rele Jozèf. Se konsa yo te vin fèmen Jozèf nan kacho a. Malerezman, sanble pa t gen pèsonn pou defann Jozèf.

Jozèf pa t fè anyen mal pou l t ap soufri nan “prizon” an.

2 Sepandan, Bondye ki ‘renmen ladwati e ki renmen jistis’ la te wè sa k t ap pase a (Sòm 33:5). Jewova te aji yon fason pou l te korije enjistis yo te fè Jozèf la. Li te dirije evènman yo yon fason pou yo lage Jozèf. Nonsèlman Jewova te fè Jozèf sot “nan prizon” an, men tou, pi devan, li te fè Jozèf vin nan yon gwo pozisyon e li te vin gen anpil responsablite e moun te bay Jozèf anpil onè (Jenèz 40:15; 41:41-43; Sòm 105:17, 18). Finalman, yo te wè Jozèf pa t koupab pou sa yo te akize l la. Jozèf te itilize pozisyon li genyen an pou l soutni objektif Bondye. — Jenèz 45:5-8.

3. Poukisa sa pa fè n sezi lefètke nou tout ta renmen pou yo aji avèk nou avèk jistis?

 3 Èske yon istwa konsa pa touche kè w? Kiyès nan nou ki pa janm wè yo fè yon moun enjistis oswa ki pa viktim anba enjistis? Anfèt, nou tout ta renmen pou moun boule byen avèk nou, pou yo aji avèk nou avèk jistis. Sa pa fè n sezi si nou santi nou konsa paske Jewova kreye nou ak kapasite pou nou imite bèl kalite li gen lakay li, e jistis se youn nan kalite prensipal li yo (Jenèz 1:27). Pou nou ka byen konnen Jewova, nou bezwen byen konprann jistis li gen lakay li. Konsa, n ap vin pi byen apresye bèl aksyon Bondye fè yo, e sa ap pouse nou pou nou pwoche bò kote l plis toujou.

Ki sa jistis ye?

4. Souvan, ki jan lèzòm konprann sa jistis vle di?

4 Souvan, lèzòm konprann yon moun gen jistis lakay li lè l annik byen suiv sa lalwa di. Men sa yon liv fè konnen: “Jistis mache ak lalwa, obligasyon moun genyen, dwa moun genyen, responsablite moun genyen ak lè yo fè moun jwenn sa yo dwe jwenn oubyen yo fè sa san paspouki.” (Right and Reason—Ethics in Theory and Practice). Sepandan, jistis Jewova vle di plis pase annik aplike lalwa san reflechi, tou senpleman paske li oblije fè sa oswa paske l gen responsablite pou l fè sa.

5, 6. a) Ki sa mo orijinal yo mete “jistis” pou tradui yo a vle di? b) Lè nou di Bondye gen jistis lakay li, ki sa sa vle di?

5 Yon moun ka rive byen konprann sa jistis Jewova vle di lè l egzamine mo yo itilize nan Bib la nan lang  orijinal yo pou yo pale de jistis Jewova. Nan liv ki te ekri ann ebre yo, gen twa mo prensipal yo itilize pou pale de jistis Jewova. Mo yo itilize pi souvan an se mo “jistis” la, ki ka vle di tou fè sa ki dwat. Lòt de mo yo, lè yo tradui yo, souvan yo mete “ladwati” pou yo. Nan liv ki te ekri an grèk yo, mo yo tradui ki bay “ladwati” a vle di “kalite yon moun genyen pou l fè sa ki dwat oswa pou l fè sa ki jis”. Anfèt, pa gen yon diferans ant mo “ladwati” a ak mo jistis la. — Amòs 5:24.

6 Donk, lè Bib la di Bondye gen jistis lakay li, li fè nou konprann Bondye toujou aji yon fason ki dwat e li fè sa san patipri (Women 2:11). Vrèmanvre, li pa posib pou nou ta panse li ta aji yon lòt fason. Men sa Eliyou, yon moun fidèl, te di: “Sa lwen vrè Dye a pou l aji avèk mechanste, e sa lwen Toupisan an pou l aji yon fason ki enjis.” (Jòb 34:10). Wi, li pa posib pou Jewova “aji yon fason ki enjis”. Poukisa nou di sa? Gen de rezon enpòtan ki fè nou di sa.

7, 8. a) Poukisa Jewova pa ka aji yon fason ki enjis? b) Ki sa k pouse Jewova pou l aji avèk jistis nan fason l boule ak lòt moun?

7 Premye rezon ki fè li pa posib pou Jewova aji yon fason ki enjis, se paske li sen. Jan nou te wè sa nan chapit 3 a, tout sa Jewova fè dwat. Kidonk, li enposib pou Bondye aji yon fason ki enjis. Ann fè yon ti reflechi sou sa sa vle di. Etandone Papa nou ki nan syèl la sen, sa ban nou bonjan rezon pou nou gen konfyans li pap janm mal boule ak pitit li yo. Jezi te gen konfyans sa a tou. Men sa l te di nan yon priyè li te fè  nan dènye nuit li te pase sou tè a anvan l te mouri: “Papa, ou menm ki sen, voye je sou yo [disip yo] poutèt non w.” (Jan 17:11). Nan Bib la, yo itilize ekspresyon “Papa, ou menm ki sen” an sèlman pou Jewova. Se avèk rezon, paske pa gen yon papa sou tè a ki ka sen jan Jewova sen an. Jezi te gen bonjan lafwa Papa l t ap byen pran swen disip li yo. Papa sa a se yon papa ki sen, ki san tach e ki pa gen anyen pou l wè ak peche. — Matye 23:9.

8 Dezyèm rezon an, se paske lanmou Bondye makònen ak pèsonalite l e lanmou sa a pouse l fè sa k bon pou lòt moun. Lanmou sa a pouse l aji avèk jistis nan fason l boule ak moun. Men, enjistis ki egziste jodi a, ki gen ladan l rasis, prejije, paspouki, diferan nèt ak sa lanmou ye, e moun rive aji konsa paske yo ava e yo wè tèt yo sèlman. Men asirans Bib la ban nou konsènan lanmou Bondye genyen: “Jewova jis e li vrèman renmen aksyon ki jis.” (Sòm 11:7). Men sa Jewova di pou l pale de tèt li: “Mwen renmen jistis.” (Izayi 61:8). Èske sa pa fè nou kontan lefètke nou konnen Bondye pran plezi nan fè sa ki dwat oswa sa ki jis? — Jeremi 9:24.

Mizèrikòd ak jistis Jewova gen lakay li pafè

9-11. a) Ki relasyon ki genyen ant jistis Jewova gen lakay li ak mizèrikòd li? b) Ki jan jistis ak mizèrikòd Jewova parèt aklè nan fason li boule ak lèzòm ki enpafè?

9 Menm jan ak tout lòt kalite Jewova genyen yo, jistis li gen lakay li pafè. Men sa Moyiz te di pou louwe  Jewova: “Tout sa Mas Wòch la fè bon nèt, tout chemen l yo se jistis. Se yon Bondye ki fidèl, ki pa janm fè enjistis, se yon Bondye ki dwat e ki jis.” (Detewonòm 32:3, 4). Tout aksyon Jewova fè demontre jistis li pafè, sa vle di li pa janm aji yon fason ki twò di oswa ki twò mou.

10 Gen yon relasyon sere sere ant jistis Jewova gen lakay li ak mizèrikòd li genyen. Men sa Sòm 116:5 fè konnen: “[Jewova] gen kè sansib, li pa gen patipri [“li jis”, The New American Bible]. Bondye nou an gen bon kè.” Sa parèt klè, Jewova gen jistis ak mizèrikòd lakay li. De kalite sa yo byen mache ansanm. Lè l ap fè moun mizèrikòd, se pa pou adousi jistis li, kòmkwa jistis li ta twò di. Okontrè, souvan, Jewova demontre de kalite sa yo anmenmtan e nan menm sitiyasyon an. Ann pran yon egzanp.

11 Etandone tout moun fèt ak peche, yo merite pou yo mouri (Women 5:12). Men, Jewova pa pran plezi nan lanmò mechan yo. Bib la fè konnen li se yon ‘Bondye ki konn padone, ki gen pitye e ki gen bon kè’. (Neyemi 9:17.) Men kanmenm, etandone li sen, li pa fèmen je l sou move aksyon moun fè. Ebyen, kòman li ka fè lèzòm pechè mizèrikòd? Nou jwenn repons kesyon sa a nan youn nan pi bèl ansèyman ki nan Pawòl Bondye a, anpalan de dispozisyon Jewova te pran pou l bay yon ranson pou l sove lèzòm. Nan chapit 14 la, nou pral aprann plis bagay toujou sou dispozisyon sa a ki montre jan Bondye renmen lèzòm. Dispozisyon sa a montre jan Bondye jis e li gen anpil mizèrikòd! Pa mwayen ranson an, Jewova  fè moun ki repanti pou peche yo mizèrikòd san li pa pase jistis li anba pye. — Women 3:21-26.

Jistis Jewova touche kè nou

12, 13. a) Poukisa jistis Jewova gen lakay li pouse nou pwoche bò kote l? b) Ki sa David te rive konprann lè l t ap egzamine jistis Jewova gen lakay li, e ki jan sa ka rekonfòte nou?

12 Jistis Jewova se pa yon kalite ki ta dwe fè nou pa anvi pwoche bò kote l. Okontrè, se yon bèl kalite ki fè nou anvi pwoche bò kote l. Bib la montre aklè lè Jewova ap aji avèk jistis, li fè sa avèk konpasyon. Annou egzamine kèk nan fason Jewova aji avèk jistis ki kapab touche kè nou.

13 Jistis pafè Jewova gen lakay li pouse l rete fidèl anvè sèvitè l yo. Salmis David te vin byen konprann aspè sa a ki nan jistis Jewova. Ki sa David te rive konprann apre eksperyans li te fè e apre l te fin egzamine fason Bondye aji? Men sa David te di: “Jewova renmen jistis e li pap abandone fidèl li yo. San mank, l ap pwoteje yo pou tan endefini.” (Sòm 37:28). Se pa ti rekonfòtan pawòl sa yo rekonfòtan! Menm pou yon ti moman, Bondye nou an pap janm abandone moun ki kontinye ap sèvi l fidèlman. Kidonk, nou ka gen konfyans l ap toujou rete pwòch nou e l ap toujou pran swen nou avèk tandrès. Se paske li jis ki fè li ban nou garanti sa a. — Pwovèb 2:7, 8.

14. Kòman Lalwa Bondye te bay pèp Izrayèl la montre Jewova gen sousi pou moun ki pòv yo?

14 Jistis Bondye gen lakay li fè l gen kè sansib pou moun ki nan pwoblèm yo. Lè nou gade nan Lwa Bondye te bay pèp Izrayèl la, nou ka wè aklè sousi  Bondye genyen pou moun ki pòv yo. Pa egzanp, Lalwa te pran dispozisyon pou vèv yo ak òfelen yo jwenn sa yo bezwen (Detewonòm 24:17-21). Jewova te konnen ki jan lavi a te ka difisil pou moun sa yo. Konsa, li te vin tounen yon Papa k ap aji tankou yon Jij, e li te pwoteje yo. Li t ap ‘defann kòz timoun ki san papa yo ak kòz fi ki pèdi mari yo’. (Detewonòm 10:18; Sòm 68:5.) Li te fè Izrayelit yo konnen, si yo ta maltrete medam yo ansanm ak timoun yo, ki san defans, li pa t ap pa tande yo lè yo rele l pou l pote yo sekou. Men sa Jewova te di: “M ap vin an kòlè anpil.” (Egzòd 22:22-24). Se vre, kòlè pa youn nan kalite prensipal Jewova genyen, men, lè l wè moun ap fè espre pou yo fè lòt moun enjistis, sitou si viktim yo se moun ki san defans, jistis li gen lakay li pouse l aji avèk kòlè pou l defann moun sa yo. — Sòm 103:6.

15, 16. Ki sa k montre aklè Jewova pa gen patipri lakay li?

15 Anplis de sa, Jewova fè nou konnen li ‘pa gen patipri e li pa kite moun achte l’. (Detewonòm 10:17.) Kontrèman ak anpil moun ki gen pouvwa oswa ki nan yon gwo pozisyon, Jewova pa gade sou lajan moun genyen oswa aparans yo pou l aji. Li pa nan paspouki ak pèsonn e li pa gen prejije lakay li. Fè yon ti reflechi sou sa k montre aklè Jewova pa gen patipri lakay li. Se pa kèk grenn moun ki gen posiblite pou vin fè pati gwoup moun k ap adore l yo e ki gen posiblite pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an, men, se nou tout ki gen posiblite sa a. Men sa Bib la fè konnen: “Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon,  yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” (Travay 10:34, 35). Se tout moun ki gen bèl posiblite sa a, kèlkeswa pozisyon yo genyen nan sosyete a, koulè po yo, oswa peyi kote y ap viv. Èske se pa sa ki vrè jistis la?

16 Gen yon lòt aspè nan fason Jewova demontre jistis pafè li a nou bezwen egzamine e nou bezwen bay valè: fason li boule ak moun ki pa suiv prensip jis li yo.

Li pap anpeche yo sibi konsekans aksyon yo

17. Esplike pou ki rezon enjistis ki nan monn nan jodi a pa lage dout sou jistis Jewova?

17 Gen kèk moun ki ka ap mande tèt yo: ‘Etandone Jewova pa tolere enjistis, kòman fè toupatou sou tè a gen moun k ap soufri akoz enjistis lòt moun fè e akoz vye zak kòwonpi moun fè’. Jan de aksyon enjis sa yo pa lage dout sou jistis Bondye. Anpil nan enjistis ki fèt nan monn mechan sa a se konsekans peche lèzòm eritye nan men Adan ki lakòz yo. Etandone lèzòm chwazi pratike peche, sa fè vin gen anpil enjistis. Men, Bondye pap kite bagay yo kontinye gaye konsa pandan lontan. — Detewonòm 32:5.

18, 19. Ki sa k montre Jewova pap kite moun k ap pase prensip jis li yo anba pye yo rete san yo pa jwenn pinisyon?

18 Malgre Jewova fè moun ki pwoche bò kote l ak tout kè yo mizèrikòd, li pap tolere nètale yon sitiyasyon k ap sal non l ki sen (Sòm 74:10, 22, 23). Bondye jistis la se pa yon Bondye moun ka pase nan jwèt. Li pap anpeche moun k ap pratike peche yo  sibi konsekans aksyon yo. Jewova “se yon Dye ki gen mizèrikòd ak konpasyon, ki pa fè kòlè fasil, ki gen anpil lanmou, ki fidèl, ki toujou di laverite. [...] Men, li pap pa pini moun ki koupab yo”. (Egzòd 34:6, 7.) Pou montre pawòl sa yo se verite, pafwa, Jewova wè li nesesè pou l pini moun ki fè espre yo pase prensip li yo anba pye.

19 Pa egzanp, annou pran fason Bondye te boule ak Izrayèl tan lontan an. Malgre Izrayelit yo te rive nan Latè pwomiz, an plizyè fwa, yo pa t montre yo fidèl devan Jewova. Byenke move fason yo t ap aji yo te fè Jewova “lapenn”, li pa t janm kouri rejte yo (Sòm 78:38-41). Olye de sa, avèk mizèrikòd, li te ba yo posiblite pou yo chanje fason yo t ap aji. Men sa li te di pou l sipliye yo: “Mwen pa pran ankenn plezi nan wè mechan yo mouri. Mwen ta pito wè yo sispann fè sa ki mal pou yo ka viv. Nou menm moun pèp Izrayèl yo, sispann fè sa nou pa dwe fè. Tounen vin jwenn mwen. Poukisa se lanmò n’ap chache konsa?” (Ezekyèl 33:11, Bib la). Etandone lavi gen anpil valè pou  Jewova, an plizyè fwa, li te voye pwofèt li yo kote Izrayelit yo pou wè si yo ta chanje move fason yo t ap aji. Men, pèp sa a, ki te fè kè yo di, te toujou refize koute e yo te refize repanti. Finalman, pou Jewova pwoteje non l ki sen ak tout sa non l reprezante, li te lage Izrayelit yo nan men ènmi Izrayelit yo. — Neyemya 9:26-30.

20. a) Ki sa nou aprann sou Jewova nan fason li te boule ak Izrayelit yo? b) Poukisa lyon an byen reprezante jistis Jewova?

20 Fason Jewova boule ak pèp Izrayèl la aprann nou anpil bagay sou li. Nou aprann li wè tout aksyon enjis k ap fèt yo e sa fè l mal anpil (Pwovèb 15:3). Anplis de sa, sa rekonfòte nou lefètke nou konnen l ap chèche demontre mizèrikòd depi gen yon rezon pou sa. Mete sou sa, nou aprann li pa janm sèvi ak jistis li sou kout tèt. Kòm Bondye pasyan, gen anpil moun ki fè erè lè yo panse Bondye pap janm pini mechan yo. Men, sa yo panse a se pa laverite ditou paske fason Bondye te boule ak Izrayelit yo aprann nou tou pasyans li gen limit. Jewova montre l fèm nan fason l aji avèk jistis. Kontrèman ak lèzòm ki konn ap rale kò yo dèyè pou yo pa aji avèk jistis, Jewova pa janm manke kouraj pou l defann sa ki dwat. Se pa san rezon yo pale de lyon, ki reprezante kouraj ak jistis, pou pale de prezans Bondye ak twòn li an * (Ezekyèl 1:10; Revelasyon 4:7). Nou ka sèten Jewova ap reyalize pwomès li fè pou l fini ak enjistis k ap fèt sou tè a. Anfèt, lè Jewova ap jije yon sitiyasyon, li montre  li fèm lè sa nesesè e li demontre mizèrikòd li depi sa posib. — 2 Pyè 3:9.

Annou pwoche bò kote Bondye jistis la

21. Lè nou medite sou fason Jewova aji avèk jistis, ki jan nou dwe wè l, e poukisa?

21 Lè nou medite sou fason Jewova aji avèk jistis, nou pa dwe wè l tankou yon jij ki di, ki la pou l pini moun ki aji mal yo sèlman. Olye de sa, nou dwe wè l tankou yon Papa ki fèm ak pitit li yo, men tou, ki renmen pitit li e ki boule byen avèk yo. Antanke yon Papa ki gen jistis lakay li e ki renmen sa ki dwat, Jewova demontre nonsèlman li fèm pou fè sa ki dwat, men tou, li gen konpasyon pou pitit li yo sou tè a, yo menm ki bezwen èd li ak padon l. — Sòm 103:10, 13.

22. Lefètke se jistis ki pouse Jewova aji, ki avni li sere pou nou, e poukisa li boule avèk nou konsa?

22 Ala rekonesan nou rekonesan lefètke nou konnen jistis Bondye vle di plis pase pini moun k ap fè sa ki mal! Lefètke se jistis ki pouse Jewova aji, sa vin fè li posib pou nou gen yon bèl avni k ap tann nou, sa vle di pou nou vin pafè e pou nou viv nan yon monn kote “jistis ap abite”. (2 Pyè 3:13.) Rezon ki fè Jewova boule avèk nou konsa se akoz jistis li gen lakay li. Jistis sa a fè l pito chèche sove nou olye li kondane nou. Sa klè, lè nou rive pi byen konprann jistis Jewova gen lakay li, sa ap fè nou anvi pwoche bò kote l plis toujou. Nan chapit ki vin apre yo, nou pral pi byen wè fason Jewova demontre bèl kalite sa a.

^ § 20 Nou kapab remake, lè Jewova te pwononse jijman l sou Izrayèl enfidèl la, li te konpare tèt li ak yon lyon. — Jeremi 25:38; Ocheya 5:14.