Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016

Temwayaj nan yon zòn mache nan Jakata.

 ENDONEZI

Travay la kontinye avanse

Travay la kontinye avanse

Lè chèf legliz lakretyente yo tande Temwen Jewova yo lib pou yo adore Bondye jan yo vle, yo vin an kòlè anpil. Plis pase 700 manm klèje ak dirijan legliz potestan te fè yon seminè nan Jakata pou yo mande gouvènman an retounen sou desizyon l te pran. Men, gouvènman an pa t pran presyon.

Toutpandan nouvèl ki fè konnen entèdiksyon an leve a t ap gaye, anpil moun ki sensè te ekri biwo filyal la pou yo mande piblikasyon oswa etid Labib. An 2003, te gen plis pase 42 000 moun nan Memoryal la, sa vle di plis pase de fwa kantite pwoklamatè nan peyi a. Anviwon 10 000 moun te asiste yon kongrè nan Jakata e menm yon gwo fonksyonè nan Depatman zafè relijye a te la. Fonksyonè a te sezi wè jan timoun kou granmoun nan asistans lan t ap chèche vèsè nan bib yo. Li te bay frè yo garanti l ap fè moun yo sispann mal wè Temwen Jewova yo.

Piske pa t gen entèdiksyon ankò, anpil misyonè te retounen Endonezi. Premye misyonè ki te retounen yo se te Josef ak Herawati Neuhardt * (ki te sot zile Salomon), Esa ak Wilhelmina Tarhonen (ki te sot Taywann), Rainer ak Felomena Teichmann (ki te sot Taywann) ak Bill ak Nena Perrie (ki te sot Japon). Apre sa, yo te voye kèk misyonè ki fèk sot Lekòl Galaad nan Soumatra dinò, Kalimantan, Soulawesi dinò, ak lòt kote nan zòn nan.

“M vrèman pran plezi ede elèv yo amelyore fason yo anseye ak fason yo pale an piblik pou yo ka vin pi itil òganizasyon an.” — Julianus Benig

 An 2005, biwo filyal la te òganize de nouvo lekòl teyokratik. Men sa Julianus Benig, youn nan enstriktè Lekòl fòmasyon ministeryèl (kounye a yo rele l Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan), te di: “M vrèman pran plezi ede elèv yo amelyore fason yo anseye ak fason yo pale an piblik pou yo ka vin pi itil òganizasyon an.” Anpil nan elèv ki gradye nan lekòl sa a vin pyonye espesyal oswa siveyan sikonskripsyon. Pifò nan frè ki te asiste premye klas Lekòl pou siveyan itineran yo * te jwenn fòmasyon pandan epòk entèdiksyon an. Nouvo lekòl la te ede yo vin kalifye pou asiyasyon yo te jwenn apre entèdiksyon an. Men sa Ponco Pracoyo ki te asiste premye klas la te di: “Lekòl la ede m vin pi byen konprann frè ak sè yo e l ede m byen pran responsablite m antanke siveyan sikonskripsyon. Li te ankouraje m e l te motive m fè plis!”

 Yon bezwen ki ijan anpil

Pandan 25 an entèdiksyon an, pifò nan kongregasyon Endonezi yo te konn reyini nan ti kay prive. Pa t gen anpil kongregasyon ki te ka konstwi Sal Wayòm e l te prèske enposib pou yo jwenn pèmisyon pou yo konstwi. Ak pakèt kongregasyon ki te vin genyen yo, biwo filyal la te fòme yon biwo konstriksyon Sal Wayòm (kounye a yo rele l Biwo plan ak konstriksyon lokal) pou yo te ka konstwi Sal yo pi rapid.

Youn nan premye zòn ki te benefisye pwogram konstriksyon sa a se te zile Nias, nan Soumatra dinò. Men sa Haogo’aro Gea, yon frè nan zòn nan ki gen lontan depi l nan kongregasyon Gounoungsitoli, te di: “Se pa ti kontan nou te kontan lè n te tande nou pral gen yon nouvo Sal Wayòm! Biwo filyal la te voye sèt volontè konstriksyon vin sipèvize travay la. Sal la te fini an 2001.” Men sa Faonasökhi Laoli, yon manm ekip konstriksyon an, esplike: “Anvan sa, nou te konn reyini nan kay prive, sa te fè moun nan zòn nan mal wè Temwen Jewova yo. Men, kou nou fini Sal Wayòm nan, asistans lan te soti 20 moun pou rive 40 moun. Nan 12 mwa, li te ogmante rive 500 pousan. Kote nou adore Bondye a se pi bèl kote nan zòn nan e moun yo vin respekte Temwen Jewova yo.”

Sal Wayòm nan Bandoung.

An 2006, nan Bandoung, nan Java delwès, frè yo te kòmanse chèche teren pou yo konstwi premye Sal Wayòm ki t apral gen nan vil la. Men sa Singap Panjaitan, yon ansyen nan ekip konstriksyon an te di: “Sa te pran 12 mwa pou n jwenn yon bon teren. Men, pou otorite yo te ka ban nou pèmisyon pou n konstwi, nou te bezwen siyati omwen 60 moun nan zòn nan ki pa Temwen. Te gen swasanndis moun nan zòn nan ki te  dakò ak pwojè a, san wete yon dam ki gen anpil enfliyans ki te opoze avè n anvan sa. Lè n te fin konstwi Sal la, nou te envite moun nan zòn nan ak majistra Bandoung nan vin vizite Sal la. Men sa majistra a te di: ‘Yon kote pou moun adore ki pwòp e ki annòd konsa se yon modèl pou tout lòt legliz nan zòn nan imite.’” Yo te inogire Sal sa a ki gen de etaj sou li an 2010.

Depi 2001, gen plis pase 100 Sal Wayòm ki konstwi ann Endonezi, men gen bezwen plis Sal toujou.

^ § 3 Biyografi Herawati Neuhardt parèt nan Réveillez-vous! fevriye 2011.

^ § 1 Kounye a, se Lekòl pou siveyan sikonskripsyon yo ak madanm yo.