Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016

 ENDONEZI

Travay la rive nan lès

Travay la rive nan lès

An 1953, Peter Vanderhaegen te nome siveyan sikonskripsyon ann Endonezi. Sikonskripsyon l lan te gen tout peyi a ladan l e l te blayi sou 5 100 kilomèt sot nan lès al nan lwès ak 1 800 kilomèt sot nan nò al nan sid. Byen souvan, li te konn fè anpil bèl eksperyans pandan l ap preche gwo tèritwa sa a.

Peter Vanderhaegen

An 1954, frè Vanderhaegen te vwayaje al nan lès Endonezi, yon zòn ki chaje ak relijyon diferan. Pa egzanp, li t al nan zile Bali yo kote te gen yon pakèt moun nan relijyon Endou, Lombòk ak Soumbawa kote pifò moun te Mizilman, Florès kote pifò moun te katolik ak Soumba epi Alò ak Timò kote pifò moun te Potestan. Li te konn vwayaje nan yon ti kannòt pou l al preche pou yon ti tan sou  plizyè zile anvan l rive Koupang, kapital Timò. Men sa frè Vanderhaegen fè konnen: “M te fè de semèn ap preche nan Timò. Malgre gwo lapli, m te bay tout piblikasyon m yo, m te jwenn 34 abònman peryodik e m te kòmanse plizyè etid biblik.” Pyonye espesyal yo te vin ede moun ki enterese yo e yo te fòme yon kongregasyon nan Koupang. Apati zòn sa a, bon nouvèl la te vin gaye nan zile ki toupre yo tankou zile Rotè, Alò, Soumba ak Florès.

Lè klèje Potestan nan Koupang yo te wè fidèl legliz yo ap koute Temwen Jewova yo, yo te vin an kòlè anpil tèlman yo te jalou. Gen yon pastè ki te mande Thomas Tubulau, yon mesye aje ki te konn travay fè blan, pou l sispann etidye ak Temwen yo e l te di l si l pa sispann fè lòt moun konnen sa l ap aprann yo, gen san k ap koule. Avèk kouraj, Thomas te reponn li: “Pa gen okenn kretyen k ap di sa w sot di a. Ou pap janm wè m nan legliz ou a ankò.” Thomas te vin yon pwoklamatè Wayòm nan ki zele e pitit fi l la te vin pyonye espesyal.

Sepandan, klèje nan Timò yo te deside fini ak Temwen Jewova yo. An 1961, yo te rive fè presyon sou Depatman zafè relijye a ansanm ak otorite militè nan zòn nan pou entèdi travay predikasyon kay an kay la. Konsa, frè yo te annik chanje fason yo te konn preche a. Yo te konn pale ak moun yo nan mache, kote yo pran dlo yo e yo te konn pale ak pechè pwason k ap triye pwason sou plaj yo ansanm ak fanmi k ap siveye tonm nan simityè yo. Apre yon mwa, otorite militè yo te fè yon anons sou radyo pou fè konnen relijyon nan Timò yo lib pou yo fonksyone. Piske Depatman zafè relijye a te ensiste pou frè yo kontinye pa al preche kay an kay, frè yo te mande pou Depatman an ba yo yon deklarasyon ekri. Fonksyonè yo te refize. Apre sa, frè yo te rekòmanse preche kay an kay san pwoblèm.

 Lè kèk misyonè tankou Piet ak Nell de Jager ansanm ak Hans ak Susie van Vuure te rive Papwazi an 1962, yo menm tou yo te jwenn opozisyon nan men klèje lakretyente a. Gen twa gwo potanta legliz ki t al kot misyonè yo e yo te mande yo al preche yon lòt kote. Nan sa yo te di nan legliz yo, nan sa yo te enprime ak sa yo te di sou radyo, yo te lage fo akizasyon sou Temwen Jewova yo kòmkwa y ap bay gouvènman an pwoblèm. Anplis de sa, yo te eseye pran tèt fidèl ki te kòmanse etidye ak misyonè yo, yo te fè yo menas e yo te menm peye kèk nan yo pou yo sispann etid la. Yo te fè presyon sou chèf vilaj nan zòn nan pou fè yo leve kont travay predikasyon an.

Efò sa yo te vin tounen kont yo lè chèf yon vilaj te envite misyonè yo vin pale nan vilaj li a. Men sa Hans sonje: “Apre chèf la te fin rasanble moun yo, Piet avè m te bay de diskou tou kout pou esplike travay n ap fè a. Apre sa, madanm nou te fè yon demonstrasyon pou montre fason nou pral frape pòt kay yo, fason nou aksepte envitasyon pou n antre lakay yo e fason nou pataje yon mesaj tou kout nan Bib la ak moun yo. Chèf la ak pèp li a te byen reyaji e yo te kite n preche san pwoblèm.”

Tout pwoblèm sa yo te konn soti yon sèl kote. Se raman Mizilman yo te konn opoze ak travay predikasyon an. Se sitou klèje lakretyente yo ki te konn opoze avè n. Se konsa sa ye pou jis kounye a.

‘Yo mennen nou devan gouvènè pou n bay temwayaj’

Men sa Jezi te di disip li yo: “Y ap mennen nou devan gouvènè, devan wa poutèt mwen. Sa ap ban nou okazyon pou nou bay ni yo menm ni nasyon yo temwayaj.” (Mat. 10:18). Nou te viv verite ki gen nan pawòl sa yo plizyè fwa ann Endonezi.

 An 1960, gen yon gwo teyolojyen neyèlandè nan Jakata ki te pibliye yon liv pou l fè konnen Temwen Jewova yo se fo kretyen. Liv sa a te fè anpil manm klèje akize Temwen yo. Pa egzanp, nan yon zòn, chèf relijye yo te ekri Depatman zafè relijye a pou l akize Temwen yo kòm moun k ap lage “konfizyon pami manm legliz yo”. Lè fonksyonè yo te mande frè yo pou yo vin defann yo devan akizasyon sa a, frè yo te esplike jan bagay yo ye e yo te bay yon bon temwayaj. Gen yon fonksyonè relijye ki te di kòlèg li a: “Kite Temwen Jewova yo tande! Se reveye y ap reveye Potestan yo k ap dòmi.”

Y ap dechaje yon kamyon liv Paradis a, 1963.

An 1964, gen yon gwoup klèje Potestan nan Papwazi ki te fè apèl devan komite nan palman an ki regle zafè relijyon  ak zafè sosyal la pou yo mande entèdi travay Temwen Jewova yo. Lè sa a, biwo filyal la te mande pou l parèt devan komite a pou l ka defann li. Men sa Tagor Hutasoit te di: “Nou te fè prèske inèdtan ap pale ak komite a e n te esplike travay ansèyman biblik n ap fè a byen klè. Gen yon politisyen potestan ki te opoze avè n ki te lage fo akizasyon sou do n kòmkwa n ap simen twoub pami relijyon yo nan Papwazi. Sepandan, pifò Mizilman ki te nan komite a te konprann nou. Yo te di n: ‘Konstitisyon an garanti libète relijyon, donk, nou gen dwa pou n preche.’” Apre reyinyon sa a, gen yon gwo potanta nan gouvènman Papwazi a ki te di: “Nouvo gouvènman an [...] garanti libète relijyon e se menm bagay la tou pou tout nouvo relijyon nan peyi a.”