Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016

 ENDONEZI

Plis misyonè rive

Plis misyonè rive

Jou ki te 9 jiyè 1964 la, yon fason ofisyèl, Depatman jistis Endonezi a te anrejistre Asosyasyon Etidyan Labib yo kòm asosyasyon legal Temwen Jewova yo ap itilize. Men, anvan pou frè yo te ka jwi libète sa a nèt, yo te dwe al anrejistre devan Depatman zafè relijye a. Depatman sa a t al chèche konsèy nan Direksyon jeneral konsèy kominote kretyen an ki te chaje ak Potestan wouj ki te opoze anpil ak Temwen Jewova yo.

Yon jou, yon frè te rankontre yon gwo fonksyonè ki te nan yon gwo pòs nan Depatman zafè relijye a. De mesye yo te vin aprann yo sot nan menm vilaj, donk, yo te gen yon bèl konvèsasyon nan lang yo pale nan vilaj yo a. Lè frè a te pale ak fonksyonè a sou pwoblèm Temwen yo genyen ak Direksyon jeneral konsèy kominote kretyen an, fonksyonè a te fè aranjman pou twa frè yo rankontre minis la dirèkteman. Minis la te  yon Mizilman ki konprann moun. Jou ki te 11 me 1968 la, minis la te pibliye yon dekrè ofisyèl ki rekonèt Temwen Jewova yo kòm yon relijyon e ki konfime dwa yo genyen pou yo kontinye fè travay yo ann Endonezi.

Anplis de sa, gwo fonksyonè a te pot tèt li volontè pou l ede frè yo yon fason pou Temwen etranje yo pa pase kot Direksyon jeneral konsèy kominote kretyen an pou yo jwenn viza misyonè. Grasa èd fonksyonè sa a ki pa t nan paspouki, 64 misyonè te rantre ann Endonezi nan ane ki te vin annapre yo.

Rive nan ane 1968, anviwon 300 misyonè ak pyonye espesyal e plis pase 1 200 pwoklamatè t ap preche bon nouvèl la toupatou ann Endonezi. Misyonè yo te bay frè endonezyen yo bonjan fòmasyon. Sa te ede yo pwogrese byen vit nan domèn espirityèl. Fòmasyon sa a te vini nan bon moman paske gen yon gwo nyaj pèsekisyon ki t ap pwoche byen rapid.

Yon “kado Nwèl” pou klèje a

An 1974, Direksyon jeneral konsèy kominote kretyen an te rekòmanse kokenn kanpay li t ap fè depi lontan pou l entèdi travay Temwen Jewova yo. Direktè jeneral depatman sa a te ekri chak biwo rejyonal Depatman zafè relijye a pou fè konnen travay Temwen Jewova yo pa legal. Li te ankouraje fonksyonè yo sèvi ak nenpòt eskiz yo ka jwenn pou yo pèsekite Temwen yo. Pifò fonksyonè pa t dakò ak enfòmasyon sa a. Men, gen lòt ki te pwofite okazyon an pou yo entèdi Temwen yo reyini epi entèdi yo preche kay an kay.

Jou ki te 24 desanm 1976 la, yon jounal te anonse entèdiksyon travay Temwen Jewova yo.

Prèske nan menm moman sa a, Konsèy Mondyal Legliz yo (KML) t ap planifye yon asanble entènasyonal nan Jakata, yon aksyon Mizilman nan Jakata yo  te konsidere kòm yon pwovokasyon ak yon menas. KML la te anile asanble a akoz tansyon ki te ka vin genyen yo. Men, zafè konvèti moun pou fè yo vin kretyen an te vin yon gwo pwoblèm e sa te fè anpil politisyen fache. Jan frè yo te panse sa a, manm klèje a te eseye blame Temwen Jewova yo lè yo t ap plenyen kont travay predikasyon an. Sa te fè plis fonksyonè vin mal wè Temwen yo.

An desanm 1975, toutpandan tansyon relijye a t ap monte, peyi Endonezi te anvayi Timò delès (kounye a ki Timò oryantal), yon ansyen koloni pòtigè. Sèt mwa annapre, Timò delès te vin fè pati Endonezi, sa ki te vin reveye fyète patriyotik moun yo toupatou nan peyi a. Frè yo te ret net nan zafè politik e yo te refize fè sèvis militè oswa salye drapo, e pozisyon sa a te fè chèf kòmandan militè yo vin pi an kòlè toujou (Mat. 4:10; Jan 18:36). Pou manm klèje a te tou fini ak Temwen yo, yo te mande gouvènman an pou l aji kont yo. Finalman, nan mitan mwa desanm 1976, klèje a te resevwa “kado Nwèl” yo a, paske gouvènman an te fè konnen yo entèdi travay Temwen Jewova yo.