Nan kòmansman ane 1942, lame japonè a te anvayi Endonezi yon fason ki sovaj. Yo te fòse anpil frè travay di ak men yo pou konstwi wout oswa fouye kanal. Gen lòt yo te met nan prizon e yo te maltrete paske yo te refize soutni gè a. Gen omwen twa frè ki te mouri nan prizon.

Johanna Harp, de pitit fi l yo ak Beth Godenze, yon zanmi fanmi an (nan mitan).

Pandan de premye ane gè a, Johanna Harp, yon sè neyèlandèz ki t ap viv nan yon vilaj ki nan mòn Java delès yo, pa t al travay nan kan yo. Li menm ak twa timoun adolesan li yo (2 fi ak yon gason) te sèvi ak libète yo te genyen an pou yo tradui liv Salut a (fransè) ak kèk Toudegad  nan lang neyèlandè apati anglè *. Apre sa, yo te fè kopi piblikasyon ki te tradui yo e yo te distribye yo bay Temwen yo toupatou sou zile Java.

Ti kantite Temwen ki te toujou lib yo te konn reyini an ti gwoup e yo te konn preche ak pridans. Men sa Josephine Elias (li te siyen Tan anvan sa) fè konnen: “M te toujou ap chèche yon fason pou m bay temwayaj enfòmèl sou laverite. Lè m te konn al vizite moun ki enterese nan Labib yo lakay yo, m te konn mache ak yon jwèt echèk pou moun te ka panse se echèk m pral jwe.” Felix Tan ak madanm li, Bola, te konn pran pòz y ap vann savon lè y ap preche kay an kay. Men sa Felix di: “Byen souvan, espyon Kempeitai yo, lapolis militè japonè a, te konn suiv nou. Pou yo pa t sispèk nou, nou pa t konn vizite etidyan nou yo nan menm lè a. Gen sis nan etidyan nou ki te fè bon pwogrè e yo te batize pandan gè a.”

Dezakò nan Jakata

Toutpandan frè yo t ap fè fas ak difikilte yo te jwenn pandan gè a, byen vit, yo te vin jwenn yon lòt gwo eprèv ankò. Otorite japonè yo te bay lòd pou tout etranje yo (san wete endonezyen ki gen orijin chinwa yo) al anrejistre e pou yo fè yon kat idantite ki gen yon sèman ekri sou li ki montre moun nan ap soutni Anperè Japon an. Gen anpil frè ki t ap mande tèt yo: ‘Èske yo ta dwe al anrejistre epi siyen kat idantite a oswa refize fè sa?’

Josephine Elias ak Felix, frè l la.

Men sa Felix Tan esplike: “Frè nan Jakata yo te ankouraje nou menm frè ki te nan Soukaboumi yo pou n pa siyen kat idantite a. Men, nou te mande otorite yo si n ka chanje pawòl ki sou kat la pou n retire ‘moun ki siyen an  fè sèman pou l soutni’ epi mete ‘moun ki siyen an pap aji kont’ lame japonè a pito. Nou te sezi anpil lè n wè yo te dakò ak sa, se sa k fè nou tout te chèche fè yon kat. Lè frè nan Jakata yo te vin aprann desizyon nou te pran an, yo te rele n aposta e yo te koupe kontak avè n.”

Malerezman, yo te arete pifò frè nan Jakata ki te pi ekstremis yo e frè sa yo te vire do bay laverite. Yo te met youn nan frè ki te refize fè konpwomi yo nan prizon ak André Elias. Men sa André di: “M te rezone avè l sou kesyon anrejistre a e m te ede l vin pi ekilibre. Avèk imilite, li te mande padon dèske l te koupe kontak avè n. Apre sa, nou te pase yon bon moman ap ankouraje youn lòt, men, malerezman li te mouri akoz move kondisyon ki te gen nan prizon an.”

Merdeka!

Lè gè a te fini an 1945, frè ak sè yo te chofe pou yo kontinye travay predikasyon an. Men sa yon frè yo te met nan prizon e yo te maltrete te ekri biwo filyal la ann Ostrali: “Mwen la toujou apre m fin pase katran byen long  anba presyon, mwen kenbe fèm e m toujou gen menm santiman yo. Pandan tout pwoblèm m t ap andire yo, m pa t janm bliye frè yo. Èske n ka voye kèk liv pou mwen silvouplè?”

Piblikasyon frè yo t ap tann yo te rive byen vit nan peyi a. Okòmansman, yo te voye yon ti kagezon, epi annapre, yon pakèt gwo kagezon te rive. Gen yon gwoup nan Jakata ki te gen 10 pwoklamatè ki te rekòmanse tradui piblikasyon yo an neyèlandè.

Nan dat 17 out 1945, lidè ki te alatèt mouvman endepandans Endonezi a te pwoklame endepandans Endonezi. Konsa, yon revolisyon te eklate kont gouvènman kolonyal neyèlandè a pandan katran. Gen plizyè dizèn milye moun ki te mouri nan deblozay ki te vin genyen yo e yo te deplase plis pase sèt milyon moun.

Frè yo te kontinye preche kay an kay pandan tout revolisyon an. Men sa Josephine Elias fè konnen: “Patriyòt yo te eseye fòse n di slogan yo a ‘Merdeka’ ki vle di ‘Libète’. Men, nou te di yo nou pa mele nan zafè politik.” An 1949, gouvènman neyèlandè a te sispann dirije koloni li t ap dirije depi byen lontan an e yo te kite Repiblik Eta Endonezi ki ini yo (kounye a ki se Repiblik Endonezi) * dirije l.

Bò ane 1950 yo, frè Endonezi yo te gen prèske dizan depi y ap andire anba konfli. Men, gen yon kokenn travay ki t ap tann yo. Kòman yo t apral fè rive preche plizyè milyon moun ann Endonezi yo bon nouvèl la? Pou lèzòm, travay sa a te parèt enposib! Men, frè yo te kòmanse preche ak lafwa e yo te gen konfyans Jewova t ap “voye travayè nan rekòt li a”. (Mat. 9:38.) E Jewova te fè sa vre!

^ § 2 Hermine (Mimi), pi jèn pitit fi sè Harp la, te asiste Lekòl Galaad apre gè a e l te retounen sèvi kòm misyonè ann Endonezi.

^ § 3 Rive jis an 1962, gouvènman neyèlandè a te kontinye jere Papwazi delwès (ki te vin Nouvèl Gine delwès).