Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Jezi se chemen an, verite a, lavi a

 CHAPIT 67

“Pa janm gen yon moun ki pale konsa”

“Pa janm gen yon moun ki pale konsa”

JAN 7:32-52

  • YO VOYE KÈK GAD AL ARETE JEZI

  • NIKODÈM PALE AN BYEN DE JEZI

Jezi toujou nan Jerizalèm pou fèt Tabènak (oswa Tonèl) yo. Li kontan poutèt “anpil moun nan foul la [...] mete lafwa yo nan li”. Sepandan, sa pa fè chèf relijye yo plezi. Yo voye gad, ki aji tankou polisye nan domèn relijye, pou arete Jezi (Jan 7:31, 32). Men, Jezi pa eseye kache.

Okontrè, li kontinye anseye devan tout moun nan Jerizalèm, li di: “M ap avèk nou pou yon ti tan ankò anvan m al jwenn Sila a ki voye m nan. N ap chèche m, men nou pap jwenn mwen, e kote m prale a, nou pa ka vini.” ​(Jan 7:33, 34). Juif yo pa konprann, e se sa k fè youn ap mande lòt: “Ki kote mesye sa a gen entansyon ale ki fè nou pap ka jwenn li an? Èske l gen entansyon al jwenn Juif ki gaye nan mitan Grèk yo pou l anseye Grèk yo? Ki sa l vle di lè l di: ‘N ap chèche m, men nou pap jwenn mwen, e kote m prale a, nou pa ka vini’?” ​(Jan 7:35, 36). Anfèt, Jezi ap pale konsènan lanmò l ak rezirèksyon l pou l al viv nan syèl la, kote ènmi l yo pa ka al dèyè l.

Setyèm jou fèt la rive. Pandan fèt la, chak maten, gen yon prèt ki vide yon dlo li pran nan pisin Silowam nan, yon fason pou l koule al nan baz lotèl la. Sanble, pou Jezi fè pèp la sonje seremoni sa a, li di byen fò: “Si yon moun swaf, se pou l vin jwenn mwen pou l bwè. Yon moun ki mete lafwa nan mwen, jan yon pasaj nan Ekriti yo di sa: ‘Kouran dlo ki bay lavi a ap koule sot anndan l.’” — Jan 7:37, 38.

Jezi ap pale la a konsènan lè lespri sen pral vide sou disip Bondye chwazi pou al nan syèl yo ak lè yo pral jwenn lavi nan syèl la. Moun sa yo jwenn lespri sen apre lanmò Jezi. Nan ane ki vin apre a, nan kòmansman jou fèt Pannkòt la, kouran dlo ki bay lavi a kòmanse koule pandan disip ki resevwa lespri sen yo ap preche moun yo laverite.

Ansèyman Jezi bay la pouse kèk moun di: “Vrèmanvre, mesye sa a se Pwofèt la.” Nòmalman, y ap pale de pwofèt ki te gen pou vini ki pi gran pase Moyiz la. Gen lòt moun ki di: “Se li menm ki Kris la.” Men gen kèk ki di: “Kris la pap soti Galile, pa vre? Èske pa gen yon pasaj nan Ekriti yo ki di Kris la ap soti nan desandans David, nan Betleyèm, bouk kote David te rete a?” — Jan 7:40-42.

Se sa k fè, foul la vin divize. Byenke gen kèk moun ki vle yo arete Jezi, pèsonn pa manyen l. Lè gad yo retounen al kot chèf relijye yo san Jezi, prèt an chèf yo ak Farizyen yo mande yo: “Poukisa nou pa vin avè l?” Gad yo reponn: “Pa janm gen yon moun ki pale konsa.” Toutpandan chèf relijye yo fache y ap pase gad yo nan jwèt epi yo di: “Genlè nou menm tou nou kite l pran tèt nou! Nou pa wè pa gen pèsonn pami chèf yo ni pami Farizyen yo ki mete lafwa nan li? Men, bann moun sa yo ki pa konn Lalwa a, se yon bann moun modi.” — Jan 7:45-49.

Lè sa a, yon Farizyen ki rele Nikodèm, yon manm Sanedren an, gen kouraj pale an favè Jezi. Nou ka sonje, sa gen dezan edmi, Nikodèm te vin kot Jezi lannuit e li te fè l konnen li gen lafwa nan li. Kounye a, Nikodèm di: “Èske Lwa nou an pèmèt nou kondane yon moun anvan nou tande l pou nou konnen sa l fè?” Ki repons yo bay pou yo defann tèt yo? Men sa yo di: “Genlè ou menm tou, ou se moun Galile? Al gade pou w wè, pa gen okenn pwofèt ki gen pou sot Galile.” — Jan 7:51, 52.

Byenke Ekriti yo pa di aklè gen yon pwofèt ki t ap gen pou sot Galile, men Pawòl Bondye a te montre se la Kris la t ap gen pou l soti, li te fè konnen moun yo t apral wè “yon gwo limyè” nan “Galile kote moun lòt nasyon yo rete a”. (Ezayi 9:1, 2; Matye 4:13-17.) Anplis de sa, tankou Ekriti yo fè konn sa, Jezi te fèt Betleyèm, e li se yon desandan David. Byenke Farizyen yo konn sa, sanble se yo ki responsab tout bagay ki pa laverite moun konnen konsènan Jezi.