1 JEWOVA

Non Bondye se Jewova e non sa a vle di: “Li fè vin tounen.” Jewova se Bondye Toupisan an, e se li ki te kreye tout bagay. Li gen pouvwa pou l fè kèlkeswa sa li deside fè a.

Ann ebre, yo te ekri non Bondye ak kat lèt. Ann anglè, lèt sa yo se YHWH oswa JHVH. Nan tèks ebre orijinal la, non Bondye parèt anviwon 7 000 fwa nan Labib. Toupatou sou tè a, moun sèvi ak divès fòm non Jewova genyen, yo pwononse l fason ki pi popilè nan lang pa yo.

Chapit 1 § 15

2 “SE BONDYE KI ENSPIRE” SA KI NAN LABIB

Se Bondye ki Mèt Bib la, men li te itilize moun pou ekri l. Se menm jan ak yon biznismann ki mande sekretè l pou l ekri yon lèt, men se panse biznismann nan ki nan lèt la. Bondye te sèvi ak lespri sen l pou l gide moun ki t ap ekri Labib yo pou yo ekri panse l. Lespri Bondye te gide yo divès fason, pafwa li te konn fè yo fè vizyon oswa li te konn fè yo reve yon seri bagay yo t ap gen pou yo ekri annapre.

Chapit 2 § 5

3 PRENSIP

Se yon seri ansèyman ki nan Labib ki esplike yon verite fondamantal. Pa egzanp, prensip ki di “move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen” aprann nou moun n ap frekante yo enfliyanse nou swa an byen swa an mal (1 Korentyen 15:33 ). Prensip ki di “kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou” aprann nou nou pa ka chape anba konsekans aksyon nou yo. — Galat 6:7.

Chapit 2 § 12

  4 PWOFESI

Se yon mesaj ki soti nan Bondye. Li kapab yon esplikasyon sou volonte Bondye, yon ansèyman moral, yon kòmandman, oswa yon jijman. Anplis de sa, li kapab yon mesaj konsènan yon bagay ki pral rive alavni. Gen anpil pwofesi nan Labib ki deja reyalize.

Chapit 2 § 13

5 PWOFESI KONSÈNAN MESI A

Se sou Jezi pakèt pwofesi Labib bay konsènan Mesi a te reyalize. Gade kare ki gen tit: “ Pwofesi konsènan Mesi a.

Chapit 2 § 17, nòt anba paj.

6 OBJEKTIF JEWOVA GEN POU TÈ A

Jewova te kreye tè a pou l vin yon paradi kote moun ki renmen L yo t ap abite ladan l. Objektif li pa chanje. Talè konsa, Bondye pral retire mechanste e li pral bay pèp li a lavi ki pap janm fini an.

Chapit 3 § 1

7 SATAN LEDYAB

Satan se zanj ki te kòmanse rebelyon ki te fèt kont Bondye a. Li rele Satan, ki vle di “Opozan”, paske l ap goumen kont Jewova. Li rele Dyab tou, ki vle di “Medizan”. Yo ba l non sa a paske li bay manti sou Bondye e li twonpe moun.

Chapit 3 § 4

  8 ZANJ

Jewova te kreye zanj yo lontan anvan l te kreye tè a. Li te kreye zanj yo pou yo viv nan syèl la. Gen plis pase san milyon zanj (Dànyèl 7:10). Yo chak gen non pa yo ak tanperaman pa yo, epitou, zanj ki fidèl yo gen imilite, yo pa dakò pou lèzòm adore yo. Yo pa gen menm pozisyon e yo ba yo fè divès travay. Kèk nan travay sa yo se sèvi devan twòn Jewova a, pote mesaj Jewova bay yo, pwoteje ak gide sèvitè l yo ki sou tè a, egzekite jijman l yo, e soutni travay predikasyon an (Sòm 34:7; Revelasyon 14:6; 22:8, 9). Alavni, yo pral goumen bò kote Jezi nan lagè Amagedon. — Revelasyon 16:14, 16; 19:14, 15.

Chapit 3 § 5; Chapit 10 § 1

9 PECHE

Se nenpòt sa nou santi, sa nou panse oswa sa nou fè ki kont Jewova oubyen ki pa ann amoni ak volonte l. Piske peche kraze relasyon nou gen ak Bondye, Li ban nou lwa ak prensip ki ede n evite fè peche volontèman. Okòmansman, Jewova te kreye tout bagay pafè, men, lè Adan ak Èv te chwazi dezobeyi Jewova, yo te peche e yo pa t pafè ankò. Yo te vin granmoun epi yo mouri. Piske nou eritye peche nan Adan, nou menm tou, nou vin granmoun e nou mouri.

Chapit 3 § 7; Chapit 5 § 3

10 AMAGEDON

Se lagè Bondye pral fè pou l detwi monn Satan an ansanm ak tout mechanste ki genyen.

Chapit 3 § 13; Chapit 8 § 18

 11 WAYÒM BONDYE A

Wayòm Bondye a se yon gouvènman Jewova tabli nan syèl la. Se Jezi Kris ki Wa ladan l. Alavni, Jewova pral sèvi ak Wayòm nan pou l retire tout mechanste. Wayòm Bondye a pral dirije tout tè a.

Chapit 3 § 14

12 JEZI KRIS

Bondye te kreye Jezi anvan tout lòt bagay. Jewova te voye Jezi sou tè a pou l mouri pou tout moun. Apre yo fin touye Jezi, Jewova te resisite l. Kounye a, Jezi ap dirije nan syèl la antanke Wa nan Wayòm Bondye a.

Chapit 4 § 2

13 PWOFESI 70 SEMÈN YO

Labib te pwofetize, oswa l te anonse, ki lè Mesi a t ap parèt. Se t ap nan fen yon peryòd yo rele 69 semèn, ki te kòmanse nan ane 455 anvan epòk nou an e ki te fini nan ane 29 epòk nou an.

Ki jan nou fè konnen peryòd sa a te fini nan ane 29 epòk nou an? Peryòd 69 semèn yo te kòmanse nan ane 455 anvan epòk nou an lè Neyemi te rive Jerizalèm e l te kòmanse rebati vil la (Dànyèl 9:25; Neyemi 2:1, 5-8). Menm jan mo “douzèn” fè nou panse ak chif 12, se konsa tou, mo “semèn” fè nou sonje chif 7. Semèn yo pale nan pwofesi sa a se pa semèn sèt jou, men se semèn sèt ane, ann amoni ak règ sa a konsènan pwofesi yo ki di “yon jou pou yon ane”. (Nonb 14:34; Ezekyèl 4:6.) Sa vle di chak semèn dire sèt ane, e 69 semèn yo dire antou 483 ane (69 x 7). Si nou konte 483 ane apati 455 anvan epòk nou an, l ap mennen nou nan ane 29 epòk nou an. Se egzakteman nan ane sa a Jezi te batize e li te vin Mesi a! — Lik 3:1, 2, 21, 22.

 Menm pwofesi sa a te anonse yon lòt semèn, sa vle di sèt ane anplis. Pandan peryòd sa a, nan ane 33 epòk nou an, yo t ap touye Mesi a, epitou, apati ane 36 epòk nou an, yo t ap kòmanse preche moun tout nasyon bon nouvèl Wayòm Bondye a, se pa senpleman Juif yo yo t ap preche. — Dànyèl 9:24-27.

Chapit 4 § 7

 14 FO ANSÈYMAN TRINITE A

Labib fè konnen Jewova Dye se Kreyatè a e li te kreye Jezi anvan tout lòt bagay (Kolosyen 1:15, 16). Jezi se pa Bondye Toupisan an. Li pa t janm fè konnen li egal ak Bondye. Anfèt, men sa l te di: “Papa a nan pi gwo pozisyon pase m.” ​(Jan 14:28; 1 Korentyen 15:28). Men, gen kèk relijyon ki anseye Trinite ki fè konnen Bondye se yon dye an twa pèsòn: Papa a, Pitit la, ak lespri sen an. Mo “Trinite” a pa nan Labib. Se yon fo ansèyman li ye.

Lespri sen se fòs aktif Bondye, se yon fòs envizib k ap aji li itilize pou l fè volonte l. Lespri sen pa yon moun. Pa egzanp, premye kretyen yo te “vin ranpli ak lespri sen”, epi Jewova te di: “M ap vide yon pòsyon nan lespri m sou tout kalite moun.” — Travay 2:1-4, 17.

Chapit 4 § 12; Chapit 15 § 17

15 KWA

Lè vrè kretyen yo ap adore Bondye, yo pa janm sèvi ak kwa. Pou ki rezon?

  1. Sa gen lontan depi fo relijyon ap sèvi ak kwa. Nan tan lontan, yo te konn sèvi ak kwa pou yo adore lanati ak nan adorasyon yo te konn fè ki gen rapò ak sèks. Pandan 300 an apre lanmò Jezi, kretyen yo pa t konn sèvi ak kwa nan adorasyon yo. Byen ta annapre, yon anperè women ki te rele Konstanten te fè kwa tounen senbòl krisyanis la. Yo te sèvi ak senbòl sa a pou yo te eseye fè krisyanis la vin pi popilè. Men, kwa a pa gen okenn rapò ak Jezi Kris. Men sa yon ansiklopedi fè konnen: “Nou jwenn kwa ni nan koutim moun ki t ap viv anvan Kris, ni nan koutim moun ki pa kretyen.” — New Catholic Encyclopedia.

  2. Jezi pa t mouri sou yon kwa. Mo grèk lè yo tradui l yo mete kwa a vle di “yon poto ki kanpe”, “yon bout bwa” oswa “yon pyebwa”. Gen yon liv (The Companion Bible) ki fè konnen: “Pa gen anyen nan lang grèk [Nouvo  Testaman] an ki ta menm lese konprann y ap pale de de bout bwa.” Jezi te mouri sou yon poto ki kanpe.

  3. Jewova pa vle nou sèvi ak imaj oswa ak senbòl nan adorasyon n ap ba li. — Egzòd 20:4, 5; 1 Korentyen 10:14.

Chapit 5 § 12

16 MEMORYAL LA

Jezi te bay disip li yo lòd pou yo selebre Memoryal lanmò li. Yo fè sa chak ane nan dat 14 Nizan, menm dat Izrayelit yo te konn selebre fèt Pak la. Yo pase pen ak diven, ki reprezante kò ak san Jezi, bay tout moun nan Memoryal la. Moun ki pral dirije ak Jezi nan syèl la manje nan pen an e yo bwè nan diven an. Moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan asiste Memoryal la avèk respè, men yo pa ni manje nan pen an ni bwè nan diven an.

Chapit 5 § 21

17 NANM

Nan vèsyon anglè Tradiksyon monn nouvo a, mo lè yo tradui l yo mete nanm pou li a vle di: 1) yon moun, 2) yon bèt, oswa 3) lavi yon moun oswa lavi yon bèt. Men kèk egzanp:

  • Yon moun. “Nan epòk Noye a, [...] se ladan l kèk moun, sètadi uit nanm, te rive sove nan dlo a.” ​(1 Pyè 3:20). La a, mo “nanm” nan fè referans ak moun, sètadi Noye ak madanm li, twa pitit gason yo te genyen yo ansanm ak madanm yo.

  • Yon bèt. “Bondye di: ‘Se pou dlo yo chaje ak bèt [“nanm vivan”, nòt anba paj] e se pou bèt ki sou tè a ki ka vole yo vole anlè nan syèl la.’ Apre sa, Bondye di: ‘Se pou tè a kale bèt vivan [“nanm”, nòt anba paj], selon gwoup yo ye a, bèt ki viv bò kote moun, bèt ki rale sou vant ak bèt nan bwa ki sou tè a, selon gwoup yo ye a.’ E se sa k te fèt.” — Jenèz 1:20, 24.

  •  Lavi yon moun oswa lavi yon bèt. Men sa Jewova te di Moyiz: “Tout mesye ki t ap chèche touye w yo [“chèche nanm ou”, nòt anba paj] mouri.” ​(Egzòd 4:19). Lè Jezi te sou tè a, men sa l te di: “Mwen se bon bèje a. Bon bèje a bay lavi l [“bay nanm li”, nòt anba paj] pou mouton yo.” — Jan 10:11.

    Anplis de sa, lè yon moun fè yon bagay ak “tout nanm” li, sa vle di li fè l volontèman e li sèvi ak tout kapasite l genyen (Matye 22:37; Detewonòm 6:5). Yo ka itilize mo “nanm” nan tou pou yo pale de anvi oswa de apeti yon kreyati vivan genyen. Yon nanm ki mouri ka fè referans ak yon moun mouri oswa ak yon kadav. — Nonb 6:6; Pwovèb 23:2; Ezayi 56:11; Aje 2:13.

Chapit 6 § 5; Chapit 15 § 17

18 ESPRI

Nan vèsyon anglè Tradiksyon monn nouvo a, mo ebre ak mo grèk lè yo tradui yo yo mete “espri” pou yo a kapab vle di plizyè bagay. Sepandan, yo toujou fè referans ak yon bagay ki envizib pou lèzòm, tankou van oswa souf moun ak souf bèt. Mo sa yo ka fè referans tou ak kreyati espirityèl yo ansanm ak lespri sen, ki se fòs aktif Bondye. Labib pa anseye gen yon pati nan moun nan ki kontinye ap viv apre l fin mouri. — Egzòd 35:21; Sòm 104:29; Matye 12:43; Lik 11:13.

Chapit 6 § 5; Chapit 15 § 17

19 JEYÈN

Jeyèn se non yon vale ki toupre Jerizalèm kote yo te konn boule fatra oswa yo te konn detwi yo. Pa gen okenn prèv ki montre nan epòk Jezi a, yo te konn tòtire bèt oswa moun nan vale sa a oswa yo te konn boule yo tou vivan. Donk, Jeyèn nan pa reprezante yon zòn envizib kote yo tòtire moun ki mouri e kote yo kontinye boule yo pou  toutan. Lè Jezi te pale de moun yo lage nan Jeyèn nan, li te vle fè konnen moun sa yo detwi nèt. — Matye 5:22; 10:28.

Chapit 7 § 20

20 PRIYÈ NÒTREPÈ A

Se priyè Jezi te montre lè l t ap anseye disip li yo fason pou yo priye. Yo rele priyè sa a tou priyè modèl la. Pa egzanp, men ki jan Jezi te aprann nou priye:

  • “Se pou non w vin sen

    Nou priye Jewova pou l pwòpte non l, oswa repitasyon l, anba tout manti yo bay sou li. Konsa, tout kreyati ki nan syèl la e ki sou tè a ap onore non Bondye e y ap respekte non sa a.

  • “Se pou Wayòm ou an vini”

    Nou priye Bondye pou gouvènman l lan vin detwi monn mechan Satan an, pou l dirije tout tè a, e pou l fè tè a vin yon paradi.

  • “Se pou volonte w fèt sou tè a”

    Nou priye Bondye pou objektif li gen pou tè a reyalize yon fason pou se moun ki obeyisan e ki pafè k ap kapab viv nan Paradi a pou toutan, jan Jewova te vle sa lè l te kreye lèzòm.

Chapit 8 § 2

21 RANSON AN

Jewova te bay ranson an pou l sove lèzòm anba peche ak lanmò. Ranson an se pri ki te nesesè pou rachte lavi pafè Adan, premye moun nan, te pèdi a, e pou repare relasyon lèzòm te gen ak Jewova. Bondye te voye Jezi sou tè a pou l te mouri pou tout pechè. Grasa lanmò Jezi, tout moun gen posiblite pou yo viv pou toutan e pou yo vin pafè.

Chapit 8 § 21; Chapit 9 § 13

 22 POUKISA ANE 1914 SE YON ANE KI ENPÒTAN ANPIL?

Pwofesi ki nan Dànyèl chapit 4 la anseye nou Bondye t ap tabli Wayòm li an nan ane 1914.

Pwofesi a: Jewova te fè wa Nebikadneza fè yon rèv ki se yon pwofesi konsènan yon gwo pyebwa yo te koupe. Nan rèv la, yo mete yon sèk ki fèt ak fè ak kuiv toutotou chouk pyebwa a pou yo anpeche l pouse pandan yon peryòd ki dire “sèt tan”. Apre sa, pyebwa a t ap pouse ankò. — Dànyèl 4:1, 10-16.

Sans pwofesi a gen pou nou: Pyebwa a reprezante dominasyon Bondye. Pandan plizyè ane, Jewova te sèvi ak wa nan Jerizalèm pou dirije nasyon Izrayèl la (1 Kwonik 29:23). Men, wa sa yo pa t ret fidèl, e dominasyon yo a te sispann. Yo te detwi Jerizalèm nan ane 607 anvan epòk nou an. Se te kòmansman “sèt tan” yo (2 Wa 25:1, 8-10; Ezekyèl 21:25-27). Lè Jezi te di “nasyon yo pral pilonnen Jerizalèm anba pye jiskaske tan ki fikse pou nasyon yo fini”, li t ap pale konsènan “sèt tan” yo (Lik 21:24). Kidonk, “sèt tan” yo pa t fini lè Jezi te sou tè a. Jewova te pwomèt l ap nome yon Wa lè “sèt tan” yo fini. Dominasyon nouvo Wa sa a, anpalan de Jezi, ap pote anpil gwo benediksyon pou pèp Bondye a sou tout tè a, pou toutan. — Lik 1:30-33.

Longè “sèt tan” yo: “Sèt tan” yo te dire 2 520 ane. Si nou konte 2 520 ane apati ane 607 anvan epòk nou an, n ap rive nan ane 1914. Se nan ane sa a Jewova te mete Jezi, Mesi a, Wa nan Wayòm Bondye a ki nan syèl la.

 Ki jan nou fè jwenn 2 520 ane a? Labib fè konnen twa tan edmi egal 1 260 jou (Revelasyon 12:6, 14). Donk, “sèt tan” se de fwa chif sa a, oswa 2 520 jou. Dapre règ “yon jou pou yon ane” a, yon règ ki konsène pwofesi yo, 2 520 jou yo egal 2 520 ane. — Nonb 14:34; Ezekyèl 4:6.

Chapit 8 § 23

23 MIKAYÈL AKANJ LAN

Mo “akanj” lan vle di “chèf zanj yo”. Labib pale de yon sèl akanj, e non l se Mikayèl. — Dànyèl 12:1; Jid 9

Mikayèl se Chèf lame zanj fidèl Bondye genyen an. Men sa Revelasyon 12:7 di: “Mikayèl ak zanj li yo batay ak dragon an, [...] ak zanj li yo.” Liv Revelasyon an fè konnen se Jezi ki Chèf lame Bondye genyen an, donk, Mikayèl se yon lòt non Jezi genyen. — Revelasyon 19:14-16.

Chapit 9 § 4

24 DÈNYE JOU YO

Ekspresyon sa a fè referans ak peryòd kote gen gwo evènman k ap gen pou rive sou tè a jis anvan Wayòm Bondye a detwi monn Satan an. Menm jan an tou, nan pwofesi ki nan Bib la, yo sèvi ak ekspresyon tankou “fen sistèm nan” ak “prezans Pitit lòm nan” pou yo fè referans ak menm peryòd sa a (Matye 24:3, 27, 37). “Dènye jou yo” te kòmanse lè Wayòm Bondye a te kòmanse dirije nan syèl la an 1914, e y ap fini lè yo detwi monn Satan an nan Amagedon. — 2 Timote 3:1; 2 Pyè 3:3.

Chapit 9 § 5

 25 REZIRÈKSYON

Lè Bondye bay yon moun ki mouri lavi ankò, sa rele rezirèksyon. Labib pale de nèf rezirèksyon ki te fèt. Eli, Elize, Jezi, Pyè ak Pòl, yo tout te resisite moun. Se grasa pisans Bondye sèlman mirak sa yo te posib. Jewova pwomèt l ap resisite ‘ni moun ki jis, ni moun ki enjis’ pou yo viv sou tè a (Travay 24:15). Labib pale de yon rezirèksyon selès tou. Sa ap fèt lè Bondye resisite moun li chwazi pou y al viv nan syèl la avèk Jezi. — Jan 5:28, 29; 11:25; Filipyen 3:11; Revelasyon 20:5, 6.

Chapit 9 § 13

26 BAGAY KI GEN RAPÒ AK DEMON (BAGAY KI GEN RAPÒ AK MOVÈZESPRI)

Bagay ki gen rapò ak demon oswa bagay ki gen rapò ak movèzespri se move pratik kote moun ap eseye kominike ak espri, swa dirèkteman, swa pa mwayen yon lòt moun, tankou yon bòkò, yon manbo, yon moun k ap chèche pale ak mò, oswa yon ougan. Moun k ap pratike bagay ki gen rapò ak movèzespri yo fè sa paske yo kwè nan fo ansèyman ki fè konnen gen moun ki gen yon espri ki kontinye viv apre yo fin mouri e yo tounen zonbi ki pisan. Demon yo eseye pouse lèzòm dezobeyi Bondye tou. Astwoloji, divinasyon, maji, lougawou, sipèstisyon ak bagay mistik, yo tout fè pati bagay ki gen rapò ak demon. Anpil liv, jounal, owoskòp, fim, afich, e menm chante, prezante demon, maji ak bagay mistik kòm bagay ki san danje oswa ki atiran. Gen anpil koutim moun suiv lè yo gen moun mouri, tankou sakrifis yo fè pou mò a, fèt yo fè apre antèman an, selebrasyon dat moun nan te mouri a, koutim moun ki gen mari yo oswa madanm yo ki mouri konn suiv, ansanm ak kèk koutim ki gen rapò ak vèy, se bagay ki gen rapò ak demon tou. Byen souvan,  moun itilize dwòg lè y ap eseye sèvi ak pouvwa demon yo genyen. — Galat 5:20; Revelasyon 21:8.

Chapit 10 § 10; Chapit 16 § 4

27 SOUVRÈNTE JEWOVA

Jewova se Bondye Toupisan an, e se li ki kreye tout linivè (Revelasyon 15:3). Se rezon sa a ki fè se li ki Mèt tout bagay e li se Souvren an, sètadi li gen tout otorite pou l dirije kreyasyon l lan (Sòm 24:1; Ezayi 40:21-23; Revelasyon 4:11). Li fè lwa pou tout sa l kreye. Jewova gen otorite tou pou l chwazi moun pou dirije. Nou soutni souvrènte Jewova lè nou renmen l e nou obeyi l. — 1 Kwonik 29:11.

Chapit 11 § 10

28 JETE PITIT

Se lè yon moun fè espre li touye yon timoun ki nan vant. Se pa ni yon aksidan ni akoz yon reyaksyon natirèl kò moun nan fè. Depi lè yon manman fèk ansent, timoun ki nan vant li an pa jis yon pati nan kò l. Timoun sa a se yon lòt moun apa.

Chapit 13 § 5

29 TRANSFIZYON SAN

Se yon teknik lamedsin itilize kote yo pran san yon moun oswa youn nan kat eleman prensipal ki nan san an e yo transfere l nan kò yon lòt moun, oswa yo bay yon moun san yo gen nan stòk. Kat eleman prensipal san an se plasma, globil wouj, globil blan ak plakèt.

Chapit 13 §13

 30 DISIPLIN

Nan Labib, mo “disiplin” nan se pa annik yon lòt mo ki vle di pinisyon. Lè yo disipline nou, se enstriksyon, fòmasyon ak koreksyon nou resevwa. Jewova pa janm fè moun li disipline yo abi oswa mechanste (Pwovèb 4:1, 2). Jewova bay paran yo yon bèl egzanp. Disiplin li bay la tèlman efikas, sa ka fè yon moun vin renmen disiplin (Pwovèb 12:1). Jewova renmen pèp li a e li ba l fòmasyon. Li ba l enstriksyon ki korije ide ki pa kòrèk yo genyen, e sa ede yo aprann reflechi epi aji yon fason ki fè l plezi. Pou paran yo, disiplin gen ladan l ede pitit yo konprann rezon ki fè yo dwe obeyi. Sa vle di tou aprann pitit yo pou yo renmen Jewova, pou yo renmen Pawòl li a, Labib, e pou yo konprann prensip ki ladan l yo.

Chapit 14 § 13

31 DEMON

Se yon seri kreyati mechan ki envizib ki gen plis pisans pase lèzòm. Demon yo se zanj ki mechan. Yo te vin mechan lè yo te dezobeyi Bondye, konsa yo te vin tounen ènmi Bondye (Jenèz 6:2; Jid 6). Yo t al jwenn Satan ki te fè rebèl ak Jewova. — Detewonòm 32:17; Lik 8:30; Travay 16:16; Jak 2:19.

Chapit 16 § 4