Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Annou imite lafwa yo

 CHAPIT SÈZ

Li te gen sajès ak kouraj e li pa t wè tèt li sèlman

Li te gen sajès ak kouraj e li pa t wè tèt li sèlman

1-3. a) Ki jan Estè dwe te santi l lè l t ap pwoche bò twòn wa a? b) Ki jan wa a te reyaji lè l wè Estè?

ESTÈ t ap pwoche bò twòn nan tou dousman, e kè l t ap bat fò. Imajine silans ki te gen nan gwo chanm kote wa a te ye nan palè Pès la ki nan vil Souz. Te tèlman gen yon gwo silans, Estè te ka tande bri pye l ak bri rad li te mete a t ap fè. Li pa t distrè nan ret ap gade kokennchenn lakou wa a, gwo poto ki te genyen yo ak bèl plafon ki te byen dekore ak bwa ki te sot jis nan peyi Liban yo. Li te pito fikse lespri l sou moun ki te chita sou twòn nan, moun ki t apral deside si l ap viv oswa si l ap mouri a.

2 Wa a t ap gade Estè byen gade pandan Estè t ap pwoche kote l e l te lonje baton annò l la sou Estè. Se te yon ti jès, men, sa te sove lavi Estè paske se te yon fason pou wa a montre li te padone Estè ki te vyole lwa peyi a lèfetke l te vin kote l san l pa t voye rele l. Lè Estè rive devan twòn nan, li lonje men l e li touche pwent baton an pou l montre rekonesans li anvè wa a. — Estè 5:1, 2.

Avèk imilite, Estè te montre l gen rekonesans pou mizèrikòd wa a.

3 Wa Asyeris te rich anpil e l te gen anpil pouvwa. Dapre sa kèk moun panse, nan epòk sa a, rad wa pès yo ak rad fanmi yo te konn mete te ka koute plizyè santèn milyon dola ameriken. Malgre sa, lè je Estè tonbe nan je wa a, li te ka santi mari l renmen l. Wa a di l: “Rèn Estè, ki sa k pase? Ki sa w ap mande? Menmsi w ta mande mwatye nan wayòm mwen an, m ap ba ou l.” — Estè 5:3.

4. Ki pi gwo pwoblèm Estè t apral jwenn?

4 Estè te deja montre l gen bonjan lafwa ak kouraj lè l t al kot wa a pou l te mande l ede pèp li a chape anba yon konplo yo te fè pou touye yo. Pou kounye a, bagay yo t ap mache pou Estè, men l t apral jwenn plis pwoblèm toujou. Li te gen pou l konvenk wa sa a ki te gen anpil ògèy konseye l te fè plis konfyans lan se yon mechan ki t ap twonpe l pou l ka fè touye pèp Estè a. Kòman Estè t apral fè konvenk wa a, e ki sa n ka aprann nan lafwa li te demontre a?

 Avèk sajès, li te chwazi yon ‘lè pou l pale’

5, 6. a) Ki jan Estè te suiv prensip nou jwenn nan Eklezyas 3:1, 7 la? b) Sa k fè fason Estè te pale ak mari l la te montre l gen sajès?

5 Èske Estè te dwe di wa a pwoblèm li devan moun ki te la yo? Si l te fè sa, wa a te ka wont e Aman, konseye wa a, t ap gen ase tan pou l defann tèt li. Ki sa Estè te fè? Plizyè syèk anvan sa, wa Salomon te ekri: “Gen yon lè pou tout bagay. [...] Yon lè pou moun pa di anyen ak yon lè pou moun pale.” ​(Ekl. 3:1, 7). Nou ka imajine Madoche, papa adoptif Estè, yon moun fidèl, k ap anseye Estè prensip sa a lè l t ap grandi lakay li. Li klè, Estè te konn enpòtans pou l byen chwazi ki ‘lè pou l pale’.

6 Estè di wa a: “Si sa fè w plezi, monwa, m ta renmen w vini ansanm ak Aman nan yon gwo resepsyon m ap fè pou ou jodi a.” ​(Estè 5:4). Wa a dakò e l fè rele Aman. Èske w wè sajès ki gen nan pawòl Estè te di yo? Li pa t fè mari l wont devan moun, men l te chèche yon pi bon moman pou l di wa a pwoblèm li. — Li Pwovèb 10:19.

7, 8. Ki jan premye fèt Estè a te pase e sa k fè l te pran tan pou l pale ak wa a?

 7 Pa gen dout nan sa, Estè te byen pran san l pou l prepare ti fèt la e l te veye pou tout ti bagay fè kè mari l kontan. Te gen bon diven ki bay kè kontan nan ti fèt la (Sòm 104:15). Tèlman Asyeris te kontan nan fèt la, yon lòt fwa ankò, li mande Estè sa l vle l fè pou li. Èske lè a te rive pou Estè pale?

8 Pou Estè, lè a potko rive. Li te envite wa a ak Aman nan yon lòt fèt li t ap fè nan demen (Estè 5:7, 8). Poukisa l te pran tan konsa? Pa bliye, wa a te fin pase yon dekrè pou yo touye tout Juif yo. Etandone te gen yon gwo danje ki pandye sou tèt Juif yo, Estè te dwe asire l se nan bon moman an li pale. Donk, li te ret tann e l te chèche jwenn yon lòt okazyon pou l te montre mari l tout respè l gen pou li.

9. Ki enpòtans pasyans genyen e kòman nou ka imite Estè nan domèn sa a?

9 Pasyans pa yon kalite tout moun genyen e li gen anpil valè. Malgre Estè te enkyete l anpil e l te anvi pale ak wa a, avèk pasyans, li te tann yon pi bon moman pou l fè sa. Nou ka aprann  anpil leson nan fason Estè te aji a paske nou tout konn wè sitiyasyon ki merite korije. Si n ap chèche fè yon moun ki gen otorite wè yon sitiyasyon ki merite korije, nou bezwen imite Estè e n bezwen gen pasyans. Men sa Pwovèb 25:15 di: “Se ak pasyans yo pot laviktwa sou yon kòmandan. E pawòl dous yon moun di kapab kraze yon zo.” Si n tann avèk pasyans jis nou jwenn pi bon moman pou n pale e n fè sa ak dousè, menm jan ak Estè, nou ka menm kraze yon opozisyon ki di tankou yon zo. Èske Jewova, Bondye Estè a, te beni l pou pasyans ak sajès li te genyen?

Grasa pasyans li, li te jwenn jistis

10, 11. Poukisa Aman te vin move anpil lè l te sot nan premye fèt la, e ki sa madanm li ak zanmi l yo te ankouraje l fè?

10 Lefètke Estè te gen pasyans, sa te prepare chemen pou anpil lòt bagay ki t apral fèt pi devan. Lè Aman te soti nan premye fèt la li “t al lakay li ak anpil kè kontan” paske l te panse wa a ak rèn nan te renmen l plis pase lòt moun yo. Men, pandan Aman  t ap pase bò pòtay palè a, je l t al tonbe nan je Madoche, Juif ki te refize pwostène devan l lan. Jan n te wè sa nan chapit anvan an, se pa paske Madoche pa t gen respè pou Aman ki fè l te refize pwostène devan Aman, men, se akoz konsyans li ak relasyon l gen ak Jewova. Malgre sa, Aman “te vin fache anpil”. — Estè 5:9.

11 Lè Aman te fè madanm li ak zanmi l yo konnen swadizan aksyon derespektan sa a, yo te ankouraje l fè yon gwo poto ki mezire 22 mèt wotè, epi pou l mande wa a pou l fè yo pann Madoche sou li. Aman te renmen ide sa a, e san pèdi tan, li te mande pou yo fè poto a. — Estè 5:12-14.

12. Poukisa wa a te mande pou yo li dokiman ofisyèl ki rakonte sa k te pase nan peyi a pou li, e ki sa wa a te vin aprann?

12 Pandan tan sa a, wa a te pase yon move nuit. Bib la fè konnen “dòmi pa t ka pran wa a”. Konsa, li te mande pou yo te li dokiman ofisyèl ki rakonte sa k te pase nan peyi a pou li. Nan lekti a, yo te pale de yon konplo yo te fè pou yo asasinen Asyeris. Wa a te sonje konplo sa a, yo te arete koupab yo e yo te touye yo. Men, ki sa yo te fè pou moun ki te devwale konplo a, anpalan de Madoche? Kesyon sa a te vin nan lespri wa a e l te mande ki sa yo te fè pou yo rekonpanse Madoche. Ki repons yo te ba li? Yo te fè l konnen pa t gen anyen ki te fèt pou moun sa a. — Li Estè 6:1-3.

13, 14. a) Kòman bagay yo te kòmanse vire mal pou Aman? b) Ki sa madanm li ak zanmi l yo te di l?

13 Sa te deranje wa a anpil e l te mande kiyès nan ofisyèl li yo ki te ka ede l korije sitiyasyon an. Pami tout moun nèt, se Aman ki te vin parèt nan lakou wa a byen bonè nan maten, petèt paske l te chofe pou l jwenn pèmisyon pou l fè touye Madoche. Men, anvan Aman te fè demann li an, wa a te mande l dapre li menm ki pi bon fason li ka onore yon moun ki gen favè l. Aman te panse se de li wa a t ap pale. Konsa, li te tonbe reflechi ak tout bèl bagay yo ta dwe fè pou moun sa a, tankou mete bèl rad wa a oswa bèl rad fanmi wa a sou moun nan, epi mete moun nan sou cheval wa a pou fè l pase nan tout vil Souz pou tout moun ka tande pandan y ap fè lwanj pou li. Imajine figi Aman lè l te tande moun yo pral onore a se Madoche! E ki moun wa a te bay lòd pou fè lwanj pou Madoche? Aman. — Estè 6:4-10.

14 Byenke sa wa a te mande Aman fè a te parèt mal nan je l, li te fè l, apre sa, li rantre lakay li tou fache. Madanm li ak zanmi l yo te fè l konnen bagay yo mal vire pou li paske l pap reyisi touye Madoche, Juif la. — Estè 6:12, 13.

15. a) Lefètke Estè te gen pasyans, ki bon rezilta sa te bay? b) Poukisa l saj pou n aprann “tann”?

 15 Etandone Estè te yon moun ki pasyan, li te tann yon lòt jou ankò anvan l te mande wa a sa l te vle a. Konsa, sa t apral pèmèt Aman tonbe nan pwòp pyèj li. Èske se pa Jewova ki te fè wa a pa t ka dòmi (Pwo. 21:1)? Se pa pou granmesi Pawòl Bondye a ankouraje nou pou nou “tann”. (Li Miche 7:7.) Lè n tann Bondye, nou ka wè fason Bondye rezoud pwoblèm nou yo pi byen lontan pase jan nou t ap fè sa.

Li te pale avèk kouraj

16, 17. a) Nan ki moman “lè pou [Estè te] pale a” te rive? b) Kòman Estè te montre l diferan ak Vachti, ansyen madan marye wa a?

16 Estè pa t pran chans teste pasyans wa a plis toujou e l te ret kwè l te dwe di wa a tout bagay nan dezyèm fèt la. Men, kòman li t apral fè sa? Erezman, wa a te bay Estè posiblite pou l pale lè l te mande l ki sa l te vle yon lòt fwa ankò (Estè 7:2). “Lè pou [Estè te] pale” a te rive.

17 Nou ka imajine Estè k ap priye Bondye l la nan kè l anvan l te di pawòl ki vin annapre yo: “Si w dakò avè m, monwa, e si sa fè w plezi, mwen sipliye w pou w sove lavi m e m ap mande w pou w sove pèp mwen an.” ​(Estè 7:3). N ap remake Estè te fè wa a konnen li t ap respekte nenpòt desizyon wa a pran. Ala diferan Estè te diferan ak Vachti, ansyen madan marye wa a, ki te fè espre pou l fè mari l wont (Estè 1:10-12)! Anplis de sa, Estè pa t pale wa a mal paske wa a te fè erè l al fè Aman konfyans. Olye de sa, Estè te mande wa a pou l pwoteje l kont yon malè ki te pandye sou tèt li.

18. Kòman Estè te fè wa a konnen pwoblèm nan aklè?

 18 Se sèten sa Estè te mande a te fè wa a sezi e sa te pouse l aji. Kiyès ki te oze pandye yon malè sou tèt rèn li an? Men sa Estè te di ankò: “Yo vann ni mwen menm ni pèp mwen an pou yo ka elimine nou, pou yo ka touye nou e pou yo ka disparèt nou. Si se sèlman vann yo te vann nou kòm esklav, mwen pa t ap di anyen. Men, malè sa a pa dwe rive, paske sa pap nan avantaj wa a.” ​(Estè 7:4). Remake Estè te esplike pwoblèm nan aklè e l te fè konnen li pa t ap di anyen si pwoblèm nan se te esklav yo t ap vin esklav sèlman. Kòm masak yo t apral fè sou pèp li a t ap koute wa a chè anpil, li pa t ka pa di anyen.

19. Ki sa egzanp Estè ka aprann nou sou fason pou n konvenk lòt moun?

19 Egzanp Estè a aprann nou anpil bagay sou fason pou n konvenk lòt moun. Si sa ta rive nou bezwen fè yon moun nou renmen oswa yon moun ki gen otorite konnen yon pwoblèm grav, lè n montre n gen pasyans ak respè epi n esplike pwoblèm nan aklè, sa ap ede n anpil. — Pwo. 16:21, 23.

20, 21. a) Kòman Estè te met konplo Aman an deyò, e ki jan wa a te reyaji? b) Kòman Aman te reyaji lè yo te dekouvri konplo l la?

20 Asyeris te mande Estè: “Ki moun ki fè sa, e kote nonm ki pèmèt li fè bagay sa a?” Imajine Estè k ap lonje dwèt li epi ki di: “Advèsè a, ènmi an, se mechan sa a yo rele Aman an.” Akizasyon sa a te tankou yon kout fwèt sou do Aman, epi laperèz te pran l lapoula. Imajine wa sa a, yon moun ki chanje lide fasil, ki vin fache anpil lè l vin konprann konseye l te fè konfyans lan te twonpe l pou fè l siyen yon dekrè pou touye madanm li renmen anpil la! Wa a te soti byen move, l al nan jaden an pou l fè yon ti kalme l. — Estè 7:5-7.

Avèk kouraj, Estè te fè wa a konnen zak mechanste Aman t ap fè.

 21 Lè yo te fin dekouvri konplo Aman, lach sa a, li te lage kò l nan pye rèn nan pou l sipliye l pou l gen pitye pou li. Lè wa a tounen nan chanm nan e li wè Aman ki panche sou Estè, k ap sipliye l, wa a vin fache pi rèd e l akize Aman kòmkwa l ap eseye vyole rèn nan anndan kay wa a. Sa te fini pou Aman atò. Yo met men sou li e yo kouvri figi l epi yo mennen l ale. Lè sa a, youn nan ofisyèl wa a fè wa a konnen Aman te fè yo fè yon gwo poto pou l pann Madoche. Lamenm, Asyeris bay lòd pou yo pann Aman sou poto a. — Estè 7:8-10.

22. Kòman egzanp Estè a aprann nou pou n pa janm pèdi espwa, pou n pa janm vin wè moun mal e pou n pa janm pèdi lafwa?

22 Nan monn enjis sa a n ap viv la, li fasil pou n panse nou pap janm rive wè jistis fèt vre. Èske w konn santi w konsa? Estè pa t janm pèdi espwa, li pa t janm vin wè moun mal e li pa t janm pèdi lafwa. Lè lè a te rive, li te met kouraj sou li pou l defann sa ki dwat e l te kite rès bagay yo nan men Jewova, paske l te fè l konfyans. Annou tout fè menm jan an. Jewova pa chanje, li toujou ka fè mechan yo tonbe nan pwòp pyèj yo, menm jan l te fè sa nan ka Aman. — Li Sòm 7:11-16.

Li te pran pozisyon pou Jewova ak pèp Jewova a san l pa t wè tèt li

23. a) Kòman wa a te rekonpanse Madoche ak Estè? b) Ki jan pwofesi Jakòb te bay anvan l mouri konsènan Benjamen an te reyalize? (Gade kare ki gen tit: “ Yon pwofesi ki reyalize.”)

23 Finalman, wa a te resi vin konnen kiyès Madoche te ye. Madoche pa t sèlman moun ki te pwoteje wa a pou yo pa t asasinen l, men tou li te papa adoptif Estè. Asyeris te met Madoche premye minis nan plas Aman. Wa a te bay Estè kay Aman an ansanm ak tout richès Aman yo, epi Estè te mete Madoche responsab tout byen Aman yo. — Estè 8:1, 2.

24, 25. a) Poukisa Estè pa t ka sispann enkyete l menm apre yo te fin devwale konplo Aman an? b) Kòman Estè te riske lavi l yon lòt fwa?

24 Etandone Estè ak Madoche te chape anba konplo a, èske kè rèn nan te ka vin poze kounye a? Nou te ka di wi si se tèt li sèlman  l te wè. Nan moman sa a, dekrè Aman te bay pou fè touye tout Juif yo t ap gaye nan tout rakwen Anpi a. Li te fè yon tiraj osò oswa Pou, ki se yon fason li te antre an kontak ak movèzespri, pou l te ka konnen ki pi bon jou pou l fè touye Juif yo (Estè 9:24-26). Se vre, te manke plizyè mwa pou jou sa a rive, men, jou a t ap pwoche byen vit sou yo. Èske l posib pou yo te evite malè sa a?

25 Piske Estè se yon moun ki pa t wè tèt li sèlman, li te riske lavi l ankò lè l t al kot wa a san wa a pa t rele l. Fwa sa a, li t ap kriye pou pèp li a e l t ap sipliye mari l pou l elimine dekrè terib sa a. Men, lè yo te pran yon lwa nan non wa peyi Pès yo, pèsonn pa t ka anile l (Dàn. 6:12, 15). Donk, wa a te bay Estè ak Madoche pouvwa pou yo pran yon lòt lwa. Te gen yon lòt lwa ki te soti e yo te fè tout Juif yo konnen yo gen dwa pou yo defann tèt yo. Sèvitè wa yo t al nan tout Anpi a sou cheval pou fè Juif yo konn bon nouvèl sa a. Kounye a, Juif yo te ka rale yon souf, te gen espwa pou yo (Estè 8:3-16). Nou ka imajine Juif nan tout Anpi a k ap prepare yo pou yo batay, yon bagay yo pa t ap janm ka fè si pa t gen yon nouvo dekrè. Sa k pi enpòtan an, èske “Jewova, Chèf lame yo” t ap avèk pèp li a? — 1 Sam. 17:45.

Estè ak Madoche k ap voye yon mesaj bay Juif ki nan Anpi pès la.

26, 27. a) Jis nan ki pwen Jewova te bay pèp li a yon gwo viktwa sou ènmi l yo? b) Ki pwofesi ki te reyalize lè yo te touye pitit gason Aman yo?

 26 Finalman, lè jou masak Juif yo te rive, pèp Bondye a te pare. Te menm gen anpil nan ofisyèl peyi Pès yo ki te vin defann pèp la paske nouvèl ki fè konnen se Madoche ki premye minis la te gaye nan tout Anpi a. Jewova te bay pèp li a yon gwo viktwa. Li klè, Jewova te pwoteje pèp li a kont yon gwo atak lè l te fè ènmi l yo pèdi batay la *. — Estè 9:1-6.

27 Anplis de sa, Madoche pa t ap janm alèz pou l dirije kay Aman an toutotan dis pitit gason mechan sa a te vivan toujou. Se sa k fè yo te touye yo tou (Estè 9:7-10). Sa te reyalize yon pwofesi nan Bib la kote Bondye te deja fè konnen yo te gen pou yo detwi tout moun Amalèk yo paske yo te mechan e yo te ènmi pèp Bondye a (Det. 25:17-19). Petèt pitit Aman yo se dènye moun yo te touye nan nasyon sa a Bondye te kondane a.

28, 29. a) Poukisa Jewova te vle pou Estè ak pèp li a al nan lagè? b) Poukisa egzanp Estè a se yon benediksyon pou nou jodi a?

28 Byenke Estè te jèn, li te gen gwo chay sou do l, paske l te patisipe nan desizyon wa a te pran pou gen lagè e pou yo touye moun. Sa dwe pa t fasil pou li. Men, Jewova te vle pwoteje pèp li a pou yo pa detwi l paske se nan nasyon Izrayèl la Mesi a, moun ki se sèl vrè espwa pou tout limanite a, t apral soti (Jen. 22:18). Jodi a, sèvitè Bondye yo kontan konnen lè Jezi, Mesi a, te vin sou tè a, li te di disip li yo yo pa dwe pran zam pou yo fè lagè. — Mat. 26:52.

29 Malgre sa, tout kretyen yo nan yon gè espirityèl kote Satan deside kraze lafwa yo gen nan Jewova Dye ak tout fòs li. (Li 2 Korentyen 10:3, 4.) Se yon gwo benediksyon dèske n gen Estè kòm egzanp! Menm jan ak Estè, ann montre n gen lafwa lè nou montre nou saj e nou pasyan lè n ap itilize kapasite nou genyen pou n konvenk moun nan e lè nou met kouraj sou nou pou n defann pèp Bondye a san n pa wè tèt nou sèlman.

^ § 26 Wa a te bay Juif yo yon dezyèm jou pou yo fin bat ènmi yo (Estè 9:12-14). Jis jodi a, Juif yo kontinye komemore viktwa sa a chak ane nan mwa Ada, yon mwa ki twouve l ant fen mwa fevriye ak kòmansman mwa mas. Yo rele fèt sa a Pourim paske Aman te fè tiraj osò pou l detwi pèp Izrayèl la.