1. Ki pi move moman, petèt, Pyè te pase nan lavi l?

PYÈ pa t ap janm bliye moman terib sa a kote je l t al tonbe nan je Jezi. Èske l te wè desepsyon ak repwòch nan je Jezi? Nou pa ka fin di sa paske Pawòl Bondye a jis fè n konnen: “Seyè a vire, li gade Pyè fiks.” ​(Lik 22:61). Ti koudèy sa a te fè Pyè santi jis nan ki pwen sa l te fè a te grav. Li te rann li kont li fèk sot fè sa Jezi te di l li t ap fè a, yon bagay li te di li pa t ap janm fè: li te trayi Mèt li te renmen anpil la. Petèt, se te pi move moman Pyè te pase nan lavi l.

2. Ki leson Pyè te bezwen aprann, e ki sa n ka aprann nan sa k te rive Pyè a?

2 Men, sitiyasyon an pa t sanzespwa. Etandone Pyè te yon moun ki gen anpil lafwa, li te toujou gen posiblite pou l repare fot li a e pou l aprann youn nan leson ki pi enpòtan Jezi t apral anseye l. Jezi t apral aprann li sa padone vle di. Piske nou chak bezwen aprann menm leson an, ann wè fason Pyè te aprann leson sa a.

Yon moun ki te gen anpil bagay pou l aprann

3, 4. a) Ki kesyon Pyè te poze Jezi, e ki sa petèt Pyè te panse? b) Ki jan Jezi te montre se tandans moun nan epòk la ki te enfliyanse Pyè?

3 Anviwon sis mwa anvan sa, pandan Pyè te Kapènawòm, vil kote l te abite a, li te pwoche kot Jezi epi l di l: “Seyè, konbyen fwa pou yon frè m peche kont mwen pou m padone l? Jiska sèt fwa?” Sanble Pyè te panse l se yon moun ki gen anpil bonte. Anfèt, nan epòk la, chèf relijye yo te anseye yon moun dwe padone yon lòt twa fwa sèlman. Men repons Jezi te bay Pyè: “Se pa jiska sèt fwa, men, jiska 77 fwa.” — Mat. 18:21, 22.

4 Èske Jezi te vle di Pyè dwe gen yon kaye pou l make kantite fwa yon moun peche kont li? Non, olye de sa, lè l te di Pyè se pa jiska 7 fwa, men se jiska 77 fwa a, li te vle di l li pa dwe limite kantite fwa l dwe padone yon moun (1 Kor. 13:4, 5). Jezi te montre Pyè te kite tandans kè di ak tandans pa renmen padone moun nan epòk la gen enfliyans sou li, yon tandans kote moun  yo te konn konte kantite fwa yo padone moun. Sepandan, si n vle imite Bondye, nou dwe dispoze padone lòt moun san grate tèt. — Li  1 Jan 1:7-9.

5. Ki lè n ka pi byen konprann sa padone vle di?

5 Pyè pa t fè diskisyon ak Jezi. Men, èske leson Jezi te bay Pyè a te vrèman touche kè l? Pafwa, nou vin pi byen konprann sa padone vle di lè n rann nou kont nan ki degre nou bezwen lòt moun padone nou. Pou rezon sa a, annou retounen nan evènman ki te mennen nan lanmò Jezi. Nan moman difisil sa yo, Pyè te fè anpil bagay pou Mèt li a padone l.

Jezi te padone Pyè plizyè fwa

6. Ki jan Pyè te reyaji lè Jezi t ap anseye apot li yo enpòtans pou yo demontre imilite, e ki jan Jezi te boule avè l?

6 Dènye nuit Jezi te pase sou tè a antanke moun te yon nuit ki enpòtan anpil. Jezi te toujou gen anpil bagay pou l anseye apot li yo, imilite se youn ladan yo. Jezi te bay egzanp nan domèn sa a lè, avèk imilite, li te lave pye apot yo, yon travay, an jeneral, se sèvitè ki gen mwens enpòtans nan yon kay ki te konn fè l. Toudabò, Pyè pa t konprann sa Jezi te fè a. Donk, li pa t dakò pou Jezi lave pye l. Apre sa, li te ensiste pou se pa pye l sèlman Jezi lave, men pou l lave men l ak tèt li tou. Jezi pa t pèdi pasyans, men, avèk kalm, li te esplike apot yo enpòtans sa l te fè a e l te ede yo konprann sans aksyon l lan genyen. — Jan 13:1-17.

7, 8. a) Ki jan Pyè te mete pasyans Jezi aleprèv plis toujou? b) Ki jan Jezi te kontinye montre l dispoze padone?

7 Yon ti tan apre sa, Pyè te mete pasyans Jezi aleprèv plis toujou. Apot yo tonbe fè diskisyon pou konnen kiyès nan yo ki gen plis enpòtans e sandout, Pyè te nan diskisyon an tou, yon diskisyon ki te yon wont pou yo e ki te montre ògèy yo gen lakay yo. Sepandan, avèk bonte, Jezi te korije move pwennvi yo te genyen an e l te menm felisite yo pou bon bagay yo te deja fè dèske yo te ret atache fidèlman ak Mèt yo a. Sepandan, Jezi te predi yo t ap abandone l. Pyè te di li pa t ap janm kite Jezi, menm devan lanmò. Jezi te predi anvan yon kòk chante de fwa Pyè t ap nye l twa fwa nan menm nuit lan. Lè sa a, nonsèlman Pyè te montre l pa t dakò ak sa Jezi te di a, men l te fè tèt li pase pou yon pakèt afè tou lè l te pretann li t ap montre l pi fidèl pase tout lòt apot yo. — Mat. 26:31-35; Mak 14:27-31; Lik 22:24-28; Jan 13:36-38.

8 Èske Jezi te pèdi pasyans ak Pyè? Anfèt, pandan moman difisil sa a, Jezi te kontinye ap chèche sa ki bon lakay apot li yo ki enpafè. Li te konnen Pyè t ap abandone l, men, ak tout sa li te di l:  “Mwen sipliye Bondye pou ou pou lafwa w pa febli. E ou menm, yonfwa w retounen, bay frè w yo fòs.” ​(Lik 22:32). Konsa, Jezi te montre l gen konfyans Pyè t ap reprann li e l t ap kontinye nan sèvis li t ap bay Bondye a fidèlman. Ala yon bèl etadespri ki montre jan Jezi dispoze padone!

9, 10. a) Ki jan Jezi te korije Pyè nan jaden Jetsemane a? b) Ki sa sitiyasyon Pyè a ka fè n sonje?

9 Annapre, nan jaden Jetsemane a, Pyè te bezwen pou Jezi korije l plizyè fwa. Jezi te mande Pyè ansanm ak Jak ak Jan pou yo kontinye veye pandan l al priye. Jezi te enkyè anpil e l te bezwen èd yo, men, chak fwa l te retounen bò kote yo, li te jwenn y ap dòmi. Jezi te montre l gen konpasyon e l te montre l te padone yo lè l te di pawòl sa a: “Se vre, lespri a byen dispoze, men chè a fèb.” — Mak 14:32-41.

10 Yon ti tan apre sa, yon foul moun te vin parèt, yo te gen tòch, epe ak baton nan men yo. Se te yon moman pou disip yo montre yo gen bon konprann e pou yo te aji ak prekosyon. Poutan, san reflechi, Pyè rale yon epe pou l koupe tèt Malkis, esklav gran prèt la epi l koupe zòrèy li. Avèk kalm, Jezi te korije Pyè e l te esplike l yon prensip ki montre nesesite pou yo pa fè vyolans, yon prensip disip Jezi yo ap suiv jis jodi a (Mat. 26:47-55; Lik 22:47-51; Jan 18:10, 11). Pyè te deja fè plizyè bagay ki te bay Mèt li a okazyon pou l padone l. Sitiyasyon Pyè a fè n sonje nou tout nou peche tanzantan. (Li Jak 3:2.) Kiyès nan nou ki pa bezwen pou Bondye padone l chak jou? Sepandan, nuit sa a potko prèt pou fini pou Pyè. Gen lòt evènman pi grav toujou ki t ap tann li.

Pi gwo fot Pyè te fè a

11, 12. a) Ki jan Pyè te montre l gen kouraj apre yo te arete Jezi? b) Nan ki sans Pyè pa t fè sa l te di li t ap fè a?

11 Jezi te rezone ak foul la, li te di yo kite apot li yo ale si se li menm y ap chèche. Pyè pa t ka fè anyen pandan yo t ap mare Jezi. Apre sa, menm jan ak lòt apot yo, Pyè te chape poul li.

12 Pyè ak Jan te fè yon ti kanpe, petèt bò kay Àn, ansyen gran prèt la, kote yo te mennen Jezi an premye pou yo te ka poze l kesyon. Pandan yo t ap soti ak Jezi, Pyè ak Jan t ap suiv yo, men “nan yon bèl distans”. (Mat. 26:58; Jan 18:12, 13.) Pyè pa t yon moun ki kapon. Se sèten sa te mande anpil kouraj pou l te suiv kote yo prale ak Jezi. Foul la te gen zam e Pyè te deja blese youn nan yo. Sepandan, fason Pyè aji a pa t demontre li te gen kalite lanmou fidèl li te deklare li t ap genyen an kote l t ap dispoze mouri ak Mèt li a si sa ta nesesè. — Mak 14:31.

13. Ki sèl fason pou yon moun byen suiv Kris?

 13 Menm jan ak Pyè, jodi a gen anpil moun k ap chèche suiv Kris “nan yon bèl distans”, sa vle di yon fason pou moun pa wè yo. Sepandan, tankou Pyè te vin ekri sa annapre, sèl fason pou yon moun byen suiv Kris, se lè l fè tout sa l kapab pou l ret pwòch ak Kris otank posib, lè l imite egzanp li nan tout domèn kèlkeswa konsekans sa ka genyen. — Li 1 Pyè 2:21.

14. Kòman Pyè te pase nuit lan pandan yo t ap jije Jezi?

14 Pyè te kontinye suiv moun ki te arete Jezi yo avèk anpil prekosyon jis yo rive nan youn nan pi gwo kay ki te genyen nan Jerizalèm. Se te kay Kayif, gran prèt la, yon moun ki te rich e ki te gen anpil pouvwa. Yo te konn konstwi jan de kay sa yo toutotou yon lakou, e devan lakou a te konn gen yon baryè pou moun antre. Lè Pyè te rive devan baryè a, yo pa t vle kite l antre. Piske gran prèt la te konnen Jan epi Jan te deja nan lakou a, li t al pale ak moun ki t ap siveye baryè a e l mande l pou l kite Pyè antre. Men, sanble Pyè pa t rete toupre Jan nan lakou a, ni li pa t chèche antre anndan kay la pou l ansanm ak Mèt li a. Li te rete nan lakou a kote te gen kèk esklav ak kèk sèvitè gran prèt la ki te bò yon dife pou yo chofe kò yo pandan nuit lan, li t ap gade jan kèk moun t ap rantre youn apre lòt pou y al bay fo temwayaj sou Jezi. — Mak 14:54-57; Jan 18:15,16, 18.

15, 16. Esplike kòman pwofesi Jezi te bay kote l te di Pyè t ap nye l twa fwa a te reyalize.

15 Fi ki te kite Pyè antre a te rive pi byen wè l nan limyè dife a. Li te rekonèt li. Pou l akize Pyè, li di l: “Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Galile a!” Pyè ki pa t atann yo t apral fè l yon remak konsa te di li pa konn Jezi e l te menm di li pa konn sa fi a ap pale a. Pyè te deplase al kanpe toupre baryè a pou moun pa t remake l, men gen yon lòt fi ki te wè l epi l lonje dwèt sou li, li di: “Mesye sa a te avèk Jezi, moun Nazarèt la.” Pyè te sèmante, li di: “Mwen pa konn moun w ap pale a!” ​(Mat. 26:69-72; Mak 14:66-68). Petèt, se apre Pyè te fin di l pa konn Jezi yon dezyèm fwa a li te tande yon kòk chante, men, lespri l te twò okipe pou l sonje sa Jezi te di l kèk èdtan anvan sa.

16 Yon ti tan annapre, Pyè te toujou ap chèche yon fason pou moun pa rekonèt li. Men, gen yon gwoup moun nan lakou a ki te pwoche bò kote l. Youn nan yo se te fanmi Malkis, esklav Pyè te blese a. Li di Pyè: “Se pa ou menm mwen te wè nan jaden an avè l la?” Pyè te fè tout sa l kapab pou l konvenk yo sa y ap di a pa laverite. Konsa, li te sèmante, li mande pou malè rive l si se manti l ap bay. Se te twazyèm fwa Pyè di li pa konn Jezi. Pandan  li t ap di pawòl sa yo, Pyè te vin tande kòk la chante pou dezyèm fwa nan nuit lan. — Jan 18:26, 27; Mak 14:71, 72.

“Seyè a vire, li gade Pyè fiks.”

17, 18. a) Ki jan Pyè te reyaji lè l te vin rann li kont li te trayi Mèt li a? b) Ki sa Pyè te ka ap mande tèt li?

17 Tousuit apre, Jezi te vin parèt sou yon balkon ki bay sou lakou a. Se nan moman sa a je Pyè t al tonbe nan je Jezi, jan nou te wè sa nan kòmansman chapit sa a. Menm lè a, Pyè te vin rann li kont jan l te trayi Mèt li a. Pyè kite lakou a, li santi kè l ap fann akoz sa l sot fè a. Li pran mache nan vil la ki te gen yon plèn lin ki byen klere wout yo. Dlo kòmanse ponpe nan je l, li te vin pa t ka wè klè ankò, li pa t ka kenbe epi l pete kriye. — Mak 14:72; Lik 22:61, 62.

18 Apre yon moun fè yon fot grav konsa, li fasil pou l ta panse l enposib pou l jwenn padon. Petèt, Pyè t ap mande tèt li èske sa pa rive nan ka pa l. Men, èske se te vre?

Èske sa Pyè te fè a te twò grav pou l jwenn padon?

19. Ki fason Pyè dwe te santi l poutèt fot li te fè a, e sa k fè nou konnen li pa t kite dezespwa pote l ale?

19 Nou pa ka imajine jis nan ki pwen Pyè t ap soufri lè l te kòmanse jou epi l te wè tout sa k te vin pase nan jounen sa a. Jis nan ki pwen l dwe te fache ak tèt li lè Jezi te vin mouri apre yo te fin fè l soufri anpil pandan plizyè èdtan! Pyè dwe te santi kè l t ap rache chak fwa l sonje jan l te ajoute sou soufrans Mèt li a nan dènye jou li t ap pase sou tè a antanke moun. Se sèten, malgre Pyè te tris anpil, li pa t kite dezespwa pote l ale. Nou konnen sa paske, yon ti tan apre, li te reyini ak frè espirityèl li yo ankò (Lik 24:33). Pa gen dout nan sa, tout apot yo te regrèt jan yo te aji nan nuit terib sa a, e youn te chèche rekonfòte lòt.

20. Ki sa n ka aprann nan pi bon desizyon Pyè te ka pran an?

20 Anfèt, lefètke Pyè te reyini ak disip yo, se te youn nan pi bon desizyon l te ka pran. Lè yon sèvitè Bondye fè yon peche, sa k pi enpòtan se pa peche a li menm, men, se detèminasyon li pran pou l fè chanjman ki nesesè yo. (Li Pwovèb 24:16.) Pyè te montre l gen bonjan lafwa lè l te reyini ak frè l yo, malgre l te dekouraje anpil. Lè tristès anvayi yon moun oswa li vin regrèt yon bagay, li ka gen tandans met kò l nan yon kwen, men, se yon danje  si l ta aji konsa (Pwo. 18:1). Pi bon fason pou l ta aji se rete pwòch moun k ap sèvi Jewova yo pou l ka repran fòs nan domèn espirityèl. — Ebre 10:24, 25.

21. Etandone Pyè te ansanm ak lòt disip yo, ki nouvèl li te tande?

21 Etandone Pyè te ansanm ak frè espirityèl li yo, li te tande yon nouvèl ki te fè l sezi anpil paske l te vin aprann kò Jezi pa t anndan kavo a. Pyè ak Jan te kouri al nan kavo byen sele kote yo te mete kò Jezi a. Jan, petèt ki te pi jèn pase Pyè, te rive anvan. Piske l te jwenn antre kavo a ouvè, li te ezite antre. Men, Pyè pa t ezite. Malgre l te bouke, li rantre tou dwat nan kavo a. Men, li te vid. — Jan 20:3-9.

22. Ki sa k te voye tout tristès ak dout Pyè te gen nan kè l yo ale?

22 Èske Pyè te kwè Jezi te resisite vre? Okòmansman, li pa t kwè sa, menmsi kèk medam fidèl te fè yo konnen gen zanj ki te parèt devan yo pou anonse yo Jezi te leve sot nan lanmò (Lik 23:55–24:11). Men, nan fen jounen an, tout tristès ak dout Pyè te gen nan kè l te vole ale. Jezi te vivan kounye a antanke yon espri pisan! Li te parèt devan tout apot li yo. Anvan Jezi te fè sa, li te parèt devan Pyè apa. Jou sa a apot yo te di: “Se toutbon Seyè a leve wi, e li te parèt devan Simon!” ​(Lik 24:34). Pi devan, apot Pòl te ekri menm bagay la konsènan jou estrawòdinè sa a kote Jezi “te parèt devan Sefas, ansuit devan 12 apot yo”. (1 Kor. 15:5.) Sefas ak Simon se de lòt non yo te bay Pyè. Lè Jezi te parèt devan Pyè jou sa a, li klè Pyè te poukont li.

Pyè te fè anpil bagay ki te mande pou Mèt li a padone l, men, kiyès nan nou ki pa bezwen pou Bondye padone l chak jou?

23. Jodi a, poukisa kretyen ki fè peche grav yo bezwen sonje istwa Pyè a?

23 Labib pa di anyen sou bèl rankont Jezi te gen ak Pyè a. Nou ka sèlman imajine jan Pyè dwe te kontan lè l te wè Jezi, Seyè l la li renmen anpil la, vivan ankò e l gen okazyon pou l di l jan l regrèt sa l te fè a e jan sa te fè l mal anpil. Sa Pyè te plis vle jwenn nan men Jezi se te pou Jezi padone l. Nou pa gen dout Jezi te fè sa san grate tèt. Jodi a, kretyen ki fè peche grav yo bezwen sonje istwa Pyè a. Nou pa dwe janm panse peche nou fè a twò grav pou Bondye padone nou. Jezi te byen reflete pèsonalite Papa l, Li menm ki konn ‘padone nèt’ la. — Eza. 55:7.

Lòt prèv ki montre Jezi te padone Pyè

24, 25. a) Esplike ki jan nuit Pyè te fè ap peche sou lanmè Galile a te pase. b) Ki reyaksyon Pyè te genyen devan mirak Jezi te fè nan demen maten an?

24 Jezi te di apot li yo pou y al Galile kote yo t apral rankontre l ankò. Lè apot yo rive, Pyè te deside al peche pwason nan lanmè Galile a. Plizyè moun t al ansanm avè l. Yon fwa ankò, Pyè te nan lak kote l te pase yon bon pati nan lavi l la. Pyè  dwe te santi l alèz kote l ye a, li te ka tande tout ti bri bato a t ap fè, bri vag lanmè a, e l te ka santi jan filè yo graj anba men l. Men, mesye yo te pase tout nuit lan san yo pa t pran okenn pwason. — Mat. 26:32; Jan 21:1-3.

Li plonje nan lanmè a e l naje jis li rive sou tè.

25 Men, lè l te kòmanse fè jou, gen yon moun bò lanmè a ki te rele yo byen fò pou yo jete filè yo pa lòt bò bato a. Yo te koute sa moun nan di a e konsa, yo te pran 153 pwason! Pyè te vin rekonèt moun ki te pale a. Li plonje nan lanmè a e l naje jis li rive sou tè. Jezi te boukannen kèk pwason arebò lanmè a sou chabon  dife e l te bay zanmi fidèl li yo pwason pou yo manje. Li te pale ak Pyè dirèkteman. — Jan 21:4-14.

26, 27. a) Ki posiblite Jezi te bay Pyè an twa fwa? b) Ki aksyon Jezi te fè ki montre l te padone Pyè nèt?

26 Jezi te mande Pyè si l renmen Seyè l la “plis pase sa yo”, e nòmalman li te lonje dwèt li sou pil pwason yo. Èske Pyè potko fin deside nan kè l si l renmen Jezi plis pase biznis pwason an? Menm jan Pyè te di li pa konn Seyè l la an twa fwa a, Jezi te ba l posiblite an twa fwa tou pou l demontre lanmou l gen pou Seyè l la devan zanmi l yo. Toutpandan Pyè t ap montre jan l renmen l, Jezi te di l fason pou l demontre lanmou sa a: Li te dwe met sèvis sakre a anvan tout lòt bagay lè l nouri timouton Kris yo, anpalan de disip fidèl li yo, lè l fòtifye yo epi l pran swen yo. — Lik 22:32; Jan 21:15-17.

27 Konsa, Jezi te montre Pyè te toujou gen valè ni pou li menm ni pou Papa l. Pyè t ap gen pou l jwe yon wòl enpòtan nan kongregasyon an ki anba direksyon Kris. Ala yon bèl aksyon Jezi te fè ki pwouve li te padone Pyè totalman! Se sèten, mizèrikòd Jezi te demontre a te touche Pyè anpil, e sa te pouse l aji.

28. Nan ki sans Pyè te vin byen pote non Jezi te ba l la?

28 Pyè te fè travay Jezi te konfye l la fidèlman, e l te fè sa pandan plizyè ane. Li te fòtifye frè l yo, jan Jezi te ba l lòd fè sa nan nuit anvan l te mouri a. Avèk pasyans ak bonte, Pyè te pran swen disip Kris yo e l te nouri yo. Mesye sa a ki rele Simon an te vin byen pote non Jezi te ba li a, sètadi Pyè, oswa Mas wòch, paske l te vin yon bèl egzanp pou frè yo nan kongregasyon an. Bon enfliyans sa a parèt aklè nan de bèl lèt Pyè te ekri ki te vin fè pati lòt liv enpòtan ki nan Bib la. Anplis de sa, lèt sa yo montre Pyè pa t janm bliye sa Jezi te aprann li sou padon an. — Li 1 Pyè 3:8, 9; 4:8.

29. Ki jan n ka imite lafwa Pyè te genyen an ansanm ak mizèrikòd Mèt li a te demontre a?

29 Nou swete pou nou tout fè menm jan an tou. Èske n mande Bondye padon chak jou pou fot nou fè yo? Èske n aksepte padon sa a e èske n kwè nan pouvwa padon sa a genyen pou l pirifye nou? Anplis de sa, èske n dispoze padone moun ki toutotou nou? Si n fè sa, n ap montre nou imite lafwa Pyè te genyen an ansanm ak mizèrikòd Mèt li a te demontre a.