1-3. a) Poukisa Estè te ka santi l pè al kot mari l? b) Ki kesyon konsènan Estè nou pral egzamine?

ESTÈ t ap eseye kalme l toutpandan l ap antre nan lakou palè a ki te nan vil Souz. Sa pa t fasil pou li. Yo te bati palè a yon fason pou moun ret bouch ouvè lè y ap gade l. Pa egzanp, palè a te gen plizyè imaj yo te grave sou yon seri brik ki vèni e ki gen diferan koulè. Te gen imaj towo bèf ki gen zèl, moun k ap tire flèch, lyon, li te gen yon ekip gwo poto ak yon seri gwo estati. Yo te konstwi palè a sou yon plato ki toupre mòn Zagwòs, yon mòn ki te gen anpil nèj, e moun te ka wè bèl dlo k ap koule nan rivyè Kowaspès la pa anba mòn nan. Chak bagay nan chato a te fèt pou raple vizitè yo gwo pouvwa mesye Estè t apral kote l la genyen, yon mesye ki te rele tèt li: “Gwo wa a”. Epitou, mesye sa a te mari Estè.

2 Petèt w ap mande tèt ou: Mari Estè menm? Asyeris pa t sanble ditou ak kalite mari yon jèn fi Juif ki fidèl ta swete genyen *. Li pa t tankou Abraram, yon mari ki te gen imilite e ki te aksepte koute Sara, madanm li, jan Bondye te mande l sa (Jen. 21:12). Wa a pa t konn anpil bagay oswa l pa t konn anyen ditou ni sou Jewova, Bondye Estè a, ni sou kòmandman Jewova yo. Men, Asyeris te byen konn lwa peyi Pès la, tankou lwa ki te entèdi sa Estè t apral fè a. Ki sa Estè t apral fè? Selon lalwa, si yon moun vin kot wa peyi Pès la san yo pa envite l, moun sa a merite lanmò. Wa a pa t envite Estè vin kote l, men, Estè te deside al kot wa a kanmenm. Pandan li t ap pwoche nan lakou ki te toupre kote wa a te chita a, petèt li te panse se santans lanmò l k ap tann li. — Li Estè 4:11; 5:1.

3 Poukisa Estè te pran yon gwo risk konsa? E ki sa n ka aprann nan lafwa dam estrawòdinè sa a? Toudabò, ann gade ki jan Estè te fè vin rèn nan peyi Pès.

 Fason Estè te leve

4. Ki fason Estè te leve, e ki jan l te fè vin ap viv lakay Madoche, kouzen l?

4 Paran Estè yo te mouri. Nou pa gen detay sou paran l yo ki te rele l Adasa, yon mo ebre yo te konn itilize pou yon ti pyebwa ki gen bèl flè blan e ki pa twò wo. Apre lanmò paran Estè yo, Madoche, yon fanmi Estè, yon bon moun, te pran pitye pou Estè. Madoche te yon gran kouzen Estè. Li te pran Estè lakay li e l leve l tankou pitit fi l. — Estè 2:5-7, 15.

Madoche te gen bon rezon pou l fyè de pitit fi li te adopte a.

5, 6. a) Ki jan Madoche te leve Estè? b) Ki jan de vi Estè ak Madoche t ap mennen nan vil Souz?

5 Madoche ak Estè t ap viv ann egzil nan kapital peyi Pès la, kote li posib pou moun te konn meprize yo akoz relijyon yo ak Lwa yo t ap fè efò pou yo suiv la. Li klè Estè te vin pi pwòch ak Madoche tank Madoche t ap aprann li konnen Jewova, Bondye ki gen mizèrikòd la. Nan tan lontan, Bondye sa a te ede pèp li a soti nan anpil sitiyasyon difisil e l t apral gen pou l fè sa ankò (Lev. 26:44, 45). Sa klè, Estè ak Madoche te vin gen plis lanmou youn pou lòt e yo te vin pi fidèl youn ak lòt.

6 Sanble Madoche te yon fonksyonè nan chato ki te nan vil Souz la, paske l te konn chita bò pòtay chato a ak lòt sèvitè wa a (Estè 2:19, 21; 3:3). Nou pa konn ki travay Estè te konn fè lè l t ap grandi, men nou ka imajine l k ap pran swen gran kouzen l lan e k ap okipe kay la ki te nan zòn pa lòt bò rivyè a ki anfas chato wa a, yon kote moun rich pa abite. Petèt li te renmen al fè mache nan vil Souz kote òfèv yo ak lòt komèsan yo te konn etale machandiz yo. Sanble Estè pa t janm panse yon jou li t ap ka sèvi ak bèl pwodui chè sa yo paske l pa t konn jan lavi l t apral chanje.

“Li te bèl anpil”

7. Sa k fè Vachti te vin pa rèn ankò, e ki sa k te vin pase apre sa?

7 Yon jou, bri t ap kouri nan vil Souz sou pwoblèm ki gen kay wa a. Wa Asyeris  te fè yon gwo resepsyon pou gwo zotobre nan gouvènman l lan, te gen bon manje ak diven. Wa a te deside fè rele Vachti, bèl rèn li an, ki te fè yon gwo resepsyon tou pou medam yo. Men, Vachti te refize al kot wa a. Sa te fè wa a wont, li te an kòlè e l mande konseye l yo ki jan l dwe pini Vachti. Ki sa k te soti? Vachti vin pa rèn ankò. Sèvitè wa a genyen yo t ap chèche bèl jèn fi ki vyèj nan tout peyi a pou wa a ka chwazi yon nouvo rèn. — Estè 1:1–2:4.

8. a) Sa k fè Madoche te ka yon ti jan ap enkyete l tank Estè ap grandi? b) Ki sa n panse nou ka fè pou fason n wè bote fizik ann amoni ak Bib la? (Gade Pwovèb 31:30 tou.)

8 Nou ka imajine Madoche k ap gade Estè detanzantan, li byen fyè e l yon ti jan ap enkyete l tou lè l wè jan ti kouzin li an fin grandi e l vin yon bèl jèn dam. Men sa Bib la di: “Jèn fi a te gen bèl fòm e li te bèl anpil.” ​(Estè 2:7). Lè Bib la ap pale de bote fizik, li fè sa yon fason ki ekilibre, li montre yon moun ki bèl dwe gen sajès ak imilite lakay li tou. Si se pa sa, bote a ka pa itil anyen e li ka lakòz moun gen ògèy ak yon pakèt lòt defo ki pran rasin nan kè a. (Li Pwovèb 11:22.) Èske w pa wè sa vre? Èske bote Estè t ap yon èd pou li oubyen èske l t ap fè l vin gen ògèy? Pi devan, n ap wè sa.

9. a) Ki sa k te rive lè sèvitè wa a genyen yo wè Estè, e sa k fè l dwe te difisil pou l kite Madoche? b) Poukisa Madoche te kite Estè marye ak yon moun ki pap sèvi Bondye? (Gade kare a tou.)

9 Sèvitè wa a genyen yo wè Estè. Yo pran Estè, y al avè l e yo mennen l nan gwo palè ki pa lòt bò rivyè a (Estè 2:8). Sa dwe te difisil ni pou Estè ni pou Madoche, paske yo t ap viv tankou papa ak pitit. Madoche pa t ap renmen pou pitit fi li adopte a ta marye ak yon moun ki pap sèvi Bondye, menmsi moun sa a te yon wa, men, li pa t ka fè anyen pou l anpeche sa fèt *. Nou ka imajine jan Estè pran san l pou l koute konsèy Madoche ap ba li anvan l ale. Pandan yo t ap mennen l nan chato a ki te nan vil Souz, li te gen anpil kesyon nan tèt li. Ki jan lavi l ye kounye a?

“Tout moun ki te wè Estè te apresye l”

10, 11. a) Ki efè kote Estè ap viv kounye a te ka gen sou li byen fasil? b) Ki jan Madoche te montre l gen sousi toutbon pou Estè?

10 Estè te vin ap viv yon fason ki diferan nèt ak fason l t ap viv la. Li te nan mitan “yon pakèt jèn fi” ki sot toupatou nan Anpi pès la. Koutim medam yo, fason yo pale ak fason yo  wè bagay yo te nouvo nèt pou Estè. Te gen yon fonksyonè ki te rele Egayi ki responsab medam yo e medam yo te dwe resevwa yon pakèt swen pandan ennan pou yo ka vin pi bèl, e yo te konn mase kò medam yo ak luil santi bon (Estè 2:8, 12). Kot medam yo te ye a ak lavi yo t ap mennen an te ka fè yo ap wè aparans yo sèlman, yo te ka vin ap pran tèt yo pou yon pakèt afè, e yo te ka vin ap fè konpetisyon. Ki efè sa te gen sou Estè?

11 Pèsonn sou tè a pa t ka gen plis sousi pou Estè pase Madoche. Selon Labib, se chak jou Madoche t ap mache toupre kay medam yo pou l te ka pran nouvèl Estè (Estè 2:11). Chak fwa yon sèvitè nan chato a te bay Madoche kèk enfòmasyon sou Estè, li dwe te fyè anpil menm jan ak yon papa pitit. Poukisa?

12, 13. a) Ki jan moun ki t ap viv bò kot Estè yo te wè l? b) Poukisa Madoche te byen kontan aprann Estè pa t fè konnen li se Juif?

 12 Etandone Egayi te apresye Estè anpil, li te byen boule ak Estè, li te ba l sèt sèvant e l te ba l ret pi bon kote ki te gen nan kay medam yo. Bib la menm fè konnen: “Pandan tan sa a, tout moun ki te wè Estè te apresye l.” ​(Estè 2:9, 15). Èske se sèlman paske l te bèl ki fè yo te apresye l konsa? Non, se pa t pou sa sèlman.

Estè te konnen imilite ak sajès gen plis valè lontan pase aparans fizik.

13 Pa egzanp, Bib la di: “Estè pa t di anyen konsènan pèp li a ak fanmi l, paske Madoche te ba l lòd pou l pa pale sou sa ak pèsonn.” ​(Estè 2:10). Madoche te mande Estè pou l pa di l se Juif, paske moun nan lakou wa a te gen anpil prejije kont pèp li a. Ala kontan Madoche te kontan aprann Estè te kontinye montre sajès ak obeyisans malgre Estè pa t ap viv pre l!

14. Ki jan jèn yo jodi a ka imite Estè?

 14 Menm jan an tou, jodi a, jèn yo ka fè kè paran yo ak moun k ap pran swen yo kontan. Menmsi yo lwen paran yo e y ap viv bò kot moun ki pa serye, moun ki imoral e ki mechan, yo ka reziste kont move enfliyans e yo ka ret atache ak prensip Bondye yo ki jis. Lè yo fè sa, yo fè kè Papa yo ki nan syèl la kontan jan Estè te fè sa. — Li Pwovèb 27:11.

15, 16. a) Ki sa Estè te fè ki fè se li wa a te renmen? b) Poukisa l te ka difisil pou Estè adapte l ak tout chanjman ki te gen nan lavi l?

15 Lè lè a te rive pou yo mennen Estè devan wa a, li te ka chwazi nenpòt bagay li te panse k ap itil li, petèt pou l te ka pi bèl toujou. Men, avèk modesti, Estè pa t mande anyen anplis sa Egayi te di l mande a (Estè 2:15). Sandout, Estè te konprann se pa t bote l sèlman ki t apral fè wa a renmen l, men, se sitou imilite l ak modesti l, yon seri kalite moun pa t ap jwenn fasil lakay lòt medam yo. Èske l te gen rezon panse konsa?

16 Men repons Bib la bay: “Wa a te vin renmen Estè plis pase tout lòt medam yo, Estè te fè wa a apresye l plis pase tout lòt fi ki te vyèj yo e se li wa a te chwazi. Konsa, wa a te mete gwo mouchwa rèn yo konn genyen an nan tèt Estè e li te mete l rèn nan plas Vachti.” ​(Estè 2:17). Sa dwe te difisil pou jèn fi juif sa a, ki gen imilite, rive adapte l ak chanjman ki te vin gen nan lavi l, paske l te yon nouvo rèn e l te vin madanm wa ki te pi pisan sou tè a nan epòk la. Èske pozisyon li te vin genyen an te monte nan tèt li e sa te fè l pran tèt li pou yon pakèt afè? Pa t gen sa pyès.

17. a) Ki fason Estè te kontinye obeyi papa adoptif li? b) Poukisa egzanp Estè kite a enpòtan anpil pou nou jodi a?

17 Estè te kontinye obeyi Madoche, papa adoptif li a. Estè pa t kite pyès moun konnen li se Juif. Anplis de sa, lè Madoche te dekouvri yon konplo yo t ap fè pou yo asasinen wa Asyeris, Estè te obeyi Madoche, li te fè avèti wa a e yo te elimine moun ki te nan konplo yo (Estè 2:20-23). Estè te toujou montre l gen lafwa nan Bondye l la grasa imilite l ak obeyisans li. Se pa ti enpòtan egzanp Estè kite a enpòtan pou nou jodi a, paske moun yo pa bay obeyisans okenn valè, e pifò nan yo pito fè rebèl e yo pito dezobeyi! Men, moun ki gen lafwa toutbon yo bay obeyisans anpil valè, menm jan ak Estè.

 Lafwa Estè pase anba eprèv

18. a) Poukisa Madoche pa t pwostène devan Aman? (Gade nòt anba paj la tou.) b) Ki fason gason ak fi ki fidèl yo imite Madoche jodi a?

18 Yon mesye ki te rele Aman te vin nan gwo pozisyon nan palè Asyeris la. Wa a te nome l premye minis, li te fè l vin konseye prensipal li e l te vin dezyèm gwo chèf nan Anpi pès la. Wa a te pase lòd pou tout moun ki wè fonksyonè sa a pwostène devan l (Estè 3:1-4). Dekrè sa a te bay Madoche pwoblèm. Li te dakò obeyi wa a, men l pa t vle derespekte Bondye nonplis. Aman te sot nan fanmi Agag. Sa vle di li se yon desandan Agag, wa moun Amalèk Samyèl, pwofèt Bondye a, te touye a (1 Sam. 15:33). Moun Amalèk yo te tèlman mechan, yo te fè tèt yo vin ènmi ni Jewova ni pèp Izrayèl la. Moun Amalèk yo, antanke pèp, Bondye te kondane yo (Det. 25:19) *. Kòman yon Juif fidèl te ka fè pwostène devan yon moun Amalèk? Madoche pa t ka fè yon bagay konsa. Li te refize pwostène devan Aman. Jis jounen jodi a, gen gason ak fi ki fidèl ki riske vi yo pou yo ka ret atache ak prensip ki di: “Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm.” — Tra. 5:29.

19. Ki sa Aman te vle fè, e ki sa l te fè pou l konvenk wa a?

19 Aman te vin an kòlè anpil. Nonsèlman l te vle touye Madoche, men l te vle fè touye pèp Madoche a tou. Aman te lage vèni sou Juif yo pou l te ka konvenk wa a. San l pa t site non yo, li te fè wa a konprann pèp sa a se yon pèp ki pa enpòtan, se yon ras moun ki “gaye pami tout pèp ki nan tout tèritwa wayòm” nan. Sa k pi mal la, li te fè wa a konnen yo pap obeyi lwa l yo e konsa, yo se yon bann rebèl ki se yon danje pou gouvènman an. Li te di l ap depoze yon gwo kantite lajan nan trezò wa a pou kouvri depans sa t apral mande pou yo touye tout Juif nan Anpi pès la *. Wa Asyeris te bay Aman bag li te konn itilize pou l poze so a dekwa pou Aman te ka siyen tout dekrè li t ap bezwen pran pou sa. — Estè 3:5-10.

20, 21. a) Ki efè dekrè Aman an te genyen sou Juif yo nan Anpi pès la, san wete Madoche? b) Ki sa Madoche te sipliye Estè pou l fè?

20 Yon ti tan apre, yo te voye mesaje toupatou nan peyi a sou cheval pou anonse santans lanmò ki te tonbe sou pèp  juif la. Imajine ki enpak deklarasyon sa a te genyen lè l te rive jis Jerizalèm kote yon ti rès moun pami pèp juif la ki te sot ann egzil nan peyi Babilòn t ap travay pou yo rekonstwi yon vil ki potko gen miray pou pwoteje l. Petèt, lè Madoche te tande move nouvèl sa a, li te panse ak Juif sa yo, ak zanmi l ansanm ak fanmi l k ap viv nan vil Souz. Sa te tèlman boulvèse l, li chire rad sou li, li met rad sak sou li, li met sann sou tèt li e l pran kriye byen fò nan mitan vil la. Men, Aman li menm te chita ap bwè ak wa a e sa pa t di l anyen pou l te wè tout lapenn li te fè tout Juif yo ak zanmi yo te genyen nan vil Souz. — Li Estè 3:12–4:1.

21 Madoche te konnen l dwe fè yon bagay. Men, ki sa l te ka fè? Estè te tande jan Madoche te nan lapenn, li te voye rad pou li, men, Madoche pa t kite moun konsole l. Petèt, Madoche t ap mande tèt li depi lontan poukisa Jewova, Bondye l ap sèvi a, te kite yo pran Estè, pitit fi li renmen anpil la, pou yo fè l marye ak yon dirijan ki sot nan nasyon yo? Kounye a, rezon an sanble parèt klè. Madoche te voye yon mesaj bay rèn nan pou l al kot wa a, pou l al pale avè l e pou l defann “pèp li a”. — Estè 4:4-8.

22. Poukisa Estè te pè al kot mari l ki te wa? (Gade nòt anba paj la tou.)

 22 Lè Estè tande mesaj sa a, sa ba l gwo kè kase. Se te pi gwo eprèv lafwa Estè te jwenn. Nan repons Estè te voye bay Madoche a, li pa t pè di jan l te pè. Li te raple Madoche lwa wa a te bay la: yo te ka touye yon moun ki t al kot wa a san wa a pa t envite l. Se sèlman si wa a ta lonje baton annò l la sou moun sa a yo pa t ap touye l. Èske Estè te gen rezon pou l panse yo pa t ap touye l, sitou apre sa k te rive Vachti lè l te refize obeyi lòd wa a te ba l pou l vin jwenn wa a? Estè te fè Madoche konnen gentan gen 30 jou ki pase depi wa a pa envite l vin kote l. Piske wa a pa t rele l depi tout tan sa a, li t ap di tèt li genlè wa a pa sou bò l ankò *. — Estè 4:9-11.

23. a) Ki sa Madoche te di Estè pou l te fòtifye lafwa Estè? b) Poukisa l bon pou n imite Madoche?

23 Madoche te reponn Estè yon fason ki fèm pou l te fòtifye lafwa Estè. Li te fè l konnen menm si l pa fè anyen, pèp juif la ap delivre kanmenm. Men, ki jan Estè ta ka panse yo pa t ap fè l anyen lè pèsekisyon an vin pi rèd? Nan pawòl Madoche te di Estè yo, li te montre l gen yon lafwa solid nan Jewova ki pa t ap janm kite yo detwi pèp li a e ki te toujou reyalize pwomès li (Joz. 23:14). Apre sa, Madoche di Estè: “Sa k pou di w si se pa pou rezon sa a ou rive rèn?” ​(Estè 4:12-14). Èske pawòl sa a pa ankouraje n imite Madoche? Li te mete konfyans li nan Jewova, Bondye l la, nèt. Èske se sa n fè tou? — Pwo. 3:5, 6.

Li te gen yon lafwa ki pi solid pase lakrentif pou lanmò

24. Ki jan Estè te montre li gen lafwa ak kouraj?

24 Pou Estè, lè a te rive pou l pran yon desizyon. Li te di  Madoche pou l mande Juif yo pou yo fè jèn pandan twa jou, menm jan avè l. Ti pawòl li te di nan fen mesaj la montre jan l te gen lafwa ak kouraj. Men sa l te di: “Si pou m mouri, m a mouri.” ​(Estè 4:15-17). Pandan twa jou sa yo, li dwe te priye Jewova ak tout kè l plis pase jan l te konn fè sa anvan. Finalman, moman an te rive pou l al kot wa a. Li te abiye ak pi bèl rad li te genyen an e l te fè tout sa l kapab pou wa a kontan wè l.

Estè te riske lavi l pou l ka pwoteje pèp Bondye a.

25. Esplike sa k te pase lè Estè t apral kot mari l la.

25 Jan kòmansman chapit la montre sa, Estè pran wout pou l al nan palè wa a. Nou ka sèlman imajine tout enkyetid ki chaje tèt li ak tout priyè l ap fè nan fon kè l. Li antre nan lakou palè a kote l te ka wè wa Asyeris ki chita sou twòn li. Petèt, li t ap eseye wè ekspresyon vizaj wa a ki te gen yon bèl bab ki gen fòm kare e l te gen yon bann cheve boukle ki byen ranje. Si Estè te gen pou l ret tann, li dwe te santi tan an te long anpil. Men, tan an pa t enpòtan ankò piske mari l te wè l. Sandout wa a te sezi wè l, men l te kontan wè Estè. Li lonje baton annò a bay Estè. — Estè 5:1, 2.

26. Poukisa vrè kretyen yo bezwen gen kouraj menm jan ak Estè, e sa k fè n ka di travay Estè te fèk kòmanse?

26 Wa a te dispoze koute Estè. Estè te ret fidèl ak Bondye e l te riske lavi l pou l pwoteje pèp Bondye a. Konsa, Estè kite yon bèl egzanp pou tout sèvitè Bondye yo antanke yon moun ki te gen lafwa. Jodi a, vrè kretyen yo bay egzanp sa yo anpil valè. Jezi te fè konnen vrè disip li yo t ap renmen youn lòt e yo t ap dispoze fè sakrifis youn pou lòt. (Li Jan 13:34, 35.) Pou n demontre kalite lanmou sa a, byen souvan, sa mande pou n gen kouraj menm jan ak Estè. Sepandan, menm apre Estè te fin riske lavi l pou l pwoteje pèp Bondye a jou sa a, travay li te fèk kòmanse. Ki jan l t apral rive fè wa a konprann Aman, konseye wa a te renmen an, se yon mechan k ap fè konplo sou do Juif yo? Ki jan Estè t ap ka ede Juif yo chape anba konplo sa a? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan chapit ki vin apre a.

^ § 2 Yo panse se Asyeris ki te Zèksès 1ye, wa ki t ap dirije Anpi pès nan kòmansman 5yèm syèk anv. e. n.

^ § 9 Nan chapit 16 la, gade kare ki gen tit: “Kesyon yo poze sou liv Estè a.

^ § 18 Sanble Aman te youn nan dènye desandan Agag yo paske pandan rèy wa Ezekyas la, yo te fè touye “rès moun” Amalèk yo. — 1 Kwo. 4:43.

^ § 19 Aman te bay 10 000 talan ann ajan, sa ki vo plizyè santèn milyon dola ameriken jodi a. Si se Asyeris ki te Zèksès 1ye, kantite lajan sa a dwe te fè òf Aman an pi enteresan paske Zèksès te bezwen lajan pou l reyalize yon pwojè l genyen depi byen lontan ki se fè lagè ak Lagrès, yon pwojè ki t apral lage l nan gwo pwoblèm.

^ § 22 Yo te konnen Zèksès 1ye te yon moun ki te konn chanje lide fasil e ki te gen tanperaman vyolan. Ewodòt, yon istoryen grèk, te pale sou kèk bagay nan gè Zèksès te fè kont peyi Lagrès la. Wa a te bay lòd pou yo met yon seri bato ansanm pou yo te ka fè yon pon pou travèse dlo Elespon an. Apre yon tanpèt te fin kraze pon an, Zèksès te bay lòd pou yo koupe tèt tout enjenyè yo e pou yo bat dlo Elespon an kòm “pinisyon” pandan y ap li yon bann jouman byen fò. Nan menm gè sa a, lè yon mesye rich te mande wa a pou l pa kite pitit gason l al nan lagè, Zèksès te fè koupe pitit gason an an de, epi l fè ekspoze kò a kòm avètisman.