Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Annou imite lafwa yo

 CHAPIT KATÒZ

Li te aprann sa k rele mizèrikòd

Li te aprann sa k rele mizèrikòd

1. Ki gwo vwayaj Jonas te gen pou l fè, e kòman l te santi l lè l t ap reflechi ak kote l t aprale a?

JONAS te gen pou l fè 800 kilomèt ap mache pandan yon mwa oswa plis pou l soti kote l te ye a pou l al Niniv. Li t ap gen kont tan l pou l reflechi. Premye bagay li t ap gen pou l fè, se chwazi ant pran yon wout ki pi kout ak pran yon wout ki gen mwens danje, men ki pi long. Sandout, li dwe te pase nan anpil vale, monte mòn, pase nan gwo Dezè Siri a, janbe gwo rivyè tankou rivyè Efrat la. Mete sou sa, li t ap gen pou l chèche yon kote pou l dòmi pami moun li pa t menm konnen ki t ap viv nan vil ak nan bouk ki nan Siri, Mezopotami ak Asiri. Tank jou yo t ap pase se tank li t ap reflechi sou kote l t aprale a, yon kote l te pè ale e chak pa l te fè te fè l vin pi pre vil Niniv.

2. Ki jan Jonas te rive konprann li pa t ap ka kouri pou asiyasyon Jewova te ba li a?

2 Yon bagay Jonas te byen konnen, sèke l pa t ka kouri pou asiyasyon Jewova te ba li a. Li te deja eseye fè sa. Jan nou te wè sa nan chapit anvan an, avèk pasyans, Jewova te bay Jonas yon gwo leson lè l te fè yon gwo tanpèt vin sou lanmè a e l te fè yon mirak pou yon gwo pwason vale Jonas. Twa jou annapre, gwo pwason an te vomi Jonas tou vivan arebò lanmè a. Jonas te vin yon moun ki pi obeyisan e ki gen plis imilite. — Jonas, chapit 1, 2.

3. Ki kalite Jewova te demontre anvè Jonas, e ki kesyon sa fè n poze?

3 Lè Jewova te bay Jonas lòd ankò pou l al Niniv, pwofèt la te obeyi e li te kòmanse  fè vwayaj la nan direksyon lès. (Li Jonas 3:1-3.) Sepandan, èske l te kite disiplin Jewova te ba li a chanje fason l wè bagay yo? Pa egzanp, Jewova te montre l gen mizèrikòd pou Jonas, li pa t kite l neye, li pa t pini l dèske l te dezobeyi e l te ba l yon lòt chans pou l fè travay li te ba l fè a. Apre tout sa, èske Jonas te aprann gen mizèrikòd pou lòt moun? Souvan, li difisil pou moun ki pa pafè aprann gen mizèrikòd pou lòt moun. Ann wè ki sa n ka aprann nan fason Jonas te aji.

Yon mesaj jijman ak yon reyaksyon moun pa t atann

4, 5. Poukisa Jewova te itilize ekspresyon “Niniv, gwo vil la” lè l t ap pale de Niniv, e ki sa sa aprann nou sou Jewova?

4 Jonas pa t wè moun Niniv yo jan Jewova te wè yo a. Men sa nou li: “Niniv se te yon vil ki gwo anpil.” ​(Jonas 3:3). Pandan twa fwa nan liv Jonas la, lè Jewova t ap pale de vil Niniv li te itilize ekspresyon “Niniv, gwo vil la”. (Jonas 1:2; 3:2; 4:11.) Sa k fè Jewova te wè Niniv kòm yon gwo vil, oswa yon vil ki enpòtan?

 5 Niniv te yon ansyen vil e l te youn nan premye vil Nimwod te konstwi apre delij la. Sanble te gen lòt vil anndan l tèlman l te gwo, e yon moun t ap oblije fè twa jou ap mache pou l soti nan yon bout vil la pou al nan lòt bout la (Jen. 10:11; Jonas 3:3). Vil Niniv te enpresyonan anpil, li te gen bèl tanp, gwo miray, ak anpil lòt konstriksyon. Men, se pa youn nan bagay sa yo ki te fè Niniv vin yon vil ki enpòtan pou Jewova. Sa k te pi enpòtan pou Jewova se moun yo. Nan epòk sa a, te gen anpil moun ki t ap viv Niniv. Malgre yo t ap fè sa k pa bon, Jewova te gen sousi pou yo. Jewova bay lavi moun anpil valè e l bay posiblite chak moun genyen pou yo vire do bay sa ki mal e pou yo aprann fè sa ki byen anpil valè tou.

Jonas te wè Niniv kòm yon gwo vil ki chaje ak moun k ap fè sa k pa bon.

6. a) Sa k fè Jonas te ka yon ti jan pè vil Niniv? (Gade nòt anba paj la tou.) b) Ki sa travay predikasyon Jonas te fè a aprann nou sou li?

6 Finalman, Jonas te rive nan vil Niniv, yon vil ki te gen plis pase 120 000 moun, e pil moun sa yo te ka fè Jonas yon ti jan plis pè toujou *. Li te fè yon jounen ap mache nan gwo vil sa a, petèt pou l te ka jwenn yon kote ki nan mitan vil la pou l kòmanse simaye mesaj li te pote a. Kòman l t apral fè pale ak moun yo? Èske l te aprann pale lang Asiryen yo? Oubyen èske Jewova te fè l pale lang sa a grasa yon mirak? Nou pa konnen. Petèt Jonas te bay mesaj la nan lang pa l, ann ebre, epi l te chèche yon moun pou tradui mesaj la nan lang moun Niniv yo. Antouka, mesaj Jonas la pa t difisil pou moun konprann e mesaj sa a pa t ap fè moun yo renmen l. Men sa Jonas t ap di yo: “Nan 40 jou ankò, Niniv pral detwi.” ​(Jonas 3:4). Li pa t pè bay moun Niniv yo mesaj sa a plizyè fwa, sa ki montre l te gen anpil kouraj ak lafwa, yon seri kalite kretyen yo plis bezwen jodi a pase nenpòt lòt lè.

Mesaj Jonas la pa t difisil pou moun konprann e mesaj sa a pa t ap fè moun yo renmen l.

7, 8. a) Ki jan moun Niniv yo te reyaji lè yo te tande mesaj Jonas la? b) Ki jan wa a te reyaji lè l te tande mesaj Jonas la?

7 Mesaj Jonas la te rive nan zòrèy moun Niniv yo. Petèt Jonas te panse mesaj li a t ap fè yo fache anpil e yo t ap anvi kraze brize. Olye de sa, sa k te pase a te fè moun sezi. Moun Niniv yo te aksepte mesaj Jonas la! Mesaj la te gaye tankou dife. Nan yon  bat je, tout vil la t ap pale de malè Jonas te anonse sou vil la. (Li Jonas 3:5.) Tout moun te repanti, jèn kou granmoun, rich kou pòv, moun vanyan kou moun fèb e yo te refize manje. Sa pa t pran tan pou nouvèl yo te rive nan zòrèy wa a.

Jonas te bezwen anpil kouraj ak lafwa pou l te bay moun Niniv yo mesaj Jewova.

8 Lè wa a tande mesaj Jonas la, li repanti tou. Bridsoukou, wa a vin gen lakrentif pou Bondye, li soti sou twòn li, li retire rad chè k te sou li a, li met menm rad ak tout moun nan pèp la, epi “li chita nan sann”. Li menm ak “moun li met nan gwo pozisyon yo”, oswa gwo potanta yo, te fè jèn moun yo te fè san pèsonn pa t fòse yo a vin tounen yon dekrè gouvènman an bay. Li bay lòd pou tout moun met rad sak ni sou yo ni sou bèt yo gade lakay yo *. Avèk imilite, wa a te rekonèt li menm ak pèp li a koupab pou tout mechanste ak vyolans yo te fè. Li te gen espwa vrè Dye a t ap fè yo mizèrikòd si yo repanti, se sa k fè l te di: “Sa k pou di si vrè Dye a [...] pap sispann an kòlè anpil kont nou, pou n pa peri.” — Jonas 3:6-9.

9. Ki sa kèk moun di yo pa fin kwè konsènan moun Niniv yo, men ki sa k montre yo nan erè?

9 Gen kèk moun ki pa fin kwè moun Niniv yo te repanti vit konsa. Men, gen biblis ki fè konnen se pa sipèstisyon oswa paske moun yo te chanje lide fasil ki fè yo te reyaji konsa nan epòk la. Anplis de sa, nou konnen sa moun sa yo di yo pa chita sou anyen, paske Jezi Kris li menm te pale de repanti moun Niniv yo te repanti a. (Li Matye 12:41.) Jezi te konn sa l t ap di piske l t ap gade jan bagay yo t ap pase detan l nan syèl la (Jan 8:57, 58). Verite a sèke nou pa dwe janm panse li enposib pou yon moun chanje, menmsi moun sa a sanble moun ki pi mechan ki egziste. Se sèl Jewova ki ka li sa k nan kè moun.

Diferans ant mizèrikòd Bondye ak jijman lèzòm

10, 11. a) Kòman Jewova te reyaji lè l te wè moun Niniv yo repanti? b) Ki sa k fè n ka sèten Jewova pa t fè erè lè l te deside pa pini moun Niniv yo?

10 Ki jan Jewova te reyaji lè l wè moun Niniv yo repanti? Men sa Jonas te ekri annapre: “Vrè Dye a te wè sa yo te fè a, jan  yo te kite move chemen yo te pran yo, li te chanje lide konsènan malè li te di l ap lage sou yo a, e li pa t lage malè a sou yo.” — Jonas 3:10.

11 Èske sa vle di Jewova te wè desizyon l te pran pou l pini moun Niniv yo kòm yon erè? Non. Bib la esplike Jewova se yon Bondye ki dwat e ki jis. (Li Detewonòm 32:4.) Jewova te retounen sou desizyon l te pran an paske l pa t an kòlè kont moun Niniv yo ankò e l te wè yo chanje e yo pa t merite pinisyon ankò. Nan okazyon sa a, li te montre l gen mizèrikòd lakay li.

12, 13. a) Ki jan Jewova montre l rezonab, li ka adapte l ak yon sitiyasyon e l gen mizèrikòd? b) Poukisa pwofesi Jonas la pa t yon manti?

12 Jewova pa yon Bondye ki gen kè di, ki san pitye e ki mechan jan kèk chèf relijye vle fè konprann sa. Okontrè, li rezonab, li ka adapte l ak yon sitiyasyon e l gen mizèrikòd. Anvan Jewova detwi mechan yo, li voye reprezantan l gen sou tè a al avèti yo paske l t ap pi pito wè mechan yo fè sa moun Niniv yo te fè a, pou yo repanti e pou yo vire do bay move bagay y ap fè yo (Eze. 33:11). Men sa Jewova te di pwofèt Jeremi: “Lè m di m ap derasinen yon nasyon oswa yon wayòm, m ap kraze l e m ap detwi l, si nasyon sa a vire do bay move bagay l ap fè yo, yon seri bagay mwen kondane, mwen menm tou, m ap chanje lide konsènan malè m te prevwa lage sou li a.” — Jer. 18:7, 8.

Bondye t ap pi pito wè mechan yo fè sa moun Niniv yo te fè a, pou yo repanti e pou yo vire do bay move bagay y ap fè yo.

13 Èske pwofesi Jonas t ap anonse a te yon manti? Non, paske se te yon avètisman pou fè moun Niniv yo chanje move fason yo t ap aji, e yo te fè sa vre. Depi moun Niniv yo te retounen al fè sa ki mal, Bondye t ap pini yo jan l te anonse sa. Se sa menm ki te vin rive yo annapre. — Sof. 2:13-15.

14. Kòman Jonas te reyaji lè Jewova te fè moun Niniv yo mizèrikòd?

14 Ki reyaksyon Jonas te genyen lè l wè Bondye pa detwi Niniv nan lè l te panse a? Men sa nou li: “Sa pa t fè Jonas plezi ditou, e li te vin fache anpil.” ​(Jonas 4:1). Jonas te menm fè yon priyè ki sanble se repwoche l t ap repwoche Toupisan an! Li te di pito l te ret lakay li, nan peyi l. Li t ap di li te konnen se konsa sa t ap pase, Jewova pa t ap lage okenn malè sou moun Niniv yo e l te menm sèvi ak sa kòm eskiz pou l montre l te gen rezon kouri al Tasis. Apre sa, li te mande lanmò, li te di pito l mouri pase l viv. — Li Jonas 4:2, 3.

15. a) Ki sa petèt ki te ka fè Jonas vin fache epi l ap plenyen sò l? b) Ki jan Jewova te boule ak pwofèt li a ki te nan gwo lapenn?

15 Ki sa k te bay Jonas pwoblèm konsa a? Nou pa konn tout  sa k t ap pase nan tèt Jonas, men, nou konnen Jonas te deja fin anonse moun Niniv yo Bondye pral detwi yo e yo te kwè l. Men kounye a, pa gen okenn malè ki rive vre. Èske l te pè pou yo pa t pase l nan rizib oswa pou yo pa t lage etikèt fo pwofèt sou do l? Kèlkeswa jan sa te ye, Jonas pa t kontan wè moun Niniv yo repanti e pou Jewova fè yo mizèrikòd. Olye de sa, Jonas te vin fache anpil, li te kontinye ap plenyen sò l, li te santi se yon imilyasyon pou li. Aktout sa, li klè, Bondye Jonas la, ki gen mizèrikòd, te toujou wè sa k bon lakay pwofèt sa a ki te nan gwo lapenn. Olye Jewova te pini Jonas paske l pa t montre l gen respè pou li, avèk jantiyès, Jewova te sèlman poze l yon kesyon pou fè l reflechi, li mande l: “Èske w gen rezon pou w fache anpil konsa?” ​(Jonas 4:4). Èske Jonas te bay yon repons? Bib la pa di anyen sou sa.

16. Nan ki domèn kèk moun santi yo pa dakò ak Bondye, e ki leson n ka aprann nan sa k te rive Jonas la?

16 Li fasil pou n jije Jonas pou fason l te aji a, men, l ap bon pou n sonje se pa premye fwa moun ki pa pafè pa dakò ak sa Bondye fè. Gen kèk moun ki kwè Jewova te dwe anpeche malè rive oswa li pa t dwe pran tout tan sa a pou l pini mechan yo. Yo menm kwè Bondye te dwe deja detwi sistèm n ap viv ladan l lan. Sa k te rive Jonas la fè n sonje lè n pa fin dakò ak Jewova, se toujou nou menm ki pou chanje fason n wè bagay yo, se pa Jewova.

Fason Jewova te anseye Jonas mizèrikòd

17, 18. a) Ki sa Jonas te fè lè l te fin kite Niniv? b) Ki efè mirak Jewova te fè yo, san wete sa k gen rapò ak pye kalbas kouran an, te gen sou Jonas?

17 Pwofèt la, ki pa t kontan ditou, pa t kite Niniv pou l al nan peyi l, men l t al nan direksyon lès, nan yon zòn ki plen mòn e l t ap gade Niniv anba a. Li te fè yon ti tonèl, li chita ap tann epi l ap gade Niniv. Petèt, li te toujou gen espwa Bondye ap detwi vil la. Ki sa Jewova t apral anseye nonm tèt di sa a pou l gen mizèrikòd?

18 Pandan nuit lan, Jewova te fè yon ti pye kalbas kouran pouse. Lè Jonas leve, li wè bèl ti pyebwa sa a ki byen fre t ap bay plis lonbray pase ti tonèl tou frèl li te fè a. Se pa ti kontan Jonas te vin kontan! Bib la fè konnen “Jonas te kontan anpil” lè l te wè ti pyebwa a. Petèt, li te panse mirak sa a se siy ki montre Bondye beni l e l gen favè l. Sepandan, Jewova pa t sèlman vle itilize ti plant lan pou l delivre Jonas anba chalè a epi fè l sispann an kòlè, men l te vle touche kè Jonas tou. Se sa k fè Bondye  te vin fè lòt mirak ankò. Li te voye yon vè al atake pye kalbas kouran an e ti pyebwa a te mouri. Apre sa, li fè “yon van cho soti nan direksyon lès” jiskaske chalè te fè Jonas “vin anvi pèdi konesans”. Jonas te vin santi l dekouraje, e li te mande Bondye lanmò ankò. — Jonas 4:6-8.

19, 20. Kòman Jewova te rezone ak Jonas sou pye kalbas kouran an?

19 Yon lòt fwa ankò, Jewova mande Jonas si l gen rezon pou l fache konsa pou pye kalbas kouran an ki mouri a. Olye pou Jonas regrèt sa l te fè a, li te pito ap bay tèt li rezon, li di: “Mwen gen rezon pou m fache, mwen fache pou m mouri.” Se te yon bon moman pou Jewova anseye Jonas yon bèl leson. — Jonas 4:9.

Bondye te sèvi ak pye kalbas kouran an pou l te ede Jonas vin gen mizèrikòd.

20 Bondye te rezone ak Jonas, li te fè l konnen li te fache pou l mouri pou yon senp ti pyebwa ki te pouse nan yon nuit, yon pyebwa li pa t ni plante ni fè pouse. Apre sa, Bondye te di l: “Èske mwen menm tou, mwen pa ta dwe gen pitye pou Niniv, gwo vil la, yon vil ki gen plis pase 120 000 moun ladan l ki pa menm konn sa ki byen  ak sa ki mal, san konte pakèt bèt ki ladan l yo?” — Jonas 4:10, 11 *.

21. a) Ki leson Jewova te anseye Jonas? b) Ki jan istwa Jonas la ede n egzamine tèt nou yon fason ki onèt?

21 Èske n wè tout valè leson Jewova te bay Jonas la genyen? Jonas pa t janm fè anyen pou pran swen pyebwa sa a. Yon lòt bò, se Jewova ki bay moun Niniv yo lavi e se li ki pran swen yo jan l fè sa pou tout bèt sou tè a. Kòman Jonas te fè bay yon ti pyebwa plis valè pase lavi 120 000 moun, san konte bèt yo te genyen yo? Èske se pa paske Jonas te vin ap panse ak tèt li? Antouka, Jonas te gen pitye pou pyebwa a paske l te ede l jwenn lonbray. Èske se pa paske l t ap panse ak tèt li, li pa t vle pou moun mal wè l e l te vle pou moun wè sa l te anonse a fèt vre ki fè l te fache konsa a? Istwa Jonas la ka ede n egzamine tèt nou yon fason ki onèt. Kiyès nan nou ki pa janm gen tandans egoyis konsa? Ala rekonesan nou rekonesan dèske Jewova anseye nou avèk pasyans pou n pa egoyis, pou n gen plis konpasyon ak mizèrikòd menm jan avè l!

22. a) Ki sa k fè n wè enstriksyon ki saj Jewova te bay Jonas yo te gen bon efè sou li? b) Ki leson nou tout bezwen aprann?

22 Kesyon n ap mande tèt nou kounye a se: Èske Jonas te aksepte leson Jewova te anseye l la? Liv ki pote non Jonas la fini ak kesyon Jewova te poze a ki toujou san repons. Gen kèk moun ki ka ap plenyen paske Jonas pa t janm reponn kesyon an. Men an reyalite, repons lan egziste. Se liv Jonas ekri a ki repons lan. Gen prèv byen klè ki montre se Jonas menm ki te ekri liv ki pote non l lan. Annik imajine pwofèt la ki retounen nan peyi l ankò e k ap ekri istwa sa a. Nou ka menm wè l ki gentan granmoun, ki vin pi saj, ki gen plis imilite k ap souke tèt li toutpandan l ap rakonte tout erè l te fè yo, jan l te dezobeyi Jewova ak jan l te refize gen mizèrikòd. Li klè, Jonas te aprann anpil bagay nan ansèyman ki plen sajès Jewova te ba li yo. Li te aprann gen mizèrikòd. Èske n ap gen mizèrikòd tou? — Li Matye 5:7.

^ § 6 Selon sa kèk moun panse, vil Samari, kapital dis tribi Izrayèl la, te gen ant 20 000 ak 30 000 moun ladan l nan epòk Jonas la. Li te gen kat fwa mwens moun pase vil Niniv. Lè tout bagay t ap byen mache nan vil Niniv, petèt se Niniv ki te pi gwo vil nan monn nan.

^ § 8 Detay sa a ka parèt yon ti jan dwòl, men, se pa premye fwa sa te fèt nan tan lontan. Ewodòt, yon istoryen grèk, te fè konnen, nan tan lontan, moun peyi Pès yo te pote dèy pou yon jeneral yo tout te renmen e yo te menm fè bèt yo te genyen pote dèy tou.

^ § 20 Lè Bondye te di moun yo pa konn sa ki byen ak sa ki mal la, li te vle di yo pa konn anyen nan prensip li yo tankou timoun piti.