1, 2. Ki sa petèt Pyè te espere lè Jezi t ap pale nan Kapènawòm, men ki sa k te rive?

PANDAN Pyè te nan sinagòg ki Kapènawòm nan, li t ap gad figi moun ki te antoure Jezi yo, li te enkyete l anpil pou Jezi. Se nan vil Kapènawòm Pyè te rete, se la li te gen biznis lapèch li a sou kot nò lanmè Galile a, e l te gen anpil zanmi, fanmi ak moun ki te konn travay avè l nan vil la tou. Sandout, Pyè te espere moun ki t ap viv nan menm vil avè l yo t ap wè Jezi menm jan avè l, e konsa, yo t ap kontan aprann laverite sou Wayòm Bondye a nan men pi gwo Anseyan an. Men, se pa sa k te rive jou sa a.

2 Anpil moun te sispann koute Jezi. Genyen ki t ap plenyen byen fò e ki te opoze ak mesaj Jezi t ap bay la. Men, sa k te bay Pyè plis pwoblèm se reyaksyon kèk nan disip Jezi yo te genyen. Kè kontan disip sa yo te genyen pou yo aprann lòt verite nan men Jezi a te disparèt sou figi yo. Kounye a, sanble yo te fache e yo te menm an kòlè. Genyen ki te di pawòl Jezi yo chokan. Etandone yo pa t vle tande l ankò, yo te kite sinagòg la epi yo te sispann suiv li. — Li Jan 6:60, 66.

3. Kòman lafwa Pyè te genyen an te ede l toujou rete fidèl?

3 Se te yon moman difisil pou Pyè ak lòt apot yo. Pyè pa t byen konprann pawòl Jezi te di jou sa a. Sandout, li te ka konprann rezon ki fè kèk moun ta ka mal wè pawòl Jezi te di yo si yo te pran pawòl sa yo mo pou mo. Ki sa Pyè t apral fè? Se pa t premye fwa fidelite Pyè anvè Mèt li a te pase anba eprèv e se pa t ap dènye fwa. Ann wè kòman lafwa Pyè te ede l fè fas ak eprèv sa yo e kòman l te ede l rete fidèl.

Li te ret fidèl menm lè lòt moun pa t ret fidèl

4, 5. An plizyè fwa, ki jan Jezi te aji yon fason moun yo pa t atann?

4 Souvan, Pyè te konn sezi wè sa Jezi te konn fè ak sa l te konn di. Se pa ni de ni twa fwa Mèt li a te konn aji epi pale yon  fason moun pa t atann. Pa egzanp, nan lavèy, Jezi te fè yon mirak pou l bay plizyè milye moun manje. Lè moun yo wè sa, yo te vle fè l vin wa. Men, Jezi te fè anpil moun sezi lè l te retire kò l epi l te fè disip li yo pran bato pou y al Kapènawòm. Pandan disip yo te nan bato a nan lannuit, yon lòt fwa ankò, Jezi te fè yo sezi lè yo te wè l ap mache sou lanmè Galile a ki te move anpil epi l te bay Pyè yon leson enpòtan sou lafwa.

5 Nan maten, byen vit yo te rann yo kont foul la t ap suiv yo apye arebò lanmè a. Li klè se pa paske foul la te anvi jwenn verite espirityèl la ki fè yo t ap chèche Jezi, men, se pou Jezi te ka fè mirak pou l ba yo manje ankò. Jezi te reprimande yo pou move atitid yo te genyen an, paske yo t ap kouri dèyè bagay materyèl (Jan 6:25-27). Yo te kontinye pale rive jis nan sinagòg Kapènawòm nan kote, yon lòt fwa ankò, Jezi te anseye yon gwo verite moun yo te twouve ki chokan.

6. Ki egzanp Jezi te bay moun ki t ap koute l yo, e ki jan kèk nan yo te reyaji?

6 Jezi pa t vle pou moun yo annik konsidere l kòm moun ki la pou ba yo manje, men l te vle yo konprann li se Moun Bondye voye a, lavi l ak lanmò l antanke moun t apral pèmèt lèzòm gen posiblite pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an. Se sa k fè l te ba yo yon lòt egzanp kote l te konpare tèt li ak lamàn nan epòk Moyiz la, pen ki te sot nan syèl la. Lè kèk moun te montre yo pa t dakò ak sa l te di a, Jezi te pran yon bèl egzanp pou l esplike yo jan l enpòtan pou yo manje chè l e pou yo bwè san l pou yo ka gen lavi. Lè sa a, yo te vin pi fache toujou. Gen kèk nan yo ki te di: “Pawòl sa yo chokan, kiyès ki ka koute yo?” Se konsa anpil nan disip Jezi yo te deside sispann suiv li *. — Jan 6:48-60, 66.

7, 8. a) Ki sa Pyè potko ka konprann konsènan wòl Jezi te genyen an? b) Ki fason Pyè te reponn kesyon Jezi te poze apot yo?

7 Ki sa Pyè t apral fè? Sandout, li menm tou li pa t byen konprann pawòl Jezi te di yo. Li potko ka konprann Jezi te oblije mouri pou l akonpli volonte Bondye. Men, èske Pyè te vle sispann suiv Jezi menm jan ak disip sa yo ki te chanje lide byen fasil? Non, gen yon bagay enpòtan ki te fè Pyè pa t aji menm jan ak yo. Ki sa l te ye?

8 Jezi te vire gade apot li yo epi l mande yo: “E nou menm, nou pa vle ale tou?” ​(Jan 6:67). Li t ap pale ak 12 disip yo, men  se Pyè ki te reponn. Pyè te konn fè sa souvan, petèt paske l te pi gran. Kèlkeswa rezon an, se sèten se li menm ki te pi alèz nan gwoup la pou l di sa l panse. Nan ka sa a, sa l te gen nan panse l la se te bèl pawòl sa a, yon pawòl moun pa janm bliye: “Seyè, kiyès pou n al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an.” — Jan 6:68.

9. Ki jan Pyè te demontre fidelite l anvè Jezi?

9 Èske pawòl sa yo pa touche kè w? Lafwa Pyè te gen nan Jezi a te ede l vin gen yon kalite estrawòdinè: fidelite. Yon fason klè, Pyè te rann li kont Jezi se sèl moun Jewova bay kòm Sovè e se pa mwayen sa Jezi t ap anseye sou Wayòm Bondye a moun yo t ap ka jwenn lavi. Pyè te konnen menmsi l potko ka konprann pawòl Jezi te di yo a, li pa t gen okenn lòt moun pou l al jwenn si l te vle gen favè Bondye ak lavi ki pap janm fini an.

Nou bezwen ret fidèl ak ansèyman Jezi yo, menm lè n pa konprann yo oswa n pa renmen yo.

10. Jodi a, ki jan n ka montre nou fidèl menm jan ak Pyè?

10 Èske se konsa w santi w tou? Malerezman, jodi a, gen anpil moun ki di yo renmen Jezi, men, ki pa fidèl anvè l vre. Bonjan fidelite anvè Kris la mande pou n konsidere ansèyman Jezi yo menm jan ak Pyè. Nou bezwen aprann yo, konprann sans yo e n bezwen viv ann amoni ak yo. Nou dwe fè sa menm lè n pa konprann yon ansèyman oswa n pa renmen yon enstriksyon. Se sèlman si n montre n fidèl n ap gen lavi ki pap janm fini Jezi vle nou jwenn nan. — Li Sòm 97:10.

Li te rete fidèl menm lè li te jwenn koreksyon

11. Ki kote Jezi te mennen disip li yo? (Gade nòt anba paj la tou.)

11 Yon ti tan apre tout aktivite sa yo, Jezi ak apot yo ansanm ak kèk disip te pran yon wout byen long pou y al nan nò peyi a. Moun te ka wè Mòn Èmon, yon mòn ki gen nèj sou tèt li e ki nan limit nò peyi Bondye te pwomèt Izrayelit yo, menm pandan yo sou lanmè Galile a. Tank yo t ap pwoche pi pre mòn nan se tank li te parèt pi wo e yo te monte jis yo rive toupre yon seri ti vil ki toupre Sezare Filip *. Lè w kanpe bèl kote sa a epi w gade nan direksyon sid, ou ka wè pifò peyi Bondye te pwomèt Izrayelit yo, e se la Jezi te poze yo yon kesyon enpòtan.

12, 13. a) Poukisa Jezi te vle konn kiyès foul moun yo panse l ye? b) Ki jan Pyè te montre l gen bonjan lafwa nan repons li te bay Jezi a?

12 Jezi te mande yo: “Kiyès foul moun yo di mwen ye?” Nou ka imajine Pyè k ap gade Jezi e ki santi jan Mèt li a gen  bonte, jan l entèlijan e li pisan. Jezi te vle konnen kiyès foul moun yo panse l ye apre yo te fin wè sa l te fè yo e yo te fin tande sa l te di yo. Disip yo te reponn kesyon an lè yo te repete kèk bagay ki pa kòrèk moun yo te konn di selon sa yo panse sou Jezi. Men, Jezi te vle konnen plis toujou. Li te vle konnen si disip li yo te panse menm jan ak moun sa yo. Li mande yo: “Men, e nou menm, kiyès nou di mwen ye?” — Lik 9:18-20.

13 Yon lòt fwa ankò, Pyè te kouri reponn. Yon fason klè e avèk konviksyon, li di sa anpil nan disip ki te la yo t ap panse nan kè yo. Li di: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.” Nou ka imajine Jezi ki fè yon ti souri bay Pyè toutpandan l ap felisite l ak tout kè l. Jezi te fè Pyè sonje se Jewova Dye ki te fè verite enpòtan sa a klè konsa pou moun ki gen lafwa toutbon yo, se pa t yon moun sou tè a ki te fè sa. Pyè te gen posiblite pou l konprann youn nan gwo verite Jewova te revele yo: idantite Mesi yo te pwomèt depi lontan an, oswa Kris la. — Li Matye 16:16, 17.

14. Ki gwo responsablite Jezi te bay Pyè?

14 Gen yon pwofesi yo te bay nan tan lontan kote yo te rele Kris la wòch moun k ap bati yo jete a (Sòm 118:22; Lik 20:17). Se pwofesi sa a ki te nan tèt Jezi lè l te fè konnen Jewova t apral fòme yon kongregasyon sou wòch sa a menm, sètadi sou mas wòch Pyè te fèk fin idantifye a. Apre sa, Jezi te bay Pyè kèk gwo privilèj nan kongregasyon sa a. Jezi pa t met Pyè chèf sou lòt apot yo, jan kèk moun panse sa, men, li te ba l kèk responsablite. Li te bay Pyè “kle wayòm” nan (Mat. 16:19). Pyè t apral gen privilèj pou l vin premye moun ki bay moun ki soti nan twa gwoup diferan posiblite pou yo antre nan Wayòm Bondye a: Premyèman Juif yo, annapre Samariten yo e finalman moun ki pa t Juif yo.

15. Ki sa k te fè Pyè reprimande Jezi, e ki sa l te di l?

15 Sepandan, pi devan, Jezi te fè konnen y ap egzije plis nan men moun yo bay plis yo e Pyè te youn nan moun sa yo (Lik 12:48). Jezi te kontinye fè yo konnen anpil verite enpòtan konsènan Mesi a, sa ki gen ladan l soufrans ak lanmò li t apral jwenn nan Jerizalèm. Lè Pyè tande pawòl sa yo, sa te boulvèse l anpil. Li te pran Jezi apa pou l reprimande l. Li te di l: “Pa di bagay konsa non Seyè. Sa pa gendwa janm rive w.” — Mat. 16:21, 22.

16. Ki jan Jezi te korije Pyè, e ki gwo leson nou ka aprann nan pawòl Jezi yo?

 16 Sandout, Pyè te vle byen pou Jezi, donk, repons Jezi te ba l la dwe te fè l sezi. Jezi te vire do bay Pyè epi li gade lòt disip yo ki te ka ap panse menm bagay la epi l di: “Pase dèyè m, Satan! Ou se yon obstak pou mwen, paske se pa panse Bondye ou gen nan tèt ou, men se panse lèzòm.” ​(Mat. 16:23; Mak 8:32, 33). Nou ka aprann yon gwo leson nan pawòl Jezi yo. Se pa ti fasil li fasil pou n bay panse nou plis enpòtans pase pa Bondye yo. Si sa rive n, menm lè n vle ede yon moun, san nou pa rann nou kont, nou ka vin ap soutni objektif Satan olye n soutni objektif Bondye. Men, ki jan Pyè te reyaji?

17. Ki sa Jezi te vle di lè l te di Pyè “pase dèyè” m?

17 Pyè dwe te vin konprann Jezi pa t vle di l se Satan Ledyab nan yon sans literal. Dayè, Jezi pa t pale ak Pyè menm jan li te pale ak Satan. Lè Jezi t ap pale ak Satan an, li te di l “al fè wout ou”, alòske l te di Pyè “pase dèyè m”. (Mat. 4:10.) Jezi pa t voye apot li te wè ki gen anpil bon bagay lakay li a jete, men, li te tou senpleman korije move fason Pyè te panse a. Li pa difisil pou n konprann Pyè te dwe sispann kanpe devan Mèt li a tankou yon obstak, men, li te dwe pase dèyè Mèt li a pou l kore tout sa l t ap fè.

Se sèlman si n aksepte disiplin yo ban nou avèk imilite epi n aprann nan yo n ap ka vin pi pwòch Jezi Kris ak Jewova, Papa l.

18. Ki jan Pyè te demontre fidelite l anvè Jezi, e ki jan n ka imite l?

18 Èske Pyè te tonbe defann tèt li, li te fache oswa l te vin estomake? Non, avèk imilite, li te aksepte koreksyon an. Konsa, yon lòt fwa ankò li te montre li fidèl. Pafwa, tout moun k ap suiv Kris yo bezwen jwenn koreksyon. Se sèlman si n aksepte disiplin yo ban nou avèk imilite epi n aprann nan yo n ap ka vin pi pwòch Jezi Kris ak Jewova, Papa l. — Li Pwovèb 4:13.

Pyè te montre l fidèl menm lè Jezi te korije l.

Li te jwenn rekonpans pou fidelite l

19. Ki pawòl Jezi te di ki te fè disip yo sezi, e ki sa Pyè te ka ap mande tèt li?

19 Yon ti tan apre sa, Jezi te di yon lòt pawòl ankò ki te fè yo sezi, li te di: “Anverite m ap di nou sa: Gen kèk nan moun ki kanpe la a ki pap mouri toutotan yo pa wè Pitit lòm nan k ap vini nan Wayòm li.” ​(Mat. 16:28). Se sèten, Pyè te anvi konnen sa pawòl sa yo vle di. Ki sa Jezi te ka vle di? Petèt, Pyè t ap  mande tèt li si gwo koreksyon li te sot resevwa a pa t ap anpeche l jwenn privilèj espesyal sa yo.

20, 21. a) Esplike vizyon Pyè te wè a. b) Kòman konvèsasyon Pyè te tande nan vizyon an te ede l korije panse l?

20 Sepandan, anviwon yon semèn annapre, Jezi te pran Jak, Jan ak Pyè e li te monte “sou yon mòn byen wo”, petèt se te Mòn Èmon ki nan yon distans kèk kilomèt parapò ak kote yo te ye a. Li pwobab pou yo te rive nan aswè piske twa mesye yo t ap goumen ak yon dòmi nan je yo. Men, pandan Jezi t ap priye, gen yon bagay ki te pase ki fè mesye yo pa gen dòmi ankò. — Mat. 17:1; Lik 9:28, 29, 32.

21 Aparans Jezi te kòmanse chanje devan yo. Figi l te kòmanse ap briye jiskaske l te vin klere menm jan ak solèy la. Rad sou li te vin tou blan e rad li t ap briye. Apre sa, gen de moun ki te parèt bò kot Jezi, youn reprezante Moyiz, lòt la reprezante Eli. Yo  t ap pale ak Jezi sou “ale li gen pou l ale a, sa ki te gen pou rive nan Jerizalèm”, sètadi mouri li t apral mouri a ak resisite Bondye t apral resisite l la. Sa klè, Pyè pa t gendwa di Jezi pa t dwe al soufri e l pa t bezwen mouri. — Lik 9:30, 31.

22, 23. a) Ki fason Pyè te montre l toujou chofe pou l demontre yon bèl etadespri? b) Ki lòt rekonpans Pyè, Jak ak Jan te jwenn nan menm nuit sa a?

22 Pyè te santi l oblije patisipe kanmenm nan vizyon estrawòdinè sa a, e petèt li t ap chèche fè vizyon an rete pi lontan toujou. Etandone Eli ak Moyiz sanble t apral kite Jezi, Pyè di: “Anseyan, se yon bon bagay lefètke nou la a. Ebyen, annou monte twa tant, youn pou ou, youn pou Moyiz e youn pou Eli.” Nòmalman, vizyon sa a te fè yo wè sèvitè Jewova yo ki te mouri depi lontan e sèvitè sa yo pa t bezwen pou moun fè tant pou yo. An reyalite, Pyè pa t byen reflechi ak sa l t ap di a. Malgre sa, èske w pa renmen l paske li te toujou chofe pou l demontre yon bèl etadespri? — Lik 9:33.

Vizyon kote aparans Jezi te chanje a te yon benediksyon pou ni Pyè ni Jak ni Jan.

23 Pyè, Jak ak Jan te resevwa yon lòt rekonpans nan menm nuit sa a. Te gen yon nyaj ki te vin fòme e ki te rete pa anlè yo sou mòn nan. Apre sa, yo tande yon vwa ki sot ladan l, se te vwa Jewova Dye! Li te di: “Se Pitit Gason m, li menm mwen chwazi a. Koute l.” Apre sa, vizyon an te fini, epi yo te wè yo poukont yo ak Jezi sou mòn nan. — Lik 9:34-36.

24. a) Ki byenfè vizyon kote aparans Jezi te chanje a te ede Pyè jwenn? b) Ki fason nou ka jwenn byenfè nan vizyon sa a jodi a?

24 Ala yon benediksyon vizyon sa a te ye pou Pyè, e pou nou! Plizyè dizèn ane annapre, Pyè te ekri sou privilèj li te gen nan nuit sa a kote l te wè yon apèsi sou glwa Jezi gen nan syèl la antanke Wa, e l di li te yon “temwen ki wè ak je [l] jan [Jezi] gran”. Vizyon sa a te montre jan anpil pwofesi ki gen nan Pawòl Bondye a se laverite e l te fòtifye lafwa Pyè pou eprèv li t apral jwenn pi devan yo. (Li 2 Pyè 1:16-19.) Vizyon sa a ka fè menm bagay la pou nou tou, si menm jan ak Pyè, nou ret fidèl ak Mèt Jewova mete pou dirije nou an, si n koute l, si n aksepte disiplin ak koreksyon li ban nou e n suiv li avèk imilite jou apre jou.

^ § 6 Nou ka wè jan moun yo nan sinagòg la te chanje lide byen fasil lè n konpare fason yo te reyaji lè yo te tande pawòl Jezi te di yo a ak sa yo te di nan lavèy la lè yo te chofe pou yo rele Jezi pwofèt Bondye a. — Jan 6:14.

^ § 11 Pou yo te soti bò lanmè Galile a pou y al nan bèl rejyon sa a, yo te vwayaje 50 kilomèt soti 210 mèt pi ba pase nivo lanmè a pou rive 350 mèt pi wo pase nivo lanmè a.