Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Annou imite lafwa yo

 CHAPIT NÈF

Li te aji ak bon konprann

Li te aji ak bon konprann

1-3. a) Ki jan malè te fè vin pandye sou kay Abigayil? b) Ki sa n pral aprann sou fi estrawòdinè sa a?

ABIGAYIL te ka wè jan jènjan an pè. E jènjan an te gen rezon pou l pè. Te gen gwo malè ki te pandye sou tèt yo. Pandan l t ap pale a, te gen anviwon 400 sòlda ki t ap vini pou touye tout gason nan kay Nabal, mari Abigayil la. Poukisa yo t apral fè sa?

2 Pwoblèm nan te kòmanse akoz Nabal. Kòm se te abitid li, li te fè yon zak ki derespektan e ki mechan. Men fwa sa a, li t apral jwenn ak pa l! Li te fè dirijan yon gwoup sòlda ki te byen fòme nan zafè lagè fache anpil. Sòlda sa yo, ki te fidèl, te renmen dirijan sa a anpil. Kounye a, youn nan jènjan yo, petèt yon bèje, ki te travay pou Nabal te vin kot Abigayil ak espwa Abigayil t ap ka fè yon jan pou sove yo. Men, ki sa yon sèl fi te ka fè kont yon lame?

Ki sa yon sèl fi te ka fè kont yon lame?

3 Toudabò, ann aprann kèk bagay sou fi estrawòdinè sa a. Ki moun Abigayil te ye? Kòman pwoblèm sa a te fè kòmanse? Epi, ki leson nou ka aprann nan fason li te demontre li gen lafwa?

“Li te gen bonsans e li te yon bèl fi”

4. Ki jan de moun Nabal te ye?

4 Abigayil ak Nabal se de moun ki pa t byen ale ansanm. Nabal pa t ap ka jwenn yon pi bon madanm pase Abigayil. E Abigayil pa t ap ka jwenn yon pi move mari pase Nabal. Se vre, Nabal te gen anpil kòb. Se pou rezon sa a li te pran tèt li pou yon pakèt afè. Men, kòman lòt moun te wè l? Li t ap difisil anpil pou n jwenn yon lòt moun nan Bib la yo pale de li pi mal pase Nabal. Non l vle di “Moun ki pa gen bonsans” oubyen “Moun sòt”. Èske se non sa a paran l te ba li depi l te fèt, oubyen èske se yon ti non lòt moun te ba li ki tou rete? Antouka, kit se sa kit se pa sa, fason l te aji te montre li byen merite non sa a. Nabal te “yon moun ki te di e ki te konn aji mal”. Li te yon  moun ki te renmen fè moun abi, li te tafyatè, anpil moun te pè l e yo pa t renmen l. — 1 Sam. 25:2, 3, 17, 21, 25.

5, 6. a) Dapre ou menm, ki pi bèl kalite Abigayil te genyen? b) Ki sa petèt ki fè se ak yon voryen konsa Abigayil te marye?

5 Abigayil pa t menm moun ak Nabal. Non Abigayil vle di: “Papa m fè tèt li kontan.” Gen anpil papa ki kontan lè yo gen yon pitit fi ki bèl anpil, men, yon papa ki saj pi kontan toujou lè pitit fi l se yon fi ki gen bèl kalite lakay li. Souvan, moun ki bèl anpil pa wè li enpòtan pou yo chèche gen bèl kalite lakay yo tankou bon konprann, sajès, kouraj ak lafwa. Se pa konsa sa te ye pou Abigayil. Nan Bib la yo fè lwanj pou li pou bon konprann li ak bote l. — Li 1 Samyèl 25:3.

6 Gen kèk moun k ap mande tèt yo ki jan yon jèn dam entèlijan konsa te fè marye ak yon voryen konsa. Pa bliye, nan tan lontan, souvan se te paran yo ki te konn chwazi moun pou pitit yo marye. Menm lè sa pa t fèt konsa, li te toujou enpòtan pou paran yo dakò ak chwa pitit la. Èske se lajan ak pouvwa Nabal te genyen ki te vire lòlòj paran Abigayil yo ki fè yo te dakò pou Nabal marye ak Abigayil, oubyen ki fè yo te menm aranje maryaj la? Èske se afè pa bon ki fè yo te dakò pou Abigayil marye ak Nabal? Kèlkeswa rezon an, Nabal pa t yon bon mari ditou pou Abigayil.

7. a) Jodi a, ki sa paran yo dwe evite si yo vle pou pitit yo byen wè maryaj? b) Ki sa Abigayil te detèmine pou l fè?

7 Paran ki saj yo ede pitit yo gen yon bon pwennvi sou maryaj. Yo pa ankouraje pitit yo marye pou lajan e yo pa fè presyon sou pitit yo pou yo kòmanse renmen pandan yo twò jèn, alòske yo poko pare pou responsablite ki gen nan maryaj (1 Kor. 7:36). Sepandan, nan ka Abigayil la, li te deja twò ta pou l fè jan de refleksyon sa yo. Donk, kèlkeswa rezon ki fè Abigayil te marye a, li te gentan fin marye ak Nabal e li te detèmine pou l te fè sa l kapab nan sitiyasyon difisil li te ye a.

Li “rele sou mesye yo, li manke yo dega”

8. De kiyès Nabal te pale lèd la, e sa k fè n ka di misye pa t saj ditou?

8 Nabal te fè sitiyasyon Abigayil la vin pi difisil toujou. Moun Nabal te pale lèd de li a pa t lòt moun, se te David. David se te yon sèvitè Jewova ki fidèl, e pwofèt Samyèl te vide luil sou tèt li, sa k montre Jewova te chwazi l pou vin wa nan plas Sayil (1 Sam. 16:1, 2, 11-13). Etandone David t ap sove anba men Sayil ki te jalou e ki t ap chèche touye l, li t ap viv nan bwa ak 600 sòlda ki fidèl avè l.

9, 10. a) Ki kote David ak sòlda l yo t ap debat ak lavi a? b) Poukisa Nabal te dwe bay sa David ak sòlda l yo t ap fè a valè? (Gade nòt anba paj paragraf 10 la tou.)

9 Nabal t ap viv nan yon zòn ki rele Mawon, men li pwobab pou se Nabal ki te mèt tè ki te toupre vil Kamèl la, yon tè li konn abitye  travay *. Vil nan zòn sa yo te gen anpil ti mòn ki te chaje ak zèb. Se te yon bon kote pou moun gade mouton. Nabal te gen 3 000 mouton. Toutotou vil sa yo se te rak bwa. Te gen gwo dezè Paran an ki te nan direksyon sid. Nan direksyon lès, lè yon moun met tèt nan direksyon Lanmè Sale a, li te pase nan yon seri zòn ki te sèch, e ki te chaje ak ravin ak gwòt. Se nan zòn sa yo David ak sòlda l yo t ap debat ak lavi a. Sandout, yo te fè lachas pou yo jwenn manje e yo te oblije fè fas ak anpil difikilte. Souvan, yo te konn rankontre ak jènjan yo ki t ap travay kòm bèje pou Nabal, mesye rich la.

10 Kòman sòlda sa yo, ki t ap travay di, te trete bèje yo? Li te fasil pou yo pran yon mouton nenpòt lè yo te vle, men yo pa t fè sa. Okontrè, sòlda yo te tankou yon miray toutotou bèje Nabal yo ak mouton l yo pou pwoteje yo. (Li 1 Samyèl 25:15, 16.) Bèje yo ak mouton yo te konn fè fas ak anpil danje. Nan epòk sa a, te chaje ak bèt sovaj ki te ka atake yo. Anplis de sa, fwontyè ki te nan sid Izrayèl la te tèlman pre, sa te fè bandi ki soti nan lòt nasyon ak vòlè vin atake yo souvan *.

11, 12. a) Ki jan David te montre l janti e l respekte Nabal nan mesaj li te voye ba li a? b) Ki pwoblèm ki te gen nan repons Nabal te voye bay David la?

11 Li dwe pa t fasil pou David bay tout sòlda sa yo manje nan dezè a. Konsa, yon jou, David voye dis sòlda pou al mande Nabal pou l ede yo. David te chwazi bon moman an pou l te fè sa. Se te epòk yo te konn taye lenn mouton. E selon koutim nan, nan moman sa a moun yo te renmen bay e yo te konn fè anpil manje. Anplis de sa, David te byen chwazi pawòl li t ap voye di yo. Se te bon ti pawòl, pawòl ki te montre respè. Li te menm pale de tèt li antanke ‘pitit gason Nabal’ nan mesaj li te voye a petèt pou l te montre respè li te gen pou Nabal ki te pi gran pase l. Kòman Nabal te reyaji? — 1 Sam. 25:5-8.

12 Se pa ti fache Nabal te fache! Men sa jènjan nou te pale de li anvan an te esplike Abigayil: “Li rele sou mesye yo, li manke yo dega.” Etandone Nabal te peng, li tonbe plenyen byen fò bay moun yo pou pen, dlo ak vyann li te genyen yo. Nan pawòl li te di yo, li te rabese David e li te konpare David ak yon esklav ki sove kite kay mèt li. Genlè Nabal te wè David menm jan ak Sayil, yon moun ki te rayi David. Sayil ak Nabal pa t wè bagay yo menm jan ak Jewova. Bondye te renmen David e li pa t wè David kòm yon esklav ki te kite mèt li, men kòm wa ki t apral dirije pèp Izrayèl la. — 1 Sam. 25:10, 11, 14.

13. a) Ki premye reyaksyon David pou fason Nabal te manke l dega a? b) Ki sa prensip ki nan Jak 1:20 an ede n konprann nan reyaksyon David la?

 13 Lè mesye yo retounen epi yo di David sa k te pase a, David te vin an kòlè. Men lòd li te ba yo: “Nou tout, met epe nou nan ren nou!” David te pran zam li, li mennen 400 nan sòlda l yo avè l pou y al atake Nabal. Li te sèmante l ap touye tout gason kay Nabal (1 Sam. 25:12, 13, 21, 22). Nou ka konprann rezon ki fè David te an kòlè a, men, fason l te eksprime kòlè a pa t bon. Men sa Bib la di: “Kòlè lèzòm pa reyalize sa jistis Bondye mande.” ​(Jak 1:20). Men, ki sa Abigayil te ka fè pou l sove moun lakay li?

‘Mwen swete pou Bondye beni w poutèt ou gen bonsans!’

14. a) Nan ki sans Abigayil te fè yon premye pa pou l rezoud pwoblèm Nabal te lakòz la? b) Ki leson pratik nou ka aprann nan diferans ki gen ant Nabal ak Abigayil? (Gade nòt anba paj la tou.)

14 Nan yon sans, nou deja wè premye aksyon Abigayil te fè pou l korije gwo pwoblèm sa a. Kontrèman ak Nabal, mari l, Abigayil te dispoze koute. Bon, poukisa yo pa t pale koze a ak Nabal? Men sa jèn sèvitè a te di: “Misye tèlman di, pa gen yon moun ki ka pale avè l.” * (1 Sam. 25:17). Malerezman, lefètke Nabal te pran tèt li pou yon pakèt afè, sa te fè l pa t dispoze koute pèsonn. Jis jounen jodi a, gen anpil moun ki awogan menm jan ak Nabal. Men, jènjan an te konnen Abigayil pa t tankou mari l, e sandout, se pou rezon sa a li t al kot Abigayil pou l fè l konn pwoblèm nan.

Kontrèman ak Nabal, Abigayil te dispoze koute.

15, 16. a) Kòman Abigayil te montre li tankou bon madanm liv Pwovèb la pale de li a? b) Poukisa sa Abigayil te fè a pa t yon rebelyon kont otorite mari l?

15 Abigayil te reflechi vit e li te aji san pèdi tan. Men sa nou li: “Konsa, Abigayil kouri.” Yo itilize menm vèb “kouri” a kat fwa nan istwa sa a pou pale de fason fi sa a te aji. Li te prepare anpil bagay pou l bay David ak mesye ki te avèk David yo. Li te ba yo pen, diven, mouton, grenn griye, gato rezen ak gato fig frans. Sa parèt klè, Abigayil te byen konnen tout sa l te gen nan kay la e l te byen jere kay li menm jan ak bon madanm liv Pwovèb la te vin pale de li a (Pwo. 31:10-31). Li te voye kèk nan sèvitè l yo devan ak pwovizyon yo, epi li suiv yo poukont li. Men sa nou li: “Men, li pa t di Nabal, mari l, anyen.” — 1 Sam. 25:18, 19.

16 Èske sa te vle di Abigayil te rebele kont mari l antanke chèf li? Non. Pa bliye Nabal te aji ak mechanste kont moun Jewova te chwazi  pou vin wa a, yon aksyon ki te ka fè anpil moun lakay Nabal pèdi lavi yo san rezon. Si Abigayil pa t fè anyen, èske sa pa t ap montre li dakò ak aksyon mari l la? Nan ka sa a, li te oblije soumèt devan Bondye anvan l soumèt devan mari l.

17, 18. Ki sa Abigayil te fè lè l rankontre David, ki sa l te di, e sa k fè pawòl li yo te efikas?

17 Nan yon ti tan, Abigayil te rankontre David ak sòlda l yo. Yon lòt fwa ankò, li te fè prese, li te kouri desann sot sou bourik la epi l bese fas atè devan David (1 Sam. 25:20, 23). Apre sa, li fè David konnen jan l santi l, li sipliye David pou l gen mizèrikòd pou mari l ak lòt moun nan kay li. Ki sa k fè pawòl li yo te efikas?

“Pèmèt sèvant ou an pale avè w.”

18 Li te pran pwoblèm nan met sou do l epi l mande David pou l padone l. Li te admèt mari l se yon moun ki sòt, jan siyifikasyon non mari a montre sa, e petèt nan pawòl li, li te fè konprann David twò bon moun pou l ta gaspiye tan l nan pini yon moun tankou mari l. Li te montre l kwè David se reprezantan Jewova, lè l te rekonèt “se pou Jewova [David] ap fè lagè”. Anplis de sa, li te montre l konnen Jewova pwomèt l ap fè David vin wa, paske men sa l te di: “[Jewova] mete w chèf pèp Izrayèl la.” Anplis de sa, li te ankouraje David pou l pa fè anyen ki te ka fè l responsab san moun, pou David pa vin “gen remò”, oubyen pou konsyans li pa vin ap bat li. (Li 1 Samyèl 25:24-31.) Se pa ti jantiyès ak ankourajman ki parèt nan pawòl Abigayil yo!

19. Ki jan David te reyaji devan pawòl Abigayil yo, e poukisa David te fè lwanj pou li?

19 E ki jan David te reyaji? Li te aksepte kado Abigayil te pote yo epi l te di: “Glwa pou Jewova, Bondye Izrayèl la, ki voye w vin rankontre m jodi a! Mwen swete li beni w poutèt ou gen bonsans! Mwen swete pou Bondye beni w, paske jodi a, ou anpeche m fè san koule.” David te fè lwanj pou Abigayil paske Abigayil te montre l gen kouraj e l te aji san pèdi tan pou l vin rankontre l. E David te rekonèt Abigayil te anpeche l fè san koule. Men sa David te di l: “Ou mèt monte al lakay ou anpè.” Epi, avèk imilite, David te di Abigayil: “Mwen koute sa w di a.” — 1 Sam. 25:32-35.

“Men esklav nou an”

20, 21. a) Ki sa w apresye nan fason Abigayil te dispoze retounen al jwenn mari l? b) Ki jan Abigayil te montre l gen kouraj ak bonsans lè l t ap chwazi moman pou l pale ak Nabal?

20 Apre Abigayil te fin ale, li pa t ka bliye rankont li te fè ak David la e l pa t ka pa remake gwo diferans ki genyen ant David, yon moun fidèl e ki janti ak Nabal, mari l, yon moun ki brital. Men, Abigayil pa t ret ap reflechi sou sa. Bib la di: “Apre sa, Abigayil retounen al jwenn Nabal.” Wi, Abigayil te retounen al jwenn mari l e l te  detèmine pou l fè plis efò toujou pou l byen jwe wòl li antanke yon bon madanm pou Nabal. Abigayil te oblije fè mari l konnen li te pote kado bay David ak mesye l yo. Antanke mari Abigayil, Nabal te gen dwa pou l konnen sa k te pase a. Anplis de sa, Abigayil te dwe di mari l li te oblije aji pou malè pa tonbe sou kay li. E li te dwe fè sa anvan yon lòt moun t al di Nabal sa. Ala yon gwo wont pou Nabal paske se madanm li ki te oblije aji! Men, moman an potko rive pou Abigayil di Nabal sa k te pase a paske misye t ap fete tankou yon wa e li te sou anpil. — 1 Sam. 25:36.

Avèk kouraj, Abigayil te fè Nabal konnen sa l te fè ki te sove lavi Nabal.

21 Yon lòt fwa ankò, Abigayil te demontre li gen kouraj e li gen bon konprann lefètke li te tann jis nan demen maten, lè mari l pa t sou ankò, pou l te pale avè l. Konsa, Nabal t ap ka konprann sa Abigayil t ap di a. Men, sa te ka fè Nabal vin pi an kòlè. Malgre sa, l al kot mari l epi li di l tout sa k te pase a. Sandout, Abigayil te atann pou Nabal fache anpil, petèt menm pou l vin vyolan. Olye de sa, Nabal te annik ret chita, li pa t fè anyen. — 1 Sam. 25:37.

22. Ki sa k te rive Nabal, e ki sa sa aprann nou sou moun k ap toupizi moun oswa k ap maltrete moun nan fanmi yo?

22 Ki sa k te rive Nabal? Bib la fè nou konnen “kè Nabal te vin tankou kè yon moun ki mouri. Nabal te vin paralize, li te vin tankou yon wòch.” Petèt li te fè yon stwok. Sepandan, se anviwon dis jou annapre li te vin mouri e se pa t pwoblèm sante a sèlman ki te touye l. Men sa Bib la fè nou konnen: “Jewova frape Nabal, epi Nabal mouri.” ​(1 Sam. 25:38). Grasa aksyon jis sa a Bondye te fè a, Abigayil te tou soti anba soufrans li te gen nan maryaj sa a. Se vre, jodi a Jewova pa fè mirak pou l touye moun, men, istwa sa a ede n sonje Jewova wè tout kalite pwoblèm ki ka genyen nan yon fanmi tankou lè y ap toupizi yon moun oswa y ap maltrete l. Jewova ap toujou fè jistis fèt nan moman li chwazi a. — Li Lik 8:17.

23. Ki lòt benediksyon ankò Abigayil te jwenn, e ki jan l montre privilèj pou l vin madanm David la pa t fè l chanje?

23 Nonsèlman Abigayil te libere anba yon move maryaj, men l te jwenn yon lòt benediksyon tou. Lè David tande Nabal mouri, li voye moun kot Abigayil pou mande Abigayil si l dakò marye avè l. Men sa Abigayil reponn: “Men esklav nou an, mwen se yon sèvant ki la pou lave pye sèvitè mèt mwen an genyen yo.” Sa klè, Abigayil pa t kite ògèy plen tèt li lefètke l te konnen li ka vin madanm David. Li te menm ofri tèt li pou l vin  sèvant moun k ap sèvi David yo. Apre sa, Bib la di li leve byen vit fwa sa a pou l prepare l pou l al jwenn David. — 1 Sam. 25:39-42.

24. Ki difikilte Abigayil te jwenn antanke madanm David, men, ki jan mari l ak Bondye te wè l?

24 Sa pa t vle di tout bagay nan lavi Abigayil t apral dous. Lavi l t apral gen ak David la pa t ap fasil. David te deja marye ak Ayinowam, e menm lè Bondye te pèmèt yon gason gen plizyè madanm, yon lavi konsa dwe te difisil pou medam ki te fidèl yo nan tan lontan. Anplis de sa, David potko wa. Li t apral gen anpil obstak ak difikilte pou l fè fas anvan l te ka sèvi Jewova antanke wa. Men, lefètke Abigayil te ede David, li te soutni l pandan tout vi l e l te ba l yon pitit gason, sa te fè l vin konprann li gen yon mari ki ba l valè e k ap pwoteje l. Gen yon lè, David te menm sove l anba men kidnapè (1 Sam. 30:1-19). Konsa, David te imite Jewova Dye ki renmen e ki bay medam ki gen bon konprann, ki gen kouraj e ki fidèl yo anpil valè.

^ § 9 Yo pap pale la a de Mòn Kamèl ki te nan nò a, kote pwofèt Eli te vin rankontre ak pwofèt Baal yo. (Gade chapit 10 la.) Kamèl y ap pale la a se te yon vil ki te nan pwent dezè sid la.

^ § 10 Petèt David te panse se yon sèvis li t ap bay Jewova Dye lè l t ap pwoteje tè yo ak bèt yo. Nan epòk sa a, se te objektif Jewova pou pitit pitit Abraram, Izarak ak Jakòb yo viv sou tè sa a. Donk, se te yon fòm sèvis sakre sa te ye lè yon moun te pwoteje zòn sa yo kont bandi ak vòlè.

^ § 14 Ekspresyon jènjan an itilize a vle di mo pou mo “yon pitit gason belyal (san valè)”. Gen lòt tradiksyon Labib ki mete “yon moun ki pa vle koute pèsonn” pou yo tradui fraz sa a, e kòm rezilta “sa pa vo lapenn pou moun pale avè l”.