Al gade sa k anndan l

Ale nan lòt meni an

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Temwen Jewova yo

Kreyòl ayisyen

Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017

Kongrè Etidyan Labib yo nan Takoma, Wachintonn, Etazini.

Sa gen santan — 1917

Sa gen santan — 1917

MEN sa Toudegad 1ye janvye 1917 (anglè) te di: “Nouvo ane a kòmanse nan konfli, boulvèsman ak san k ap koule.” Nan epòk sa a, Premye Gè mondyal la, yo te rele Gwo gè a e ki te lakòz anpil moun mouri toupatou sou tè a, te kontinye ap fè raj ann Ewòp.

Malgre Etidyan Labib yo pa t byen konprann sa sa vle di pou yon kretyen pa fè pati monn nan, anpil ladan yo te fè bonjan efò pou yo evite gen dèt san sou do yo. Pa egzanp, Stanley Willis, ki te gen 19 an e ki t ap viv ann Angletè, te  pran detèminasyon pou l pa mele nan zafè monn nan. Akoz pozisyon sa a li te pran, li te gen pou l al devan tribinal. Men sa l te ekri anvan l ale: “Mwen konsidere se yon gwo onè sa ye pou mwen pou m bay temwayaj. Maten an, kolonèl la di m si m refize mete inifòm lame a y ap rele m nan koumasyal (tribinal pou militè yo).”

Kòm Stanley te refize fè sa yo te mande a, yo te kondane l pou l fè travo fòse nan prizon. Men, li te rete pozitif. Men sa l te ekri de mwa apre: “Grasa laverite, nou vin gen ‘lespri ki fè nou gen pisans’ lan e lespri sa a fè nou kapab sipòte [...] yon seri bagay avèk pasyans, yon seri bagay ki pi difisil pou lòt moun sipòte.” Frè sa a te byen pwofite tan l pandan l nan prizon an, men sa l di: “Pandan eprèv mwen sot pase yo, mwen te jwenn anpil tan pou m priye, pou m medite e pou m etidye. Se te yon vrè benediksyon.”

Sa pa t pran lontan pou Etazini te antre nan konfli a. Prezidan Woodrow Wilson te bay yon diskou devan Kongrè ameriken an jou ki te 2 avril 1917 e li te deklare Almay lagè ofisyèlman. Kat jou annapre, Etazini te antre nan gè a. Anvan lontan, kretyen ki Etazini yo te oblije montre yo pap antre nan zafè monn nan.

Pou Etazini te ka jwenn sòlda byen vit, nan mwa me, yo te fè pase yon lwa yo rele Lwa pou sèvis militè. Yon mwa annapre, yo te pase yon lwa ki rele Lwa sou espyonaj. Lwa pou sèvis militè a te bay gouvènman ameriken an dwa pou l annik chwazi gason pou ede nan kesyon gè a, e Lwa sou espyonaj la te fè konnen se yon krim sa ye si yon moun pa aksepte ede yon fason oswa yon lòt nan gè a. Anvan lontan, ènmi laverite yo te ‘sèvi ak lwa sa yo’ pou yo fè sèvitè Jewova yo, ki renmen lapè, soufri. — Sòm 94:20.

Etidyan Labib yo pa t sezi lè pwoblèm te met pye pandan peryòd lagè a, paske plizyè dizèn ane anvan yo te gentan  konnen pwofesi ki te anonse bagay sa yo. Men, anpil ladan yo te sezi lè te vin gen divizyon pami pèp Jewova a.

Yo teste yo e yo vannen yo

Pwoblèm yo te kòmanse Ozetazini yon ti tan apre lanmò Charles Taze Russell. Moun yo t ap mande tèt yo ki jan òganizasyon an t apral kontinye fonksyone e se sa ki te lakòz pwoblèm yo. Frè Russell te anrejistre Zion’s Watch Tower Tract Society a nan ane 1884 e se li ki te prezidan asosyasyon legal sa a pou jis li mouri ann oktòb 1916. Lè Joseph F. Rutherford te vin pran latèt, gen kèk mesye ki te gen enfliyans nan òganizasyon an ki te vin gen anbisyon, e pami yo te gen kat gason ki te fè pati konsèy administrasyon an.

Kat mesye sa yo, ansanm ak plizyè lòt, pa t renmen fason frè Rutherford t ap dirije bagay yo. Youn nan bagay ki te lakòz diskisyon yo se te travay Paul S. L. Johnson t ap fè antanke pèleren oswa siveyan itineran.

Yon ti tan anvan frè Russell mouri, li te voye Johnson ann Angletè kòm reprezantan òganizasyon an. Johnson te gen pou preche bon nouvèl la, pou l vizite kongregasyon yo e pou l bay yon rapò pou travay predikasyon k ap fèt nan zòn nan. Lè l te rive ann Angletè an novanm 1916, frè yo te vrèman byen akeyi l. Malerezman, tout atansyon yo te ba li yo te vin fè l gen ògèy, e li te vin kwè se li ki ta dwe ranplase frè Russell.

Lè kèk moun nan fanmi Betèl Angletè a te opoze ak Johnson, misye te voye yo ale san l pa t gen otorite pou l fè sa. Epitou, li te eseye gen kontwòl kont òganizasyon an genyen nan bank Lonn, sa ki fè frè Rutherford te fè l tounen Etazini.

Lè Johnson tounen Bwouklin, olye li annik aksepte koreksyon yo ba li a, li pa t sispann eseye konvenk frè Rutherford pou yo voye l tounen Angletè pou l kontinye travay li t ap fè a. Lè l wè sa pa mache, li eseye fè konsèy  administrasyon an pran pou li, e gen kat ladan yo ki te fè sa vre.

Kòm frè Rutherford te sispèk mesye sa yo t apral eseye pran lajan òganizasyon an gen nan bank Ozetazini, jan Johnson te eseye fè sa ann Angletè a, li te fè yon fason pou retire yo nan konsèy administrasyon an. Selon lalwa, tout manm asosyasyon an dwe vote chak moun ki pral fè pati konsèy administrasyon an. Men, jou ki te 6 janvye 1917 la, nan reyinyon asosyasyon an fè chak ane a, se twa manm konsèy administrasyon an ki te eli: Joseph F. Rutherford, Andrew N. Pierson, ak William E. Van Amburgh. Yo te gen pòs prezidan, vis prezidan ak sekretè trezorye. Yo pa t fè eleksyon pou lòt kat pòs ki te rete yo. Kòm se vote yo te vote mesye ki te nan pòs sa yo anvan, sa vle di kat mesye ki te vin opoze yo, gen kèk moun ki te panse yo t ap nan pòs sa yo pou toutan. Men, kòm yo pa t eli yo ankò nan reyinyon ki te fèt la, yo te vin pa fè pati konsèy administrasyon an ankò. Se konsa, an jiyè 1917, frè Rutherford, antanke prezidan konsèy la ki te gen dwa nome moun, te nome kat gason fidèl pou ranplase mesye sa yo nan konsèy la.

Jan nou ka imajine, kat mesye yo te fache anpil e yo te kòmanse eseye pran tèt moun pou yo ka tounen nan pozisyon yo. Men yo te pa t reyisi. Byenke gen kèk Etidyan Labib ki te pran pou yo e ki t al fè òganizasyon pa yo, pifò Etidyan Labib yo te rete fidèl, e kat mesye yo pa t retounen nan konsèy administrasyon an.

Pwogrè malgre pwoblèm

Pandan tan sa a, frè Rutherford ansanm ak frè nan Betèl la ki te fidèl yo te kontinye travay pou kore aktivite Wayòm nan. Kantite siveyan itineran oswa pèleren, jan yo te rele yo nan epòk la, te vin ogmante: Li te soti 69 pou rive 93. Kantite kòlpòtè, sa nou rele pyonye jodi a, te soti nan  372 pou rive 461. Mete sou sa, pou premye fwa, yo te nome kòlpòtè espesyal, sa nou rele pyonye oksilyè jodi a. Gen kèk kongregasyon ki te gen jiska 100 kòlpòtè espesyal k ap travay di.

Jou ki te 17 jiyè 1917 la, liv ki te rele Mistè a rive nan bout li (anglè) te parèt. Anvan fen ane a, pa t rete nan liv la ankò e yo te oblije mande enprimri ki te konn fè liv pou nou yo enprime 850 000 lòt liv *.

Frè Russell te kòmanse reyòganize travay nan Betèl la an 1916, e se an 1917 travay la te fini. An desanm 1917, men sa Toudegad te fè konnen: “Travay pou reyòganize biwo a [...] te fini, e kounye a travay la pi byen òganize, tout bagay ap mache swa. Sa pèmèt nou pi efikas, jan nou ka atann pou sa ye nan tout enstitisyon ki byen òganize. [...] Moun ki nan biwo yo pa santi se yon dwa yo genyen pou yo la men yo konsidere sa kòm yon privilèj.”

An septanm 1917, men sa Toudegad te fè konnen: “Depi 1ye janvye, chak mwa nou pwodui plis piblikasyon pase kantite nou te pwodui an 1916 nan menm mwa a. [...] Pou nou menm, li klè se yon prèv ki montre Seyè a beni travay n ap fè isit la nan Bwouklin.”

Yo poko fin teste yo ni vannen yo

Yo te mete opozan yo deyò nan òganizasyon an, e Toudegad te pibliye rezilta vòt yo te fè nan kongregasyon yo ki montre pifò frè ak sè yo te soutni frè Rutherford ak frè nan Betèl la ki te fidèl yo. Men, mesye sa yo potko fin pase anba tès. Malgre ane 1918 la te byen kòmanse, se ane sa a ki t ap anonse moman ki pi tris nan listwa nou nan epòk sa a.

^ § 18 Rive jis nan ane 1920, se enprimri komèsyal ki te konn enprime tout bagay pou nou.