Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Travay 17​:​1-34

SA K LADAN L

  • Pòl ak Silas nan Tesalonik (1-9)

  • Pòl ak Silas nan Bere (10-15)

  • Pòl nan vil Atèn (16-22a)

  • Diskou Pòl fè nan Areyopaj la (22b-34)

17  Apre sa, yo travèse Anfipolis ak Apoloni, e yo rive Tesalonik+, kote Juif yo te gen yon sinagòg.  Se konsa, Pòl antre al jwenn yo, jan l abitye fè sa+, e pandan twa saba, li rezone avèk yo sou Ekriti yo+.  Li t ap ba yo esplikasyon, e li t ap sèvi ak pasaj nan Ekriti yo pou l pwouve yo li te nesesè pou Kris la soufri+ e pou l leve sot nan lanmò+. Li te di: “Jezi m ap anonse nou an, se li ki Kris la.”  Kòm rezilta, kèk ladan yo te vin kwè e yo te vin jwenn Pòl ak Silas+. Gen anpil Grèk ki t ap adore Bondye ki te fè menm bagay la tou ansanm ak yon bonkou medam ki enpòtan.  Men, Juif yo, ki te vin jalou+, pran kèk mesye ki mechan pami vagabon ki sou plas piblik la* met avèk yo, yo vin fòme yon foul moun, e yo met vil la tèt anba. Epi, yo anvayi kay Jazon pou yo chèche Pòl ak Silas mennen bay popilasyon an.  Lè yo pa jwenn yo, yo trennen Jazon ak kèk frè al devan chèf yo nan vil la, e yo di byen fò: “Men mesye sa yo k ap boulvèse* tout tè a rive bò isit la+,  epi Jazon li menm akeyi yo lakay li. Anplis, tout mesye sa yo ap aji kont dekrè Seza yo, yo di gen yon lòt wa yo rele Jezi+.”  Lè foul la ansanm ak chèf yo ki nan vil la tande bagay sa yo, yo vin move anpil.  Jazon ak lòt frè yo te oblije ba yo yon bon kantite lajan pou yo te ka kite yo ale. 10  Kou lannuit rive, frè yo voye Pòl ak Silas Bere. Lè yo rive, yo antre nan sinagòg Juif yo. 11  Twouve, Juif Bere yo te gen pi bon atitid pase Juif Tesalonik yo, paske yo te byen dispoze lè yo t ap resevwa pawòl la, e yo te konn byen egzamine Ekriti yo chak jou pou yo wè si se konsa bagay yo ye vre. 12  Se sa k fè, anpil nan yo te vin kwè, epi, te gen yon bonkou medam ki enpòtan pami Grèk yo ak anpil gason ki te vin kwè tou. 13  Men, lè Juif Tesalonik yo aprann Pòl ap anonse pawòl Bondye a nan Bere tou, yo vin Bere pou yo soulve foul moun yo kont li e pou fè yo fè dezòd+. 14  Menm kote a, frè yo fè Pòl desann al bò lanmè a+. Silas ak Timote yo menm rete. 15  Men, moun ki t ap kondui Pòl yo te mennen l jis Atèn, e apre Pòl fin mande yo pou yo di Silas ak Timote+ pou yo vin jwenn li pi vit posib, yo ale. 16  Twouve, pandan Pòl t ap ret tann yo Atèn, lespri l te vin boulvèse lè l wè jan vil la chaje ak zidòl. 17  Se sa k fè li kòmanse rezone nan sinagòg la avèk Juif yo ansanm ak lòt moun ki t ap adore Bondye yo. E chak jou, li te konn rezone sou plas piblik la* ak moun li te rankontre. 18  Men, te gen kèk filozòf ki t ap suiv ansèyman Epiki* yo e te gen kèk lòt ki t ap suiv ansèyman Zenon* yo ki te pran diskite avè l. Genyen ki t ap di: “Ki sa paladò sa a ap di la a?” Gen lòt ki t ap di: “Genlè l ap preche konsènan lòt kalite dye.” Yo t ap di sa, paske li t ap anonse moun yo bon nouvèl sou Jezi ak sou rezirèksyon an+. 19  Konsa, yo met men sou li, yo mennen l nan Areyopaj la*, epi yo di: “Èske w ka fè nou konnen ki nouvo ansèyman sa a w ap bay la? 20  Paske, ou vin ak kèk bagay ki sonnen dwòl nan zòrèy nou e nou vle konnen sa bagay sa yo vle di.” 21  Anfèt, tout moun Atèn ak etranje ki abite la yo se bagay ki nouvo sèlman yo te pase tan yo ap rakonte oswa ap tande. 22  Lè sa a, Pòl kanpe nan mitan Areyopaj la+, li di: “Moun Atèn, selon tout sa mwen wè, sanble nou pi atache ak dye yo* pase lòt moun yo+. 23  Pa egzanp, pandan mwen t ap pwonmennen e mwen t ap byen gade bagay nou sèvi pou nou fè adorasyon yo, mwen jwenn yon lotèl yo ekri sou li: ‘Pou yon Dye nou pa konnen.’ Kidonk, sa n ap adore san nou pa konnen l lan, se li m ap anonse nou. 24  Bondye ki fè monn nan ak tout sa ki ladan l, li menm ki Mèt* syèl la ak tè a+, li pa abite nan tanp moun fè ak men+, 25  ni li pa mande moun fè anyen pou li nonplis, kòmsi li ta bezwen yon bagay kèlkonk+, paske se li menm ki bay tout moun lavi ak souf+ ak tout bagay. 26  Li sèvi ak yon sèl moun+ pou l fè moun tout nasyon, pou yo abite sou tout kò tè a+. Li fikse tan, e li mete limit kote pou moun rete+, 27  dekwa pou yo chèche Bondye, e menm pou yo tatonnen pou yo jwenn li e pou yo jwenn li vre+, byenke, an reyalite, li pa lwen okenn nan nou. 28  Paske, se grasa li nou gen lavi, nou fè mouvman ak kò nou e nou egziste, jan kèk nan powèt nou yo di sa: ‘Nou menm tou, nou se pitit li.’ 29  “Kidonk, piske nou se pitit Bondye+, nou pa dwe panse Bondye sanble ak bagay ki fèt ak lò oswa ak ajan oubyen ak wòch, bagay lèzòm sèvi ak entèlijans yo ansanm ak imajinasyon yo pou yo fè+. 30  Se vre, Bondye te fèmen je l sou tan kote moun yo te nan inyorans+, men kounye a, l ap fè tout moun tout kote konnen yo dwe repanti. 31  Paske, li fikse yon jou kote li pral sèvi ak yon moun li chwazi pou l jije+ tout tè a avèk jistis, e li bay tout moun yon garanti lè l te resisite moun sa a sot nan lanmò+.” 32  Twouve, lè yo tande Pòl ap pale de rezirèksyon mò, gen ladan yo ki kòmanse pase l nan rizib+, tandiske gen lòt ki di: “N a tande koze sa a yon lòt lè.” 33  Se konsa, Pòl kite yo. 34  Men, gen kèk mesye ki te vin jwenn li, e yo te vin kwè. Pami yo, te gen Dyoniziyis, yon jij nan tribinal Areyopaj la, ak yon dam ki te rele Damaris, ansanm ak lòt moun ankò.

Nòt anba paj

Oswa: “vagabon ki nan mache a”.
Oswa: “mesye sa yo ki lakoz latwoublay sou”.
Oswa: “rezone nan mache a”.
Epiki se te yon filozòf ki fè konnen moun ta dwe pran plezi yo nan lavi a otan yo kapab.
Zenon se te yon filozòf ki fè konnen moun ta dwe viv ann akò ak sa ki lojik, e yo pa ta dwe bay ni doulè ni kè kontan okenn enpòtans. Yo te rele moun k ap suiv Zenon yo Estoyisyen.
Se te yon ti mòn nan vil Atèn tan lontan an, kote pi gwo tribinal peyi a te konn reyini.
Oswa: “sanble nou pi kwè nan dye yo”.
Lit.: “Seyè”.