Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nonb 14​:​1-45

SA K LADAN L

  • Pèp la vle retounen ann Ejip (1-10)

    • Jozye ak Kalèb bay bon rapò (6-9)

  • Jewova fache; Moyiz defann pèp la (11-19)

  • Pinisyon: 40 an nan dezè a (20-38)

  • Moun Amalèk yo pot laviktwa sou Izrayèl (39-45)

14  Annapre, tout pèp la te pran rele byen fò e moun yo te kontinye ap kriye ak dlo nan je pandan tout nuit lan+.  Tout Izrayelit yo te pran plenyen kont Moyiz ak Arawon+, e tout pèp la t ap pale kont yo, yo t ap di: “Pito n te mouri nan peyi Ejip oubyen pito n te mouri nan dezè sa a!  Poukisa Jewova ap mennen nou nan peyi sa a pou n mouri anba kout epe+? Y ap pran+ madanm nou ak pitit nou. Èske l pa pi bon pou nou retounen ann Ejip+?”  Youn te menm ap di lòt: “Annou chwazi yon chèf, epi ann retounen ann Ejip+!”  Lè sa a, Moyiz ak Arawon lage kò yo fas atè devan tout Izrayelit yo ki te rasanble.  Jozye+, pitit gason Noun nan, ak Kalèb+, pitit gason Jefoune a, ki te pami mesye ki t al kòm espyon nan peyi a te chire rad sou yo,  e men sa yo te di tout Izrayelit yo ki te rasanble: “Peyi nou t al ladan l kòm espyon an se yon peyi ki bon anpil anpil+.  Si Jewova kontan ak nou, san mank, l ap mennen nou nan peyi sa a, epi l ap ban nou l. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+.  Men, nou pa dwe fè rebèl ak Jewova e nou pa dwe pè moun ki abite nan peyi a+, paske nou pral kraze yo. Yo pa gen pèsonn pou pwoteje yo, e Jewova avèk nou+. Nou pa bezwen pè yo.” 10  Men, tout pèp la te di y ap kalonnen de mesye sa yo ak kout wòch+. Epi, glwa Jewova te parèt anlè tant reyinyon an devan tout pèp Izrayèl la+. 11  Apre sa, Jewova di Moyiz: “Pandan konbyen tan pèp sa a ap kontinye pa gen respè pou mwen+, e pandan konbyen tan y ap refize mete lafwa nan mwen malgre tout mirak mwen fè nan mitan yo+? 12  M ap lage yon maladi sou yo pou m touye yo, epi m ap fè w vin yon nasyon ki pi gwo e ki gen plis pisans pase yo+.” 13  Men, Moyiz di Jewova: “Ebyen, Ejipsyen yo ou te retire pèp sa a ak pisans ou nan mitan yo a pral tande sa w fè a+ 14  e yo pral fè moun nan peyi a konn sa, yo menm ki te tande se ou menm Jewova ki nan mitan pèp sa a+ e ki te parèt devan pèp la fasafas+. Ou se Jewova, e nyaj ou a anlè tèt yo. Lajounen, ou mache devan yo nan nyaj ki gen fòm yon poto a, e lannuit, ou fè sa nan dife ki gen fòm yon poto a+. 15  Si w touye tout pèp sa a yon sèl kou*, nasyon ki te tande pale de sa w fè yo ap di: 16  ‘Se paske Jewova pa t kapab mennen pèp sa a nan peyi li te fè sèman l ap ba yo a ki fè l touye yo nan dezè a+.’ 17  Tanpri, Jewova, kounye a, fè yo wè w gen anpil pisans, jan w te pwomèt la, lè w te di: 18  ‘Jewova, Sila a ki pa fè kòlè fasil la, ki gen anpil lanmou fidèl+, ki padone erè moun fè ak bagay yo fè ki mal, men li pap pa pini moun ki koupab yo, l ap pini pitit ak pitit pitit pou bagay mal papa yo fè, rive nan twazyèm jenerasyon ak katriyèm jenerasyon+.’ 19  Tanpri, padone peche pèp sa a, selon gwo lanmou ki fidèl ou genyen, menm jan w te padone yo depi lè yo te sot ann Ejip rive jis jounen jodi a+.” 20  Epi, Jewova di: “Mwen padone yo, jan w di a+. 21  Men, yon lòt bò, menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman tout tè a gen pou l plen ak glwa Jewova+. 22  Men, pa gen youn nan moun ki te wè glwa m ak mirak+ mwen te fè ann Ejip ak nan dezè a, e malgre sa ki kontinye pase m anba eprèv+ plizyè fwa* e ki pa koute vwa m+, 23  k ap janm wè peyi mwen te fè sèman m ap bay zansèt yo a. Non, pa gen youn nan moun ki pa gen respè pou mwen yo k ap wè l+. 24  Men, piske sèvitè m nan, Kalèb+, te gen yon lòt mantalite e l te kontinye suiv mwen ak tout kè l, m ap fè l antre nan peyi li t ale a san mank, e desandan l yo ap pran peyi a+. 25  Piske moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo+ abite nan vale a, demen nou dwe kase tèt tounen al pase nan zòn Lanmè Wouj+ pou n al nan dezè a.” 26  Apre sa, Jewova di Moyiz ak Arawon: 27  “Pandan konbyen tan pèp mechan sa a ap kontinye plenyen kont mwen+? Mwen tande sa Izrayelit yo k ap plenyen ap di sou mwen+. 28  Di yo: ‘Men sa Jewova di: “Menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman m ap fè egzakteman sa m tande ou di a+. 29  N ap mouri nan dezè sa a+, wi nou tout, tout gason ki gen 20 an oswa plis, tout moun yo te anrejistre yo, nou tout k ap plenyen kont mwen yo+. 30  Pa gen youn nan nou k ap antre nan peyi m te fè sèman* m ap fè nou abite ladan l lan+, eksepte Kalèb, pitit gason Jefoune a, ak Jozye, pitit gason Noun nan+. 31  “‘“E pitit nou yo nou te di y ap pran yo+, se yo menm m ap fè antre nan peyi a, e y ap konnen peyi nou meprize a+. 32  Men, nou menm, n ap mouri nan dezè sa a. 33  Pitit gason nou yo ap vin gadò mouton nan dezè a pandan 40 an+ e yo pral peye pou tout zak nou te fè ki montre nou pa fidèl*, jiskaske dènye moun pami nou an mouri nan dezè a+. 34  Selon kantite jou nou te pase kòm espyon nan peyi a, 40 jou+, yon jou pou yon ane, yon jou pou yon ane, n ap pase 40 an+ ap peye pou peche nou yo, konsa n ap konnen sa sa vle di lè yon moun kont mwen*. 35  “‘“Se mwen Jewova ki pale. Men sa m ap fè tout pèp mechan sa a, moun ki te rasanble kont mwen yo: Se nan dezè sa a y ap fini, e se la y ap mouri+. 36  Mesye Moyiz te voye kòm espyon nan peyi a e ki te lakòz tout pèp la ap plenyen kont li lè yo te vin bay yon move rapò sou peyi a+, 37  wi, Jewova ap frape mesye sa yo ki te pote move rapò sa a sou peyi a, e y ap mouri+. 38  Men, san mank, Jozye, pitit gason Noun nan, ak Kalèb, pitit gason Jefoune a, ki te pami mesye ki t ale kòm espyon nan peyi a, yo menm y ap ret vivan+.”’” 39  Lè Moyiz fin di tout Izrayelit yo pawòl sa yo, pèp la te vin nan gwo lapenn. 40  Epitou, yo te leve granmmaten e yo te eseye monte sou tèt mòn nan, yo t ap di: “Nou peche. Men kounye a, nou pare pou n monte al kote Jewova te di a+.” 41  Men, Moyiz te di: “Poukisa n ap dezobeyi lòd Jewova a? Bagay sa a pap mache. 42  Pinga nou monte pou ènmi nou yo pa pot laviktwa sou nou, paske Jewova pa avèk nou+. 43  Paske moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo la pou yo koresponn ak nou+ e y ap touye nou ak kout epe. Piske nou vire do bay Jewova, Jewova pap avèk nou+.” 44  Malgre sa, yo te kite ògèy fè y al sou tèt mòn nan+, men ni lach alyans Jewova a, ni Moyiz pa t sot nan mitan kan an+. 45  Apre sa, moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo ki te abite nan mòn nan te desann vin bat yo, yo te fè yo gaye rive jis Òma+.

Nòt anba paj

Lit.: “tankou yon sèl moun”.
Lit.: “dis fwa sa yo”.
Lit.: “mwen te leve men m”.
Lit.: “aji tankou pwostitye”.
Oswa: “lè yon moun genyen m kòm ènmi”.